Kreyòl ayisyen
Ki sa k ka ankouraje m fè egzèsis fizik?
https://cms-imgp.jw-cdn.org/img/p/502019478/univ/art/502019478_univ_sqr_xl.jpg
ijwyp atik 88

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa k ka ankouraje m fè egzèsis fizik?

Ki sa k ka ankouraje m fè egzèsis fizik?

 Poukisa m dwe fè egzèsis fizik?

 Genyen kèk peyi kote jèn yo mete sante yo an danje lefètke yo pa fè ase aktivite fizik. Labib gen rezon lè l di: “Fè egzèsis fizik itil.” ​(1 Timote 4:8). Reflechi sou rezon ki vin apre yo:

  •   Lè w fè egzèsis fizik, sa ka fè w santi w byen. Lè n fè egzèsis fizik, sa degaje yon bagay chimik ki rele endòfin nan sèvo nou ki fè n santi n byen e ki fè n santi n kontan. Gen moun ki di egzèsis fizik se yon bagay natirèl nou ka fè pou n konbat depresyon.

     “Si m al kouri bonè nan maten, m santi m reyalize plis bagay pandan jounen an e m santi m pi byen tou. Lè m kouri, sa fè m santi m kontan.” — Regina.

  •   Lè w fè egzèsis fizik, sa ka gen yon bon efè sou aparans ou. Lè w fè egzèsis fizik yon fason ki ekilibre, sa ka fè w gen plis fòs, w ap pi sante e sa ka fè w gen plis konfyans nan tèt ou.

     “M kontan m ka fè dis djip kounye a, ane pase, m pa t ka fè menm youn! Sa k pi enpòtan an, sèke m konnen m ap pran swen kò mwen.” — Olivia.

  •   Lè w fè egzèsis fizik, sa ka fè w viv pi lontan. Egzèsis fizik gen yon bon efè sou kè nou ak poumon nou. Egzèsis fizik ka ede n konbat maladi kè tou, ki se youn nan koz ki fè ni gason ni fi mouri.

     “Lè n gen yon bon pwogram pou n fè egzèsis fizik, sa montre Kreyatè nou an nou bay kò li ban nou an anpil valè.” — Jessica.

 Sa w dwe sonje: Lè w fè egzèsis fizik, sa ap pote anpil byenfè pou sante w pi devan, men tou depi kounye a, ou kapab jwenn anpil byenfè. Men sa yon jèn fi ki rele Tonya di: “Ou pap janm di: ‘M regrèt m t al mache oswa m t al kouri. M toujou kontan lè m fè efò pou m pa kite yon seri eskiz anpeche m fè egzèsis.”

Si yo neglije yon machin, avèk letan, l ap kanpe. Se menm bagay la tou pou kò n, si n neglije fè egzèsis.

 Ki sa ki anpeche m fè egzèsis fizik?

 Gen plizyè bagay ki ka vle anpeche w fè sa:

  •   M pa santi m motive. “M panse anpil moun panse lè yo jèn, anyen pa ka rive yo. Li difisil pou yo imajine yon lè k ap rive kote y ap gen pwoblèm sante. Yo panse se sèlman moun aje ki gen pwoblèm sante.” — Sophia.

  •   M pa gen tan. “Piske pwogram mwen chaje, m oblije kreye tan pou m manje manje ki bon pou sante m e pou m byen dòmi, men li toujou pi difisil pou mwen pou m jwenn tan pou m fè spò.” — Clarissa.

  •   M pa gen lajan pou m al yon kote pou m fè spò. “Sa mande anpil lajan pou w ret anfòm, ou oblije peye pou w al nan yon djim!” — Gina.

 Fè yon ti reflechi:

 Ki pi gwo rezon ki anpeche w fè egzèsis fizik? Sa ap mande efò pou w venk obstak sa a, men sa vo lapèn.

 Ki jan m ka rive fè egzèsis fizik mwen bezwen an pou m ka rete an sante?

 Men kèk sijesyon:

  •   Ou gen responsablite pou w pran swen sante w. — Galat 6:5.

  •   Pa chèche eskiz (Eklezyas 11:4). Pa egzanp, ou pa bezwen al yon kote yo fè spò pou w kòmanse yon pwogram fè egzèsis. Annik chèche yon egzèsis ou renmen fè epi antre l nan pwogram ou.

  •   Pou w ka gen kèk ide, mande lòt moun sa yo fè kòm egzèsis. — Pwovèb 20:18.

  •   Fè yon pwogram byen presi. Fikse kèk objektif epi note sa w reyalize, konsa w ap motive pou w kontinye. — Pwovèb 21:5.

  •   Chèche yon moun ki ka fè egzèsis avè w. Si w gen yon zanmi ki ka fè spò avè w regilyèman, sa ka ankouraje w e sa ka ede w kenbe pwogram nan. — Eklezyas 4:9, 10.

  •   Konnen ka genyen kèk bagay ki anpeche w atenn objektif ou, men pa bay vag lè w rankontre yo. — Pwovèb 24:10.

 Se pou w gen ekilib

 Bib la di ni gason ni fi dwe “modere nan tout bagay”. (1 Timote 3:2, 11). Donk, nou dwe gen ekilib nan egzèsis n ap fè yo. Moun ki pase twòp tan nan fè spò sanble souvan moun ki pran tèt yo pou yon pakèt afè. Men sa yon jèn fi ki rele Julia di: “Lè bibit yon gason pi gwo pase entèlijans li, sa pa yon bagay atiran.”

 Epitou, fè atansyon ak konsèy ki ankouraje n fè plis pase sa ki bon pou sante nou. Konsèy sa yo kapab yon danje pou nou nan domèn fizik e yo kapab fè n pa ret konsantre sou “bagay ki pi enpòtan” nan lavi a. — Filipyen 1:10.

 Anplis de sa, konsèy yo konn bay pou ankouraje n fè spò ka dekouraje nou. Men sa yon jèn ki rele Vera di: “Gen anpil jèn fi ki sere foto moun yo ta renmen sanble ak yo e yo gade foto sa yo lè yo santi yo pa motive pou yo fè spò. Men, alafen yo ret ap konpare tèt yo ak moun sa yo e sa fè yo dekouraje. Li pi bon pou w gen objektif amelyore sante w olye w sèlman amelyore aparans ou.”