Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Toudegad ki gen atik etid yo  |  Desanm 2015

Jewova ap ede w

Jewova ap ede w

“Jewova ap ede l pandan l kouche sou kabann li tou malad.” — SÒM 41:3.

KANTIK: 23, 138

1, 2. Ki sa n gendwa ap mande tèt nou pafwa, e ki egzanp nan Bib la ki vin nan lespri nou?

ÈSKE W pa janm konn mande tèt ou: ‘Èske m ap geri anba maladi sa a?’ Oswa w ka ap mande tèt ou èske yon manm fanmi w oubyen yon zanmi w renmen anpil ap geri anba yon maladi. Li toutafè nòmal pou yon moun enkyete l lè l ap fè fas ak gwo pwoblèm sante. Gen de wa ki t ap viv nan menm epòk ak pwofèt Eli ak Elize ki te santi yo menm jan an. Etandone wa Ahazya, pitit gason Ahab ak Jezabèl, te malad anpil, li te voye mande: “Si m ap geri.” Apre sa, wa Bennadad, yon wa peyi Siri, te vin malad anpil tou e l te mande: “Si m ap geri anba maladi sa a.” — 2 Wa 1:2; 8:7, 8.

2 Nòmalman, nou swete pou tout bagay mache byen pou nou menm ak moun nou gen sousi pou yo. Sepandan, gen anpil moun k ap mande tèt yo ki sa Bondye pral fè pou ede yo. Nan epòk de wa nou sot pale de yo pi wo a t ap viv la, pafwa, Bondye te konn fè kèk mirak pou l sove lavi kèk moun e pou l geri yo. Jewova te menm konn itilize pwofèt li yo pou l resisite kèk moun (1 Wa 17:17-24; 2 Wa 4:17-20, 32-35). Èske gen yon rezon pou n ta panse l gendwa fè yon bagay menm jan an nan epòk nou an?

3-5. Ki pouvwa Bondye ak Jezi genyen, e ki kesyon sa soulve?

 3 Pa gen dout nan sa, Bondye gen pouvwa pou l aji sou sante yon moun. Bib la montre sa. Pafwa, kòm pinisyon, li te konn lage maladi sou kèk moun tankou Farawon ki t ap viv nan epòk Abraram nan epi, annapre, sou Miryam, sè Moyiz la (Jen. 12:17; Nonb 12:9, 10; 2 Sam. 24:15). Bondye te avèti Izrayelit yo si yo vin enfidèl, li t ap lage “tout [kalite] maladi oswa flewo” sou yo (Det. 28:58-61). Yon lòt bò, Jewova ka retire maladi yon moun oswa l ka pa kite l malad (Egz. 23:25; Det. 7:15). Anplis de sa, li ka geri moun. Apre Jòb te fin tèlman malad opwen l te vle mouri, Bondye te geri l. — Jòb 2:7; 3:11-13; 42:10, 16.

4 Vrèmanvre, li klè, Bondye gen pouvwa pou l geri moun ki malad. Se menm bagay la tou pou Pitit Gason l lan. Bib la fè n konnen Jezi te fè mirak pou l te geri moun ki gen lèp, malkadi ak moun ki te avèg oswa ki te paralize. (Li Matye 4:23, 24; Jan 9:1-7.) Se pa ti rekonfòtan sa rekonfòtan dèske n konnen gerizon Jezi te fè yo se jis yon apèsi sou pakèt mirak li pral fè nan monn nouvo a. Nan moman sa a, “pa gen yon moun nan peyi a k ap di: ‘Mwen malad.’” — Eza. 33:24.

5 Men, èske n dwe atann pou Bondye oswa Jezi fè gerizon pou nou jodi a? Ki jan n ta dwe wè moun ki malad grav oswa ki enfim yo? E ki sa n dwe fè pou yo?

L AP EDE W PANDAN W KOUCHE TOU MALAD

6. Ki sa n konnen konsènan “don gerizon” kèk kretyen nan premye syèk la te genyen an?

6 Dapre sa n li nan Bib la, nan premye syèk la, Bondye te bay kèk kretyen l te chwazi pou al nan syèl pouvwa pou yo fè mirak (Tra. 3:2-7; 9:36-42). Pami “divès don” lespri a te bay yo, te gen “don gerizon”. (1 Kor. 12:4-11.) Men, don sa yo ansanm ak lòt don yo, tankou don pou moun pale divès lang epi pou pwofetize, yo tout t ap gen pou disparèt (1 Kor. 13:8). Pèsonn pa gen don sa yo ankò jodi a. Konsa, nou pa gen okenn rezon pou n ta atann pou Bondye fè mirak pou l geri n oswa pou l geri moun nou renmen yo.

