“Gen kèk astwològ ki soti nan Lès ki [...] ouvri bwat trezò yo te pote yo, e kòm kado, yo ba l lò, [oliban] ak lami.” — Matye 2:1, 11.

KI SA w t ap chwazi kòm kado pou w bay yon moun ki enpòtan anpil? Nan tan biblik yo, gen kèk pwodui santi bon ki te presye menm jan ak lò, yo te tèlman gen valè yo te konsidere yo kòm kado ki apwopriye pou yo bay yon wa. Se rezon sa a ki fè de nan kado astwològ yo te pote pou “wa Juif” la se te pwodui santi bon yo te ye. — Matye 2:1, 2, 11.

Luil bomye

Anplis de sa, Bib la fè konnen lè rèn Cheba t al vizite Salomon, li te “bay wa a 120 talan lò ak yon gwo kantite luil bomye ak pyè presye. Pa t janm gen yon luil bomye ki tankou sa rèn Cheba te bay wa Salomon an *”. (2 Kwonik 9:9, NW.) Gen wa ki te voye luil bomye bay Salomon tou kòm siy ki montre yo te vle vin zanmi l. — 2 Kwonik 9:23, 24.

Nan tan biblik yo, poukisa plant santi bon yo ak pwodui yo te konn fè ak yo te gen tout enpòtans sa a e yo te koute chè konsa? Se paske yo te jwe plizyè wòl enpòtan. Pa egzanp, yo te konn itilize yo kòm pwodui bote, yo te konn itilize yo nan sèvis relijye, e yo te konn prepare kadav ak yo anvan yo antere yo. (Gade kare ki gen tit: “ Fason yo te itilize kèk pwodui santi bon nan tan biblik yo.”) Nonsèlman yo te konn itilize plant ak pwodui santi bon yo anpil, men tou, yo te chè akoz kantite lajan moun yo te konn depanse pou transpòte yo e pou fè piblisite pou yo.

TRAVÈSE DEZÈ ARABI

Kas

Nan tan biblik yo, gen kèk plant santi bon ki te konn pouse nan vale Jouden an. Men, gen lòt yo te oblije enpòte yo. Nan Bib la, yo site plizyè nan plant santi bon yo ak kèk nan pwodui yo fè ak yo. Pami sa moun pi konnen yo nou gen safran, lalwa, bomye, kanèl, oliban ak lami. Mete sou sa, te gen kèk engredyan moun te konn met nan manje tankou kimen, mant ak lanni.

Ki kote yo te konn enpòte plant santi bon yo? Yo te jwenn lalwa, kas ak kanèl nan peyi yo rele kounye a Lachin, End ak Srilanka. Pwodui santi bon tankou lami ak oliban te soti nan kèk pyebwa ak nan kèk ti plant ki te leve nan kèk zòn ki dezè soti nan sid Arabi pou rive nan Somali ki ann Afrik. Tandiske na a se yon pwodui ki te soti sèlman ann End nan mòn Imalaya yo.

Safran

Pou anpil plant ak pwodui santi bon te ka rive ann Izrayèl, moun yo te oblije travèse Arabi lè yo t ap transpòte yo. Kòm rezilta, pandan dezyèm ak premye milenè anvan epòk nou an, nan yon sèten mezi, Arabi te vin gen yon “gwo monopòl nan zafè transpòte byen ant lès ak lwès” dapre sa yon liv esplike (The Book of Spices). Ansyen vil, fòtrès ak stasyon karavàn yo te jwenn nan Negèb la, ki nan sid Izrayèl, montre wout kote moun ki te konn fè komès plant ak pwodui santi bon yo te konn pase. Mete sou sa, dapre UNESCO, zòn sa yo “montre jan te gen gwo komès  ki pwofitab [...] soti nan sid Arabi pou rive nan Meditèrane”. — World Heritage Centre of UNESCO.

“Moun te renmen fè komès ak plant ak pwodui santi bon paske yo pa t parèt anpil menmsi yo te yon pakèt, yo te koute chè e moun te toujou bezwen yo.” — The Book of Spices.

