Al gade sa k anndan l

Poukisa li difisil pou gen lapè nan monn nan konsa?

Poukisa li difisil pou gen lapè nan monn nan konsa?

Repons Bib la bay

 Efò lèzòm ap fè pou met lapè nan monn nan pa pot rezilta e y ap kontinye pa bay rezilta pou plizyè rezon:

  •   “Se pa lòm ki pou deside ki kote l ap met pye l.” (Jeremi 10:23). Bondye pa t kreye lèzòm ak kapasite oubyen dwa pou yo dirije tèt yo, se sa k fè, yo pap ka rive pote bonjan lapè nètale.

  •   “Pa mete konfyans nou nan grannèg, nan moun ki pa ka delivre nou. Kou souf yo koupe, yo tounen pousyè. Lamenm, tou sa yo te gen nan tèt yo disparèt.” (Sòm 146:3, 4, Bib la). Menm lidè politik ki gen pi bon entansyon yo pa kapab elimine rezon ki fè gen lagè yo.

  •   “Nan dènye jou yo, tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte. Paske, moun yo [...] ap sovaj, yo pap renmen sa ki byen, y ap trèt, y ap gen tèt di, y ap gonfle ak ògèy.” (2 Timote 3:1-4). N ap viv nan “dènye jou” monn mechan ki gen kounye a, yon epòk kote atitid lèzòm genyen yo fè l difisil pou gen lapè.

  •   “Malè pou tè a ak lanmè a, paske Dyab la desann vin jwenn nou. Li an kòlè anpil, paske li konnen se yon tikras tan li rete.” (Revelasyon 12:12). Yo te pimpe Dyab la, ènmi Bondye a, sou tè a e li ankouraje moun yo gen move etadespri l genyen an. Toutotan se li ki “chèf monn” sa a, nou pap janm ka viv nan lapè. — Jan 12:31.

  •   “[Wayòm Bondye a] ap kraze tout wayòm sa yo [ki opoze ak Bondye], l ap elimine yo, e se li menm sèl k ap rete pou toutan.” (Dànyèl 2:44). Se Wayòm Bondye a ki pral satisfè anvi nou genyen pou gen lapè pou toutan nan monn nan, se pa youn nan gouvènman lèzòm yo. — Sòm 145:16.