KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?
Kapasite selil yo genyen pou yo espesyalize yo
Lè manman w te vin ansent ou, ou te jis yon ti selil yo rele zigòt ki tèlman piti, moun pa ka wè l san mikwoskòp. Epoutan, plizyè mwa annapre, ou te vin yon tibebe. Ti selil zigòt la te miltipliye e l te chanje pou l vin bay plis pase 200 kalite selil ki pa gen menm fòm, ki pa gen menm gwosè, e ki pa fè menm travay.
Fè yon ti reflechi: Yon zigòt kopye ADN li, epi li divize tèt li pou l tounen de zigòt. De selil sa yo kontinye fè sa plizyè fwa. Okòmansman, tout nouvo selil yo sanble youn ak lòt. Men, nan ADN yo, yo gen tout enstriksyon yo bezwen pou fè tout kalite selil.
Yon semèn apre manman w te vin ansent ou, selil yo kòmanse fè de gwoup selil. Kèk selil pral tounen anbriyon, lòt yo ap tounen plasennta a ak lòt tisi ki ladan l yo ki ede anbriyon an grandi.
Pou rive nan twazyèm semèn nan, selil anbriyon yo òganize yo an twa kouch. Selil ki nan kouch ki sou deyò a pral espesyalize pou yo tounen nè, sèvo, bouch, po, ak lòt selil ankò. Selil ki nan kouch ki nan mitan an pral tounen san, zo, ren, mis, ak lòt tisi ankò. Selil ki nan kouch ki anndan an pral tounen ògàn ki anndan yo, tankou poumon, vesi, ak pifò nan sistèm dijestif la.
Lè yon tibebe ap devlope nan vant manman l, selil yo miltipliye e yo espesyalize yo pou vin tounen plis pase 200 kalite selil diferan
Pandan tout gwosès la, kèk nan selil yo deplase, swa poukont yo oswa an gwoup, sot nan kèk pati nan anbriyon an pou ale nan lòt pati. Gen lòt selil ki rasanble ansanm pou yo fòme yon seri kouch, oubyen yo pliye youn sou lòt pou yo vin tounen yon seri ti kòd oswa ti twou. Pou selil yo rive fè sa, sa mande anpil kolaborasyon. Pa egzanp, rive yon lè, kouch selil yo vin kòde poukont yo pou yo tounen yon seri ti tib. Sa fèt plizyè kote nan anbriyon an anmenmtan. Apre sa, tib yo vin long, yo fè plizyè branch, epi yo vin konekte ansanm pou yo fòme sistèm sikilatwa a.
Lè yon tibebe ki an sante fèt, plizyè santèn milya selil li yo gentan espesyalize yo selon kategori yo ak kote yo dwe ye yo, e yo fè sa nan moman ki kòrèk la.
Ki sa w panse? Èske kapasite selil yo genyen pou yo espesyalize yo a vin egziste grasa evolisyon? Oswa se fè yo te fè yo avè l?

