Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A

Lagè ki chanje monn nan

Lagè ki chanje monn nan

Sa gen yon syèk depi plizyè milyon jèn gason te kite lakay yo, kote yo te an sekirite, pou yo t al nan lagè. Yo te chofe pou yo ale. Se yon santiman patriyotik ki te gaye toupatou ki te pouse yo aji. Men sa yon volontè ameriken te ekri an 1914: “Kè m kontan e m chofe anpil pou m wè bèl jou k ap tann mwen pi devan.”

Sa pa t pran tan pou jwa yo te genyen an te tounen chagren. Pa gen moun ki te prevwa gwo lame sa yo t apral pase plizyè ane ap goumen nan labou nan peyi Bèljik ak nan peyi Lafrans. Nan epòk sa a, yo te rele lagè sa a “Gwo Lagè” a. Jodi a, yo rele lagè sa a Premye Gè mondyal.

Premye Gè mondyal la te yon gwo lagè akoz kantite moun ki te viktim ladan l. Selon kèk estimasyon, li te lakòz anviwon 10 milyon moun pèdi lavi yo e 20 milyon moun te blese grav. Se te rezilta gwo erè lèzòm te fè tou. Chèf d eta ewopeyen yo pa t ka anpeche konfli entènasyonal yo dejenere jiskaske yo te vin tounen yon konfli mondyal. Petèt, sa k pi enpòtan an sèke “Gwo Lagè” a te lakòz yon seri gwo dega lèzòm pa ka repare. Li chanje monn nan yon fason ki kontinye afekte nou jodi a.

 YON SERI ERÈ KI DETWI KONFYANS MOUN YO

Premye Gè mondyal la te eklate akoz move kalkil lèzòm te fè. Dirijan ewopeyen yo te aji “tankou yon jenerasyon moun k ap mache tou ap dòmi epi yo bite san yo pa menm rann yo kont yo arebò yon falèz, pandan ete 1914 sa a kote moun yo te byen pezib”. — The Fall of the Dynasties—The Collapse of the Old Order 1905-1922.

Pandan kèk semèn, asasinen yo te asasinen achidik Otrich la te lakòz tout gwo pisans ewopeyen yo antre nan yon lagè yo pa t anvi fè. Kèk jou apre konba yo te kòmanse, yo te poze chanselye alman an kesyon sa a: “Ki jan tout bagay sa yo te fè rive?” Avèk tristès, li te reponn: “Aa, si sèlman moun te konnen!”

Dirijan ki te pran move desizyon sa yo ki te mennen nan lagè a pa t gen okenn ide sou konsekans yo. Men, byen vit, sòlda ki te nan tranche yo, yon seri kanal kote sòlda yo te kache pou yo goumen, t apral konprann sa k t ap pase a. Yo te rann yo kont chèf d eta yo te fè yo echwe, klèje a te twonpe yo, e jeneral yo te trayi yo. Ki fason yo te fè sa?

Chèf d eta yo te fè yo echwe, klèje a te twonpe yo, e jeneral yo te trayi yo.

Chèf d eta yo te pwomèt yo lagè a t ap ouvri pòt pou yon monn nouvo, yon monn meyè. Chanselye alman an te deklare: “N ap goumen pou fwi endistri lapè nou an, pou yon eritaj ki soti nan yon pase ki glorye, e pou avni nou.” Gen yon prezidan ameriken ki rele Woodrow Wilson ki te ede moun yo fè yon slogan popilè ki te bay asirans lagè a “t ap sove monn nan pou demokrasi”. Nan peyi Grann Bretay, moun yo te panse lagè sa a se “yon lagè k ap mete fen nan lagè”. Yo tout te twonpe yo.

Klèje a te chofe pou l soutni lagè a. Dapre sa yon liv fè konnen, ‘klèje a ki te sipoze anseye moun yo Pawòl Bondye a te ankouraje yo al nan lagè pito. Lagè a te lakòz lahèn gaye toupatou’. (The Columbia History of the World.) Manm klèje a te ankouraje moun yo gen lahèn olye yo te ede yo konbat li. Dapre sa yon liv fè konnen, “manm klèje a pa t ka ede moun yo mete lafwa yo gen nan Kris anvan kesyon nasyonalite, e nan pifò ka, yo pa t vle sa tou. Pifò nan yo te pran chemen fasil la lè yo te konpare krisyanis la ak patriyotis. Yo te ankouraje sòlda kretyen ki soti nan tout gwoup relijye pou yo touye youn lòt nan non Sovè yo a”. — A History of Christianity.

Jeneral yo te pwomèt yon viktwa ki rapid e ki fasil, men se pa sa k te rive vre. Anvan lontan, lame ki t ap goumen yo te rive nan yon sitiyasyon ki te difisil anpil kote okenn nan yo pa t ka ranpòte laviktwa. Selon sa yon istoryen fè konnen, annapre, plizyè milyon sòlda te fè fas ak “eprèv ki petèt te pi kriyèl yon moun te ka andire nan domèn fizik ak afektif”. Malgre gwo pèt yo te fè, jeneral yo te kontinye voye sòlda yo fè fas ak barikad moun yo te fè ak fil babele ansanm ak baraj yo te fè ak mitrayèz yo. Se pa etonan si te gen anpil rebelyon ki te eklate toupatou.

Ki fason Premye Gè mondyal la te afekte sosyete a? Dapre yon liv istwa, men sa yon ansyen sòlda fè konnen: “Lagè a [...] detwi fason yon jenerasyon panse ak konpòtman l.” Anfèt, lagè sa a lakòz yon seri anpi disparèt nèt. Konfli trajik sa a se te kòmansman syèk ki te gen plis san koule nan tout listwa. Sanble se prèske toupatou te gen revolisyon ak grèv.

Ki sa k fè lagè a te fè monn nan vin tèt anba? Èske se te jis yon gwo aksidan? Èske repons kesyon sa yo revele yon bagay konsènan avni nou?