SE TE nan prentan ane 1931 e antre kokenn oditoryòm ki rele Pleyel la, nan vil Pari, te chaje ak delege ki sot nan 23 peyi. Yon pakèt taksi t ap depoze yon seri pasaje byen abiye devan antre sal la, e oditoryòm nan te plen nan yon bat je. Te gen prèske 3 000 moun ki te la, yo pa t vin nan yon konsè, men, yo te vin tande Joseph F. Rutherford ki te alatèt travay predikasyon nou an nan epòk la. Yo te entèprete bèl diskou l yo an fransè, alman ak polonè. Gwo vwa frè Rutherford te genyen an t ap fè eko nan tout sal la.

Kongrè ki te fèt nan vil Pari a te jwe yon wòl enpòtan nan travay predikasyon Wayòm nan nan peyi Lafrans. Frè Rutherford te mande moun nan asistans lan, ki te sot nan anpil peyi, sitou jèn kretyen yo, pou yo vin kòlpòtè nan peyi Lafrans. John Cooke, yon adolesan anglè ki te pami delege yo, pa janm bliye gwo egzòtasyon sa a: “Nou menm jèn, pa gen anyen anba solèy la ki ta dwe anpeche n sèvi kòm kòlpòtè *!”

Apa de John Cooke ki te vin misyonè annapre, anpil lòt moun te byen reyaji devan apèl sa a ki tankou apèl pou vin Masedwàn nan (Tra. 16:9, 10). Anfèt, kantite kòlpòtè yo te vin ogmante nan peyi Lafrans, soti 27 nan ane 1930 pou rive 104 nan ane 1931, yon bèl akwasman nan sèlman ennan. Piske pifò nan pyonye sa yo pa t pale fransè, ki jan yo t apral fè fas ak kesyon lang lan? Ki jan yo t apral fè viv ak ti mwayen yo te genyen yo e lefètke yo te gaye toupatou?

YO FÈ FAS AK KESYON LANG LAN

Kòlpòtè ki sot nan peyi etranje yo te konn sèvi ak kat temwayaj yo pou yo pale de esperans Wayòm nan. Men sa yon frè ki te pale alman e ki te konn preche ak kran nan vil Pari te di: “Nou te konnen n ap sèvi yon Bondye ki pisan. Si kè n te tèlman ap bat opwen pou l sot nan gòj nou lè n t ap preche, se pa paske n te pè moun, men, se paske n te pè pou n pa bliye ti yon fraz ki di: ‘Voulez-vous lire cette carte, s’il vous plaît? [Tanpri, èske w ka li kat sa a?]’. Nou te gen konviksyon travay nou an vrèman enpòtan.”

Premye kòlpòtè yo te itilize bisiklèt ak motosiklèt pou gaye bon nouvèl la nan peyi Lafrans.

Lè kòlpòtè yo t ap preche nan bilding ki gen apatman, byen souvan, moun k ap veye apatman yo te konn kouri dèyè yo. Yon jou, de sè anglè ki te konn yon tikras fransè te twouve yo fasafas ak yon responsab apatman vrèman agresif ki te mande yo ki moun yo vle wè. Pandan youn nan sè yo t ap eseye kalme responsab apatman an, li te remake yon ti plak ki sou yon pòt. Men sa k te ekri sou ti plak la: “Tournez le bouton [Peze bouton an].” Piske sè a te panse se te non mèt kay la, avèk jantiyès, li te reponn: “Nou pase wè madam ‘Tournez le bouton.’” Lefètke kòlpòtè zele sa yo te renmen bay blag, sa te ede yo anpil.