7. Ki asirans nou jwenn nan Sòm 41:3?

7 Aktout sa, si n malad, nou ka toujou konte sou Bondye pou n jwenn rekonfò, sajès ak èd menm jan vrè adoratè Bondye yo te fè sa nan tan lontan. Men sa wa David te ekri: “Byennere moun ki pran ka moun ki ba yo. Jewova ap delivre l nan jou malè a. Jewova ap pwoteje l, l ap fè l ret vivan.” (Sòm 41:1, 2). Nou konnen, nan epòk David la, yon moun ki te demontre konsiderasyon pou yon moun ki ba pa t ap kontinye viv pou toutan. Kidonk, David pa t vle di moun sa a ki demontre konsiderasyon an t ap gen pou l kontinye viv grasa yon mirak e pou l jwenn lavi ki pap janm fini an. Sanble pawòl enspire sa yo ta vle di Bondye ap ede moun fidèl ki demontre konsiderasyon an. Sa k fè sa? Se paske David te di: “Jewova ap ede l pandan l kouche sou kabann li tou malad. L ap pran swen l pandan l malad la.” (Sòm 41:3). Wi, yon moun ki te demontre konsiderasyon pou yon moun ki ba te kapab sèten Bondye konnen l e l wè bon aksyon li fè yo. Epi kapasite kò l genyen pou l geri poukont li a t ap pèmèt moun sa a pote l byen jis li refè nèt anba maladi l la.

8. Selon Sòm 41:4, ki sa David t ap chèche nan men Jewova?

8 Men sa David te di pandan l t ap pale de pwòp eksperyans pa l: “Men sa m te di: ‘O Jewova, fè m favè. Geri m, paske mwen peche kont ou.’” (Sòm 41:4). Petèt David te ekri pawòl sa yo nan epòk kote Absalon t ap eseye pran twòn nan alòske David te malad e l pa t ka fè anyen nan sitiyasyon an. Aktout David te jwenn padon nan men Bondye, li pa t bliye peche l te fè ak  Batcheba a ansanm ak konsekans peche sa a (2 Sam. 12:7-14). Malgre sa, wa a te gen konfyans Bondye t ap ede l pandan l kouche sou kabann li tou malad. Men, èske David te mande Bondye pou l fè yon mirak pou geri l epi pou l fè l viv pi lontan?

9. a) Nan ki sans ka David la diferan ak ka wa Ezekyas la? b) Ki sa David te ka atann nan men Jewova?

9 Plizyè ane annapre, Bondye te chwazi geri wa Ezekyas ki te “vin malad e [ki] te prèske mouri”. Sa se youn nan ka ki ra kote Bondye te reyaji. Ezekyas te geri epi l te viv pandan 15 an ankò (2 Wa 20:1-6). David li menm pa t priye pou Bondye geri l grasa yon mirak. Selon kontèks la, se kòmsi David te mande Bondye pou l ede l menm jan Bondye t ap ede moun ki gen konsiderasyon pou moun ki ba yo. Sa gen ladan l pou Bondye te ede l “pandan l kouche sou kabann li tou malad”. Piske Bondye te padone peche David yo, David te ka mande l rekonfò ak èd, epi pou kapasite kò l genyen pou l geri poukont li a te ka pèmèt li refè nèt (Sòm 103:3). Nou ka fè menm jan an tou.

10. Ki sa n ka di konsènan eksperyans Twofim ak Epafwodit te fè yo?

10 Menm jan Jewova pa t fè yon mirak pou l te geri David epi pou l te pèmèt David viv anpil ane ankò, se konsa l pa t fè sa pou Twofim ki te youn nan konpayon travay Pòl yo. Nou konnen pafwa Bondye te konn bay Pòl pouvwa pou l geri moun ki malad. (Li Travay 14:8-10.) Pòl te fè sa pou “papa Pibliyis [ki] te kouche ak lafyèv ak kolerin”. Pòl te antre, li “priye, li poze men l sou li, epi li geri l”. (Tra. 28:8.) Sepandan, Pòl pa t fè menm bagay la pou Twofim ki te ansanm avè l nan youn nan vwayaj misyonè l yo (Tra. 20:3-5, 22; 21:29). Lè Twofim te vin malad e l pa t ka kontinye vwayaj la ak Pòl, apot la pa t geri l; li te kite l nan vil Milè pou l geri (2 Tim. 4:20). Menm jan an tou, pa gen okenn kote nan Bib la ki montre Pòl te sèvi ak kèk pouvwa pou l fè mirak pou l geri bon zanmi l Epafwodit lè Epafwodit te vin “malad [e l te] prèske mouri”. — Flp. 2:25-27, 30.

