LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Jewova pwoteje pèp li a
Premye fèt Pak la te yon evènman ki enpòtan anpil. Nan nuit sa a, apre Farawon te fin rann li kont premye pitit li a te mouri, li te di Moyiz: “Al fè wout nou, soti nan mitan pèp mwen an, ni nou menm, ni lòt Izrayelit yo. Al sèvi Jewova, jan nou te mande sa a.” (Eg 12:31). Jewova te montre l ap pwoteje pèp li a.
Lè nou fè yon ti koudèy sou istwa pèp Jewova a nan epòk nou an, gen prèv klè ki montre Jewova kontinye ap gide l e l ap pwoteje l. Nou kapab wè sa nan yon mize ki nan syèj mondyal la ki gen tit: “Yon pèp pou non Jewova”.
GADE VIDEYO KI GEN TIT MIZE KI WÒWIK YO: “YON PÈP POU NON JEWOVA”, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
-
Ki zouti ki potko janm egziste Etidyan Labib yo te kòmanse itilize nan ane 1914 pou fòtifye lafwa moun nan Bib la, e ki bon rezilta sa te bay?
-
Ki eprèv yo te vin jwenn nan ane 1916 ak 1918, e ki jan sa te pwouve se Jewova ki t ap dirije òganizasyon an?
-
Ki jan pèp Jewova a te kontinye rete fidèl menm lè yo te jwenn opozisyon?
-
Ki sa pèp Jewova a te vin konprann nan ane 1935, e ki efè sa te gen sou yo?
-
Pandan w t ap gade videyo a, ki sa w te wè ki ba w plis konviksyon se Jewova k ap gide pèp li a e k ap pwoteje l?