Moun ki soud yo jwenn èd nan “Emwod ekwatè a”
Plizyè milyon moun ki soud ap viv nan peyi Endonezi, yo konn rele l Emwod ekwatè a tou. Pou ede moun sa yo, Temwen Jewova yo te sèvi ak yon pakèt piblikasyon epi yo fè yon pwogram ansèyman ki baze sou Bib la nan lang siy endonezyen. Anpil moun remake efò sa yo.
Yon kongrè nan lang siy
An 2016, nan vil Medan, ki nan nò peyi Soumatra, Temwen Jewova yo te fè yon kongrè nan lang siy endonezyen. Youn nan otorite pou sekirite nan zòn nan te vin asiste evènman sa a. Li te fè elòj pou Temwen yo poutèt pwogram ansèyman gratis sa a yo te fè a. Sa l te wè yo te tèlman touche l, li te menm imite siy asistans lan t ap fè lè yo t ap chante a.
Dapre sa manadjè yon lokal la di, kongrè a te fèt nan sekirite e l te reyisi”. Men sa l te di ankò: “M swete pou Temwen yo kontinye òganize aktivite gratis sa yo pou ede vwazen nou yo ki soud yo.” Li te kontinye pou l di lè mèt lokal la te aprann se pou moun ki soud yo kongrè a t ap fèt, “li te vle fè yon bon bagay pou Temwen yo. Se sa k fè, li te ban m lòd pou m prepare manje pou [tout 300] moun ki te nan asistans lan”.
Yo renmen videyo ki nan lang siy yo
Temwen Jewova yo al vizite moun ki soud yo lakay yo tou pou yo ka ba yo mesaj ki nan Bib la. Souvan, Temwen yo sèvi ak videyo yo fè nan lang siy endonezyen pou yo ede moun yo konn ki jan pou yo viv byen e pou yo byen pwofite lavi a.
Mahendra Teguh Priswanto, direktè rejyonal Asosyasyon pou byennèt moun ki soud yo nan vil Semarang, nan Java, di: “Efò nou fè pou ede moun ki soud yo gen anpil valè.” Epi l kontinye pou l di: “Pa egzanp, videyo Fanmi w ka gen kè kontan an pratik anpil. Nou t ap renmen pou n kontinye fè travay sa a.”
Yo “montre yo renmen nou”
Efò Temwen yo te fè yo te touche yon dam ki soud ki rele Yanti anpil. Men sa l esplike: “Pi souvan, moun yo konn fawouche moun ki soud yo. Men, Temwen Jewova yo montre yo renmen yo. Anpil Temwen ki pale aprann lang siy pou yo ka ede moun ki soud yo aprann konn Kreyatè a epi pou yo amelyore fason y ap viv. Efò sensè sa yo touche m anpil.”
Yanti vin Temwen Jewova e li fè pati ekip tradiksyon k ap pwodui piblikasyon nan lang siy endonezyen an. Men sa l di konsènan piblikasyon yo: “Piblikasyon nou pwodui yo ede moun ki gen limit nan lang nan pou yo vin maton nan pale l. Epi yo aprann moun yo fason pou yo viv pi byen e ak kè kontan.”