Gen yon seri karavàn ki byen chaje ak plant ak pwodui santi bon ki te konn vwayaje regilyèman sou yon distans 1 800 kilomèt nan Arabi (Jòb 6:19). Bib la pale de yon karavàn machann ichmayelit ki t ap transpòte plant ak pwodui santi bon tankou “gonm ladanòm, bomye ak ekòs ki fè gonm” soti Gileyad pou y al ann Ejip (Jenèz 37:25, NW). Pitit gason Jakòb yo te vann Jozèf, frè yo a, kòm esklav bay komèsan sa yo.

“SEKRÈ YO TE PI BYEN KENBE NAN TOUT LISTWA NAN AFÈ KOMÈS”

Lanni

Machann arab yo te kontwole pifò komès plant ak pwodui santi bon yo pandan plizyè syèk. Se yo menm sèl ki te konn vann plant santi bon tankou kas ak kanèl ki te soti ann Azi yo. Pou Arab yo te dekouraje moun ki t ap viv nan zòn Meditèrane yo pou yo pa etabli relasyon komèsyal ki dirèk ak founisè ki te gen nan lès yo, yo te envante yon seri lejann sou danje ki genyen lè yon moun al achte plant ak pwodui santi bon nan zòn sa yo. Dapre sa yon liv fè konnen, vrè founisè plant ak pwodui santi bon yo se “petèt sekrè yo te pi byen kenbe nan tout listwa nan afè komès”. — The Book of Spices.

Kimen

Ki istwa Arab yo te rakonte konsa? Ewodòt, yon istoryen grèk nan senkyèm syèk anvan epòk nou an, te rakonte kèk lejann konsènan kèk zwazo ki bay laperèz ki te konn fè nich yo ak po kanèl sou yon seri falèz kote moun pa ka rive. Pou moun k al chèche plant santi bon sa a ki presye te ka jwenn yo, Ewodòt te fè konnen yo te konn mete gwo moso vyann nan pye falèz la. Zwazo yo te tèlman konn pote vyann nan nich yo, nich yo te konn kraze e yo tonbe atè.  Lè sa a, mesye yo ranmase po kanèl yo byen vit, epi y al vann machann yo li. Istwa sa yo te vin gaye toupatou. Konsa, selon sa yon liv fè konnen, akoz “swadizan danje ki gen nan rekòt yo, yo te vann [kanèl] la nan yon pri ki te vrèman chè”. — The Book of Spices.

Mant

Finalman, yo te dekouvri sekrè Arab yo e sa te fè Arab yo pèdi monopòl yo te genyen an. Nan premye syèk anvan epòk nou an, Aleksandri, yon vil ann Ejip, te vin yon gwo pò ak yon sant komèsyal pou plant ak pwodui santi bon yo. Yonfwa maren yo te aprann jan pou yo pwofite van sezon lapli yo sou oseyan Endyen an, bato women yo te konn vwayaje soti nan pò ejipsyen yo pou y al ann End. Kòm rezilta, plant ak pwodui santi bon yo te konsidere kòm liks yo te vin pi ann abondans, konsa, yo te vin pi bon mache.

Jodi a, pa gen okenn konparezon ant valè plant santi bon genyen ak valè lò genyen. E li t ap difisil pou n konsidere plant ak pwodui santi bon kòm kado ki apwopriye pou yon wa. Sepandan, plizyè milyon moun toupatou nan monn nan kontinye itilize yo nan pafen, nan medikaman, e natirèlman, pou yo mete gou ak zès nan manje yo. Anfèt, bon sant plant ak pwodui sa yo genyen yo atire moun e sa rann yo popilè jodi a menm jan sa te ye sa gen plizyè milye ane.

Kanèl

^ § 4 “Luil bomye” a fè referans ak luil santi bon oswa ak yon pwodui yo jwenn nan kèk pyebwa ak nan kèk ti plant.