Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Toudegad  |  Oktòb 2009

Bon relijyon an anseye moun prensip moral wo nivo

Bon relijyon an anseye moun prensip moral wo nivo

BON relijyon an aprann nou reflechi sou bagay ki bon e li montre nou ki jan pou nou amelyore konduit nou. Li ede nou nan efò n ap fè pou nou fè sa ki dwat e li ede nou aji pi bon fason nou kapab la. Ki jan nou fè konn sa?

Remake sa apot Pòl te ekri kretyen nan premye syèk la ki t ap viv nan vil Korent, nan peyi Lagrès. Vil sa a te gen move repitasyon akoz imoralite ki te gen ladan l. Men ki avètisman Pòl te bay kretyen sa yo: “Moun k’ap viv nan dezòd, moun k’ap sèvi zidòl, moun k’ap viv nan adiltè, moun pèvèti k’ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason, moun k’ap vòlò, moun ki gen lanvi plen kè yo, tafyatè, moun k’ap pale moun mal, piyajè, yo yonn p’ap resevwa anyen nan [“wayòm Bondye a”, NW].” Apre sa Pòl te di yo: “Anpil nan nou, se sa menm nou te ye. Men, kounyeya Bondye mete nou nan kondisyon pou nou sèvi l. Gremesi Jezikri, Senyè a, li mete nou apa pou li, li fè nou gras pa pouvwa Lespri Bondye nou an.” (1 Korentyen [1 Korent] 6:9-11). Imajine sa, bon relijyon an ede moun ki pa t gen prensip moral pou yo vin pwòp e pou yo vin sèvitè Bondye ki dwat!

Yon lòt bò, Labib bay avètisman sa a: “Yon lè, ou gen pou ou wè moun p’ap vle kite yo moutre yo verite a ankò, y’ap vle pou yo swiv lide pa yo. Lè sa a, y’a reyini yon bann dirèktè [“anseyan”, NW] met bò kote yo ki va di yo sa yo ta renmen tande.” —2 Timote 4:3.

Ki jan relijyon w konnen yo ye nan domèn sa a? Èske yo suiv prensip moral wo nivo ki nan Bib la? Oubyen èske yo minimize konsèy klè ki gen nan Pawòl Bondye a lè yo di moun yo “sa yo ta renmen tande” sèlman?

Sa w panse si w ta pran yon ti tan pou w reponn kesyon ki vin apre yo? Sa ka ede w detèmine si yon relijyon ap pwodui bon fwi.

SIJÈ: Maryaj.

MEN SA LABIB ANSEYE: “De tout fason, respekte maryaj. Epi, rete fidèl ak kabann maryaj la. Paske, Bondye ap jije ni moun ki nan imoralite, ni moun ki nan adiltè. ” —Ebre 13:4, Bib Kreyòl La.

KESYON: Èske relijyon sa a mande gason ak fi ki fè pati l yo e k ap viv ansanm pou yo marye legalman?

SIJÈ: Divòs.

MEN SA LABIB ANSEYE: Men sa Jezi te di lè yo te mande l si gen bagay ki ka pèmèt moun divòse: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, san se pa akoz imoralite epi ki al marye ak yon lòt fi, ebyen, li fè adiltè.” —Matye 19:9, Bib Kreyòl La.

KESYON: Èske relijyon sa a respekte enstriksyon Jezi te bay lè l te di moun ki marye kapab divòse e yo kapab remarye sèlman lè moun yo marye avè l la fè adiltè?

SIJÈ: Moralite nan domèn seksyèl.

MEN SA LABIB ANSEYE: “Kouri pou imoralite. Tout peche yon moun ka fè, se sou deyò kò li, li fè l. Men, lè l komèt imoralite, se kont pwòp kò l, li peche.” —1 Korentyen 6:18, Bib Kreyòl La.

“Fi yo twoke kontak [seksyèl] nòmal la pou kontak ki pa nòmal. Yon lòt bò, gason yo fè menm jan an tou. Yo kite kontak ki nòmal avèk fi, yo vin cho nan dezi yo, youn pou lòt. Gason vin fè malpwòpte ak gason. Epi, nan pwòp yo menm, yo resevwa rekonpans, derayman yo a merite.” —Women 1:26, 27.

 KESYON: Èske relijyon sa a fè konnen imoralite seksyèl se yon peche kit se ant yon gason ak yon fi, kit se ant de moun menm sèks?

SIJÈ: Manm li yo suiv prensip biblik yo avèk kran.

MEN SA LABIB ANSEYE: “Kounye a, men sa mwen te vle ekri nou: si yon moun rele tèt li frè, alòske li se yon moun imoral, oubyen yon moun ava, oubyen yon moun k ap sèvi zidòl, oubyen yon jouradò, oubyen yon tafyatè, oubyen yon rapas, pa mele ak yon moun konsa; pa menm manje avè l.” (1 Korentyen 5:11, Bib Kreyòl La). Ki sa yo ta dwe fè ak yon moun ki di li se kretyen, men ki peche e ki pa vle repanti? Pawòl Bondye a di: “Wete pami nou menm moun mechan sa a.” —1 Korentyen 5:13, Nouvo Testaman sin an avèk Sòm e Pwovèb yo *.

KESYON: Èske relijyon sa a retire kèlkeswa moun ki meprize prensip biblik yo e ki pa repanti nan rejis kote yo mete non moun ki nan relijyon sa a?

Ki relijyon ou konnen ki egzije pou moun ladan l yo se moun ki suiv prensip moral wo nivo ki nan Bib la?

^ § 18 Chak fwa nou sèvi ak yon tradiksyon Bib ki gen ansyen òtograf kreyòl la, nou itilize nouvo òtograf kreyòl la pou fasilite lekti a.