Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Toudegad  |  Jen 2014

Èske w goute pen ki bay lavi a?

Èske w goute pen ki bay lavi a?

TOURIS yo te grangou. Vizit yo t ap fè nan ansyen vil Betleyèm nan, yon vil istorik, te ba yo bonjan apeti, e yo te vle manje yon manje yo fè nan zòn nan. Gen youn nan yo ki wè yon restoran kote yo fè yon manje ki rele falafel. Se yon manje ki gou, yo fè l ak pwa chich, tomat, zonyon ak lòt kalite legim, e yo sèvi l ak yon pen ki rele pita. Bon manje sa a te ba yo fòs pou yo kontinye vizit yo a.

San vizitè sa yo pa t konnen, ti pen sa a yo te manje a se petèt pi bèl eksperyans yo te fè nan jounen an. Non Betleyèm nan vle di “kay pen”, e yo te konn fè pen nan zòn sa a depi plizyè milye ane (Rit 1:22; 2:14). Jodi a, pen pita a se youn nan pen yo fè nan vil Betleyèm.

Sa gen prèske kat mil an, nan yon zòn ki pa twò lwen sid Betleyèm, Sara, madanm Abraram, te fè “pen” cho pou l nouri twa vizitè ki te vin lakay li sanzatann (Jenez 18:6). “Farin bon kalite” Sara te itilize a te fèt ak lòj oubyen ak yon lòt sereyal ki rele amidonye ki sanble ak ble. Sara dwe te fè pen sa a byen vit, e li ka te kuit pat la sou wòch cho. — 1 Wa 19:6.

Jan istwa sa a montre sa, moun nan fanmi Abraram te konn fè pwòp pen pa yo. Lefètke yo pa t rete yon sèl kote, Sara ak sèvant li yo pa t ka kuit pen nan fou yo te konn itilite nan epòk la nan vil Ou, vil kote Sara te fèt la. Sara te konn prepare bon kalite farin ak sereyal ki te gen nan zòn nan. Se yon travay ki te difisil anpil piske moun yo te konn sèvi ak yon moulen abra ki pòtab, e petèt ak yon pilon ansanm ak yon manch pilon.

Kat syèk apre, Lwa Moyiz la te fè konnen yon moun pa t dwe pran moulen abra yon moun genyen kòm garanti pou yon dèt, piske moulen an te reprezante ‘lavi moun nan menm’. (Detewonòm 24:6.) Bondye te konsidere moulen an kòm yon bagay ki enpòtan anpil piske yon fanmi pa t ap ka fè pen chak jou si l pa t genyen l. — Gade kare ki gen tit: “ Fason yo te konn fè pen nan tan biblik yo.”

LI BAY MOUN PEN POU YO KA KONTINYE VIV

Ekriti yo fè referans ak pen anviwon 350 fwa, e byen souvan, ekriven biblik yo te konn itilize pen kòm sinonim pou manje. Jezi te montre moun k ap sèvi Bondye yo kapab priye l avèk konfyans lè yo di: “Ban nou pen nou bezwen pou jounen an.” ​(Matye 6:11). Nan vèsè sa a, “pen” reprezante manje an jeneral, e Jezi montre nou kapab konte sou Bondye pou l ban nou sa nou bezwen pou nou viv chak jou. — Sòm 37:25.

Sepandan, gen yon bagay ki pi enpòtan pase pen oswa manje. Men sa Jezi te di: “Lòm pa dwe viv ak pen sèlman, men li dwe viv ak tout pawòl ki soti nan bouch Jewova.” ​(Matye 4:4). Pawòl sa a fè referans ak yon epòk kote Izrayelit yo te depann totalman de sa Bondye te ba yo. Sa te kòmanse yon ti tan apre yo kite Ejip. Yo te gentan gen yon mwa depi yo te antre nan dezè Sinayi a, e pwovizyon yo te genyen yo te kòmanse fini. Piske yo te pè pou grangou pa t touye yo nan dezè a, yo te pran plenyen. Yo te di yo te konn ‘manje pen jiskaske yo rasazye’ lè yo te ann Ejip. — Egzòd 16:1-3, NW.

