Nan wikenn 5 ak 6 oktòb 2013 la, te gen 1 413 676 moun, nan 31 peyi, ki te asiste 129yèm reyinyon ànyèl Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania a. Gen ladan yo ki te prezan nan Sal asanble Temwen Jewova yo nan Jersey City, Noujèze, Ozetazini, e gen lòt ki t ap suiv pwogram nan pa mwayen Entènèt.

Se Guy Pierce, yon manm Kolèj santral Temwen Jewova yo, ki te prezide reyinyon an. Li te fè moun yo anvi suiv pwogram nan lè l te asire yo y ap jwenn repons pou kèk kesyon biblik ki enpòtan, y ap vin pi byen konprann kèk verite e y ap jwenn “manje [espirityèl] nan bon moman”. — Matye 24:45; Pwovèb 4:18.

“Yon ekspozisyon ki onore Jewova.”

Mark Sanderson, yon manm Kolèj santral la, te bay kèk detay konsènan yon nouvo ekspozisyon y ap fè nan syèj mondyal Temwen Jewova yo nan Bwouklin, Nouyòk, Ozetazini, ki gen tit: “Labib ak non Bondye.” Nan ekspozisyon an, yo montre plas enpòtan non Bondye genyen ni nan Liv ki te ekri ann ebre yo ni nan Liv ki te ekri an grèk yo, e yo ekspoze plizyè ansyen bib ak kèk ansyen objè yo repwodui, ansanm ak yon seri paj nan bib la ki la depi nan epòk mwayennaj yo.

Pami objè ki gen anpil valè yo te ekspoze yo, gen kèk paj yon tradiksyon Labib ki te parèt nan 16yèm syèk la, yon tradiksyon William Tyndale, premye tradiktè Labib ki te tradui non Bondye ann anglè, te fè, ansanm ak yon paj nan yon tradiksyon Labib ann espayòl ki rele Reina-Valera, edisyon 1602, kote yo te met “Iehova” pou yo tradui non Bondye chak kote l parèt nan Bib la. Anplis de sa, yo te ekspoze yon tradiksyon Labib ann anglè anpil moun konnen sou non Great Bible (yo te enprime l an 1549). Epi, yo te ekspoze yon tradiksyon Labib ki nan 12 lang Elias Hutter te fè (Edisyon 1599, yo rele l Nuremberg Polyglot tou), ansanm ak yon tradiksyon Bib Jenèv (yo te enprime an 1603), e non Bondye parèt nan tout Bib sa yo.

Frè Sanderson te envite tout moun vin nan ekspozisyon Labib sa a, lè l te di: “N ap priye ak tout kè nou pou [...] ekspozisyon sa a ede moun tout laj ki gen kè sensè yo, kèlkeswa nivo edikasyon yo, pou yo vin renmen de bagay nou tout renmen yo, anpalan de Labib, Pawòl Bondye a ki gen anpil valè, ansanm ak non estrawòdinè Bondye a, ki se Jewova.”

Tèks pou ane 2014 la.

Apre Gerrit Lösch, yon manm Kolèj santral la, te fin fè rezime etid Toudegad pou semèn nan, frè Pierce te anonse tèks pou ane 2014 la: “Se pou Wayòm ou an vini.” (Matye 6:10). Byenke vèsè sa a se yon tèks ki t ap toujou apwopriye pou Temwen Jewova yo, li sitou espesyal pou ane sa a, paske ane 2014 la fè 100 an depi Wayòm Bondye a tabli nan syèl la.

“Yon kado ki gen anpil valè Jewova ban nou.”

Apre sa, asistans lan te gade yon videyo konsènan istwa Tradiksyon monn nouvo a, yon tradiksyon Labib Temwen Jewova yo pibliye, e selon anpil moun, se youn nan pi bon tradiksyon Labib ki genyen. Lè Nathan Knorr te prezante premye volim tradiksyon sa a an 1950 nan asanble entènasyonal ki te gen tit Akwasman teyokratik la, li te bay asistans lan yon konsèy ki toujou enpòtan jodi a, li te di: Li tout tradiksyon sa a. Etidye l. Ede lòt moun etidye l, paske l ap ede yo rele Jewova nan non l.

