Mache ak Bondye avèk kouraj
Liv sa a ka ede w vin gen plis lafwa ak kouraj.
Lèt Kolèj santral la
Kolèj santral la swete pou liv sa a ede w vin gen kouraj menm jan ak gason ak fi nan tan lontan yo ki te fidèl.
ENTWODIKSYON
Ou kapab gen plis kouraj!
Yo fè liv sa a pou ede w vin gen plis kouraj. Aprann ki jan Jewova te ede moun ki enpafè menm jan avè w vin gen kouraj yo te bezwen ak fason li ka ede w gen kouraj tou.
SEKSYON 1
SEKSYON 1
Soti nan epòk patriyach yo rive nan epòk jij yo
Seksyon sa a pale sou egzanp yon seri moun ki te demontre lafwa ak kouraj. Li kòmanse ak istwa Enòk pou fini nan epòk pwofèt Samyèl la.
Kwonoloji pou seksyon 1
Yon chema ki montre epòk kote moun yo pale de yo nan Bib la t ap viv ak kèk evènman enpòtan yo rapòte nan Bib la.
1 ENÒK
Li te mache avèk Bondye
Gen omwen de fason Enòk te montre li pa t menm moun ditou ak moun ki t ap viv nan epòk li a. Ki jan sa te fè posib? Ki sa l ka anseye nou konsènan kouraj?
2 NOYE
Li te kondane monn nan
Nan ki sans epòk nou an sanble ak epòk Noye a? Gade ki jan w ka gen kouraj menm jan ak Noye nan lavi w.
4 ABRARAM
Premye moun ki te fè lagè pou Jewova
Ki sa nou ka aprann lè nou wè fason Abraram te dispoze al ede neve l Lòt? Ki jan Jewova te reyaji devan kouraj ak lafwa li te demontre?
5 ABRARAM
Li te jwenn eprèv ki te pi rèd la
Ki jan n ka vin gen kouraj pou n obeyi Bondye menm jan ak Abraram? Ki sa istwa sa a aprann nou konsènan lanmou pou Jewova?
6 REBEKA
Li te dakò kite fanmi l ak lakay li
Rebeka te yon fi ki gen anpil kouraj ak anpil lafwa. Ki sa nou ka aprann nan egzanp li?
7 JAKÒB
Li te pwoteje fanmi l avèk kouraj
Ki jan egzanp Jakòb ba w konviksyon li bon pou w fè kèlkeswa efò ki nesesè pou w jwenn benediksyon Jewova?
8 JOZÈF
Li te reziste ak tantasyon
Gade ki jan egzanp Jozèf ka ede w reziste anba tantasyon e li ka ede w andire anba eprèv.
9 CHIFRA, POUWA, AMRAM, JOKEBÈD AK MIRYAM
Grasa lafwa yo te genyen, yo te sere Moyiz
Fanmsaj yo, paran Moyiz yo ak sè l la te demontre yon kouraj ak yon lafwa ki estrawòdinè. Ki jan nou ka imite yo?
11 MOYIZ
“Al kot Farawon”
Ki jan eksperyans Moyiz te fè yo ban nou asirans Jewova ap ede n menmsi nou santi n pa kalifye pou n fè yon travay li ban nou fè?
12 KALÈB
Li te rete fidèl ak Bondye l la
Gade fason egzanp Kalèb ka ede nou reziste ak anvi pou n “suiv pifò moun”.
13 JOZYE
Li te obeyi enstriksyon ki te parèt etranj
Ki enstriksyon ki te parèt etranj Jewova te bay Jozye? Nan ki sitiyasyon konsa nou ta ka imite egzanp Jozye?
14 RAHAB
Li te chwazi Jewova, li pa t chwazi pèp li a
Ki sa nou ka aprann nan sa Rahab te fè a? Ki jan Bondye te beni l pou lafwa ak kouraj li te genyen?
15 NAWOMI AK RIT
Yo te ede youn lòt nan moman difisil
Nan ki sitiyasyon konsa Nawomi ak Rit te montre yo gen kouraj? Ki leson nou ka aprann nan egzanp yo?
16 BARAK AK DEBORA
“Mwen pral avè w san mank”
Barak te ensiste pou Debora al avè l nan batay la. Èske sa vle di lafwa l te fèb oswa l te solid?
17 JAYÈL
“Fi ki jwenn plis benediksyon” an
Jis jounen jodi a, nou ka aprann nan egzanp kouraj Jayèl te montre fas ak yon ènmi Jewova. Poukisa nou bezwen gen kouraj menm jan avè l jodi a plis pase nenpòt lòt lè?
18 JEDEYON
Li te gen kouraj e li te pridan
Nan ki sitiyasyon nou ka bezwen gen kouraj e nou ka bezwen pridan?
19 JEFTE AK PITIT FI L LA
Yo te respekte yon ve ki te difisil
Ki jan egzanp Jefte ak pitit fi l la kapab ede nou jodi a?
20 SAMSON
Li te demontre kouraj nan yon moman kote l te fèb
Ki sa n ka aprann nan fason Samson te aji apre l te fin fè yon peche?
21 SAMYÈL
Yon tigason te bay mesaj Jewova a avèk kouraj
Nan ki sitiyasyon jèn yo bezwen gen kouraj pou yo fè sa ki dwat?
SEKSYON 2
SEKSYON 2
Soti nan epòk wa yo rive nan epòk Juif yo t ap rekonstwi Jerizalèm
Seksyon sa a pale sou egzanp yon seri moun nan tan lontan ki te gen lafwa ak kouraj. Li kòmanse ak istwa Jonatan, pitit gason wa Sayil, annapre li pale de wa David, e li fini ak istwa pèp Bondye a nan epòk yo te soti ann egzil nan Babilòn rive nan epòk yo t ap rekonstwi Jerizalèm.
Kwonoloji pou seksyon 2
Yon chema ki montre epòk kote moun yo pale de yo nan Bib la t ap viv ak kèk evènman enpòtan yo rapòte nan Bib la soti nan epòk wa yo rive nan epòk Juif yo te rebati Jerizalèm nan.
22 JONATAN
Li te bezwen kouraj pou l ret fidèl ak zanmi l
Jonatan te dwe chwazi ak kiyès l ap ret fidèl. Ki jan l te fè konnen ak kiyès li dwe rete fidèl? Ki jan nou ka imite l?
23 DAVID
Li te goumen ak yon jeyan
Anpil moun te konn David kòm yon moun ki “gen anpil kran e [kòm] yon sòlda vanyan”. Ki jan egzanp li ka ankouraje lòt moun? Ki efè kouraj ou ka genyen sou lòt moun?
24 ABIGAYIL
Li te kalme yon sitiyasyon ki te danjere
Ki sa mari yo ak madanm yo ka aprann nan istwa Abigayil?
25 DAVID
Li te gen kouraj pou l fè sa ki dwat
David te nan yon sitiyasyon kote l te ka vanje tèt li. Ki sa k te anpeche l fè sa? Ki jan nou ka suiv egzanp li?
26 NATAN
Li te korije wa a
Ki sa egzanp Natan ka aprann nou sou fason pou n ede yon zanmi ki fè yon peche grav?
27 MEFIBOCHÈT
Li pa t fache lè yo te mal aji avè l
Ki leson ankourajan nou kapab aprann nan men Mefibochèt?
28 AZA
Li te sèvi Jewova “pandan tout vi l”
Ki leson nou ka aprann nan men yon mesye ki te sèvi Jewova ak tout kè l?
30 VÈV SAFAT LA
Li te aji ak kouraj nan yon moman ki te difisil anpil
Ki jan istwa vèv Safat la ankouraje nou gen konfyans nan Jewova?
31 TIFI IZRAYELIT LA
Li te met kouraj sou li pou l pale konsènan Bondye l la
Egzanp tifi sa a kapab ankouraje w bay temwayaj menm lè w santi w pè.
32 ELIZE
“O Jewova, ouvri je l”
Nan ki sitiyasyon konsa lafwa nou kapab vin pi djanm lè n “wè” zanj yo ak je lafwa nou?
33 JEWOYADA
Li te defann wa Jewova te chwazi a
Ki sa Jewoyada te met kouraj sou li pou l fè? Nan ki sitiyasyon ou ta ka imite kouraj li nan lavi w?
34 EZEKYAS
“Li te fidèl ak Jewova”
Ezekyas te montre l gen anpil kouraj ak anpil lafwa. Ki jan nou ka imite l jodi a?
35 MANASE
Li te gen kouraj pou l repanti
Poukisa nou ka di Manase se yon bon egzanp antanke moun ki te gen kouraj?
36 JOZYAS
Li te ede pèp la tounen vin jwenn Jewova
Malgre paran Jozyas pa t ap sèvi Jewova, li te met kouraj sou li pou l defann vrè adorasyon an. Nan ki sitiyasyon konsa nou kapab imite l?
37 DÀNYÈL
Li pa t “kontamine tèt li”
Nan ki sitiyasyon konsa jèn yo kapab montre yo gen kouraj e yo fidèl menm jan ak Dànyèl? Ki jan nou tout ka aprann nan egzanp li?
38 TWA EBRE YO
“Yo te bloke fòs dife”
Menm lè twa Ebre yo te devan lanmò, yo te montre yo gen kouraj. Ki sa nou ka aprann nan egzanp yo konsènan yon seri kalite tankou imilite, dousè ak fidelite?
