CARLO *: “Pitit gason nou an Angelo se yon mongòl. Akoz maladi l la, nou te santi n kraze fizikman, mantalman, e nou te santi n dekouraje. Imajine kantite enèji yon paran bezwen pou l pran swen yon pitit ki an sante. Nou te bezwen san fwa plis enèji pou n te pran swen Angelo. Pafwa, sa te mete presyon sou maryaj nou.”

MIA: “Sa mande anpil tan ak pasyans pou anseye Angelo menm bagay ki pi senp lan. Lè m vrèman fatige, nenpòt ti bagay ka fè m vin fache kont mari m. Pafwa, nou pa wè bagay yo menm jan e sa mennen nan diskisyon.”

Èske w ka sonje jou pitit ou a te fèt? Sandout, ou te chofe pou w kenbe tibebe a nan bra w. Sepandan, pou paran tankou Carlo ak Mia, moman kè kontan sa a vin melanje ak enkyetid lè doktè fè yo konnen tibebe yo a malad oswa tibebe yo a andikape.

Èske w gen yon pitit ki andikape? Si se wi, ou ka ap mande tèt ou si w ap ka rive fè fas ak sitiyasyon sa a. Ou pa bezwen pèdi espwa. Gen paran tankou w ki te rive fè fas ak sitiyasyon konsa. Ann egzamine twa difikilte ou ka rankontre antanke paran ak fason Bib la kapab ede w fè fas ak difikilte sa yo.

1YE DIFIKILTE: OU TWOUVE LI DIFISIL POU W AKSEPTE PITIT OU A ANDIKAPE.

Anpil paran santi yo kraze lè yo vin aprann pitit yo malad. Men sa Juliana, yon manman k ap viv nan peyi Meksik, fè konnen: “Lè doktè yo te di m Santiago, pitit mwen an, gen yon maladi yo rele ‘Infirmité motrice cérébrale’, m pa t ka kwè sa. Mwen te santi lavi m chavire  tèt anba.” Gen lòt paran ki ka santi yo menm jan ak Villana, yon manman ki Italyèn. Men sa l di: “Mwen te chwazi fè yon pitit byenke m te konnen se yon risk pou fi ki nan laj mwen fè pitit. Kounye a, lefètke pitit gason m nan te fèt tou mongòl e li te vin gen pwoblèm anrapò ak maladi sa a, m santi m koupab.”

Si w ap goumen ak santiman kòmkwa ou santi w dekouraje oswa ou santi w koupab, konnen li nòmal pou w santi w konsa. Bondye pa t kreye nou pou n malad (Jenèz 1:27, 28). Li pa bay paran yo kapasite pou yo fasil fasil aksepte yo gen yon pitit ki fèt tou malad. Nan sans sa a, ou ka “nan lapenn” paske pitit ou a pa gen sante l ta dwe genyen an. Sa ap pran tan anvan w rive aksepte sitiyasyon w vin genyen an e pou adapte w avè l.

Men, e si w santi w koupab paske pitit ou fèt tou andikape? Sonje sa, pa gen moun ki byen konnen tout detay sou jan maladi rive transmèt de pitit an pitit nan yon fanmi, oubyen sou jan anviwònman oswa lòt bagay ka gen yon enfliyans sou sante timoun yo. Yon lòt bò, ou ka gen tandans akize moun ou marye avè l la. Se pou w reziste kont tandans sa a. L ap pi bon si w kolabore ak moun ou marye avè l la e ou chèche pran swen pitit ou a. — Eklezyas 4:9, 10.

YON SOLISYON: Chèche enfòmasyon sou maladi pitit ou a genyen an. Men sa Labib di: “Bon konprann ap fè kay ou kanpe. Bon konesans ap fè l kanpe fèm.” — Pwovèb 24:3.

Ou ka chèche jwenn enfòmasyon bò kote moun k ap travay nan domèn lasante e ou ka li piblikasyon moun ka fè konfyans ki pale de maladi pitit ou a. Ou ta ka konpare chèche w ap chèche gen enfòmasyon sou maladi pitit ou a ak efò w ap fè pou aprann yon lòt lang. Lè w fèk kòmanse, li ka difisil, men w ap rive aprann li.

