“Mwen te enpasyan, m t ap koute tout ti bri machin k ap pase. Se te twazyèm fwa Jordan te antre nan kay la pita pase lè nou te ba li a. M t ap mande tèt mwen: ‘Kote l ye? Èske l gen yon pwoblèm? Èske sa pa di l anyen lefètke nou enkyè pou li?’ Lè l te resi parèt la, m te prèske eksploze sou li.” — GEORGE.

“Pitit fi m nan te fè yon sèl rèl, e sa te panike m anpil. Lè m vire gade, m wè l kenbe tèt li epi l ap kriye. Ti frè l la ki gen katran te ba l yon gwo kou.” — NICOLE.

“Men sa Natalie, pitit fi nou an ki gen sizan te di: ‘Mwen pa t vòlè bag la, se jwenn mwen te jwenn li!’ Bèl je ble li genyen yo te fè l parèt inosan. Li tèlman ensiste li pa t vòlè bag la, sa te fè n mal anpil, nou te pran kriye. Nou te konnen se manti li t ap bay.” — STEPHEN.

SI W se yon paran, èske w konn santi w menm jan ak paran ki fè deklarasyon nan kòmansman atik la? Lè w ap fè fas ak sitiyasyon konsa, èske w konn mande tèt ou kòman w dwe disipline pitit ou oubyen menm si w dwe disipline yo? Èske sa mal pou w disipline pitit ou?

KI SA DISIPLIN YE?

Nan Bib la, mo “disiplin” nan se pa yon lòt mo yo annik itilize pou pinisyon. Disiplin sitou gen rapò ak enstriksyon, edikasyon ak koreksyon. Li pa janm gen rapò ak abi oubyen ak mechanste. — Pwovèb 4:1, 2, NW.

Nou ka konpare disiplin paran yo ap bay ak fè jaden. Yon moun k ap fè jaden prepare tè a, li wouze plant yo, li ba yo angrè epi li pwoteje yo kont bèt ki nuizib ak move zèb. Toutpandan plant lan ap grandi, jadinye ka bezwen koupe kèk branch nan plant lan pou plant lan ka kontinye grandi nan bon direksyon. Jadinye a konnen lè l byen konbine plizyè teknik ansanm, sa ap fè plant lan an sante. Menm jan an tou, paran yo pran swen pitit yo divès fason. Men pafwa, yo bezwen bay disiplin, sètadi, menm jan ak jadinye a yo ka bezwen koupe kèk branch, sa vle di, yo ka bezwen korije kèk move tandans lakay pitit yo byen bonè, pou yo ka ede yo pran bon direksyon pandan y ap grandi. Sepandan, lè yon jadinye ap koupe yon branch, li dwe fè anpil atansyon pou plant lan pa andomaje nèt. Menm jan an tou, paran yo dwe bay disiplin yon fason ki demontre lanmou.

Jewova, Bondye Bib la pale de li a, kite yon bèl egzanp pou paran yo nan domèn sa a. Lè l ap disipline adoratè l yo ki sou tè a e ki obeyisan, li tèlman fè sa yon fason ki efikas e k ap bon pou yo, yo vin “renmen disiplin” toutbon (Pwovèb 12:1, NW). Yo “aksepte disiplin”, e yo “kenbe l fè m”. (Pwovèb 4:13, NW.) Ou kapab ede pitit ou byen reyaji devan disiplin w ap ba yo lè w byen imite twa bagay enpòtan Bondye fè lè l ap bay disiplin. Men yo: 1) li bay disiplin avèk lanmou,  2) li bay disiplin yon fason ki rezonab, e 3) li pa plede chanje disiplin.

LI BAY DISIPLIN AVÈK LANMOU

Lanmou se baz disiplin Bondye bay e se li ki motive Bondye bay disiplin tou. Men sa Bib la di: “[Jewova] korije moun li renmen, menm jan yon papa korije pitit li renmen anpil.” (Pwovèb 3:12). Mete sou sa, Jewova gen ‘mizèrikòd ak konpasyon, li pa prese fè kòlè’. (Egzòd 34:6, NW.) Pou rezon sa a, Jewova pa janm fè moun ni abi ni mechanste. Anplis de sa, li pa janm di vye mo, li pa janm plede kritike moun, ni li pa janm di pawòl pou blese moun, tout bagay sa yo fè moun soufri tankou “kout ponya”. — Pwovèb 12:18.

KOUTE

Se vre, li pa posib pou paran yo imite egzanp Bondye bay nan kesyon metriz la yon fason ki pafè. Pafwa, pasyans ou ka rive nan bout li, men, nan moman difisil yo sitou, ou dwe toujou sonje yon pinisyon ki bay ak kòlè, an jeneral, se yon disiplin ki enjis, ki egzajere e ki pa bay bon rezilta. Anplis de sa, yon pinisyon yon moun bay avèk kòlè oswa avèk fristrasyon, pa yon disiplin ditou. Sa jis montre moun nan pèdi metriz li.

Yon lòt bò, lè w bay disiplin avèk lanmou e ou gen metriz, ou ka jwenn pi bon rezilta. Ann konsidere fason George ak Nicole, de nan paran nou te pale de yo nan kòmansman atik la, te fè fas ak sitiyasyon yo a.

