Èske istwa Noye a ak delij la se jis yon lejann?
Repons Bib la bay
Delij la se te yon evènman ki te pase toutbon. Se Bondye ki te fè l pou l te detwi moun ki mechan yo. Men, li te mande Noye konstwi yon lach pou l te sove moun ki jis yo ak bèt yo (Jenèz 6:11-20). Nou kapab kwè delij la te pase toutbon paske nou jwenn istwa sa a nan Bib la, yon liv “Bondye [...] enspire”. — 2 Timote 3:16.
Istwa oubyen lejann?
Bib la montre Noye se te yon moun ki te egziste, epi delij la te pase toutbonvre, se pa lejann, ni istwa yo imajine.
Moun ki te patisipe nan ekri Bib la te kwè Noye te yon moun ki te egziste. Pa egzanp, Esdras ak Lik, de nan moun ki te patisipe nan ekri Bib la, te fè anpil rechèch pou yo te ka ekri istwa ki egzak. Si yo mete Noye nan lis fanmi Izrayèl yo, sèke li te egziste vre (1 Kwonik 1:4; Lik 3:36). Matye ak Lik te rapòte pawòl Jezi te di anrapò ak Noye ak delij la nan Evanjil yo te ekri yo. — Matye 24:37-39; Lik 17:26, 27.
Pwofèt Ezekyèl ak apot Pòl te pale de Noye tou antanke moun ki bay bèl egzanp nan demontre lafwa e antanke moun ki jis (Ezekyèl 14:14, 20; Ebre 11:7). Èske sa t ap fè sans pou ekriven sa yo ta pale de yon moun ki pa t egziste kòm yon egzanp pou moun suiv? Sa klè, Noye ansanm ak lòt gason ak fi ki te gen lafwa yo se egzanp pou nou imite, paske yo te egziste toutbon. — Ebre 12:1; Jak 5:17.
Bib la bay detay byen klè sou delij la. Istwa Bib la rakonte sou delij la pa kòmanse ak pawòl tankou “te gen yon lè”, kòmsi se te istwa yo imajine. Okontrè, Bib la bay ane, mwa ak jou evènman ki gen rapò ak delij la te pase yo (Jenèz 7:11; 8:4, 13, 14). Li bay mezi egzak lach Noye te konstwi a te genyen (Jenèz 6:15). Tout detay sa yo fè nou konprann Bib la montre delij la se yon istwa ki te pase toutbonvre, se pa yon lejann.
Poukisa Bondye te fè delij la?
Bib la rakonte anvan delij la, Bondye te “wè lèzòm t ap fè anpil mechanste sou tè a”. (Jenèz 6:5.) Li di tou “vrè Dye a te wè moun sou tè a te fin kòwonpi” paske tè a te chaje ak vyolans ak imoralite seksyèl. — Jenèz 6:11; Jid 6, 7.
Bib la di se yon seri zanj mechan ki te lakòz anpil nan pwoblèm sa yo. Yo te kite plas yo nan syèl la e yo te vin gen relasyon seksyèl ak fi sou tè a. Zanj sa yo te vin gen yon seri pitit ki rele Nefilim, ki te konn maltrete epi fè moun sou tè a soufri (Jenèz 6:1, 2, 4). Bondye te deside detwi mechan yo pou l pèmèt bon moun yo viv sou tè a san enfliyans mechan yo. — Jenèz 6:6, 7, 17.
Èske moun yo te konnen delij la t apral fèt?
Wi. Bondye te di Noye sa k t apral pase e l te mande l pou l konstwi yon lach pou l te ka sove fanmi l ak bèt yo (Jenèz 6:13, 14; 7:1-4). Noye te avèti moun yo sou malè ki t apral rive a. Men, yo te meprize avètisman sa a (2 Pyè 2:5). Men sa Bib la di: “Yo pa t remake anyen jiskaske delij la vini e li pote yo tout ale.” — Matye 24:37-39.
Ki jan lach Noye a te ye?
Lach la se te yon kòf, oubyen yon bwat, ki te gen apeprè 133 mèt (437 pye) longè, 22 mèt (73 pye) lajè ak 13 mèt (44 pye) wotè. a Se ak bwa ki gra yo te fè lach la, epi li te kouvri ak goudwon ni pa anndan, ni pa deyò. Li te gen twa etaj oubyen nivo ak plizyè pyès. Te gen yon pòt sou kote lach ak yon fenèt pa anlè l. Sanble lach la te gen yon kouvèti ki te gen de bò ki te rankontre nan mitan pou dlo te ka koule desann. — Jenèz 6:14-16.
Konbyen tan Noye te pran pou l konstwi lach la?
Bib la pa di konbyen tan Noye te pran pou l konstwi lach la, men, sanble sa te pran plizyè dizèn ane pou l te fin konstwi l. Noye te gen plis pase 500 an lè premye pitit gason l lan te fèt. Li te gen 600 an lè delij la te kòmanse. b — Jenèz 5:32; 7:6.
Lè Bondye te mande Noye pou l konstwi lach la, toule twa pitit gason Noye yo te gentan gran e yo te gentan marye, sa ki te ka pran ant 50 a 60 an (Jenèz 6:14, 18). Lè nou konsidere detay sa yo, sanble li lojik pou n panse sa te pran ant 40 a 50 an pou yo fin konstwi lach la.
a Bib la bay mezi lach la an koude. Koude Ebre yo te konn itilize a te egal a 17.5 pous (44.45 sm). — The Illustrated Bible Dictionary, edisyon revize, 3yèm pati, paj 1635 (anglè).
b Pou w jwenn enfòmasyon sou kantite tan moun tankou Noye yo te konn viv, ou ka li atik sa a “Vivait-on si longtemps à l’époque biblique?” nan Toudegad 1ye desanm 2010.

