LESON 7
Èske w konn santi w poukont ou epi w pè?
Gade tigason ki nan foto a. Sanble li santi l poukont li e l pè, pa vre? Èske w konn santi w konsa tou? — Tout moun konn santi yo konsa kèk fwa. Bib la pale de kèk moun ki te zanmi Jewova ki te santi yo poukont yo e ki te pè. Youn nan moun sa yo se te Eliya. Ann aprann kèk bagay sou li.
Jezabèl te vle touye Eliya.
Eliya t ap viv ann Izrayèl byen lontan anvan Jezi te fèt. Ahab, wa Izrayèl la, pa t ap adore Jewova vrè Dye a. Ahab ansanm ak Jezabèl, madanm li, te konn adore yon fo dye ki rele Baal. Se sa k fè, pifò moun ann Izrayèl te kòmanse adore Baal tou. Rèn Jezabèl te mechan anpil e li te vle touye tout moun ki t ap adore Jewova, san wete Eliya! Èske w konnen ki sa Eliya te fè? —
Eliya te pran kouri! Li t ale byen lwen nan yon dezè epi l t al kache nan yon
gwòt. Poukisa w panse li te fè sa? — Wi, se paske l te pè. Men, Eliya pa t bezwen pè. Sa k fè sa? Paske Jewova te kapab ede l. Jewova te gentan montre Eliya fòs li genyen. Yon lè, Jewova te reponn priyè Eliya lè l te fè dife sot nan syèl la. Kidonk, sa klè, Jewova te kapab ede Eliya kounye a!Ki jan Jewova te ede Eliya?
Pandan Eliya te nan gwòt la, Jewova te pale avè l e l te poze l kesyon sa a: ‘Ki sa w ap fè la a?’ Eliya te reponn: ‘Se mwen sèl ki kontinye adore w. Mwen poukont mwen, e m pè pou yo pa touye m.’ Eliya te panse yo te touye tout lòt moun ki t ap adore Jewova yo. Men, Jewova te di Eliya: ‘Non, se pa vre. Gen 7 000 moun ankò ki kontinye ap adore m. Se pou w brav. Mwen gen lòt travay pou m ba w fè toujou!’ Èske w panse Eliya te kontan tande sa? —
Ki sa w ka aprann nan sa k te rive Eliya a? — Ou pa dwe janm santi w poukont ou epi pou w pè. Ou gen zanmi ki renmen Jewova e ki renmen w tou. Anplis de sa, Jewova gen anpil fòs, l ap toujou ede w! Èske w pa kontan aprann ou pa janm poukont ou toutbonvre? —