Kreyòl ayisyen
Grenn pisenlit k ap vole — Ki kote mèvèy sa a soti?
https://cms-imgp.jw-cdn.org/img/p/502200126/univ/wpub/502200126_univ_sqr_xl.jpg
ijwwd chap. 30

E+/IvanJekic via Getty Images

KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?

Grenn pisanli k ap vole

Grenn pisanli k ap vole

 Kapasite grenn pisenlit la genyen pou l vole fè pati pi bèl bagay ki gen nan lanati. Lè van an soufle sou tèt pisenlit la, plizyè dizèn ti grenn kòmanse vole tankou ti parachit. Byenke yo kòmanse vole toupre tè a, yo ka fè distans yon kilomèt konsa ap vole oswa plis pase yon kilomèt. Ki sa k pèmèt yo flote anlè sou yon long distans konsa? Sa pa gen twò lontan depi yo fè yon dekouvèt ki montre yo itilize yon teknik pou yo vole ki kat fwa pi efikas pase yon parachit e ki pi stab tou.

 Fè yon ti reflechi: Chak grenn ret pandye sou yon tij ki tache ak yon seri ti plim fen ki swa ki sanble ak cheve, yo rele papis. Papis la fonksyone menm jan ak parachit pou ede grenn nan rete anlè.

Gen kèk moun k ap fè rechèch ki fè konnen lè a ki gen fòm yon sèk oswa yon toubiyon fè grenn pisenlit la pran plis tan pou l tonbe

 Men, ti plim swa ki nan papis la fè yon lòt bagay ki ede grenn lan rete anlè. Pandan lè a ap deplase toutotou ti plim swa yo e ant ti plim sa yo, li fè yon toubiyon ki gen fòm yon sèk pa anlè papis la. Lè a ki gen fòm yon sèk ki anndan toubiyon an kreye yon presyon ki rale papis la pa anlè, sa ki fè l pran plis tan pou l desann.

 Fason ti plim fen sa yo ranje pèmèt papis la fonksyone tankou yon parachit dlo ka travèse, sa ki rann li pi efikas e pi stab lè l ap vole. Mete sou sa, papis la gen 90 pousan espas vid! Donk, se yon tikras sipò li itilize.

 Syantifik yo ap chèche kopye sou fason grenn pisenlit la vole. Youn nan fason yo ka rive fè sa, se lè yo fè yon seri ti dwón ki pran yon tikras chaj oswa ki pa bezwen chaj ditou, sa k ap redui kantite enèji y ap itilize. Yo ka itilize ti dwón sa yo pou fè divès travay, tankou verifye si lè a polye.

 Gade grenn pisenlit k ap vole

 Ki sa w panse? Èske fason byen òganize grenn pisenlit la vole a egziste grasa evolisyon? Oswa se fè yo te fè l?