Al gade sa k anndan l

ÈD POU FANMI

Fason pou w kontwole kòlè w

Fason pou w kontwole kòlè w

 Imajine moun ou marye avè l la di oswa fè yon bagay ki fè w fache, ou santi kòlè ap bouyi anndan w, men w ap eseye kenbe kòlè a. Sepandan, moun ou marye avè l la ki santi gen yon bagay ki pa mache kòmanse poze w kesyon pou l konprann sa k pase. E sa enève w plis toujou. Ki jan w ka kontwole kòlè w nan yon sitiyasyon konsa?

 Sa w dwe konnen

  •   Fè kòlè ka gen move konsekans sou sante w. Rechèch yo fè montre lè moun pa kontwole kòlè yo, yo gen plis chans pou yo fè tansyon, pou yo gen pwoblèm kè, depresyon ak pwoblèm dijesyon. Yo wè tou kòlè kapab fè moun pa ka dòmi, fè moun santi yo pi strese, fè yo gen pwoblèm po ak stwok. Bib la gen rezon di: “Pinga w fache, [...] se sèlman nan malè sa ap mennen.” — Sòm 37:8, nòt.

  •   Kite kòlè ap bouyi anndan w kapab gen move konsekans tou. Si w kontinye rete an kòlè, sa kapab tankou yon maladi k ap manje w pa anndan. Pa egzanp, sa ka lakòz ou vin yon moun ki sinik oswa ki toujou ap kritike. Si w konsa, l ap difisil pou moun viv avè w, e sa ka vrèman gen move konsekans sou maryaj ou.

 Sa w ka fè

  •   Chèche bèl kalite lakay moun ou marye avè l la. Panse ak twa bagay ou renmen lakay moun ou marye avè l la. Pwochen fwa li fè yon bagay ki fè w fache, reflechi sou twa kalite sa yo. Sa kapab ede w kontwole kòlè w.

     Prensip Bib la bay:Montre nou gen rekonesans.” — Kolosyen 3:15.

  •    Se pou w dispoze padone. Toudabò, eseye wè bagay yo jan moun ou marye avè l la wè yo. Sa ap ede w mete w nan plas li, Bib la rele sa “senpati” (1 Pyè 3:8). Apre sa, mande tèt ou: “Èske sa moun nan fè oswa sa l di ki fè m an kòlè a tèlman grav nan pwen pou m pa ka padone l?”

     Prensip Bib la bay: “Se yon bèl bagay lè [w] padone bagay mal yo fè [w].” — Pwovèb 19:11.

  •    Pale de santiman w avèk bonte e avèk konsiderasyon. Lè w ap pale, di “mwen”. Pa egzanp, olye w di: “Ou pa montre ou gen respè pou mwen lè w pa rele m pou w di m kote w ye”, pito w di: “Mwen strese lè l ta epi m pa konnen si w an sekirite.” Lè w pale yon fason ki kalm, sa ap ede w kontwole kòlè w.

     Prensip Bib la bay: “Se pou pawòl nou toujou bèl, se pou l sizonnen ak sèl.” — Kolosyen 4:6.

  •    Koute avèk respè. Lè w fin pale, bay mari w oswa madanm ou posiblite pou l pale san w pa entèwonp li. Lè l fin pale, eseye redi sa l te di yo an gwo pou w asire w ou te byen konprann. Koute w koute sèlman ap ede w anpil nan kontwole kòlè w.

     Prensip Bib la bay: “Dispoze koute, [...] pa [...] prese pale.” — Jak 1:19.