Carlo ak Mia, paran nou te pale de yo nan kòmansman atik sa a, ki gen yon pitit gason mongòl, te kontakte doktè yo a ansanm ak yon òganizasyon ki espesyalize nan maladi pitit yo a genyen an pou yo ka jwenn enfòmasyon. Men sa yo di: “Enfòmasyon nou te jwenn yo ede nou konprann nonsèlman pwoblèm nou ta ka rankontre, men tou sa te ede n wè aspè ‘pozitif’ ki gen nan maladi a. Nou te rive konprann pitit gason nou an t ap ka gen yon vi ki plizoumwen nòmal. Sa te rekonfòte nou anpil.”

YON BAGAY OU KA FÈ: Konsantre sou sa pitit ou a ka fè. Pran dispozisyon pou gen aktivite an fanmi. Menm lè se yon bagay toupiti pitit ou a rive fè byen, felisite l san pèdi tan epi montre w kontan menm jan avè l.

2yèm DIFIKILTE: OU SANTI W FATIGE ANPIL E OU SANTI PA GEN MOUN KI KA KONPRANN OU.

Lefètke w ap pran swen pitit ou a ki malad, ou ka santi sa pran tout enèji w. Men sa Jenney, yon manman k ap viv nan peyi Nouvèl Zelann, di: “Pandan plizyè ane apre doktè te di m pitit gason m nan soufri ak maladi yo rele spina bifida a, m te konn santi m fatige anpil e m te konn santi m anvi kriye si m te eseye fè plis travay nan kay la.”

Yon lòt difikilte w ka genyen se lè w santi pa gen moun ki konprann pwoblèm ou. Ben gen yon pitit gason ki soufri ak maladi yo rele “dystrophie musculaire” ak yon lòt maladi yo rele “syndrome d’Asperger”. Men sa l di: “Pifò moun pap janm konprann jan lavi nou ye vre. Ou ka anvi pale ak yon moun. Men, pifò zanmi n yo gen timoun ki an sante. Se pou sa n yon ti jan renka renka pou n pale ak lòt moun.”

YON SOLISYON: Mande moun pou ede w. Epi aksepte èd moun ba ou. Men sa Juliana nou te deja pale de li a fè konnen: “Pafwa, mwen menm ak mari m konn yon ti jan wont pou n mande èd.” Sepandan, men sa li ajoute: “Nou vin konprann nou pa ka fè tout bagay poukont nou. Lè lòt moun ede n, nou pa santi n lage poukò nou.” Si yon fanmi w oswa yon bon zanmi w mande pou l ba w yon kout men, tankou pou l chita ak pitit ou a nan yon ti fèt oswa nan reyinyon, aksepte èd sa a ak tout kè w. Men yon pwovèb nou jwenn nan Bib la: “Yon bon zanmi p’ap janm trayi. Jou malè l’ap tankou yon frè pou ou.” — Pwovèb 17:17.

Li enpòtan anpil pou w pran swen tèt ou. Menm jan yon moun dwe mete gaz nan yon machin anbilans yon fason pou l ka kontinye itilize machin sa a pou l mennen moun malad lopital, se menm jan an tou, pou n ka toujou gen fòs pou n pran swen pitit nou, nou bezwen byen manje, fè egzèsis epi pran ase repo. Men sa Javier, yon papa ki gen yon pitit li ki domaje nan pye, di: “Pitit gason m nan pa ka mache. Donk, m panse mwen dwe fè efò pou m manje byen paske se mwen menm ki pou pote l. Pye pa m se pye pa l!”

Kòman w ka jwenn tan pou w pran swen tèt ou? Gen kèk paran ki fè woulman ant yo menm pou yo pran swen pitit yo. Konsa, youn nan paran yo ka pran yon ti repo oswa al regle lòt aktivite. W ap bezwen pran nan tan ou pase nan aktivite ki pa vrèman enpòtan yo, e sa ka mande pou w goumen pou w kenbe ekilib ou. Sepandan, men sa Mayuri, yon manman k ap viv ann End, di: “Finalman w ap rive gen yon bon ekilib.”

 Pale ak yon zanmi ou ka fè konfyans. Menm zanmi w yo ki pa gen timoun ki malad ka rive konprann ou. Anplis de sa, ou ka priye Jewova. Èske sa ap vrèman ede w? Yazmin se yon manman ki gen de timoun ki soufri ak maladi yo rele “mucoviscidose” la. Men sa l di: “Mwen te viv kèk moman ki te bay anpil strès e m te santi se kòmsi m t apral toufe.” Malgre sa, men sa l di ankò: “Mwen priye Jewova pou l soulaje m e pou l ban m fòs. Apre sa, mwen santi m ka kontinye fè fas ak sitiyasyon m nan.” — Sòm 145:18.

