Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Toudegad ki gen atik etid yo  |  Novanm 2015

100 an depi Wayòm nan ap dirije!

100 an depi Wayòm nan ap dirije!

“Mwen swete pou Bondye lapè a [...] fè nou jwenn tout bon bagay pou nou fè volonte l.” — EBRE 13:20, 21.

KANTIK: 136, 14

1. Ki enpòtans travay predikasyon an te genyen pou Jezi? Esplike.

JEZI te renmen pale sou Wayòm Bondye a. Jan Bib la montre sa, li te pale plis sou Wayòm nan pase nenpòt lòt sijè, e l te pale sou li plis pase 100 fwa pandan ministè l. Wayòm nan te enpòtan anpil pou li. — Li Matye 12:34.

2. Konbyen moun petèt ki te la lè Jezi te bay lòd nou jwenn nan Matye 28:19, 20 an, e sa k fè n ka di sa?

2 Yon ti tan apre Bondye te fin resisite Jezi, Jezi te reyini ak 500 moun ki t apral vin pwoklamatè Wayòm nan (1 Kor. 15:6). Petèt se nan okazyon sa a li te bay lòd pou preche “moun tout nasyon” mesaj Wayòm nan ki te yon kokennchenn travay nan epòk la *. Gwo travay sa a Jezi te anonse a t apral fèt rive jis nan “fen sistèm nan”, e nou ka wè pawòl sa yo se laverite. Sandout, ou menm tou w ap patisipe nan travay sa a e w ap bay patisipasyon pa w pou pèmèt pwofesi sa a reyalize. — Mat. 28:19, 20.

3. Bay twa domèn kote nou te jwenn tout sa n bezwen pou n fè travay predikasyon an.

 3 Apre Jezi te fin bay lòd pou yo preche a, men sa l te pwomèt disip li yo: “Mwen avèk nou.” (Mat. 28:20). Sa montre gwo travay predikasyon sa a t apral fèt anba direksyon l. Epi, Bondye nou an ban nou “tout bon bagay” pou ede nou fè travay sa a (Ebre 13:20, 21). Nan atik sa a, nou pral egzamine twa nan bon bagay sa yo: 1) zouti yo ban nou pou n fè travay la, 2) metòd nou itilize yo ak 3) fòmasyon nou resevwa a. Toudabò, ann egzamine kèk zouti nou te konn itilize pandan 100 an ki sot pase yo.

WA A BAY SÈVITÈ L YO ZOUTI POU YO PRECHE

4. Poukisa n te sèvi ak yon pakèt kalite zouti nan travay predikasyon nou an?

4 Jezi te konpare “mesaj Wayòm nan” ak yon semans yo simen nan plizyè kalite tè (Mat. 13:18, 19). Yon moun k ap fè jaden kapab sèvi ak divès kalite zouti pou l prepare jaden an anvan l simen. Menm jan an tou, pandan ane ki sot pase yo Wa nou an te ban nou plizyè zouti ki te ede n prepare kè plizyè milyon moun pou yo resevwa mesaj Wayòm nan. Gen kèk nan zouti sa yo ki te itil pandan kèk dizèn ane, alòske gen lòt ki itil jiska prezan. Men, tout zouti sa yo te ede n vin pi maton nan travay predikasyon an yon fason oswa yon lòt.

5. Ki sa yon kat temwayaj te ye e ki jan yo te konn itilize l?

5 Youn nan zouti ki te ede anpil moun kòmanse nan travay predikasyon an se te kat pou bay temwayaj la, yon kat pwoklamatè Wayòm yo te kòmanse itilize nan ane 1933. Kat la te mezire anviwon 7,6 santimèt lajè e 12,7 santimèt longè e l te gen yon mesaj tou kout ki baze sou Bib la. Detanzantan, yo te konn parèt ak yon nouvo kat ki gen yon nouvo mesaj. Prezantasyon an te byen senp! Men sa Charles W. Erlenmeyer ki te gen anviwon dizan lè l te kòmanse bay temwayaj nan fason sa a te esplike: “Pou n te prezante kat la, nou te konn di: ‘Èske w ka li kat sa a?’ Lè mèt kay la fin li kat la, nou te konn prezante l piblikasyon an epi n al fè wout nou.”

6. Ki enpòtans kat pou bay temwayaj la te genyen?

6 Kat temwayaj la te itil plizyè fason. Aktout kèk pwoklamatè te byen anvi patisipe nan travay predikasyon an, yo te timid e yo pa t konn sa pou yo di. Gen lòt menm ki te gen anpil bagay pou yo di. Nan kèk minit sèlman, yo te konn esplike moun yo tout sa yo te konnen, men, yo pa t konn ki jan pou yo pale ak moun yo san yo pa blese santiman yo. Tandiske, ak yon tikras pawòl byen chwazi, kat pou bay temwayaj la “te pale” pou pwoklamatè yo.

