Kreyòl ayisyen
Tradiksyon yo fè nan lang siy kebekwa vin nan bon moman
https://cms-imgp.jw-cdn.org/img/p/502018500/univ/art/502018500_univ_sqr_xl.jpg

Tradiksyon yo fè nan lang siy kebekwa vin nan bon moman

Tradiksyon yo fè nan lang siy kebekwa vin nan bon moman

Nan zòn lès Kanada, nan zòn kote yo pale fransè yo, se lang siy kebekwa moun soud yo itilize (LSQ) a. Lefètke se sèlman 6 000 moun soud ki itilize lang siy sa a, sa vin fè pa gen anpil piblikasyon ki disponib nan LSQ. Men, pou ede moun sa yo konprann Bib la, sa pa gen lontan Temwen Jewova te vin fè plis efò pou yo fè piblikasyon nan LSQ pou ba yo gratis.

Pou nou konprann rezon ki fè se yon gwo bagay lefètke yo tradui piblikasyon yo, ann egzamine egzanp Marcel. Li fèt Kebèk (yon rejyon nan peyi Kanada) an 1941. Lè l te gen dezan, li te vin gen menenjit (enflamasyon nan yon pati nan sèvo a), sa ki lakòz li te vin soud. Men sa l di: “Lè m te gen nevan, m te ale nan yon lekòl pou moun soud, e se la m te aprann LSQ. Se vre, te gen kèk liv ki aprann prensip fondamantal lang siy, men pa t gen okenn piblikasyon nan lang siy.”

Poukisa li enpòtan pou nou fè piblikasyon nan LSQ? Men repons Marcel bay: “Moun ki soud yo ta renmen gen enfòmasyon nan yon lang yo byen konprann olye pou y ap goumen ak yon lang yo pa konprann. Si pa gen piblikasyon nan LSQ, nou oblije konte sou piblikasyon yo fè pou moun ki pale, e lè konsa, gen anpil bagay nou pa rive konprann!”

Pou Temwen Jewova yo te ede Marcel ak lòt moun ki sèvi ak LSQ, yo te vin ak premye piblikasyon yo an LSQ an 2005. Sa pa gen lontan, yo te agrandi biwo tradiksyon yo genyen Monreyal la, nan Kebèk. Kounye a, gen sèt moun k ap travay aplentan, e plis pase yon douzèn lòt ap travay a mwatye tan. Yo fòme twa ekip tradiksyon, yo sèvi ak de stidyo anrejistreman ki gen ekipman pwofesyonèl pou yo ka fè videyo nan LSQ.

Moun ki sèvi ak LSQ a apresye kalite piblikasyon Temwen Jewova yo pwodui a. Men sa Stéphan Jacques, asistan direktè yon asosyasyon pou moun soud nan Estrie (Association des Sourds de l’Estrie b) di: “M twouve piblikasyon yo vrèman byen fèt. Siy yo vrèman klè, e fason moun yo fè figi yo lè y ap fè siy yo bèl. Epitou, mwen apresye fason moun ki prezante videyo yo byen abiye.”

Toudegad, yon peryodik Temwen Jewova yo sèvi chak semèn pou reyinyon yo, disponib kounye a nan LSQ pou 220 Temwen Jewova ak lòt moun ki asiste reyinyon nan sèt kongregasyon ak gwoup nan LSQ nan Kebèk c. Mete sou sa, Temwen yo kontinye pibliye videyo nan LSQ sou Entènèt, san wete mizik ankourajan ki baze sou Bib la.

Marcel, nou te site pi wo a, kontan anpil dèske gen plis piblikasyon ki disponib nan LSQ. Li apresye sitou piblikasyon Temwen Jewova yo pwodui yo. Li di: “Se yon plezi pou m wè tout videyo sa yo nan LSQ sou sit jw.org la. Lè m wè tout bagay sa yo ki disponib nan lang mwen, sa fè m kontan anpil!”

a LSQ (se fòm kout an fransè pou Langue des signes Québécoise) se yon lang siy ki diferan ak lòt lang siy yo, byenke li gen kèk bagay ki sanble ak lang siy ameriken, ki se lang siy yo plis itilize a.

b Se yon òganizasyon ki fè zèv charite pou moun soud nan Kebèk.

c An janvye 2017, yo te kòmanse ak edisyon etid Toudegad ki parèt chak mwa nan LSQ.