Pou ki bagay mwen ka priye?

Pou ki bagay mwen ka priye?

Repons Bib la bay

 Ou ka priye pou nenpòt bagay ki konfòm ak volonte Bondye, jan Bib la montre sa. “Kèlkeswa sa nou mande l selon volonte [Bondye], li tande nou.” ​(1 Jan 5:14). Èske w ka pale avè l sou enkyetid ou yo? Wi. Bib la di: “Ouvri kè nou [bay Bondye].” — Sòm 62:8.

Kèk bagay ou ka priye pou yo

  •   Pou w gen lafwa nan Bondye. — Lik 17:5.

  •   Pou lespri sen, oswa fòs Bondye itilize pou l aji a, ede w fè sa ki byen. — Lik 11:13.

  •   Pou w jwenn fòs pou w fè fas ak pwoblèm ou genyen e pou w reziste devan tantasyon. — Filipyen 4:13.

  •   Pou w gen lapè nan lespri w e pou w rete kalm. — Filipyen 4:6,7.

  •   Pou w gen sajès pou w ka pran bon desizyon. — Jak 1:5.

  •   Pou ede w jwenn sa w bezwen pou jounen an. — Matye 6:11.

  •   Pou w jwenn padon pou peche w yo. — Matye 6:12.