Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Ki sa batèm nan ye?

Ki sa batèm nan ye?

Repons Bib la bay

Batèm nan se lè yon moun plonje nèt anba dlo epi li remonte sot anba dlo a *. Se sa k fè Jezi te batize nan yon rivyè ki te gen anpil dlo (Matye 3:13, 16). Menm jan an tou, yon Etyopyen te mande pou l batize lè l te “rive yon kote ki gen yon dlo”. — Travay 8:36-40.

Siyifikasyon batèm nan

Bib la konpare batèm ak yon antèman (Women 6:4; Kolosyen 2:12). Batèm nan dlo a senbolize yon moun mouri parapò ak ansyen fason li te konn viv la epi li kòmanse yon nouvo vi antanke yon kretyen ki vwe lavi l bay Bondye. Batèm nan epi tout etap anvan batèm nan se aranjman Bondye mete anplas pou yon moun kapab gen yon konsyans ki pwòp ki baze sou lafwa li genyen nan sakrifis Jezi Kris la (1 Pyè 3:21). Se sa k fè Jezi te anseye disip li yo dwe batize. — Matye 28:19, 20.

Èske batèm nan dlo lave peche yon moun?

Non. Bib la anseye nou nou kapab vin pirifye anba tout peche sèlman grasa san Jezi ki te koule a (Women 5:8, 9; 1 Jan 1:7). Men, pou yon moun jwenn byenfè grasa sakrifis Jezi a, li dwe demontre lafwa nan Jezi, li dwe chanje fason l ap viv pou l ka viv ann amoni avèk sa Jezi te anseye epi li dwe batize. — Travay 2:38; 3:19.

Ki sa yo rele batèm timoun piti?

Batèm timoun piti pa parèt nan Bib la. Sa gen rapò avèk yon seremoni kèk legliz fè pou yo “batize” yon tibebe (lè yo wouze tibebe a oswa yo vide ti dlo sou tèt li) epi yo ba l yon non.

Èske Bib la anseye nou dwe batize tibebe yo?

Non, li pa anseye sa. Batèm kretyen an se pou moun ki gen ase laj pou yo konprann “bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a” e pou yo kwè ladan l (Travay 8:12). Batèm nan gen rapò avèk yon moun ki tande Pawòl Bondye a, ki aksepte l epi ki repanti — tout aksyon sa yo yon tibebe pa kapab fè yo. — Travay 2:22, 38, 41.

Anplis de sa, Bib la montre Bondye konsidere pitit yon kretyen kòm sen oswa pwòp nan je Bondye paske paran l se moun ki gen yon konduit fidèl (1 Korentyen 7:14). Si batèm tibebe yo te valab, tibebe sa yo pa t ap bezwen pou se merit yon lòt moun genyen yo aplike pou yo. *

Manti konsènan batèm kretyen

Manti: Wouze oubyen vide ti dlo sou tèt yon moun se yon fason ki akseptab pou ranplase plonje yo konn plonje moun yo nèt anba dlo a.

Laverite: Tout batèm yo mansyone nan Bib la, yo te plonje moun yo nèt anba dlo. Pa egzanp, lè disip Filip te batize Etyopyen an, yo te “desann nan dlo a”. Epi apre sa, yo te “monte sot nan dlo a”. — Travay 8:36-39 *.

Manti: Lè yo di nan Bib la tout moun nan yon kay te batize, ladan yo te gen tibebe yo tou. Pa egzanp, konsènan yon gadyen prizon ki te nan vil Filip, Bib la di: “Li menm ak tout moun lakay li batize.” — Travay 16:31-34.

Laverite: Istwa gadyen an ak konvèsyon li montre moun ki te batize yo te konprann “pawòl Jewova a” epi yo te “rejwi anpil”. (Travay 16:32, 34.) Enfòmasyon sa a ede nou konprann si te gen tibebe nan kay gadyen prizon an, yo pa t ap ka batize paske yo pa t ap ka konprann pawòl Jewova.

Manti: Jezi te anseye tibebe yo dwe batize lè l te di se pou moun ki tankou timoun piti Wayòm Bondye a ye. — Matye 19:13-15; Mak 10:13-16.

Laverite: Lè Jezi te di pawòl sa yo, li pa t ap pale konsènan batèm. Men, pito li t ap montre moun ki t ap kalifye pou Wayòm Bondye a dwe tankou timoun piti, sa vle di yo dwe gen imilite epi yo dwe kite moun anseye yo. — Matye 18:4; Lik 18:16, 17.

^ § 3 Mo “batize” a soti nan yon mo grèk ki siyifi “plonje”. Gade Diksyonè Teyoloji sou Nouvo Testaman an (Theological Dictionary of the New Testament), volim I, paj 529.

^ § 12 Selon yon gwo diksyonè ann anglè, “pa gen plas nan Nouvo Testaman an pou batèm timoun piti”. Epi li di moun ki te konn batize timoun piti yo te fè sa, paske yo te “gen yon panse ki pa t kòrèk ak yon pwennvi egzajere sou enpòtans batèm nan genyen”, yo te panse batèm nan li menm t ap lave peche. — The International Standard Bible Encyclopedia, volim 1, paj 416-417.

^ § 15 Anba soutit “Batèm (nan Bib la)”, yon gwo diksyonè ann anglè di: “Sa klè fason yo te batize moun nan premye Legliz la se te plonje yo te plonje moun yo nèt anba dlo.” — New Catholic Encyclopedia, volim 2, paj 59.