PRIYE

“Lè Jordan te resi rive, mwen menm ak madanm mwen te vrèman fache, men nou te kenbe metriz nou toutpandan nou t ap koute esplikasyon li t ap ban nou. Piske l te gentan ta anpil, nou te deside pale sou sa demen maten. Nou te priye ansanm epi nou t al dòmi. Nan demen, nou te nan yon pi bon pozisyon pou n pale sou sitiyasyon an yon fason ki kalm e pou n touche kè pitit gason nou an. Li pa t annik tande restriksyon nou te ba li yo, men, li te dakò avèk yo. Erezman nou te rann nou kont lè yon moun fache epi l kouri reyaji sa pa bay bon rezilta. Lè premye reyaksyon nou se koute, byen souvan, sa bay pi bon rezilta.” — George.

PALE

“Lè m te wè jan pitit gason m nan te fè sè l la soufri e li pa t sansib pou li, sa te fè m fache anpil. Olye m te reyaji imedyatman, m te fè l ale nan chanm li paske m te twò fache pou m pran yon bon desizyon. Nan pita, lè m te vin kalm, m te esplike l li pa gen dwa fè vyolans sou sè l, m te fè sa yon fason sevè e m te montre l jis nan ki pwen li te fè sè l la soufri. Metòd sa a te mache byen nan ka pa l la. Li te mande sè l la padon epi l te bay sè l la yon akolad.” — Nicole.

Wi, se lanmou ki toujou baz yon disiplin ki apwopriye menm lè l gen pinisyon ladan l.

 LI BAY DISIPLIN YON FASON KI REZONAB

Jewova toujou bay disiplin “nan yon mezi ki apwopriye”. (Jeremi 30:11, NW; 46:28.) Li pran tout sikonstans yo an konsiderasyon, menm sa ki pa parèt aklè yo. Kòman paran yo ka fè menm jan an? Nou te pale de Stephen nan entwodiksyon an, men sa l esplike: “Menmsi nou te fache anpil e nou pa t ka konprann poukisa Natalie te ensiste li pa konn anyen nan afè bag la, nou te eseye pran an konsiderasyon laj li ak degre matirite l genyen.”

Robert, mari Nicole la, te eseye egzamine tout sikonstans yo tou. Lè youn nan pitit li yo mal aji, plizyè fwa li mande tèt li: ‘Èske se yon bagay ki rive pa aksidan oubyen se yon move tandans li genyen? Èske timoun nan fatige oubyen èske l pa santi l byen? Èske konduit sa a se yon sentòm ki montre li gen yon lòt pwoblèm?’

Paran ki rezonab yo konnen timoun yo pa ti granmoun. Apot Pòl te rekonèt sa lè l te ekri: “Lè m te timoun, mwen te konn pale tankou timoun, mwen te konn reflechi tankou timoun.” (1 Korentyen 13:11). Men sa Robert di: “Yon bagay ki te ede m kenbe ekilib mwen epi evite aji yon fason ki egzajere se lè m te sonje sa m te konn fè lè m te timoun.”

Li enpòtan anpil pou w reyalis nan sa w ap atann, e anmenmtan, ou pa dwe ni jistifye ni fèmen je sou yon move konduit oswa sou yon move atitid. Lè w pran an konsiderasyon kapasite timoun nan genyen, limit li ak lòt sikonstans ankò, w ap ka sèten disiplin ou te bay la ekilibre e ou te bay li yon fason ki rezonab.

LI PA PLEDE CHANJE DISIPLIN

Men sa Malaki 3:6 di: “Mwen se Jewova, mwen pa chanje.” Sèvitè Bondye yo gen konfyans nan verite sa a e yo santi yo an sekirite lefètke yo gen konesans sa a. Timoun yo tou dwe santi yo an sekirite paske w pa plede chanje disiplin ou ba yo. Si w chanje prensip ou yo selon jan w santi w nan moman an, timoun yo ka nan konfizyon e yo ka vin fache.

Pa bliye sa Jezi te di: “Se pou ‘wi’ nou vle di wi, e se pou ‘non’ nou vle di non.” Pawòl sa yo valab pou paran yo tou (Matye 5:37). Byen reflechi anvan w bay timoun yo yon iltimatòm ou pa gen entansyon respekte. Si w te di timoun nan si l aji tèl jan w ap fè l tèl bagay, ou dwe veye pou w fè sa w te di a.

Li esansyèl pou gen bon kominikasyon ant paran yo pou yo ka pa plede chanje disiplin yo bay. Men sa Robert esplike: “Si timoun yo fè m dakò ak yon bagay madanm mwen te gentan di yo yo pap ka fè e m pa t konn sa, lè m vin konnen, m chanje desizyon m te pran an pou m ka soutni madanm mwen.” Si paran yo pa dakò sou fason pou yo rive fè fas ak yon sitiyasyon, li pi bon pou yo pale sou sa an prive e pou yo pran yon desizyon yo toule de dakò sou li.

LI ENPÒTAN POU W DISIPLINE PITIT OU

Si w imite Jewova lè w bay disiplin avèk lanmou, ou fè sa yon fason ki rezonab e ou pa plede chanje disiplin, ou mèt sèten efò w fè nan sans sa a ap pwofitab pou timoun ou yo. Direksyon ou bay timoun ou yo avèk lanmou ka ede yo vin adilt ki gen matirite, ki responsab e ki ekilibre. Jan Bib la fè konn sa: “Enstwi tigason an selon chemen ki pou li a, menm lè li vin granmoun, li pap kite l.” — Pwovèb 22:6, NW.