CHÈCHE GEN YON PWENNVI REZONAB

11, 12. Poukisa Lik te yon bonjan èd pou Pòl, e ki sa n ka di konsènan kalifikasyon Lik antanke medsen?

11 Se “Lik, doktè byenneme a”, ki te ekri liv Travay la e l te vwayaje ak Pòl tou (Kol. 4:14; Tra. 16:10-12; 20:5, 6). Li rezonab pou n kwè Lik te bay Pòl kèk konsèy nan domèn medikal e l te bay Pòl ansanm ak moun ki t ap vwayaje avè l yo kèk swen sante. Poukisa Lik te ka bezwen fè sa? Se paske menm Pòl te tonbe malad pandan vwayaj la (Gal. 4:13). Petèt Lik te ba l kèk èd medikal ann amoni ak sa Jezi te di a: “Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè, men se moun ki malad ki bezwen doktè.” — Lik 5:31.

12 Bib la pa di ki kote oswa ki lè Lik te resevwa fòmasyon nan domèn medsin. Men, sanble Pòl te pale ak kretyen nan vil Kolòs yo konsènan Lik ki te yon medsen paske kretyen sa yo te konnen Lik. Yon bagay ki enteresan sèke te gen yon lekòl medsin toupre vil Lawodise. Kèlkeswa jan sa te ye, Lik pa t yon senp pwofàn ki pa gen okenn eksperyans moun te konn fè djòlè pou swen sante l yo, li te yon medsen. Langaj medikal Lik te itilize nan Levanjil li te ekri a ak liv Travay la ansanm ak fason l te plis konsantre l sou gerizon Jezi te fè yo pase lòt ekriven yo montre sa byen klè.

13. Ki pwennvi ekilibre nou dwe genyen nan kesyon bay konsèy nan zafè swen sante?

13 Nou pap viv nan yon epòk kote yon kretyen parèy nou ka sèvi ak “don gerizon” pou l geri nou. Sepandan, gen kèk frè, ak tout bon entansyon yo, k ap bay konsèy nan zafè sante san yo pa mande yo. Nòmalman, yon moun gendwa bay kèk sijesyon ki  pratik. Pòl te fè sa lè Timote te gen yon pwoblèm lestomak petèt akoz dlo nan zòn nan ki pa t bon *. (Li 1 Timote 5:23.) Sepandan, sa diferan anpil ak lè yon moun ap eseye konvenk yon Temwen parèy li pou l sèvi ak kèk fèy, kèk remèd oswa pou l fè kèk rejim ki ka pa menm bay bon rezilta e ki ka menm gen move efè sou moun nan. Pafwa, gen kèk moun ki konn eseye konvenk lòt moun lè yo bay yon ti esplikasyon tankou: ‘Gen yon fanmi m ki te gen menm maladi a e l te pran.... Apre sa, li anfòm.’ Kèlkeswa jan yon konsèy konsa kapab sensè, li ta bon pou n toujou sonje menm medikaman oswa tretman pifò moun konn itilize yo kapab gen move efè sou moun. — Li Pwovèb 27:12.

AJI AK SAJÈS

14, 15. a) Gen kèk moun ki konsidere maladi lòt moun kòm okazyon pou fè ki sa? b) Ki fason Pwovèb 14:15 ka ede n lè yon moun ban n yon konsèy nan zafè sante?

14 Antanke kretyen, li nòmal pou n anvi gen bon sante pou n ka jwi lavi a e pou n ka sèvi Bondye ak tout kè n. Sepandan, etandone nou enpafè, nou konn malad souvan. Lè n malad, nou ka jwenn divès kalite tretman. Chak moun gen dwa pou l chwazi ki tretman l ap suiv. Malerezman, nan monn sa a ki chaje ak moun ki ava, gen moun ki konn pwofite lè yon moun malad pou yo fè lajan sou li. Byen souvan, gen moun ki pretann swadizan tretman oswa remèd y ap ofri yo bon e yo bay fo temwayaj pou yo ka vann yo. Gen lòt moun oswa konpayi ki mande moun pou yo achte yon seri pwodui ki koute chè anpil pou yo ka fè anpil lajan. Pou yon moun ki malad ki swaf jwenn yon solisyon oswa ki vle viv pi lontan, swadizan tretman sa yo ka sanble bèl. Men, nou pa dwe janm bliye konsèy nou jwenn nan Pawòl Bondye a ki di: “Moun ki pa konprann anyen an kwè tout sa moun di, men, moun ki gen lespri a veye chak pa l fè.” — Pwo. 14:15.

