Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 BYOGRAFI

“Mwen te wè, men mwen pa t ka konprann”

“Mwen te wè, men mwen pa t ka konprann”

Nan ane 1975, mwen te gen dezan. Manman m te sispèk mwen te gen yon pwoblèm. Pandan l te kenbe m nan bra I, yon zanmi l te lage yon bagay ki byen lou atè a ki te fè yon gwo bri. Manman m te remake sa pa t fè m sote. Menm lè m te vin gen twazan, mwen pa t ka pale. Apre sa, fanmi m vin pran yon gwo chòk lè espesyalis yo te fè yo konnen mwen soud!

Pandan m te tibebe, paran m yo te divòse, e manman m te oblije leve poukont li ni mwen menm ni de gran frè m yo ni gran sè m nan. Nan epòk sa a, timoun soud ki t ap viv an Frans pa t jwenn bonjan fòmasyon jan sa ye jodi a. Epi, fason yo te konn anseye yo te fè yo soufri anpil pafwa. Kanmenm, depi m te toupiti mwen te gen yon avantaj anpil moun soud pa genyen. Kite m esplike sa k fè sa.

Lè m te gen anviwon senkan.

Pandan yon bon ti tan, anpil anseyan te panse, pou yo fòme yon timoun ki soud, yo te dwe fòse l pale epi li te dwe gade bouch anseyan an pou l ka konprann sa l ap di. Anfèt, an Frans, peyi kote m leve a, yo te entèdi moun itilize lang siy nan lekòl. Yo te menm mare men kèk timoun dèyè do yo lè yo nan klas.

Pandan premye ane yo nan lavi m, chak semèn, te gen yon espesyalis ki te konn pase anpil tan avè m pou ede m pale. Li te konn kenbe machwè m oubyen tèt mwen pou l fòse m repete mo mwen pa t ka tande epi li te fè m di yo plizyè fwa. Mwen pa t ka kominike ak lòt timoun. Pandan ane sa yo, mwen te soufri anpil.

Annapre, lè m te gen sizan, yo te voye m nan yon pansyon pou timoun soud. Se te premye fwa m te pran kontak ak lòt timoun ki soud. Menm nan pansyon sa a, yo te entèdi pou moun itilize lang siy. Si yo te jwenn nou ap fè siy nan klas la, yo te ka frape nou sou dwèt oubyen yo te ka rale nou nan cheve. Malgre tou, nou te konn fè siy an kachèt, nou te itilize pwòp siy pa nou. Finalman, mwen te kòmanse ka kominike ak lòt timoun. Pandan katran sa yo, m te gen kè kontan.

Men, lè m te gen dizan, yo te mete m nan yon lekòl primè ak timoun ki tande. Mwen te santi yo touye m! Mwen te panse m se sèl timoun soud ki egziste sou tè a. Fanmi m pa t aprann lang siy, yo pa t kite m frekante timoun ki soud paske yo te koute konsèy doktè yo ki te fè konnen mwen t ap gaspiye travay yo te fè avè m nan si yo ta itilize lang siy pou yo kominike avè m. Jis kounye a mwen sonje, yon lè, mwen t al wè yon espesyalis pou zòrèy ki te gen yon liv lang siy sou biwo l. Lè m te wè foto yo ki te sou po liv la, mwen lonje dwèt mwen epi mwen di: “Mwen vle l!” Doktè a te kouri kache liv la *.

 MWEN KÒMANSE APRANN VERITE KI NAN BIB LA

Manman m te eseye leve nou pou n suiv prensip ki nan Bib la. Li te konn mennen nou nan reyinyon Temwen Jewova yo, nan kongregasyon Mérignac ki toupre Bordeaux. Lè m te timoun, m pa t ka konprann anpil bagay nan reyinyon yo. Men, te gen moun nan kongregasyon an ki te konn chita bò kote m pou ekri sa k t ap di nan reyinyon yo pou mwen. Sa te touche m anpil pou m wè jan yo te renmen m e jan yo te gen sousi pou mwen. Manman m te etidye Labib avè m lakay la. Men, m pa t fin rive konprann sa l t ap aprann mwen yo. Mwen te santi m te tankou pwofèt Dànyèl. Men sa Dànyèl te di apre yon zanj te fin ba l yon pwofesi: “Mwen tande [...], men mwen pa t konprann.” (Dànyèl 12:8). Men, nan ka pa m, “mwen te wè, men mwen pa t ka konprann”.

