LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Ann kontinye sèvi ak peryodik yo
Depi 2018, chak nimewo peryodik nou yo pale sou yon sèl sijè. Tout peryodik sa yo fè pati zouti nou genyen pou n anseye. Donk, nou ka sèvi avèk yo nan travay predikasyon an. Nou ka pote kèk avèk nou tou lè n ap vwayaje oswa lè n pral achte kèk bagay. Byenke nou pa sèvi ak peryodik yo pou n etidye Labib ak moun, yo kapab fè yon moun anvi konn plis bagay sou Bondye.
Apre w fin kòmanse yon konvèsasyon, ou ka li yon vèsè ak moun nan e w ka atire atansyon l sou yon sijè nan yon peryodik ki ka enterese l. Pa egzanp, si l ap pran swen yon fanmi oubyen l ap fè fas ak lapenn oubyen strès, ou kapab di l: “Mwen te li yon bèl atik sou sijè sa a. Èske m ka montre w li?” Si w wè moun nan enterese, ou ka ba li youn oubyen ou ka voye l ba li sou fòma elektwonik, menmsi se nan premye rankont lan. Byenke bay peryodik se pa prensipal objektif nou, peryodik yo ka ede n jwenn moun ki dispoze aji ann amoni ak sa yo aprann yo. — Tr 13:48.
2018
2019
2020
Ki sijè ki enterese moun nan tèritwa w la?