Farawon, ki te gen ògèy, pa t rann li kont li t ap pèmèt Jewova reyalize objektif li
Nan peyi Ejip, Farawon yo te pran tèt yo pou dye. Sa ede n konprann rezon ki fè Farawon te twouve sa rabesan pou l koute Moyiz ak Arawon e pou l koute menm prèt li yo ki te konn fè maji.
Èske w koute lè lòt moun ba w konsèy? Èske w montre w gen rekonesans pou sa? Oswa w panse tout sa w fè bon? Labib di: “Ògèy lakòz moun tonbe.” (Pw 16:18). Donk, li vrèman enpòtan pou n pa gen ògèy!