Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Toudegad ki gen atik etid yo  |  Oktòb 2014

“Kontinye fikse lespri nou sou bagay ki anwo yo”

“Kontinye fikse lespri nou sou bagay ki anwo yo”

“Kontinye fikse lespri nou sou bagay ki anwo yo, pa fikse lespri nou sou bagay ki sou tè a.” — KOL. 3:2.

1, 2. a) Ki sa k montre nan premye syèk la, kongregasyon ki te nan vil Kolòs la t ap fè fas ak menas? b) Ki konsèy frè ki nan kongregasyon Kolòs yo te jwenn ki te ede yo rete djanm?

NAN premye syèk la, kongregasyon kretyen ki te nan vil Kolòs la t ap fè fas ak menas! Gen kèk moun nan kongregasyon an ki t ap simen divizyon lè yo t ap ankouraje lòt moun pou yo soutni Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la. Gen lòt menm ki t ap defann yon filozofi payen ki mande pou yon moun viv tankou yon asèt, sa vle di pou l vire do bay tout kalite plezi. Pou apot Pòl te kontrekare fo ansèyman sa yo, li te ekri Kolosyen yo yon lèt ankourajan kote l te egzòte yo konsa: “Veye pou pèsonn pa pran nou nan pyèj ak filozofi ak twonpri ki san valè ki chita sou tradisyon lèzòm, sou bagay monn nan baze sou yo, e ki pa baze sou Kris.” — Kol. 2:8.

2 Si kretyen sa yo Bondye te chwazi pou al nan syèl la te kontinye fikse lespri yo sou “bagay monn nan baze sou yo”, finalman yo t ap vire do bay dispozisyon Jewova te pran pou sove yo a (Kol. 2:20-23). Pou Pòl te ede yo prezève bèl relasyon yo te gen ak Bondye a, li te ankouraje yo pou yo “kontinye fikse lespri [yo] sou bagay ki anwo yo, [e pou yo] pa fikse lespri [yo] sou bagay ki sou tè a”. (Kol. 3:2.) Vrèmanvre, frè Kris yo te bezwen  fikse lespri yo sou esperans yo genyen pou yo resevwa yon eritaj ki pa ka gate a, yon eritaj ki ‘rezève pou yo nan syèl la’. — Kol. 1:4, 5.

3. a) Sou ki esperans kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo kontinye fikse lespri yo? b) Ki kesyon nou pral egzamine nan atik sa a?

3 Menm jan an tou, jodi a, kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo kontinye fikse lespri yo sou Wayòm Bondye a ki nan syèl la ansanm esperans yo genyen pou yo vin “gen menm eritaj ak Kris” la (Wom. 8:14-17). Men, ki sa n ka di konsènan moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a? Ki fason pawòl Pòl yo konsène moun sa yo? Ki fason “lòt mouton” yo ka kontinye fikse lespri yo sou “bagay ki anwo yo”? (Jan 10:16.) E ki byenfè nou tout ka jwenn lè n konsidere egzanp kèk moun fidèl ki t ap viv nan tan lontan, tankou Abraram ak Moyiz, e ki te kontinye fikse lespri yo sou bagay ki anwo yo malgre yo te jwenn anpil difikilte?

SA FIKSE LESPRI NOU SOU BAGAY KI ANWO YO VLE DI

4. Ki fason lòt mouton yo ka kontinye fikse lespri yo sou bagay ki anwo yo?

4 Byenke moun ki fè pati lòt mouton yo pa gen esperans pou y al viv nan syèl, yo menm tou yo kapab kontinye fikse lespri yo sou bagay ki anwo yo. Ki jan yo ka fè sa? Yo ka fè sa lè yo met Jewova Dye ansanm ak enterè Wayòm nan an premye nan lavi yo (Lik 10:25-27). Pou n rive fè sa, nou konsidere Kris kòm modèl nou (1 Pyè 2:21). Menm jan ak frè nou yo ki t ap viv nan premye syèk la, nan sistèm sa a Satan ap dirije a n ap fè fas ak fo rezònman, filozofi monn nan ansanm ak tandans materyalis. (Li 2 Korentyen 10:5.) Antanke moun k ap imite Jezi, nou bezwen montre nou vijilan kont bagay sa yo ki menase espirityalite nou.