7. Ki pwoblèm kèk frè ak sè te jwenn pandan y ap sèvi ak kat la?

7 Nòmalman, yo te jwenn anpil pwoblèm. Men sa Grace A. Estep, yon moun ki gen plizyè ane depi l Temwen te di: “Pafwa, moun yo te konn mande nou: ‘Bon, ki sa kat sa a di?’ Ou pa ka sèlman di m sa l di?’” Mete sou sa, gen kèk moun ki pa t ka li sa k te sou kat la. Gen lòt menm, piske yo te panse se bay y ap bay kat la, apre yo fin pran kat la, yo fèmen pòt yo. Si moun nan te vrèman opoze ak laverite, li te konn chire kat la. Malgre sa, frè ak sè nou yo te aprann ki jan pou yo pale ak moun yo e pou yo idantifye tèt yo byen klè kòm reprezantan Wayòm nan.

8. Esplike ki jan yo te konn itilize fonograf yo. (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

8 Yon lòt zouti frè ak sè yo te konn itilize nan ane 1930 yo e nan kòmansman  ane 1940 yo se te yon fonograf pòtab, yon aparèy kèk frè te konn rele Arawon paske se li ki te konn plis pale pou yo. (Li Egzòd 4:14-16.) Lè moun yo rankontre a te pèmèt sa, pwoklamatè a te pase yon lekti Labib ki te dire 4 minit edmi, apre sa li te ofri kèk piblikasyon. Pafwa, plizyè fanmi te konn reyini pou yo tande anrejistreman yon mesaj biblik! An 1934, Watch Tower Society te kòmanse pwodui fonograf pòtab yon fason pou yo te ka itilize yo nan travay predikasyon an. Rive yon lè, yo te gen anrejistreman ki te pale sou 92 sijè diferan.

9. Ki bon rezilta yo te jwenn grasa fonograf yo?

9 Apre Hillary Goslin, yon dam frè yo te rankontre lakay li, te fin tande anrejistreman yon diskou ki baze sou Bib la, li te mande pou yo prete l fonograf la pandan yon semèn pou l te ka al fè vwazen l yo tande mesaj Wayòm nan. Lè pwoklamatè a retounen, li te jwenn anpil moun ki fèk enterese nan mesaj la ki t ap tann li. Pi devan, anpil ladan yo te vwe lavi yo bay Jewova, epi de pitit fi Hillary yo te asiste Lekòl Gileyad e yo t al sèvi aletranje. Menm jan ak kat pou bay temwayaj la, fonograf la te ede anpil moun kòmanse patisipe nan travay predikasyon an. Annapre, Wa a te met pawòl nan bouch yo grasa Lakòl ministè teyokratik la.

YO ITILIZE TOUT METÒD POU YO PRECHE MOUN

10, 11. Ki jan frè yo te sèvi ak jounal ak radyo pou yo gaye verite ki nan Bib la, e poukisa metòd sa yo te bay bon rezilta?

10 Anba direksyon Wa a, pèp Bondye a te itilize yon pakèt metòd pou yo pataje bon nouvèl la ak kantite moun yo kapab. Sa te sitou enpòtan lè “pa [t] gen anpil travayè”. (Li Matye 9:37). Nan kòmansman 20yèm syèk la, frè yo te itilize jounal pou yo ka pale ak pi plis moun nan zòn ki pa t gen anpil Temwen Jewova. Chak semèn Charles Taze Russell te konn voye yon diskou pa telegram bay yon sendika nouvèl. Sendika a, bò kote pa l, te voye diskou a pa telegram bay jounal ki Ozetazini, Kanada ak Ewòp. Selon kalkil yo fè, nan ane 1913, gen 15 000 000 moun ki te rive li diskou frè Russell yo nan 2 000 jounal!

11 Apre lanmò frè Russell, frè yo te kòmanse itilize yon lòt bon metòd pou yo gaye bon nouvèl la. Jou ki te 16 avril 1922 a, frè Joseph F. Rutherford te fè premye emisyon radyo l kote l t ap pale ak anviwon 50 000 oditè. Epi, jou ki te 24 fevriye 1924 la, premye radyo òganizasyon an, anpalan de WBBR, te kòmanse fonksyone. Men ki sa Toudegad 1ye desanm 1924 la (anglè) te di konsènan metòd yo te konn itilize pou yo preche moun yo: “Nou kwè radyo se mwayen ki pi ekonomik e ki pi efikas lontan pase lòt metòd nou te itilize pou gaye mesaj verite a.” Menm jan ak jounal, radyo a te itil anpil paske l te pèmèt yo touche pi plis moun nan zòn ki pa t gen anpil pwoklamatè Wayòm nan.