 YO PA T SISPANN MENM LÈ YO PA T GEN GWO MWAYEN E YO TE GAYE TOUPATOU

Nan ane 1930 yo, pifò moun nan peyi Lafrans te oblije viv nan move kondisyon e kòlpòtè ki te sot nan peyi etranje yo pa t epaye. Men sa Mona Brzoska, yon sè ki pale anglè, te di konsènan eksperyans li menm ak patnè l la te fè nan sèvis pyonye a: “An jeneral, kote n te abite a pa t bon menm, epi, youn nan pi gwo pwoblèm nou te genyen se pwoblèm chofaj nan sezon ivè. Byen souvan, nou te oblije dòmi nan yon chanm ki frèt anpil e chak maten, nou te dwe kase glas dlo nan krich la fè a anvan nou lave kò nou.” Èske pyonye nan epòk sa a te konn dekouraje paske yo pa t gen tout sa yo bezwen? Non, sa pa t janm rive! Men sa youn nan yo te di ki montre etadespri yo te genyen: “Nou pa t posede anyen, men, nou pa t manke anyen.” — Mat. 6:33.

Kèk pyonye anglè ki te asiste kongrè ki te fèt nan vil Pari nan ane 1931 an.

Anplis de sa, kòlpòtè sa yo ki te gen kran te oblije viv lwen youn lòt. Nan kòmansman ane 1930 yo, kantite pwoklamatè Wayòm nan nan peyi Lafrans pa t depase 700 e pifò nan yo te gaye nan tout peyi a. Ki sa k te ede kòlpòtè sa yo ki te izole youn ak lòt kenbe jwa yo? Men sa Mona ki te fè fas ak sitiyasyon sa a ansanm ak patnè l te fè konnen: “Pou n te lite kont pwoblèm distans lan, nou te konn etidye piblikasyon Sosyete a ansanm regilyèman. Piske nan epòk sa a [nou pa t konn fè nouvèl vizit e n pa t konn etidye Labib ak moun lakay yo], leswa, nou te konn jwenn tan pou n ekri fanmi nou, pou n sitou ekri lòt pyonye yo, pou n pataje eksperyans nou te fè yo e pou n ankouraje youn lòt.” — 1 Tes. 5:11.

Kòlpòtè sa yo ki te gen lespri sakrifis te ret pozitif malgre pwoblèm yo te jwenn. Nou ka wè sa nan lèt yo te konn voye bay biwo filyal la, pafwa, plizyè dizèn ane apre yo te fin sèvi kòm pyonye nan peyi Lafrans. Men sa sè Annie Cregeen, yon moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki te vwayaje ansanm ak mari l nan tout peyi Lafrans ant 1931 ak 1935, te ekri lè l ap panse ak ane sa yo: “Lavi nou te chaje anpil e nou te gen anpil lajwa! Nou menm pyonye yo, nou te yon gwoup ki pwòch anpil. Jan apot Pòl te di sa: ‘Mwen plante, Apolòs wouze, men se Bondye ki fè sa k plante a grandi’. Sa te vrèman bèl pou kèk nan nou ki te gen opòtinite bay èd nou sa gen anpil ane.” — 1 Kor. 3:6.

Anfèt, pyonye sa yo ki te gen andirans e ki te zele kite yon egzanp pou moun ki vle fè plis nan ministè a. Kounye a, gen anviwon 14 000 pyonye pèmanan nan peyi Lafrans. Gen anpil nan yo ki nan gwoup oswa kongregasyon ki pale lòt lang *. Menm jan ak pyonye ki te la anvan yo, yo pa kite anyen anba solèy la anpeche yo! — Bagay ki nan achiv nou nan peyi Lafrans.

^ § 4 Anrapò ak travay imigran Polonè yo te fè nan peyi Lafrans, gade atik “Jewova mennen nou Lafrans pou n aprann laverite” a ki nan Toudegad 15 out 2015 lan.

^ § 13 Nan ane 2014, te gen plis pase 900 kongregasyon ak gwoup ki pale lòt lang anba sipèvizyon filyal peyi Lafrans lan. Frè ak sè sa yo ap ede moun k ap chèche laverite toutbon yo nan 70 lang.