KESYON sa a se yon kesyon moun k ap tradui Labib yo oblije konsidere chak fwa y ap tradui premye vèsè nan Evanjil Jan an. Men kòman yo tradui vèsè sa a nan Traduction du monde nouveau a : “ O kòmansman Pawòl la te la, e Pawòl la te ansanm ak Bondye, e Pawòl la te yon dye. ” (Jan 1:1). Gen lòt tradiksyon ki tradui dènye pati vèsè a konsa : “ Sa Bondye te ye, se sa Pawòl la te ye tou. ” (Bib la). Oswa yo tradui l yon lòt fason ki toujou bay menm ide sa a. Sepandan, gen anpil tradiksyon ki tradui dènye pati Jan 1:1 an konsa : “ E Pawòl la te Bondye. ” — Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman.

Gramè grèk la ansanm ak kontèks vèsè a bay anpil prèv ki montre fason Traduction du monde nouveau a rann li a egzak. Konsa, yon lektè pa ta dwe konprann “ Pawòl la ” se menm moun ak “ Bondye ” yo pale de li nan kòmansman vèsè a. Men, lefètke nan premye syèk la, lang grèk la pa t gen atik endefini (“ yon ”), sa fè kèk moun gen opinyon diferan sou vèsè sa a. Se sa k fè li bon pou nou konsidere fason yon tradiksyon yo te fè nan yon lang yo te pale nan premye syèk yo nan epòk nou an te rann li.

Lang sa a se youn nan dyalèk ki soti nan lang kòp la, yon lang yo te pale ann Ejip pandan kèk syèk tousuit apre Jezi te fin akonpli ministè l sou tè a. Dyalèk sa a, ki rele Sayidik, se te yon premye fason yo te ekri lang sa a. Anrapò ak premye tradiksyon Labib nan lang kòp yo, gen yon diksyonè (The Anchor Bible Dictionary) ki di : “ Yo te tradui [Septant] lan ak [Ekriti grèk kretyen yo] nan lang kòp la nan 3yèm syèk epòk nou an. Se sa k fè tradiksyon  kòp la baze sou yon seri [maniskri ki te ekri nan lang grèk] ki pi ansyen lontan pase pifò maniskri ki egziste kounye a. ”

Tèks sa a ki nan lang kòp la enterese nou espesyalman pou de rezon. Premye rezon an, jan nou te montre sa anvan, li montre ki jan moun yo te konprann Ekriti yo anvan katriyèm syèk nan epòk nou an, sètadi anvan yo te fè doktrin Trinite a tounen yon doktrin ofisyèl. Dezyèm rezon an, gramè lang kòp la yon jan sanble ak gramè yon seri lòt lang tankou kreyòl ak anglè sou yon aspè ki enpòtan. Premye tradiksyon Ekriti grèk yo te fèt nan lang siryak, nan lang laten ak nan lang kòp. Lang siryak ak lang laten, menm jan ak lang grèk nan epòk sa a, pa gen atik endefini. Men, lang kòp la li menm genyen l. Anplis, men sa yon biblis yo rele Thomas Lambdin di nan yon liv li ekri : “ Fason yo te konn itilize ni atik defini ni atik endefini nan lang kòp la sanble ak fason yo itilize atik sa yo ann anglè. ” (Introduction to Sahidic Coptic).

Kidonk, tradiksyon kòp la byen montre ki fason yo te konprann tèks Jan 1:1 an nan epòk sa a. Ki sa nou jwenn ladan l ? Tradiksyon kòp la mete yon atik endefini devan mo “ dye ” a nan dènye pati Jan 1:1 an. Se sa k fè yo t ap tradui l konsa an kreyòl : “ E Pawòl la te yon dye. ” Sa klè, moun sa yo ki te tradui Bib la te konprann pawòl nou jwenn nan Jan 1:1 yo pa vle montre nou Jezi se Bondye Toupisan an. Yo montre nou Pawòl la se yon dye, men, li pa Bondye Toupisan an.