5. Ki fason nou ka rive wè ki jan n konsidere bagay materyèl?

5 Èske fason monn nan konsidere bagay materyèl yo gen efè sou lavi nou? Byen souvan, fason nou panse ak aksyon nou konn montre byen klè ki bagay nou renmen. Men sa Jezi te di: “Kote trezò w ye, se la kè w ap ye tou.” (Mat. 6:21). Li bon pou n egzamine tèt nou detanzantan pou n wè ki kote kè n ap mennen nou. Mande tèt ou: ‘Konbyen tan m konn fè ap panse ak lajan? Èske se sijè konsènan pwojè biznis, envesti lajan oswa chèche viv yon fason ki pi konfòtab ki okipe pifò nan tan m? Oswa, èske m fè gwo efò pou m kontinye kite je m fikse sou bagay espirityèl yo?’ (Mat. 6:22). Jezi te fè konnen moun ki plis konsantre yo nan chèche “anpile trezò sou tè a” met tèt yo nan yon seri danje espirityèl ki grav anpil. — Mat. 6:19, 20, 24.

6. Ki jan n ka ranpòte laviktwa nan lit n ap mennen kont tandans ki lakay nou yo?

6 Akoz enpèfeksyon nou, kò nou gen tandans pouse n fè yon seri bagay k ap satisfè sans nou yo. (Li Women 7:21-25.) Si n pa kite lespri Bondye aji nan lavi n, nou kapab gen tandans pratike “zèv fènwa yo”. Sa kapab gen ladan l kèk aksyon tankou lage kò nou “nan banbòch [...] nan fè eksè nan bwason, [...] nan relasyon seksyèl imoral [ak] nan konduit deregle”. (Wom. 13:12, 13.) Pou n ka ranpòte laviktwa nan lit n ap mennen kont “bagay ki sou tè a”, anpalan de bagay lachè yo, nou dwe kontinye fikse lespri nou sou bagay ki anwo yo. Sa mande anpil efò pou n fè sa. Se rezon sa a ki fè apot Pòl te di: “Mwen benyen kò m ak kou e mwen mennen l tankou yon esklav.” (1 Kor. 9:27). Pa gen dout nan sa, si n vle kontinye mache sou wout lavi a, nou pa dwe janm kite kò nou mennen n! Ann wè ki sa de moun fidèl ki t ap viv nan tan lontan te fè pou yo te “fè Bondye plezi”. — Ebre 11:6.

 ABRARAM “TE METE LAFWA L NAN JEWOVA”

7, 8. a) Ki difikilte Abraram ak Sara te rankontre? b) Sou ki sa Abraram te fikse lespri l?

7 Lè Jewova te mande Abraram pou l kite kay li pou l al viv nan peyi Kanaran, Abraram te obeyi ak tout kè l. Piske Abraram te gen lafwa nan Jewova e l te obeyi l, Jewova te fè yon alyans avè l lè l te di l: “M ap fè w vin yon gwo nasyon, m ap beni w.” (Jen. 12:2, NW). Sepandan, plizyè ane annapre, Abraram ak madanm li Sara te toujou poko gen pitit. Èske Jewova te bliye pwomès li te fè Abraram nan? Anplis de sa, lavi a pa t fasil ditou nan peyi Kanaran. Abraram ak moun lakay li yo te kite kay yo ansanm ak fanmi yo nan vil Ou, yon vil nan Mezopotami ki te rich anpil. Yo te fè plis pase 1 600 kilomèt ap vwayaje pou y al Kanaran kote yo t al viv anba tant, kote yo te fè fas ak gwo grangou ansanm ak vòlè (Jen. 12:5, 10; 13:18; 14:10-16). Sepandan, yo pa t janm anvi retounen nan konfò yo te gen nan vil Ou a! — Li Ebre 11:8-12, 15.

8 Olye pou Abraram te fikse lespri l sou “bagay ki sou tè a”, li te pito “mete lafwa l nan Jewova”. (Jen. 15:6, NW.) