BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN | CHÈCHE GEN PLIS KÈ KONTAN NAN TRAVAY PREDIKASYON AN

Aksepte èd Jewova bay pa mwayen lapriyè

Aksepte èd Jewova bay pa mwayen lapriyè

Se Jewova ki fè semans verite a pran rasin epi grandi nan kè moun yo (1Ko 3:6-9). Se sa k fè, si nou vle reyisi nan travay predikasyon an, nou bezwen konte nèt sou Jewova pou l ede nou e pou l ede etidyan nou yo.

Mande Jewova pou l ede etidyan w yo pou yo andire presyon y ap jwenn e pou yo fè fas ak obstak y ap rankontre (Fp 1:9, 10). Se pou nou klè nan sa n ap di. Priye pou nou mande Jewova lespri sen l pou gide panse nou ak aksyon nou (Lk 11:13). Anseye etidyan Labib ou yo fason pou yo priye, e ankouraje yo pou yo fè sa tou. Priye avèk etidyan Labib ou yo e priye pou yo lè w itilize non yo.

GADE VIDEYO KI GEN TIT CHÈCHE JWENN KÈ KONTAN NAN TRAVAY FÈ DISIP LA — AKSEPTE ÈD JEWOVA: LAPRIYÈ, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ki pwoblèm Nita te jwenn pandan l t ap fè etid Jad?

  • Ki jan 1 Korentyen 3:6 te ede Nita?

  • Ki jan pwoblèm Nita a te rezoud?