Malgre sa, tikras pa tikras verite ki nan Bib la te kòmanse pran rasin nan kè m. Mwen te apresye anpil sa m te byen konprann yo e m te fè efò pou m aplike sa m te aprann yo nan lavi m. Gen bagay m te aprann tou lè m te suiv jan lòt moun te aji. Pa egzanp, Bib la di nou dwe moun ki pasyan (Jak 5:7, 8). Mwen pa t vrèman konprann sa sa vle di pou yon moun pasyan. Sepandan, lè m te suiv fason kwayan parèy mwen yo te demontre kalite sa a, m te rive konprann sa sa vle di pou yon moun pasyan. Anverite, kongregasyon an te fè m jwenn anpil byenfè.

YON DESEPSYON KI FÈ KÈ M KASE AK YON SIPRIZ KI BAN M KÈ KONTAN

Stéphane te ede m konprann Bib la.

Te gen yon jou, pandan m te adolesan, m te remake kèk jèn ki soud ki t ap fè siy nan lari a. Mwen te kòmanse frekante yo an kachèt e konsa m te kòmanse aprann lang siy fransè. Mwen te kontinye asiste reyinyon yo nan kongregasyon an. Stéphane, yon jèn Temwen, te vrèman montre l enterese nan mwen. Li te fè anpil efò pou l kominike avè m e m te vin bon zanmi l. Sepandan, te gen yon desepsyon mwen t apral pran ki te fè kè m kase. Yo te mete Stéphane nan prizon akoz li te rete net antanke kretyen. Sa te kraze m nèt! Pandan l te nan prizon, m te santi m dekouraje anpil e m te ralanti sou reyinyon yo.

Onz mwa apre, yo te lage Stéphane e li te tounen lakay li. Imajine jan m te sezi lè m te wè l t ap kominike avè m nan lang siy. M pa t ka kwè sa m te wè a! Kòman l te fè konn lang siy? Li te aprann li pandan l te nan prizon. Pandan m t ap gade jan men l t ap monte desann ak ekspresyon ki te sou figi l, sa te fè m kontan anpil paske m te wè tout bèl bagay m ap ka aprann.

FINALMAN MWEN KONPRANN VERITE KI NAN BIB LA

Stéphane te kòmanse etidye Labib avè m. Se lè sa a m te rive ka kole ansanm tout ti verite m te aprann nan Bib la. Lè m te timoun, m te renmen gade bèl foto ki nan piblikasyon yo epi byen egzamine foto sa yo yon fason pou m pi byen konprann istwa yo. Mwen te konnen enfòmasyon sou Abraram, sou “desandans” lan ak sou “gwo foul” la. Men, se sèl lè m te wè yo t ap esplike ide sa yo nan lang siy, m te rive byen konprann sa yo te vle di vre (Jenèz 22:15-18; Revelasyon 7:9). Li te klè, m te jwenn lang pa m nan, lang ki touche kè m.

Etandone m te ka konprann sa y ap di nan reyinyon yo, verite ki nan Bib la te vin touche kè m e m te vle aprann plis. Bonjan èd Stéphane te ban mwen te fè konesans m te gen sou Bib la te vin ogmante. Nan ane 1992, m te vwe lavi m bay Jewova e m te batize. Malgre bon pwogrè m te fè yo, m te toujou timid e m te malalèz lè lòt moun bò kote m. Se fason m te leve a ki te fè m vin konsa.

