Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Toudegad  |  Jen 2015

 SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE LASYANS RANPLASE BIB LA?

Fason lasyans enfliyanse lavi nou

Fason lasyans enfliyanse lavi nou

Dapre yon diksyonè, lasyans se “etid apwofondi moun fè sou lanati ak sou fason bagay materyèl yo oubyen bagay fizik yo konpòte yo nan linivè. Etid sa a baze sou obsèvasyon, sou eksperyans ak sou kalkil”. Li difisil pou moun rive fè tout travay sa a, e byen souvan, travay sa a fristre yo. Syantifik yo konn pase plizyè semèn, plizyè mwa e yo konn menm pase plizyè ane ap travay sou kèk eksperyans ak sou kèk obsèvasyon. Pafwa yo pa jwenn okenn rezilta, men nan anpil ka, rezilta yo jwenn yo konn pwofitab pou limanite. Ann egzamine kèk egzanp.

Gen yon konpayi ewopeyen ki konbine plastik ki solid ak kèk filt ki modèn pou l fè yon aparèy ki pèmèt yon moun bwè dlo trete e konsa li evite maladi moun pran nan bwè dlo ki kontamine. Yo konn itilize jan de aparèy sa yo lè gen katastwòf natirèl, tankou lè te gen tranblemanntè ann Ayiti nan ane 2010.

Nan lespas, gen plizyè rezo satelit ki fòme yon sistèm inivèsèl ki pèmèt moun repere yo byen fasil. Yo rele sistèm sa a GPS (Global Positioning System). Okòmansman yo te fè GPS la pou militè yo, li ede chofè yo, pilòt yo, maren yo jwenn wout yo. Menm chasè yo ak moun k ap pwonmennen yo konn itilize l tou. GPS la fè l pi fasil pou n ale kote n vle, e se syantifik yo ki te envante sistèm sa a.

Èske w itilize telefòn selilè, òdinatè oswa Entènèt? Èske w remake sante w amelyore oubyen li vin pi bon grasa pwogrè lamedsin fè? Èske w konn vwayaje nan avyon? Si wi, ou jwenn kèk byenfè pami anpil bagay lasyans fè ki amelyore lavi lèzòm. Lasyans enfliyanse lavi nou plizyè fason ki pozitif.

LASYANS GEN LIMIT

Pou syantifik yo elaji orizon yo, yo fouye fon nan lanati. Syantifik ki etidye fizik nikleyè yo egzamine an pwofondè sa k ap fèt anndan yon atòm, tandiske astwofizisyen yo remonte plizyè milya ane avèk espwa y ap rive konprann orijin linivè. Etandone kèk syantifik fouye fon e yo ale lwen nan rechèch yo, yo menm fouye nan monn envizib la, monn moun pa ka touche a, yo panse si Bondye Bib la pale de li a egziste fò yo ta jwenn li.

Gen kèk syantifik ak kèk filozòf moun byen konnen ki ale pi lwen toujou. Yo dakò ak ide Amir D. Aczel, yon ekriven syantifik, rele “yon agiman syantifik ki kontredi egzistans Bondye”. Pa egzanp, gen yon gwo fizisyen ki fè konnen “lefètke pa gen prèv ki montre gen okenn Bondye ki jwe yon wòl enpòtan nan linivè, sa montre nan yon degre dout ki rezonab yon dye konsa pa egziste”. Gen lòt syantifik ki di travay Bondye yo pale de li nan Bib la fè yo se “maji”, se “yon seri vye bagay mistik” *.

 Sepandan, men kesyon nou dwe poze: Èske lasyans gen ase konesans sou lanati pou l rive abouti ak yon seri konklizyon definitif sou li? Repons ki senp pou kesyon sa a se non. Lasyans fè anpil gwo pwogrè, men anpil syantifik rekonèt gen anpil bagay toujou yo pa konnen e petèt gen anpil lòt bagay yo pap janm konnen. Men sa Steven Weinberg, yon fizisyen ki te resevwa yon pri Nobèl pou konesans li gen sou lanati, fè konnen: “Nou pap janm rive nan fon bagay yo vre.” Men sa pwofesè Martin Rees, astwonòm wayal nan Grann Bretay te fè konnen: “Gen kèk bagay petèt lèzòm pap janm rive konprann.” Verite a sèke gen anpil bagay nan lanati, soti nan selil la ki toupiti pou rive nan linivè ki vas, lasyans poko ka rive konprann toujou. Annou konsidere egzanp ki vin apre yo:

  • Byolojis yo pa fin byen konprann sa k ap pase nan selil vivan yo. Gen yon seri kesyon syantifik yo pa ka bay yon repons definitif pou yo tankou, kòman selil yo boule enèji, kòman yo pwodui pwoteyin epi kòman yo divize.

  • Pezantè a afekte nou chak segonn nan jounen an. Poutan, li rete yon mistè pou fizisyen yo. Yo pa fin byen konprann kòman pezantè a fè rale nou desann sou tè a lè nou vole anlè oubyen kòman li fè kenbe lalin nan ann òbit ozanviwon tè a.

  • Kosmolojis yo fè konnen enstriman syantifik yo pa rive wè ni detekte anviwon 95 pousan bagay ki konpoze linivè a. Yo divize bagay etranj sa yo an de kategori: matyè nwa ak enèji nwa. Yo pa konnen sa ki konpoze bagay sa yo.

Gen lòt bagay ankò moun pa konnen ki mete syantifik yo nan konfizyon. Poukisa sa enpòtan? Men sa yon gwo ekriven syantifik fè konnen: “Sa nou konnen yo pa reprezante anyen devan sa nou pa konnen yo. Dapre mwen, lasyans ta dwe fè nou etone anpil e li ta dwe fè nou anvi aprann plis bagay toujou olye l ta fè lespri nou fèmen.”

Donk, si w ap mande tèt ou èske lasyans ap ranplase Bib la, konsa, ou pap bezwen kwè nan Bondye, reflechi sou pwen sa a: Si gwo syantifik yo ak tout enstriman pisan yo genyen yo rive konprann sèlman kèk bagay sou lanati, èske l t ap rezonab pou n kouri rejte bagay lasyans pa rive eksplore yo? Nan sans sa a, men sa yon ansiklopedi fè konnen nan fen yon atik byen long yo ekri sou istwa ak devlopman astwonomi: “Apre prèske 4 000 an rechèch nan astwonomi, nou pa pi konprann linivè pase jan Babilonyen yo dwe te konprann li.” — Encyclopedia Britannica.

Temwen Jewova yo respekte dwa chak moun genyen pou l pran desizyon l vle sou sijè sa a. N ap fè efò pou n aplike konsèy sa a ki nan Bib la: “Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab.” (Filipyen 4:5). Se ak etadespri sa a nou envite w egzamine jan gen amoni ant lasyans ak Bib la e jan youn konplete lòt.

^ § 9 Gen kèk moun ki rejte Bib la akoz kèk ansèyman legliz bay swa nan tan lontan swa nan epòk nou an, tankou kwayans ki fè konnen tè a se sant linivè oswa Bondye te kreye monn nan nan sis jou e chak jou dire 24 èdtan. — Gade kare ki gen tit: “ Bib la parapò ak kèk bagay syantifik yo di.