Anpil pwoklamatè Wayòm nan kontan ankouraje moun al sou sit wèb jw.org la lè y ap bay temwayaj an piblik. (Gade paragraf 12, 13.)

12. a) Ki fasèt nan bay temwayaj an piblik la ou pi renmen? b) Ki sa k ka ede n venk nenpòt krent ki ta ka anpeche n bay temwayaj an piblik?

12 Kounye a, frè yo vin met plis aksan sou temwayaj an piblik nan estasyon bis, estasyon tren, pakin, sou plas piblik ak nan mache. Si w yon ti jan pè lè w ap patisipe nan youn nan fòm predikasyon sa yo li ta bon pou w reflechi seryezman sou kòmantè frè Angelo Manera Jr, yon frè k ap sèvi kòm siveyan sikonskripsyon depi plizyè ane, te fè: “Nou konsidere chak nouvo  fòm sèvis kòm yon lòt fason pou n sèvi Jewova, kòm yon lòt fason pou n montre n fidèl anvè l, kòm yon lòt eprèv pou fidelite nou, e n chofe pou n montre n dispoze sèvi l nenpòt fason l mande.” Lè n patisipe nan yon nouvo fòm sèvis petèt nou pa fin alèz ladan l, sa ap ede n vin gen plis konfyans ak plis lafwa nan Jewova, konsa, n ap vin pi pwòch ak Jewova. — Li 2 Korentyen 12:9, 10.

13. Ki jan sit jw.org la ede n nan travay predikasyon an, e ki eksperyans ou te fè pandan w t ap ankouraje moun al sou li?

13 Gen anpil pwoklamatè ki kontan ankouraje moun al sou sit Entènèt jw.org la kote y ap ka li epi telechaje piblikasyon ki baze sou Bib la nan plis pase 700 lang. Chak jou, gen plis pase 1,6 milyon moun ki vizite sit Entènèt nou an. Menm jan nan tan lontan radyo te pèmèt moun k ap viv nan zòn ki byen lwen rive jwenn bon nouvèl la, se konsa tou jodi a, sit Entènèt nou an fè menm bagay la.

YO FÒME PWOKLAMATÈ YO POU PRECHE BON NOUVÈL LA

14. Ki fòmasyon pwoklamatè Wayòm yo te bezwen, e ki lekòl ki te ede yo vin pi maton nan anseye?

14 Nou sot egzamine kèk zouti ak kèk metòd nou te konn itilize pou n gaye bon nouvèl la. Men, ki kalite fòmasyon nou resevwa? Ann sipoze moun yo te rankontre lakay li a pa t dakò ak mesaj li tande nan fonograf la, oswa l te montre l enterese nan sa l te li nan kat pou bay temwayaj la. Pwoklamatè yo te bezwen konnen ki jan pou yo reyaji avèk respè lè yon moun pa dakò e ki jan pou yo anseye moun ki enterese toutbon yo avèk ladrès. Sandout, se lespri sen ki te fè frè Nathan H. Knorr wè nesesite pou pwoklamatè yo resevwa fòmasyon pou yo ka itilize kapasite yo genyen pou yo pale a nan travay predikasyon an. Ki solisyon yo te jwenn? Nan ane 1943, yo te òganize Lekòl ministè teyokratik la pou premye fwa nan kongregasyon yo. Lekòl sa a te ede n vin pi maton nan anseye.

15. a) Ki eksperyans kèk moun ki t ap patisipe nan Lekòl ministè teyokratik la te fè? b) Ki jan pwomès Jewova fè nan Sòm 32:8 la te reyalize nan ka pa w?

