Poukisa Jozèf te fè bab li anvan li t al kote Farawon?

Yon ansyen mi Ejipsyen ki gen yon desen sou li ki montre yon kwafè k ap travay.

Selon sa liv Jenèz la rakonte, Farawon te bay lòd pou yo mennen Jozèf ba li byen vit pou l entèprete rèv li te fè ki t ap ba l pwoblèm yo. Jozèf se yon Ebre ki te nan prizon. Lè sa a, Jozèf te gentan gen yon bon kantite ane nan prizon. Byenke Farawon te mande pou yo mennen Jozèf ba li ann ijans, Jozèf te pran tan pou l fè bab li (Jenèz 39:20-23; 41:1, 14). Lefètke moun ki te ekri liv Jenèz la mansyone detay sa a ki ka parèt pa enpòtan, sa montre li te byen konnen koutim Ejipsyen yo.

Nan anpil nasyon nan tan lontan, li te nòmal pou gason yo kite bab yo pouse, Ebre yo ladan l tou. Sepandan, selon sa yon liv di, “nan tan lontan, Ejipsyen yo se te sèl pèp ann Oryan ki pa t aksepte pote bab”. — McClintock and Strong’s Cyclopedia of Biblical, Theological, and Ecclesiastical Literature.

Èske se bab sèlman moun yo te konn raze? Gen yon jounal ki fè konnen gen kèk koutim Ejipsyen yo te genyen ki te mande lè yon gason t ap prepare l pou l parèt devan Farawon se pou l fè tankou se nan yon tanp li t ap gen pou l antre. Konsa, Jozèf te oblije raze tout cheve ki nan tèt li ak tout plim ki sou kò l. — Biblical Archaeology Review.

Liv Travay la fè konnen papa Timote te yon Grèk. Èske sa vle di li te soti nan peyi Lagrès?

Pa vrèman. Nan lèt Bondye te enspire apot Pòl pou l ekri yo, pafwa, apot la te fè diferans ant Juif ak Grèk. Li te konn itilize non Grèk la pou l pale de tout lòt pèp ki pa Juif (Women 1:16; 10:12). Youn nan rezon ki fè l te fè sa, san dout se paske lang grèk la ak kilti grèk la te gaye nan zòn kote Pòl te konn preche yo.

Kiyès moun ki t ap viv nan tan lontan yo te konsidere kòm Grèk? Nan katriyèm syèk anvan epòk nou an, Izokrat, yon filozòf nan Atèn, te fyè pou l pale sou fason kilti grèk la t ap gaye nan monn nan. Kòm rezilta, li te remake, “yo te konn rele moun Grèk, paske yo te jwenn menm edikasyon avèk nou, men se pa paske yo se moun ki fèt nan peyi Lagrès”. Se sa k fè li posib pou papa Timote, malgre li pa t yon Juif, ak kèk lòt moun Pòl te pale de yo kòm Grèk se moun ki te Grèk paske yo te adopte kilti grèk la, men se pa paske yo te fèt nan peyi Lagrès. — Travay 16:1.