“Yon ti vwayaj nan tan pase yo.”

Se frè Samuel Herd, yon manm Kolèj santral la, ki te prezante pati sa a e ladan l yo te pase yon videyo ki t ap montre yon entèvyou yo te fè ak kat manm fanmi Betèl Etazini an ki te la lè Tradiksyon monn nouvo a te parèt pou premye fwa an sis volim, youn apre lòt, ant 1950 ak 1960.

Eunice Timm sonje lè l te konn itilize Tradiksyon monn nouvo a nan reyinyon yo. Li te renmen zouti rechèch yo tankou, nòt ak referans ki nan mitan paj Bib la. Piske l te difisil pou l pote tout volim sa yo nan reyinyon yo, li di li te pran volim li t ap vrèman bezwen yo e l te mache ak Labib Wa Jak la, yon vèsyon ti fòma, pou si yo ta li kèk vèsè li pa t panse yo t ap li.

Anplis de sa, nouvo tradiksyon sa a te gen efè sou lòt aspè nan adorasyon nou an. Pa egzanp, Fred Rusk fè konnen anvan ane 1950, moun ki te konn priye pou fanmi Betèl la te konn itilize yon seri ekspresyon ki te soti nan Labib Wa Jak la. Men, yon ti tan apre Tradiksyon monn nouvo a te vin parèt, yo te sispann itilize ekspresyon akayik yo e yo te vin itilize langaj moun pale chak jou.

Se pa kalite tradiksyon an sèlman ki te enpresyone John Wischuk, men, imilite moun ki te nan Komite Tradiksyon monn nouvo a te enpresyone l tou. Men sa l te di: “Yo pa t vle pou moun konnen yo kit se pandan yo vivan, kit se apre lanmò yo, paske yo te vle bay Jewova Dye tout glwa a.” Charles Molohan te byen eksprime santiman tout moun yo te entèvyouwe yo lè l te di: “Tradiksyon monn nouvo a ede nou fè laverite antre nan kè nou e l fè lafwa nou vin pi solid yon fason pou n ka ede lòt vin gen lafwa tou.”

“Nou tande yo k ap pale nan lang pa nou sou bagay estrawòdinè Bondye fè.” (Travay 2:11).

Geoffrey Jackson, yon manm Kolèj santral la, te bay yon diskou, e se pandan diskou sa a li te prezante edisyon revize 2013 Tradiksyon monn nouvo a, ann anglè. Nan fen diskou l la, yo te bay moun ki t ap asiste yo, san wete moun ki t ap suiv pwogram nan pa mwayen Entènèt yo, yon bib.

Frè Jackson te fè konnen plis pase 60 ane te gentan pase depi premye volim Tradiksyon monn nouvo a te parèt. Pandan tan sa a, lang anglè a chanje, men objektif travay tradiksyon Labib nou an pa chanje. Nou vle tradui Pawòl Bondye a yon fason ki pi literal posib san nou pa tòde sans li.

Nan ane 2005, Kolèj santral la te met anpil aksan sou enpòtans pou yo tradui Bib la nan plizyè lang. Depi lè sa a, kantite lang yo pibliye Tradiksyon monn nouvo a te ogmante, soti 52 lang pou rive 121 lang, e y ap tradui l kounye a nan 45 lòt lang. Toutpandan tradiktè yo t ap tradui Tradiksyon monn nouvo a nan lòt lang, yo te poze kesyon sou kèk mo oswa kèk ekspresyon pou yo ka pi byen konprann yo. Rive jodi a, yo gentan resevwa plis pase 52 000 kesyon e yo deja reponn yo. Anpil nan kesyon sa yo te pèmèt yo wè kote yo ka revize tèks anglè a oubyen kote yo ka itilize yon langaj moun pale jodi a.

