Gen yon fim ki pa gen lontan depi l parèt ki rele Antikris.

Gen yon gwoup mizik ki popilè ki rele youn nan albòm li fè yo Sipèsta antikris.

Friedrich Nietzsche, yon filozòf nan 19yèm syèk la, rele youn nan liv li ekri yo Antikris la.

Wa ak anperè ki t ap viv nan epòk mwayennaj la te konn rele opozan yo antikris.

Martin Luther, chèf refòm ki te gen nan peyi Almay la, te rele pap katolik women yo antikris.

PISKE lèzòm gen lontan depi y ap itilize tèm “antikris” la kòm yon etikèt pou yo kalifye tout bagay kòmanse sou monak yo rive sou fim yo, li toutafè nòmal pou n mande: Kiyès ki antikris la? Èske tèm sa a gen yon rapò kèlkonk avèk nou jodi a? Se sèten, kote ki lojik pou n kòmanse chèche idantite antikris la se nan Bib la kote tèm sa a parèt senk fwa.

YO DEVWALE ANTIKRIS LA

Sèl ekriven nan Bib la ki itilize mo “antikris” la se apot Jan. Ki fason li te dekri antikris la? Note pawòl sa yo ki nan premye lèt li te ekri ki pote non l lan: “Timoun mwen yo, se nan dènye èdtan an nou ye, e kòm nou te tande antikris la ap vini, ebyen depi kounye a gen anpil antikris ki parèt. Se sa k fè nou konnen se nan dènye èdtan an nou ye. Yo soti nan mitan nou, men yo pa t menm jan avèk nou [...]. Kiyès ki mantè a, si se pa moun ki nye se Jezi ki Kris la? Men antikris la: se moun ki nye Papa a ak Pitit la.” — 1 Jan 2:18, 19, 22.

Apot Jan te konnen antikris la se tout moun ki chwazi sèvi ak relijyon pou yo simaye manti sou Jezi Kris ak sou ansèyman Jezi yo.

Ki sa nou aprann nan pawòl sa yo? Jan mansyone “anpil antikris”, sa montre antikris la pa yon moun, men se yon gwoup moun. Moun oubyen òganizasyon ki konpoze antikris la simaye manti toupatou, yo nye Jezi se Kris la oswa Mesi a, epi yo eseye bay esplikasyon ki defòme sou relasyon ki gen ant Bondye ak Jezi Kris, Pitit li a. Moun ki konpoze antikris la fè konnen yo se Kris oubyen yo se reprezantan l, men, piske “yo soti nan mitan nou”, yo abandone vrè ansèyman Bib la bay. Mete sou sa, gwoup sa a te la lè Jan te ekri lèt li a nan “dènye èdtan an”, sa vle di nan fen epòk apot yo.

Ki lòt bagay ankò Jan te ekri sou antikris la? Anpalan de fo pwofèt yo, men ki avètisman l te bay: “Yon mesaj ki fè konnen Jezi Kris te vini nan lachè, se yon mesaj ki soti nan Bondye. Men, yon mesaj ki pa fè konnen Jezi te vini nan lachè, se pa yon mesaj ki soti nan Bondye. Anplis, se sa ki mesaj antikris la, mesaj nou te tande ki t ap vini an, e kounye a ki deja nan monn nan.” (1 Jan 4:2, 3). Apre sa, nan dezyèm lèt la, Jan te tounen sou pwen sa a lè l te di: “Gen anpil blofè ki lage nan monn nan, yon seri moun ki pa rekonèt Jezi Kris kòm sila a ki te vini nan lachè a. Se yo menm ki blofè a e ki antikris la.” (2 Jan 7). Sa klè, Jan te konnen antikris la se tout moun ki chwazi sèvi ak relijyon pou yo simaye manti sou Jezi ak sou ansèyman Jezi yo.

