Depi lè m te fin aprann mwen gen yon maladi kwonik ki fè mwen fatige toutan, se mari m sèlman ki te oblije travay. Depi lè sa a, li pa janm pale m de obligasyon ekonomik nou yo. M ap mande m poukisa li pa janm pale avè m sou sa. Sitiyasyon ekonomik nou genlè tèlman mal, li pa vle m konn sa pou m pa panike. —Nancy *.

MARYAJ poukont pa l kapab yon defi, men lè youn nan konjwen yo gen yon maladi kwonik, sa vle di li gen yon maladi k ap dire lontan sou li, bagay yo ka vin pi konplike toujou *. Èske mari w oswa madanm ou malad e se ou menm k ap pran swen l? Si se wi, èske w konn poze tèt ou kesyon sa yo: ‘Ki sa m ap fè si sante konjwen m kontinye vin pi mal? Pandan konbyen tan m ap kapab kontinye pran swen l toutpandan m ap kontinye fè manje, fè netwayaj nan kay la epi al travay? Poukisa m santi m koupab lefètke mwen menm mwen pa malad?’

Yon lòt bò, si se ou menm ki malad la, ou gendwa ap mande tèt ou: ‘Ki jan m ka kenbe diyite m si m pa ka patisipe nan sa k ap fè t nan kay la? Èske konjwen m gen pwoblèm avè m poutèt mwen malad? Antanke koup, èske nou pap janm gen kè kontan ankò?’

Malerezman, gen kèk maryaj ki kraze poutèt pwoblèm koup yo rankontre lè youn nan yo vin gen yon maladi kwonik. Sepandan, sa pa vle di maryaj pa w la oblije kraze.

Gen anpil mari ak madanm ki rete ansanm e ki menm vin pi pwòch menm lè gen youn nan yo ki gen yon maladi kwonik. Ann pran egzanp Yoshiaki ak Kazuko. Akoz yon aksidan, Yoshiaki gen yon pwoblèm nan kolòn vètebral li ki fè li pa kapab fè okenn mouvman san yon moun pa ede l. Men sa Kazuko, madanm li, esplike: “Mari m bezwen yon moun ede l fè tout bagay. Se mwen menm ki pran swen l. Sa fè kou m, zepòl mwen ak bra m ap fè m mal e mwen oblije suiv doktè pou sa. Pafwa m santi pran swen l twòp pou mwen.” Byenke sa pa fasil pou Kazuko, men sa l di: “Relasyon nou antanke koup vin pi solid toujou.”

Ki kote sekrè kè kontan an ye nan sitiyasyon sa yo? Yon premye bagay, sèke moun ki kontinye gen satisfaksyon ak kè kontan kanmenm nan maryaj yo wè maladi a nonsèlman kòm yon atak ki fèt sou konjwen ki malad la, men kòm yon  atak ki fèt sou koup la tou. Nòmalman, lè youn nan konjwen yo malad, sa gen efè sou toule de konjwen yo, menmsi efè a pa menm. Lè de moun marye, youn depann de lòt. Nou kapab wè sa nan pawòl nou jwenn nan Jenèz 2:24 yo ki di: “Gason an va kite papa l ak manman l pou l mete tèt li ansanm ak madanm li, pou tou de fè yon sèl.” (Se nou ki mete ekspresyon an ann italik). Donk, lè youn nan konjwen yo gen yon maladi ki kwonik, li enpòtan anpil pou ni mari ni madanm met tèt yo ansanm pou yo leve defi a.

Anplis, gen rechèch ki fèt ki montre koup kote mari ak madanm kontinye gen bon relasyon youn ak lòt lè youn nan yo vin gen yon maladi kwonik, se koup ki aksepte sitiyasyon an e ki chèche mwayen ki efikas k ap pèmèt yo adapte yo ak sitiyasyon an. Anpil nan bagay yo aprann ki ede yo sipòte sitiyasyon sa a sanble ak konsèy ki gen nan Bib la ki aplikab kèlkeswa epòk la. Men twa bagay nou kapab fè.