YON BAGAY OU KA FÈ: Byen egzamine kalite manje w manje, ki lè w fè egzèsis e konbyen tan ou pase ap dòmi. Pou w ka jwenn tan pou w pran swen tèt ou, chèche wè ki aktivite ou pase twòp tan ladan l ki pa twò enpòtan. Fè chanjman nan pwogram ou lè sa nesesè.

3yèm DIFIKILTE: OU BAY PITIT OU A KI MALAD LA PLIS ATANSYON PASE LÒT MOUN NAN FANMI AN.

Akoz maladi timoun nan genyen an, fanmi an ka pa kapab manje jan yo te konn manje, fanmi an gendwa pa ka al nenpòt kote e paran yo gendwa pa ka pase menm kantite tan ak chak timoun. Kòm rezilta, lòt timoun yo nan fanmi an ka santi paran yo pa ba yo ase atansyon. Anplis de sa, paran yo ka vin tèlman okipe nan pran swen timoun malad la, maryaj yo ka soufri. Men sa Lionel, yon papa k ap viv nan peyi Liberya, di: “Pafwa, madanm mwen konn di se li menm k ap pote tout chay la sou do l e m pa bay pitit gason nou an regle anyen pou mwen. Lè konsa, m di l pawòl ki blese l piske m santi l ap manke m dega.”

YON SOLISYON: Pou nou ka fè lòt pitit nou yo santi n toujou renmen yo, fè kèk aktivite yo renmen avèk yo. Men sa Jenney nou te pale de li anvan an di: “Pafwa, nou fè yon aktivite ak pitit gason nou an ki pi gran an. Menm lè se annik al fè yon ti manje avè l nan restoran li plis renmen an.”

Montre nou enterese nan tout timoun nou yo.

Pou nou ka pwoteje maryaj nou, nou bezwen pale ak moun nou marye avè l la epi n bezwen priye avè l. Men sa Aseem, yon papa k ap viv ann End ki gen yon pitit gason ki konn fè kriz, di: “Malgre mwen menm ak madanm mwen konn santi n fatige anpil e nou konn kontrarye, men kanmenm nou pwograme nou pou n chita pale ansanm e pou n priye. Chak maten, anvan timoun yo leve, nou egzamine yon vèsè nan Bib la.” Gen lòt mari ak madanm ki pran yon ti tan apa pou yo pale anvan y al dòmi. Konvèsasyon entim nou fè ak priyè n fè ki soti nan kè nou ap fè maryaj nou rete djanm toutpandan n ap fè fas ak moman ki bay gwo strès (Pwovèb 15:22). Men sa yon mari ak madanm li te di: “Kèk nan moman nou te pase ansanm nan lavi n ki te pi enteresan se te lè n t ap fè fas ak pi gwo tètchaje n te janm konnen.”

YON BAGAY NOU KA FÈ: Felisite lòt timoun nou yo pou èd yo bay nan pran swen timoun malad la. Toujou fè timoun yo konnen ou renmen yo e toujou fè moun ou marye avè l la konnen jan w renmen l e jan w apresye l.

RETE POZITIF

Bib la fè nou konnen Bondye pwomèt li pral retire tout kalite maladi sou tè a e li pral geri tout pwoblèm fizik moun genyen, kit yo jèn kit yo granmoun (Revelasyon 21:3, 4). Bib la fè konnen, nan jou sa a, “pesonn [...] p’ap plenyen di li malad” *. — Izayi 33:24.

Annatandan, menmsi ou gen yon pitit ki andikape, ou ka toujou byen jwe wòl ou antanke paran. Men sa Carlo ak Mia, nou te pale de yo anvan an, di: “Pa dekouraje lè tout bagay sanble pa byen mache. Piske pitit ou a gen anpil bèl kalite lakay li, konsantre w sou bèl kalite sa yo.”

^ § 3 Yo chanje non moun yo nan atik sa a.

^ § 29 Nou ka aprann plis sou pwomès Bondye fè nan Bib la pou tout moun gen yon sante pafè nan chapit 3 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

MANDE TÈT OU...

  • Ki sa mwen fè pou m rete djanm nan domèn fizik ak nan domèn afektif e ki sa mwen fè pou relasyon m ak Bondye vin pi solid?

  • Ki dènye fwa mwen te felisite lòt timoun mwen yo pou èd yo bay?