39 ESTÈ
“Si pou m mouri, m a mouri”
Estè te gen sajès e l te obeyisan. Li te menm rive jwenn favè mari l ki pa t kwayan. Ki sa nou ka aprann nan egzanp li?
40 NEYEMI
Li te rebati miray la
Ki sa egzanp Neyemi aprann nou konsènan sèvi Jewova plis toujou? Ki jan ansyen yo ta ka imite egzanp li?
SEKSYON 3
SEKSYON 3
Epòk Mesi a ak disip li yo
Nan seksyon sa a, yo pale sou egzanp yon seri moun nan premye syèk la ki te gen lafwa ak kouraj, kòmanse sou Mari, yon fi juif ki te vyèj, pou fini sou apot Jan.
Kwonoloji pou seksyon 3
Yon chema ki montre epòk kote moun Bib la pale de yo ki nan seksyon sa a t ap viv. Li pale tou sou kèk evènman enpòtan ki te pase soti nan epòk Mesi a rive nan dènye jou lavi apot Jan.
41 ZAKARI AK ELIZABÈT
Yo “te jis nan je Bondye”
Poukisa Jewova te konsidere Zakari ak Elizabèt kòm moun ki jis? Ki jan nou kapab imite egzanp yo?
42 MARI
Li te gen kouraj pou l di wi
Mari te resevwa yon responsablite ki te difisil anpil. Ki jan l te fè jwenn kouraj pou l ranpli responsablite sa a jiska lafen?
43 JOZÈF
Li te yon papa ki gen kouraj
Sa k fè nou ka di Jozèf se yon bon egzanp pou papa yo jodi a k ap sèvi Jewova?
44 JAN KI TE KONN BATIZE MOUN NAN
‘Pa gen yon pwofèt ki gen plis enpòtans pase l’
Jan te yon moun ki gen kouraj ki t ap mennen yon vi ki senp. Gade sa nou ka aprann nan men l.
45 PYÈ
“Mwen fè anpil peche”
Ki jan egzanp Pyè ka ede nou kontinye sèvi Jewova malgre feblès nou genyen?
46 MARI MOUN MAGDALA A
“Mwen wè Seyè a!”
Mari te konsantre lavi l nan ede Jezi ak disip li yo. Ki jan nou ka montre nou gen konpasyon ak kouraj menm jan avè l?
47 MARI, SÈ LAZA A
“Li fè sa l kapab”
Jezi te vrèman apresye lafwa ak kouraj Mari, sè Laza a, te demontre. Ki fason Mari te montre l gen kouraj? Ki jan nou ka imite l jodi a?
48 ETYÈN
“Yon moun ki te gen anpil lafwa e ki te ranpli ak lespri sen”
Sanedren an te jije Etyèn pou yo ka deside si l ap viv oswa si l ap mouri. Ki jan l te defann lafwa l? Ki jan egzanp li ka ankouraje nou kontinye ret fidèl?
49 PYÈ
Li te vin gen kouraj
Ki jan egzanp Pyè kapab ede nou aprann konte sou Jewova epi venk laperèz?
50 SÒL MOUN TAS
Li te vin yon lòt moun nèt
Ki sa k te ede yon moun ki t ap pèsekite kretyen yo avèk raj chanje lavi l? Ki leson nou ka aprann nan egzanp li?
51 BANABAS
“Pitit konsolasyon”
Banabas te met kouraj sou li pou l ede Sòl e pou l mennen l bay apot yo. Ki jan nou ka imite kouraj li ak jan l te toujou pare pou l ede lòt moun?
52 MAK
“Li itil mwen”
Avèk kouraj, Mak te kontinye sèvis li pou Jewova e l te kontinye ede kretyen parèy li yo malgre pwoblèm li te jwenn. Ki leson nou ka aprann nan men l?
53 PÒL
“Kounye a, m ap di nou pran kouraj”
Ki jan apot Pòl te montre l gen kouraj nan yon sitiyasyon ki te sanble sanzespwa? Ki jan kouraj li te demontre te ede lòt moun?
54 APOT JAN
Li te demontre kouraj nan moman difisil
Apot Jan pa t dekouraje ni l pa t pèdi espwa. Ki jan n ka suiv egzanp li e n ka kontinye mache ak Bondye avèk kouraj?
KONKLIZYON
KONKLIZYON
Se pou nou “gen anpil kouraj”
Bib la chaje ak egzanp gason ak fi, jèn kou granmoun ki te pran pozisyon pou Jewova avèk kouraj. Istwa yo ka ankouraje nou fè menm jan an.
Nou regrèt, nou pa jwenn anyen pou rechèch w ap fè a.