MWEN TE GOUMEN KONT TIMIDITE

Rive yon lè, ti gwoup lang siy mwen te fè pati a te vin fè pati yon kongregasyon ki nan yon ti zòn ki toupre vil Bordeaux yo rele Pessac. Sa te ede m anpil e m te kontinye fè pwogrè nan domèn espirityèl.  Byenke m te kontinye ap goumen ak difikilte m te genyen pou m rive kominike ak lòt moun, zanmi m yo ki pa t soud te fè efò pou m konprann tout sa yo te di nan reyinyon yo. Gilles ak Elodie, de moun ki marye, te fè tout sa yo kapab pou yo kominike avè m. Souvan, yo te envite m pran yon ti repa ak yo apre reyinyon yo oubyen bwè yon ti kafe ak yo. Konsa, nou te vin devlope yon bèl amitye. Se pa ti kontan m te kontan pou m pami moun k ap mache nan chemen lanmou an!

Madanm mwen, Vanessa, se yon bonjan èd pou mwen.

Se nan kongregasyon sa a m te rankontre yon sè ki atire m ki rele Vanessa. Lefètke li te sansib devan sa lòt moun santi e li te renmen sa ki jis, bèl kalite sa yo te atire m. Li pa t janm konsidere soud mwen te soud la kòm yon baryè, men li te wè sa kòm yon okazyon pou l aprann kominike ak yon moun ki soud. Mwen te vin renmen l e nou te marye an 2005. Byenke l te difisil pou m kominike ak lòt moun, Vanessa te ede m goumen kont timidite e li te ede m pou m pa renka pou m fè lòt moun konnen sa m panse. Mwen vrèman apresye èd li ban m nan responsablite m genyen yo.

YON LÒT KADO JEWOVA BAN MWEN

Ane nou marye a, filyal Temwen Jewova yo an Frans ki nan vil Louviers te envite m vin pase yon mwa pou m resevwa fòmasyon pou m travay nan tradiksyon. Nan ane ki sot pase yo, filyal Frans lan fè anpil efò pou yo pibliye plizyè piblikasyon sou DVD nan lang siy fransè. Men, kòm te gen yon pakèt travay ki pou fèt, ekip tradiksyon an te bezwen plis bra toujou.

M ap bay yon diskou nan lang siy fransè.

Mwen menm ak Vanessa te panse se yon kokenn privilèj mwen genyen pou m sèvi nan Betèl e se yon kado Bondye fè nou. Men, nou te enkyè lè m te resevwa asiyasyon sa a. Ki sa k t ap rive gwoup lang siy lan? Ki sa nou t apral fè ak kay nou an? Èske Vanessa t ap jwenn travay nan zòn sa a? Jewova te rezoud chak pwoblèm sa yo yon fason estrawòdinè. Vrèmanvre mwen te santi lanmou Jewova gen pou nou ak pou moun ki soud.

LANMOU NAN MITAN YON PÈP KI INI

Etandone m te patisipe nan travay tradiksyon, mwen pi byen konprann tout efò ki fèt pou ede moun ki soud konnen Bondye. Ala yon plezi pou m wè jan moun k ap travay bò kote m yo ap fè efò pou yo kominike avè m! Sa touche kè m lè m wè y ap itilize ti siy yo konnen yo pou yo kominike avè m. Yo fè m santi m alèz. Fason yo aji pou montre jan yo renmen m demontre inite ki egziste nan mitan pèp Jewova a. — Sòm 133:1.

M ap travay nan filyal la nan sèvis tradiksyon.

Mwen vrèman rekonesan anvè Jewova poutèt li te toujou fè gen yon moun nan kongregasyon an ki la pou ede m. Mwen apresye tou privilèj m genyen pou m ede moun soud parèy mwen konnen Kreyatè a ki plen lanmou e pou yo pwoche bò kote l. M ap tann jou kote tout moun ap ka pale lib e libè san okenn baryè e kote tout moun ap pale “lang pwòp” la, sa vle di laverite sou Jewova ak sou objektif li, nan yon fanmi k ap viv nan tèt ansanm sou tè a. — Sefànya 3:9, NW.

^ § 9 Se jis nan ane 1991 gouvènman fransè a te otorize moun itilize lang siy lè y ap bay timoun ki soud fòmasyon.