Montre konsiderasyon youn pou lòt

Eklezyas 4:9 di: “Lè ou gen yon lòt moun avèk ou, li pi bon pase lè ou poukont ou.” Poukisa? Jan vèsè 10 la esplike sa, se paske “si yonn tonbe, lòt la va ba l men pou l leve”. Èske w di konjwen w pawòl ki montre w gen apresyasyon pou li, pawòl ki kapab nan yon sans “ba l men pou l leve”?

Èske nou chèche fason nou youn kapab ede lòt? Madanm Yong gen yon pati nan kò l ki paralize. Men sa Yong di: “Mwen fè efò pou m montre konsiderasyon pou madanm mwen chak fwa okazyon an prezante. Si m santi m swaf, mwen panse li menm tou li gendwa swaf. Si m sot deyò pou m al gade jan peyizaj la bèl, mwen mande l si l ta renmen soti deyò a avè m. Nou pataje lapenn nou e nou andire sitiyasyon an ansanm.”

Si se ou menm k ap resevwa swen nan men konjwen w, èske gen bagay ou kapab fè pou tèt ou san w pa met lavi w an danje? Si se wi, lè w fè yo, w ap santi w byen e w ap rann li pi fasil pou konjwen w kontinye pran swen w.

Olye w panse w konn meyè fason pou w montre konsiderasyon pou konjwen w, poukisa w pa mande l ki sa li ta plis renmen w fè pou li? Nancy, dam nou te mansyone nan kòmansman atik la, te di mari l finalman ki jan l te santi l lefètke li pa t konnen sitiyasyon ekonomik fanmi an. Kounye a, mari l fè yon jan pou l pale plis sou sa avè l.

MEN SA W KA FÈ: Fè yon lis bagay ou panse konjwen w ka fè k ap rann sitiyasyon an pi fasil pou ou epi mande l fè menm bagay la tou. Apre sa, ba l lis pa w la epi gade lis pa l la. Nou chak ap chwazi de nan sijesyon yo nou panse n ap kapab aplike toutbonvre.

Montre nou ekilibre

Salomon te di: “Gen yon lè pou chak bagay.” (Eklezyas 3:1). Sepandan, li kapab parèt difisil pou w kenbe yon pwogram ki ekilibre lè w konsidere move efè maladi a kapab genyen sou fanmi an. Men, ki sa w ka fè pou w montre w ekilibre?

Petèt nou kapab pase tan ansanm pandan n ap eseye bliye sousi nou genyen ki gen rapò ak maladi a. Èske nou pa ta ka fè kèk aktivite nou te konn fè ansanm anvan maladi a te frape fanmi an? Si sa pa posib, chèche wè ki lòt aktivite nou kapab fè ansanm. Se kapab yon bagay byen senp tankou fè lekti youn pou lòt oubyen yon bagay ki kapab difisil tankou aprann yon lòt lang. Si nou gen aktivite nou fè ansanm apa aktivite maladi a fè nou fè ansanm, sa ap fè relasyon nou, antanke moun ki fè “yon sèl”, vin pi solid e sa ap fè nou gen plis kè kontan.

Pou nou kapab viv yon fason ekilibre, èske pa gen yon aktivite nou kapab fè ansanm pou nou detann nou?

Yon lòt bagay nou kapab fè k ap montre nou ekilibre se pase tan ak lòt moun. Men sa Bib la di nan Pwovèb 18:1 (NW): “Moun k ap izole tèt li ap chèche pwòp dezi egoyis li, l ap soulve kont tout sajès pratik.” Èske w remake vèsè a di lè yon moun izole tèt li, sa ka gen move efè sou lespri li? Men, lè nou pase tan ak lòt moun detanzantan, sa kapab fè kè nou kontan e sa kapab gen yon bon efè sou lespri nou. Poukisa nou pa pran inisyativ envite kèk moun vin vizite nou?