Pa egzanp, frè Jackson te esplike nan vèsyon anglè Tradiksyon monn nouvo ki te la anvan yo, yo te mete yon ekspresyon nan 1 Samyèl 14:11 ki te ka fè moun panse Jonatan ak sèvitè l la te livre tèt yo bay Filisten yo. Men, nouvo vèsyon an di “yo fè ti gwoup sòlda Filisti yo wè yo”, konsa yo evite bay yon move sans. Menm jan an tou, yo te tradui Miche 2:6 yon fason literal, li te di: “Pa kite pawòl nou tonbe. Yo kite pawòl yo tonbe.” Men sa nou li kounye a nan vèsè sa a: “Yo di: ‘Sispann preche pawòl sa yo!’ ”

Sa gen senkan depi Kolèj santral la te tabli yon komite pou revize Tradiksyon monn nouvo a, e rezilta travay la pare kounye a. Bib revize a bèl, li fasil pou moun li, li fèt pou l dire anpil tan e pou l kenbe eskanp li menm lè yo itilize l anpil. Frè Jackson te anonse, nan yon ti tan ankò, yo pral pibliye vèsyon anglè gwo fòma a ak vèsyon ti fòma a.

“Manyen pawòl verite a kòrèkteman.”

Stephen Lett, yon manm Kolèj santral la, te devlope yon tèm ki baze sou 2 Timote 2:15 pou l pale sou kèk lòt karakteristik nouvo Bib revize a genyen. Yon fason literal, ekspresyon “manyen [...] kòrèkteman” yo itilize nan vèsè sa a vle di: “Koupe byen dwat.” Nou vle itilize “epe lespri a” yon fason ki dwat e ki egzak nèt (Efezyen 6:17). Apre sa, frè Lett te montre ki jan lòt karakteristik tradiksyon sa a kapab ede n fè sa.

  1. Pati ki nan kòmansman Bib la ki rele “Kèk bagay nou ka aprann nan Pawòl Bondye a” gen vèsè ki reponn 20 kesyon sou doktrin de baz ki nan Bib la.

  2. Apendis A a bay kèk enfòmasyon sou nouvo edisyon an, tankou chanjman ki gen nan stil tèks yo ak vokabilè yo ak fason yo tradui non Bondye ladan l.

  3. Apendis B a gen 15 seksyon ki gen plizyè koulè, li gen yon seri kat jeyografi ak chema k ap ede n anpil lè n ap fè etid pèsonèl e lè n ap anseye lòt moun.

  4. Nan kòmansman chak liv nan Bib la, gen yon pati ki rele “Sa ki gen nan liv sa a” ki se yon rezime liv la e l pèmèt lektè a jwenn kèk pasaj nan liv sa a byen vit. Pati sa a ranplase enfòmasyon ki te nan tèt paj edisyon ki te gen anvan yo.

  5. Nan pati ki rele “Lis mo yo esplike yo”, yo bay yon definisyon byen kout pou plizyè santèn mo yo itilize nan Bib la.

  6. Yo vrèman diminye kantite mo ki nan “Endèks mo biblik” yo. Kounye a, yo sèlman mete mo ak vèsè yo plis itilize nan predikasyon ak nan ansèyman.

  7. Yo redui kantite referans ki nan mitan chak paj. Kounye a, yo sèlman kite referans k ap pi itil pou travay predikasyon an.

  8. Nòt ki anba paj yo bay lòt fason yo ka tradui kèk vèsè, e yo bay kèk tradiksyon literal ak kèk lòt enfòmasyon ankò.

JW Library.

John Ekrann, yon manm komite filyal Etazini, te fè yon demonstrasyon sou fason nou ka itilize nouvo aplikasyon JW Library a sou aparèy elektwonik tankou smatfòn, tablèt ak òdinatè. Nan aplikasyon sa a, n ap jwenn nouvo edisyon revize Tradiksyon monn nouvo a ak senk lòt tradiksyon Labib. Depi 7 oktòb 2013, aplikasyon sa a disponib pou moun telechaje l sou pifò aparèy elektwonik.

“Yo tradui Pawòl Bondye a yon fason pou yo bay vrè sans li.”

Annapre, frè Anthony Morris, yon manm Kolèj santral la, te bay plis esplikasyon toujou konsènan prensip ki te gide Komite Tradiksyon monn nouvo a lè yo t ap travay sou nouvo edisyon an. Komite a te aplike pawòl ki nan 1 Korentyen 14:8, 9 yo nan travay li t ap fè a, konsa li te asire l edisyon revize a ap fasil pou moun konprann. Yo te evite tradui motamo kote sa t ap tòde sans tèks y ap tradui a.

