Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Toudegad ki gen atik etid yo  |  Out 2015

 BAGAY KI NAN ACHIV NOU

“Jewova mennen nou Lafrans pou n aprann laverite”

“Jewova mennen nou Lafrans pou n aprann laverite”

LÈ ANTOINE Skalecki te timoun, li te gen yon ti cheval kòm konpayon. Ak ti cheval sa a, li te konn pase nan yon seri tinèl ki fè nwa pou pote chabon sot nan yon min ki te nan yon distans 500 mèt anba tè. Papa Antoine te blese grav nan yon min ki te efondre sa ki te lakòz fanmi an oblije voye Antoine al travay nevèdtan pa jou nan min. Yon lè, Antoine te manke pèdi lavi l nan yon gwòt.

Kèk zouti Polonè yo te konn itilize, epi min ki nan Dechy a toupre Sin-le-Noble, kote Antoine Skalecki te travay la.

Antoine se youn pami plizyè timoun ki te fèt nan peyi Lafrans ant ane 1920 ak 1930 yo e ki gen paran yo ki Polonè. Ki sa k te lakòz imigran Polonè sa yo vin nan peyi Lafrans? Lè peyi Polòy te pran endepandans li apre Premye Gè mondyal la, te tèlman vin gen anpil moun nan peyi a opwen sa te lakòz yon gwo pwoblèm. Yon lòt bò, peyi Lafrans te pèdi plis pase yon milyon gason nan gè a e te gen yon gwo bezwen pou jwenn gason pou travay nan min yo. Konsa, nan mwa septanm 1919, gouvènman peyi Lafrans lan te siyen yon kontra imigrasyon ak peyi Polòy. Rive nan ane 1931, kantite Polonè ki t ap viv an Frans yo te rive 507 800 moun e gen anpil nan yo ki te abite nan nò peyi a kote ki te gen anpil min.

Imigran Polonè sa yo, ki te konn travay di, te vin ak kilti yo san wete gwo atachman yo te gen pou relijyon. Men sa Antoine ki gen 90 an kounye a fè konnen: “Joseph, granpapa m te konn pale de Ekriti sakre yo ak anpil respè e se papa l ki te fè l gen respè sa a.” Lè dimanch, fanmi polonè ki te konn travay nan min yo te konn met pi bèl rad yo pou y al legliz, jan yo te konn fè sa lè yo te nan peyi yo e gen anpil fransè nan zòn nan ki pa t enterese nan zafè relijyon ki pa t vle wè sa.

Se nan zòn ki rele Nord-Pas-de-Calais a anpil Polonè te pran kontak pou premye fwa ak etidyan Labib ki te konn preche avèk zèl nan zòn sa a depi ane 1904. Apati ane 1915, yo te kòmanse enprime Toudegad chak mwa nan lang polonè e Epòk annò a (anglè) ki rele Réveillez-vous! kounye a, te vin disponib nan lang sa a nan ane 1925. Anpil fanmi te renmen sijè biblik ki te nan peryodik sa yo e yo te renmen liv Hap Bondye a (anglè) tou.

Fanmi Antoine te tande pale de Etidyan Labib yo grasa tonton l ki te asiste premye reyinyon l nan ane 1924. Nan menm ane a, Etidyan Labib yo te òganize premye asanble yo nan lang polonè nan  Bruay-en-Artois. Nan mwens pase yon mwa annapre, Joseph F. Rutherford, yon reprezantan syèj mondyal la, te òganize yon reyinyon piblik menm kote a e gen 2 000 moun ki te asiste. Lè frè Rutherford te wè pifò moun ki te nan asistans lan se te Polonè, li te di yo: “Jewova mennen nou Lafrans pou n aprann laverite. Kounye a nou menm ak pitit nou yo dwe ede fransè yo! Gen yon gwo travay predikasyon ki toujou bezwen fèt e Jewova ap ban nou pwoklamatè pou travay sa a.”

E Jewova te fè sa vre! Kretyen Polonè sa yo te met tout kè yo nan travay predikasyon an menm jan yo te konn travay di nan min yo! Vrèmanvre, gen kèk nan yo ki te retounen nan peyi Polòy pou yo preche yon seri verite ki gen anpil valè yo te aprann. Pami moun ki te kite peyi Lafrans ki t al preche bon nouvèl la toupatou nan gwo tèritwa peyi Polòy yo, te gen Teofil Piaskowski, Szczepan Kosiak, ak Jan Zabuda.

Men, anpil pwoklamatè ki te pale lang Polonè a te rete nan peyi Lafrans e yo te kontinye preche avèk zèl ansanm ak frè ak sè fransè yo. Nan asanble jeneral ki te fèt nan Sin-le-Noble nan ane 1926 la, te gen 1 000 moun ki te asiste sesyon ki te fèt nan lang polonè a, e te gen 300 moun ki te asiste sesyon ki te fèt nan lang fransè a. Men sa Annuaire 1929 la te fè konnen: “Pandan ane sa a te gen 332 Polonè ki te batize pou yo senbolize ve yo te fè bay Jewova a.” Anvan Dezyèm Gè mondyal la te eklate, te gen 32 kongregasyon polonè pami 84 kongregasyon ki te nan peyi Lafrans yo.

Frè ak sè Polonè yo ki pral nan kongrè pandan yo nan peyi Lafrans. Pankat la ekri “Temwen Jewova yo”.

Nan ane 1947, te gen anpil Temwen Jewova ki te aksepte envitasyon gouvènman peyi Polòy la te fè pou yo te retounen nan peyi Polòy. Sepandan, menm apre yo te fin ale, gwo efò yo menm ak kwayan parèy yo ki se fransè te fè te parèt aklè lè te vin gen 10 pousan akwasman nan kantite pwoklamatè Wayòm nan nan ane sa a. E te vin gen 20, 23, e menm 40 pousan akwasman soti nan ane 1948 pou rive nan ane 1950! Nan ane 1948, biwo filyal peyi Lafrans lan te nome premye siveyan sikonskripsyon yo pou bay nouvo pwoklamatè sa yo fòmasyon. Pami senk siveyan sikonskripsyon yo te nome yo, te gen kat ki te Polonè, e Antoine Skalecki te youn nan yo.

Anpil Temwen Jewova nan peyi lafrans toujou gen non jwèt polonè zansèt yo te genyen, yon seri moun ki te konn travay di nan min ak nan travay predikasyon an. Jodi a tou, gen anpil imigran k ap aprann laverite nan peyi Lafrans. Kit evanjelizatè ki soti nan lòt peyi yo retounen nan peyi kote yo te fèt la kit yo rete nan nouvo peyi yo a, yo kontinye travay antanke pwoklamatè Wayòm nan menm jan ak Polonè ki te la anvan yo. — Bagay ki nan achiv nou nan peyi Lafrans.