Al gade sa k anndan l

Ki sa syèl la ye?

Ki sa syèl la ye?

Repons Bib la bay

An jeneral, yo itilize mo “syèl” la nan twa sans nan Bib la: 1) syèl fizik la; 2) kote espri yo ye a ak 3) kòm yon senbòl pou pale de yon pozisyon ki wo. Nan chak ka sa yo, se kontèks la k ap ede yon moun byen konprann nan ki sans yo itilize l. *

  1. Syèl nou ka wè ak je nou an. Nan sans sa a, “syèl la” gen rapò ak lè ki antoure tè a, kote van an soufle, zwazo yo vole, nyaj yo bay lapli ak nèj e kote kout zèklè yo pati (Sòm 78:26; Pwovèb 30:19; Ezayi 55:10; Lik 17:24). Li ka vle di tou espas ki pa anlè a, kote “solèy la, lalin nan, zetwal yo” ye a. — Detewonòm 4:19; Jenèz 1:1.

  2. Kote espri yo ye a. Mo “syèl” la gen rapò tou ak syèl nan domèn espirityèl, oswa kote espri yo ye a, yon nivo ki pi wo pase linivè fizik la e ki pa nan linivè sa a (1 Wa 8:27; Jan 6:38). Nan syèl espirityèl sa a, gen Jewova Dye, ki se “yon Espri” ki abite ladan l, ansanm ak zanj li te kreye yo (Jan 4:24; Matye 24:36). Pafwa, yo pale de “syèl la” tankou se te yon moun pou reprezante zanj fidèl yo, “sila ki sen yo”. — Sòm 89:5-7.

    Epitou, Labib itilize “syèl” pou l pale de pati nan espas envizib la ‘kote Jewova rete a’. (1 Wa 8:43, 49; Ebre 9:24; Revelasyon 13:6.) Pa egzanp, Labib te anonse yo t ap pimpe Satan ak demon yo deyò nan syèl la, e yo pa t ap gen pèmisyon pou yo parèt devan Jewova ankò. Sepandan, yo t ap rete nan monn envizib la. — Revelasyon 12:7-9, 12.

  3. Yon senbòl pou pale de gwo pozisyon oswa pozisyon ki wo. Ekriti yo itilize “syèl” pou pale de yon pozisyon ki wo, an jeneral, sa gen rapò ak otorite k ap gouvène. Pozisyon sa a kapab pou:

Tankou ki sa syèl la ye?

Monn envizib la se yon kote ki gen anpil aktivite. Gen plizyè santèn milyon zanj Bondye te kreye ki abite ladan l, yo menm “ki fè sa [Jewova] di”. — Sòm 103:20, 21; Dànyèl 7:10.

Labib dekri syèl la kòm yon kote ki klere anpil anpil (1 Timote 6:15, 16). Pwofèt Ezekyèl te resevwa yon vizyon sou syèl la kote te gen yon ‘limyè ki t ap klere’, alòske nan vizyon Dànyèl te wè sou syèl la, li te wè “yon rivyè dife”. (Ezekyèl 1:26-28; Dànyèl 7:9, 10.) Syèl la sen, oswa pwòp, e li bèl. — Sòm 96:6; Ezayi 63:15; Revelasyon 4:2, 3.

Sa Labib fè n konprann konsènan syèl la se bagay ki bay lakrentif (Ezekyèl 43:2, 3). Men, li pa posib pou lèzòm konprann syèl la byen nèt, paske monn envizib la depase sa n ka konprann.

^ § 3 Sanble mo ebre lè yo tradui yo mete “syèl” pou li a soti nan rasin yon mo ki vle di “wo” oswa “byen wo”. (Pwovèb 25:3.) (The New Brown, Driver, and Briggs Hebrew and English Lexicon of the Old Testament, paj 1029)

^ § 9 Gen yon liv (McClintock and Strong’s Cyclopedia) ki di syèl tounèf ki nan Ezayi 65:17 la siyifi “yon nouvo gouvènman, yon nouvo wayòm”. — Volim IV, paj 122.