Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Toudegad ki gen atik etid yo  |  Novanm 2014

 BAGAY KI NAN ACHIV NOU

Limyè a kòmanse briye nan peyi solèy leve a

Limyè a kòmanse briye nan peyi solèy leve a

Yo te sèvi ak fich envitasyon pou diskou piblik nan vil Tokyo e gen avyon ki te lage fich yo nan vil Osaka.

JOU ki te 6 septanm 1926 la, gen yon pèleren (siveyan itineran) ki fèt nan peyi Japon, peyi solèy leve a, ki te kite peyi Etazini pou l retounen nan peyi Japon kòm misyonè. Sa k t ap tann li se te yon lis byen long ki te gen non moun ki te fè abònman Toudegad e ki te kòmanse yon gwoup etid Labib nan vil Kobe. Etidyan Labib yo te fè premye asanble yo nan vil sa a nan dat 2 janvye 1927. Te gen 36 moun ki te asiste e te gen 8 nan yo ki te batize. Se te yon bon kòmansman, men, ki fason ti gwoup sa a t ap ka rive preche 60 milyon Japonè ki te bezwen wè limyè verite ki nan Bib la?

Nan mwa me 1927, gen yon seri Etidyan Labib ki zele te kòmanse yon kanpay temwayaj nan lari pou yo anonse yon seri diskou biblik. Pou premye diskou a ki t ap fèt nan vil Osaka, frè yo te met yon seri ti pankat sou twotwa yo, yo te met yon seri gwo pankat nan tout vil la e yo te voye 3 000 envitasyon bay gwo zotobre yo. Yo te distribye 150 000 feyè, yo te fè anons pou diskou a nan tout pi gwo jounal ki nan vil Osaka a ansanm ak sou 400 000 tikè tren. Nan jou yo t ap bay diskou a, gen de ti avyon ki te fè tou vil la e ki te lage 100 000 feyè. Te gen anviwon 2 300 moun ki te ranpli Sal Osaka Asahi a pou yo te ka koute diskou “Wayòm Bondye a toupre” a. Gen anviwon 1 000 lòt moun ki pa t ka antre paske pa t gen plas pou yo. Apre diskou a, te gen plis pase 600 moun nan asistans lan ki te ret suiv yon sesyon kesyon repons. Pandan mwa ki te vin apre yo, yo te bay diskou piblik nan vil Kyoto ak nan kèk lòt vil ki nan lwès peyi Japon.

Nan mwa oktòb 1927, Etidyan Labib yo te fè aranjman pou yo bay diskou nan vil Tokyo. Yon lòt fwa ankò yo te voye envitasyon bay gwo zotobre yo, sa ki gen ladan l premye minis la, manm palman an, chèf relijye yo ak chèf militè yo. Yo te sèvi ak postè, yo te fè anons nan jounal e yo te bay 710 000 feyè. Antou te gen 4 800 moun ki te asiste twa diskou yo te bay nan kapital peyi Japon an.

KÈK KÒLPÒTÈ KI ZELE

Katsuo ak Hagino Miura.

Kòlpòtè yo (pyonye) te jwe yon wòl enpòtan nan pote mesaj Wayòm nan bay moun yo lakay yo. Matsue Ishii ki te youn nan premye kòlpòtè nan peyi Japon ansanm ak mari l Jizo te preche nan twaka peyi a soti depi Sapporo, ki byen lwen nan zòn nò pou rive nan vil Sendai, Tokyo, Yokohama, Nagoya, Osaka, Kyoto, Okayama ak Tokushima. Sè Ishii ansanm ak yon sè aje ki rele Sakiko Tanaka te konn met kimono yo sou yo pou y al vizite gwo ofisyèl nan gouvènman an. Gen youn nan yo ki te mande pou l jwenn 300 liv Hap Bondye a (anglè) ak liv Delivrans lan (anglè) pou l met nan bibliyotèk prizon yo.

 Katsuo ak Hagino Miura te aksepte kèk liv nan men sè Ishii e san pèdi tan yo te rekonèt laverite. Yo te batize an 1931 e yo te vin kòlpòtè. Haruichi ak Tane Yamada ansanm ak anpil moun nan fanmi yo te aksepte mesaj Wayòm nan kèk tan anvan ane 1930. Yamada yo te antre nan sèvis kòlpòtè a epi Yukiko, pitit fi yo a, t al sèvi nan Betèl nan vil Tokyo.

“YEWOU”: GWO AK PITI

Sis pyonye te ka dòmi nan yon gwo Yewou.

Nan epòk sa a, machin te vann chè anpil epi wout yo pa t bon. Konsa, Kazumi Minoura ak kèk lòt jèn kòlpòtè te konn sèvi ak yon seri machin ki pa gen motè. Yo te ba yo pote non Yewou selon non yon moun ki te konn kondui charyo l ak tout vitès e ki te vin wa ann Izrayèl (2 Wa 10:15, 16, NW). Te gen twa gwo Yewou ki mezire yo chak 2,2 mèt longè, 1,9 mèt lajè ak 1,9 mèt wotè e sis pyonye te ka dòmi nan yo chak. Mete sou sa, filyal peyi Japon an te fabrike 11 ti Yewou bisiklèt te ka rale e de moun te ka dòmi nan yo. Men sa Kiichi Iwasaki ki te ede nan fabrikasyon Yewou yo fè konnen: “Chak Yewou te gen yon tant ansanm ak yon batri machin ki pou bay elektrisite pou limyè.” Kòlpòtè yo te fè limyè verite a briye nan tout peyi Japon toutpandan yo t ap pouse epi rale Yewou yo anba mòn, anlè mòn ak nan vale soti depi nan vil Hokkaido ki byen lwen nan nò pou rive nan vil Kyushu ki nan sid.

De moun te ka dòmi nan yon ti Yewou.

Men sa yon kòlpòtè ki rele Ikumatsu Ota fè konnen: “Lè nou rive nan yon zòn, nou enstale Yewou nou nan yon pò oswa nan yon zòn ki gen anpil moun. Toudabò, n al vizite gwo zotobre ki nan zòn nan, tankou majistra a, epi annapre n al vizite moun yo lakay yo pou n prezante yo piblikasyon nou yo. Apre n fin preche tout tèritwa a, n al nan yon lòt vil.”

Lè ti gwoup 36 Etidyan Labib nan vil Kobe a te fè premye asanble yo a se te “jou kote bagay yo te kòmanse toupiti”. (Zek. 4:10, NW.) Nan sèlman senkan annapre, sètadi an 1932, te gen 103 kòlpòtè ak pwoklamatè nan peyi Japon ki te remèt rapò e yo te plase plis pase 14 000 liv. Jodi a, temwayaj nan lari a pi byen òganize e l ap fèt nan tout gwo vil nan peyi Japon yo, epi, gen prèske 220 000 pwoklamatè ki kite limyè yo briye toupatou nan peyi solèy leve a. — Bagay ki nan achiv nou, Japon.

Se Kiichi Iwasaki ki te fabrike Yewou yo nan Betèl Japon an e ki fè desen sa yo.