Pafwa, li konn difisil pou moun k ap okipe konjwen yo ki malad yo ekilibre. Genyen nan yo  ki fè twòp travay pandan y ap pran swen konjwen yo. Sa konn fè yo santi yo fatige e sa konn lakòz sante yo deteryore. Finalman, yo konn vin pa kapab kontinye pran swen konjwen yo a ankò. Se sa k fè si w ap pran swen konjwen w ki gen yon maladi kwonik, pinga w bliye ou menm tou gen bagay ou bezwen fè pou tèt ou. Pa egzanp, ou bezwen rezève tan regilyèman pou tèt ou, kèk moman pezib k ap pèmèt ou repran fòs *. Gen kèk moun ki gen konjwen yo ki malad ki twouve sa ede yo anpil lè yo pale ak yon zanmi yo fè konfyans ki gen menm sèks avè yo konsènan enkyetid yo genyen detanzantan.

MEN SA W KA FÈ: Fè yon lis pwoblèm ou rankontre pandan w ap pran swen moun ou marye avè l la. Apre sa, fè yon lis sa w ka fè pou w rezoud pwoblèm sa yo oswa pou w jere yo pi byen. Olye w fè yon analiz konplike, mande tèt ou: ‘Ki fason ki pi senp e ki pi lojik nou kapab amelyore sitiyasyon an?’

Eseye kenbe yon etadespri pozitif

Men ki avètisman Bib la bay: “Pa janm mande poukisa tan lontan te pi bon pase tan n’ap viv kounyeya.” (Eklezyas 7:10). Donk, pa rete ap reflechi sou jan lavi w t ap ye si maladi pa t frape fanmi an. Pa bliye, nan monn sa a, tout moun nèt gen yon bagay ki fè kè yo pa fin kontan nèt. Nan sitiyasyon pa w la, sekrè a se aksepte sitiyasyon an epi fè sa w kapab pou jere l pi byen.

Ki sa ki kapab ede ou menm ak konjwen w nan sans sa a? Nou bezwen pale ansanm sou benediksyon nou jwenn. Eseye jwenn lajwa menm nan ti amelyorasyon ou remake nan sante w. Chèche aktivite nou kapab fè ansanm epi fikse objektif ki reyalis ansanm.

Shoji ak madanm li, Akiko, se de moun ki suiv konsèy ki mansyone pi wo yo e ki jwenn bon rezilta. Apre yo te fin aprann Akiko gen yon maladi kwonik, yo te oblije kite asiyasyon espesyal yo te genyen nan sèvis aplentan an. Èske yo te santi yo desi? Wi. Sepandan, men konsèy Shoji bay tout frè ak sè ki ta twouve yo nan yon sitiyasyon ki sanble ak pa l la: “Pa reflechi sou bagay ou pa kapab fè ankò, sa ap dekouraje w. Ou bezwen rete pozitif. Menmsi nou toule de gen espwa yon jou nou pap nan sitiyasyon sa a ankò, pou kounye a, li bon pou nou aksepte bagay yo jan yo ye a. Nan ka pa m, sa vle di konsantre sou ede madanm mwen.” Konsèy sa yo kapab ede w tou si konjwen w bezwen yon èd espesyal.

^ § 3 Gen non moun yo chanje.

^ § 4 Nan atik sa a, yo pale de sitiyasyon kote youn nan konjwen yo gen yon maladi kwonik. Sepandan, gen koup kote youn nan konjwen yo gen yon pwoblèm fizik akoz yon aksidan li te fè oswa youn nan konjwen yo gen yon pwoblèm tankou depresyon. Koup sa yo tou kapab tire pwofi si yo aplike enfòmasyon ki gen nan atik sa a.

^ § 20 Selon sitiyasyon w, si sa posib, li kapab bon pou w chèche wè si w ka jwenn pwofesyonèl ki travay nan domèn sante pou ede w, menmsi se pa aplentan.

MANDE TÈT OU...

Ki sa ki pi enpòtan mwen menm ak konjwen m bezwen fè kounye a?

  • Pale plis de maladi a antre nou oubyen ak lòt moun.

  • Pale de maladi a mwens antre nou oubyen ak lòt moun.

  • Fè efò pou nou enkyete nou mwens.

  • Montre plis konsiderasyon youn pou lòt.

  • Chèche yon aktivite nou kapab fè ansanm apa aktivite maladi a fè nou fè ansanm.

  • Chèche pase plis tan ak lòt moun.

  • Fikse kèk objektif ansanm.