Pa gen dout nan sa, pen yo te konn fè ann Ejip yo te gou. Nan epòk Moyiz la, moun ki pwofesyonèl nan fè pen te ofri Ejipsyen yo plizyè kalite pen ak gato. Men, Jewova pa t gen entansyon kite pèp li a ret san okenn pen. Men pwomès li te fè: “Mwen pral fè pen tonbe soti nan syèl la pou nou tankou grenn lapli.” Vrèmanvre, pen sa a ki te soti nan syèl te parèt bonè nan maten ‘tankou yon bagay fen, yon ekay’ ki sanble ak lawouze oswa ak yon ti  kouch glas. Lè Izrayelit yo te wè l pou premye fwa, yo te mande “sa sa ye”. Men sa Moyiz te esplike yo: “Sa a, se pen [Jewova] ban nou pou nou manje.” Yo te rele l “lamàn *” e pen sa a te ede yo rete an vi pandan 40 ane ki t apral vini yo. — Egzòd 16:4, 13-15.

Izrayelit yo te jwenn lamàn nan grasa yon mirak. Okòmansman, yo dwe te enpresyone lè yo wè l. Li te gen gou “gato ki fèt ak siwo myèl” e te gen ase pou tout moun jwenn (Egzòd 16:18). Sepandan, tank ane t ap pase, yo te kòmanse sonje divès kalite manje yo te konn manje ann Ejip. Yo t ap plede plenyen, yo te di: “Nou pa gen anyen pou nou manje, anyen menm pase lamàn lan ki devan je nou tout tan!” ​(Nonb 11:6). Apre sa, yo te vin pi fache toujou, yo te di: “Nou bouke manje vye [pen] sa a.” ​(Nonb 21:5). Finalman, yo te vin rayi “pen ki soti nan syèl” la, e l te vin repiyan pou yo. — Sòm 105:40.

PEN KI BAY LAVI A

Sa klè, menm jan ak anpil lòt bagay, li fasil pou moun pran pen pou yon bagay konsa konsa. Sepandan, Bib la pale de yon kalite pen ki vrèman espesyal, yon pen moun pa dwe meprize. Pen sa a ki ka fè moun jwenn benediksyon pou toutan, Jezi te konpare l ak lamàn nan Izrayelit yo ki te engra te rejte.

Men sa Jezi te di moun ki t ap koute l yo: “Mwen se pen ki bay lavi a. Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a, e yo te mouri kanmenm. Men, yon moun ki manje bonjan pen ki sot nan syèl la pap mouri. Mwen se pen vivan ki desann sot nan syèl la. Si yon moun manje nan pen sa a, l ap viv pou toutan. E anfèt, pen m ap bay la se chè m, pou moun nan monn nan ka gen lavi.” — Jan 6:48-51.

 Anpil nan moun ki t ap koute Jezi yo pa t konprann sans senbolik mo “pen” ak mo “chè” Jezi te itilize yo genyen. Epoutan, egzanp lan te byen apwopriye. Pen fizik la te pèmèt Juif yo kontinye viv chak jou menm jan lamàn nan te ede Izrayelit yo rete an vi pandan 40 an nan dezè a. Byenke lamàn nan se yon kado Bondye te bay Izrayelit yo, lamàn nan pa t ka ba yo lavi etènèl. Tandiske sakrifis Jezi a bay moun ki gen lafwa nan li yo posiblite pou yo gen lavi etènèl. Se Jezi ki vrèman “pen ki bay lavi a”.

Petèt lè w grangou, ou konn chèche yon moso pen pou w manje. Ou ka di Bondye mèsi pou ‘pen li ba w pou jounen an’ tou (Matye 6:11, Bib Kreyòl La). Menmsi nou renmen yon pen ki gou, nou pa dwe janm bliye enpòtans “pen ki bay lavi a” genyen, anpalan de Jezi Kris.

Kontrèman ak Izrayelit yo nan epòk Moyiz la ki te engra, ki jan nou ka montre nou pa pran pen sa a ki san parèy kòm yon bagay konsa konsa? Men sa Jezi te di: “Si nou renmen m, n ap obeyi kòmandman m yo.” ​(Jan 14:15). Lè n obeyi kòmandman Jezi yo, nou gen posiblite pou n manje pen k ap ban nou kè kontan pou tout letènite. — Detewonòm 12:7.

^ § 10 Petèt, mo “lamàn” nan soti nan yon ekspresyon ebre “man hu’?” ki vle di “sa sa ye?”