“FO PWOFÈT YO” AK “MOUN K AP FÈ SA KI ILEGAL LA”

Jezi te avèti disip li yo fo pwofèt yo t ap vin ak ‘po mouton tandiske se lou voras yo ye’.

Byen lontan anvan Jan te ekri konsènan moun sa yo ki sèvi ak relijyon pou yo bay manti, Jezi Kris te bay disip li yo konsèy sa a: “Fè atansyon ak fo pwofèt yo k ap vin sou nou ak po mouton  sou yo, tandiske se lou voras yo ye pa anndan.” (Matye 7:15). Menm jan an tou, apot Pòl te bay kretyen ki t ap viv nan vil Tesalonik yo avètisman sa a: “Pa kite pèsonn pran tèt nou nan okenn fason, paske jou sa a [jou Jewova a] pa gendwa rive anvan apostazi a vini, anvan moun k ap fè sa ki ilegal la, pitit destriksyon an, parèt aklè.” — 2 Tesalonisyen 2:3.

Konsa, nan premye syèk la, fo pwofèt yo ak aposta yo te deja ap enfliyanse moun yo, yo t ap fè tout sa yo kapab pou yo febli kongregasyon an. Tout moun ki t ap gaye manti e ki t ap sèvi ak relijyon pou yo simaye manti sou Jezi Kris ak sou ansèyman l yo te fè pati “antikris” Jan te pale de li a. Pòl te fè nou konnen pwennvi Jewova genyen sou moun sa yo lè l te di yo se “pitit destriksyon”.

FÈ ATANSYON AK AKTIVITE ANTIKRIS YO JODI A

Kòman sa ye jodi a? Moun ak òganizasyon ki konpoze antikris la toujou opoze ak Kris ansanm ak ansèyman l yo. Yo chwazi simaye manti ak twonpri nan entansyon pou yo met moun nan konfizyon sou idantite Jewova Dye, Papa a, ak Jezi Kris, Pitit la. Nou gen bonjan rezon pou n fè atansyon ak manti sa yo relijyon yo ap simaye. Annou konsidere de egzanp.

Pandan plizyè syèk, legliz yo gaye doktrin Trinite a, yo fè konnen Papa a ak Pitit la se menm moun nan. Konsa, antikris la konfonn moun yo e li kache idantite Jewova Dye ak Jezi Kris. Mistè sa a anpeche moun ki sensè yo imite Jezi Kris e li fè l difisil pou moun sa yo pwoche bò kote Bondye jan Bib la ankouraje yo fè sa. — 1 Korentyen 11:1; Jak 4:8.

Legliz yo fè moun yo nan plis konfizyon toujou lè yo ankouraje yo sèvi ak tradiksyon Labib ki retire non Bondye, sètadi Jewova, nan Bib la. Yo fè sa malgre non Jewova parèt anviwon 7 000 fwa nan tèks orijinal Bib la. Ki rezilta sa bay? Idantite vrè Dye a vin pi rèd pase yon mistè.

Yon lòt bò, lefètke anpil adoratè ki sensè konnen non Bondye se Jewova, sa ede yo vin pi pwòch avè l. Se eksperyans sa a Richard te fè apre l te fin gen yon konvèsasyon ak de Temwen Jewova. Men sa l di: “Yo te montre m nan Bib la non vrè Dye a se Jewova. M te sezi lè m te tande Bondye gen yon non, yon bagay m pa t janm tande anvan sa.” Depi lè sa a, li chanje lavi l pou l ka ann amoni ak prensip ki nan Bib la e pou l ka fè Jewova plezi. “Lefètke m te aprann non Bondye, sa ede m vin gen yon relasyon sere avè l.”

Pandan plizyè syèk, antikris la kenbe plizyè milyon moun nan fènwa nan domèn espirityèl. Men, lè nou etidye Bib la nou kapab aprann vrè idantite antikris la e nou ka libere anba manti ak twonpri antikris la sèvi ak relijyon pou simaye yo. — Jan 17:17.