Pa egzanp, si yo ta tradui Jenèz 31:20 yon fason literal, li t ap di: “Jakòb te vòlè kè Laban.” Men, ekspresyon ebre a pa gen menm sans ak ekspresyon anglè a, se sa k fè, men sa Tradiksyon monn nouvo a mete pou ekspresyon sa a: “Jakòb te fè Laban [...] yon kou”. Menm jan an tou, si n ta tradui 1 Korentyen 7:39 motamo, li t ap bay sans yon fi ta ka marye ak yon lòt gason si mari l “ap dòmi”. Sepandan, pafwa lè Ekriti yo itilize mo “dòmi” an, y ap fè referans ak dòmi nan lanmò, se sa k fè, Tradiksyon monn nouvo a mete “si mari l ta vin mouri” pou l pa lage lektè yo nan konfizyon.

Frè Morris te fè konnen: “Yo te ekri Bib la nan lang moun nan pèp la te konn pale chak jou, nan lang kiltivatè yo, bèjè yo ak pechè pwason yo. Yon bon tradiksyon Labib pèmèt moun ki sensè yo konprann mesaj ki ladan l lan kèlkeswa nivo moun yo.”

“Yo te itilize ‘bèl pawòl’, pawòl ‘ki verite e ki egzak’.”

David Splane, yon manm Kolèj santral la, te bay yon diskou ki baze sou Eklezyas 12:10. Moun ki te patisipe nan ekri Bib la te fè anpil atansyon lè yo t ap ekri panse Bondye, e premye Komite Tradiksyon monn nouvo a te fè anpil atansyon nan travay yo t ap fè a tou. Dènye revizyon ki fèt nan Tradiksyon monn nouvo a suiv menm prensip la tou: “Rasanble pawòl ki verite e ki egzak”, epi fè mesaj Bondye bay la vin pi klè posib.

Men sa frè Splane te di: “Gen anpil mo ann anglè ki gen plis pase yon sèl sans.” Pa egzanp, nan ansyen vèsyon Tradiksyon monn nouvo anglè a, yo te itilize fraz “fòm pawòl ki bon pou sante w” nan 2 Timote 1:13. Mo “fòm” nan gen plizyè definisyon, youn ladan yo se “desen atistik”. Se sa k fè, ann amoni ak definisyon sa a, gen moun ki panse fraz la gen rapò ak bèl desen, oswa fòm, moun ka jwenn nan ansèyman ki nan Bib la. Sepandan, definisyon ki pi mache ak mo sa a nan lang orijinal la se “yon modèl [...] yo bay pou moun imite”. Se sa k fè edisyon revize a itilize fraz ki di “modèl pawòl ki pwofitab”.

Frè Splane te pale tou de revizyon ki te fèt ki reflete chanjman ki gen nan lang anglè a. Pa egzanp, nan anysen edisyon Tradiksyon monn nouvo a, yo te itilize mo anglè “impale” pou yo dekri fason yo te touye Jezi, e byen souvan mo sa a vle di pèse kò viktim nan ak yon bwa pwenti epi pandye l sou bwa a. Piske se pa t ak poto a yo te touye Jezi, edisyon revize a itilize ekspresyon “kloure l sou yon poto” pou l pale de fason yo te touye Jezi a. — Matye 27:22, 23, 31.

Men pawòl frè Splane te di pou l fini: “N ap priye pou lekti ak etid nou pral fè nan edisyon revize Tradiksyon monn nouvo a fè nou vin pi pwòch Jewova toujou. E se pou Jewova toujou ret Papa nou, Bondye nou e zanmi nou.”

Konklizyon.

Frè Pierce te konpare revizyon yo fèk fè nan Bib la ak pla prensipal nan “yon resepsyon ki gen bon manje”. (Ezayi 25:6.) Apre sa, li te byen fini pwogram nan, li te envite moun nan asistans lan chante kantik 114 nan liv “Ann chante pou Jewova” a. Tit kantik la se: “Liv Bondye a se yon trezò.”