REVEYE N! No 3 2017 | Èske toutbonvre Bib la se Pawòl Bondye?
Èske Bib la se Pawòl Bondye? Oubyen èske se panse lèzòm ki ladan l?
Peryodik “Reveye n!” sa a pale sou twa kalite prèv ki montre Bib la se Pawòl Bondye toutbonvre.
SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A
Èske toutbonvre se “Bondye ki enspire” Bib la?
Gen kèk moun ki panse Bib la gen yon bagay pou l wè ak Bondye. Gen lòt yo menm ki konsidere l kòm yon seri istwa ki te la lontan, istwa ak règ lèzòm ekri yo pran yo tout yo mete yo ansanm.
SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A
Bib la egzak nan tout domèn
Nonsèlman Bib la egzak lè l ap dekri bagay ki gen nan lanati yo lontan anvan lasyans te vin ka esplike bagay sa yo, men tou, li anonse moman yon seri Anpi t ap pran pouvwa a ak moman yo t ap tonbe, e li bay repons ki satisfè moun pou yon seri gwo kesyon sou lavi a.
ÈD POU FANMI
Li enpòtan pou n ba yo fè travay
Èske pafwa w konn santi w renka pou w bay pitit ou travay pou l fè? Si wi, gade ki jan fè travay ka aprann pitit ou pran responsablite epi ba l kè kontan.
Èske nou gen yon “dezyèm sèvo” nan vant nou?
‘Izin sa a ki gen travay chimik k ap fèt ladan l’ yon fason konplike se nan vant nou li plis ye. Ki sa l fè pou ou egzakteman?
ENTÈVYOU
Yon moun ki konn fè pwogram enfòmatik bay rezon ki fè l kwè nan yon Kreyatè
Doktè Fan Yu te kwè nan evolisyon lè l te kòmanse karyè l antanke matematisyen k ap fè rechèch. Kounye a, li kwè se Bondye ki te kreye lavi. Poukisa?
DAPRE LABIB
Zanj
Yo pale de zanj oswa yo montre imaj yo nan literati, nan travay atis ak nan fim. Ki sa Bib la di sou yo?
KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?
Plim lout ki nan lanmè yo
Gen kèk mamifè ki viv nan dlo ki gen yon gwo kouch grès anba po yo pou ede yo rete cho. Bèt yo rele lout nan lanmè yo itilize yon lòt mwayen.
Li lòt atik sou Entènèt
Ki jan m ka vin gen plis libète?
Ou panse l lè pou yo sispann trete w tankou timoun piti, men, paran w ka pa dakò. Ki sa w ka fè pou yo fè w konfyans?
Pawòl kiyès ki nan Bib la?
Si se yon seri gason ki te ekri Bib la, èske l nòmal pou yo rele l “pawòl Bondye”? Pawòl kiyès ki nan Bib la?