15 Pou anpil moun, sa te mande anpil tan anvan pou yo te aprann pale devan yon piblik. Frè Julio S. Ramu sonje premye diskou l te bay nan lekòl la nan ane 1944. Sou ki sa l t ap pale? Li te gen pou l pale de Dowèg, yon mesye Bib la pale de li nan senk vèsè sèlman! Men sa Julio te di: “De jenou m t ap frape youn ak lòt,  men m yo t ap tranble, e dan m t ap tranble.” Epi, li fè konnen li te oblije baze diskou a sou senk vèsè sa yo. Li te ajoute: “Mwen te bay diskou a nan twa minit. Se te premye fwa m t ap bay diskou sou estrad, men, mwen pa t bay legen.” Gen timoun tou ki te vin enskri nan lekòl la, aktout li pa t fasil pou kèk ladan yo te bay yon diskou devan kongregasyon an. Frè Angelo Manera nou te pale de li pi wo a, sonje yon diskou yon jèn gason ki te fèk kòmanse al lekòl klasik te bay. Men sa l rakonte: “Li te tèlman pè lè l kòmanse diskou a, li te kòmanse ap kriye byen fò e souf li t ap monte desann. Men, piske l te deside bay diskou a, li te fin bay li aktout li t ap kriye e souf li t ap monte desann.” Èske w konn pè fè kòmantè oswa patisipe yon lòt fason nan reyinyon yo paske w timid oubyen w gen lòt bagay ki anpeche w fè sa? Mande Jewova pou l ede w venk krent ou genyen yo. Ou ka wè l ede w jan l te ede elèv sa yo lè yo t ap patisipe nan Lekòl ministè teyokratik la. — Li Sòm 32:8.

16. Ki objektif Lekòl Gileyad te genyen a) nan tan lontan, e b) depi ane 2011?

16 Se pa sèlman grasa Lekòl ministè teyokratik pèp Jewova a jwenn fòmasyon. Misyonè yo ak lòt moun ankò jwenn anpil byenfè nan Lekòl Gileyad. Selon sa yon enstriktè di, youn nan objektif lekòl la se “ede elèv yo vin pi anvi patisipe nan travay predikasyon an”. Lekòl Gileyad la te kòmanse fonksyone nan ane 1943, e depi lè sa a, li fòme plis pase 8 500 elèv. Gen misyonè ki jwenn fòmasyon nan lekòl sa a k ap sèvi nan anviwon 170 peyi. Depi ane 2011, se sèlman moun ki deja nan yon fòm sèvis espesyal aplentan yo envite nan lekòl sa a, tankou pyonye espesyal yo, siveyan sikonskripsyon yo, betelit yo oubyen misyonè ki potko asiste Lekòl Gileyad.

17. Ki bon rezilta fòmasyon moun jwenn nan Lekòl Gileyad la bay?

17 Ki bon rezilta fòmasyon sa a bay? Ann pran yon egzanp. Ann out 1949, te gen mwens pase dis pwoklamatè nan peyi Japon. Men, nan fen menm ane a, te gen 13 misyonè ki t ap travay san rete o Japon. Jodi a, gen 216 000 pwoklamatè nan peyi Japon e gen prèske 42 pousan nan yo k ap sèvi kòm pyonye!

18. Bay non kèk lòt lekòl ki ede Temwen ki kalifye pou asiste yo grandi nan domèn espirityèl.

18 Gen lòt lekòl tankou Lekòl ministè Wayòm nan, Lekòl pyonye, Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan, Lekòl pou siveyan sikonskripsyon yo ak madanm yo ak Lekòl pou manm komite filyal yo ak madanm yo k ap bay yon kokennchenn fòmasyon ki pèmèt pèp Jewova a vin grandi nan domèn espirityèl epi vin pi kalifye. Pa gen dout nan sa, Wa a kontinye bay moun l ap dirije yo fòmasyon!

19. Ki kòmantè Charles Taze Russell te fè ki montre l te kwè travay predikasyon an t apral gaye toupatou, e ki jan sa l te di a te reyalize?

19 Gen plis pase 100 an ki gentan pase depi Wayòm nan tabli. Jezi Kris, Wa nou an, kontinye ap ban nou fòmasyon. Yon ti tan anvan Charles Taze Russell te mouri an 1916, li te montre l ret kwè travay predikasyon an t apral gaye toupatou sou tè a. Men sa l te di yon moun ki t ap kolabore avè l: “Travay la ap ogmante byen vit e l ap kontinye ogmante, paske ‘levanjil wayòm nan’ dwe preche sou tout tè a.” (Faith on the March, paj 69, se A. H. Macmillan ki te ekri l.) Li te gen tout rezon l! Se pa ti rekonesan nou rekonesan dèske Bondye ki bay lapè a kontinye ban nou sa n bezwen pou n kontinye fè travay sa a ki bay kè kontan! An reyalite, li ban nou “tout bon bagay” nou bezwen pou n fè volonte l!

^ § 2 Nou gen bonjan rezon pou n kwè pifò moun ki te la nan moman sa a te vin kretyen. Nan lèt apot Pòl te voye bay kretyen ki te nan vil Korent yo, li te pale de moun sa yo kòm “500 frè”. Men sa l te ajoute: “Pifò nan yo avèk nou jiska prezan, men gen kèk nan yo k ap dòmi nan lanmò”. Sanble Pòl ansanm ak lòt kretyen yo nan premye syèk la te konn anpil nan moun ki te tande lòd sa a pèsonèlman.