15 “Moun ki gen lespri a” ap sitou montre l pridan si l gen dout sou kalifikasyon moun k ap ba l konsèy la. “Moun ki gen lespri a” gendwa rezone konsa: ‘Li fè konnen vitamin sa a, fèy sa a oswa rejim sa a sipoze ede yon moun, men, èske gen moun ki kore sa l di a? Tout moun pa menm. Èske gen bonjan rezon pou m kwè remèd sa a ap ede m? Èske m ta dwe fè plis rechèch oswa menm pale ak yon moun yo rekonèt kòm moun ki jwenn fòmasyon oswa ki kalifye nan domèn sa a?’ — Det. 17:6.

16. Ki kesyon lè n egzamine yo ki ka ede n aji ak “bonsans” anrapò ak konsèy yo ban nou nan zafè sante?

16 Pawòl Bondye a konseye nou pou n “viv avèk bonsans [...] nan sistèm sa a”. (Tit 2:12.) Pa gen dout nan sa, nou bezwen gen “bonsans” oswa yon pwennvi ekilibre lè esplikasyon yo ban nou sou fason n ka konn ki maladi nou fè oswa ki tretman pou n suiv sanble etranj oswa l sonnen dwòl. Èske medsen an oswa moun k ap fè piblisite pou remèd la ka bay bonjan esplikasyon sou efè l ap genyen? Èske l ann amoni ak lòt metòd tout moun byen konnen yo, epi, èske gen anpil moun kalifye ki fè l konfyans (Pwo. 22:29)? Oswa, èske se sitou sou emosyon nou moun nan ap jwe? Petèt, se yon metòd yo dekouvri oswa yo konn itilize nan yon zòn ki lwen anpil kòmsi y ap kache l pou moun ki konn fè rechèch nan epòk nou an pa konnen l. Èske metòd sa a pwouve yon bagay oswa l menm sanble rezonab? Gen kèk moun ki ka ofri n yon tretman ki gen swadizan yon sekrè oswa yon fòs ladan l. Sa mande pou n pran bonjan prekosyon paske Bondye kont tout moun k ap fè “maji” e ki gen kontak ap movèzespri. — Eza. 1:13; Det. 18:10-12.

 “POTE NOU BYEN!”

17. Ki anvi rezonab nou ta dwe genyen?

17 Nan premye syèk la, kolèj santral la te voye yon lèt enpòtan bay tout kongregasyon yo. Men sa yo te di nan lèt la apre yo te fin fè yon lis konsènan tout bagay kretyen yo dwe evite: “Si nou fè tout sa n kapab pou n evite bagay sa yo, sa ap mache byen pou nou. Pote nou byen!” (Tra. 15:29). Yo ka tradui dènye fraz la, ki se yon fòm politès, konsa tou: “Kenbe djanm.” Vrèmanvre, nou vle “pote nou byen” epi n vle vin djanm toutpandan n ap sèvi gran Dye nou an.

Nou vle pote n byen epi n vle vin djanm toutpandan n ap sèvi Bondye. (Gade paragraf 17.)

18, 19. Ki sa n ka tann avèk enpasyans nan monn nouvo a?

18 Toutotan sistèm sa a la epi toutotan tras enpèfeksyon an nan nou, nou tout ap toujou gen pou n fè fas ak maladi. Nou pa ka atann pou n jwenn gerizon grasa yon mirak jodi a. Sepandan, nan Revelasyon 22:1, 2, Bib la pale konsènan yon epòk kote n pral geri nèt. Nan yon vizyon, apot Jan te wè “yon rivyè dlo lavi” ansanm ak anpil “pyebwa ki bay lavi” ki chaje ak fèy ki la “pou geri nasyon yo”. Vizyon an pap pale de fèy remèd nan epòk nou an oswa alavni. Olye de sa, li atire atansyon sou dispozisyon Jewova pran pa mwayen Jezi pou l bay moun ki obeyisan yo lavi ki pap janm fini an, yon bagay vrèmanvre nou ka tann avèk enpasyans. — Eza. 35:5, 6.

19 Toutpandan n ap tann bèl avni ki sere pou nou an, nou konnen Jewova enterese nan nou chak pèsonèlman menm nan moman nou malad yo. Menm jan ak David, nou kapab gen konfyans Bondye nou an ap ede n nenpòt lè n malad. Konsa, menm jan ak David, nou kapab di: “Kanta pou mwen, se fidelite m ki fè w kontinye soutni m. W ap fè m rete bò kote w pou toutan.” — Sòm 41:12.

^ § 13 Men sa yon liv fè konnen: “Selon eksperyans yo fè, mikwòb ki bay tifoyid la ak kèk lòt mikwòb ki se yon danje pou moun mouri byen vit lè yo melanje yo ak diven.” — The Origins and Ancient History of Wine.