TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EGZÒD 10-11

Moyiz ak Arawon te aji ak anpil kouraj

Moyiz ak Arawon te aji ak anpil kouraj

10:3-6, 24-26, 28; 11:4-8

Lè Moyiz ak Arawon t ap pale ak Farawon, moun ki te pi pisan nan monn nan nan epòk sa a, yo te aji ak anpil kouraj. Ki sa k te ede yo aji konsa? Anrapò ak Moyiz, men sa Bib la di: “Grasa lafwa l te genyen, li te kite peyi Ejip, san li pa t pè kòlè wa a, paske li te rete tennfas, kòmsi li te wè Sila a ki envizib la.” ​(Eb 11:27). Moyiz ak Arawon te gen anpil lafwa nan Jewova e yo te konte sou li.

Ki sitiyasyon ki mande pou w gen kouraj pou w pale de lafwa w devan yon moun ki gen otorite?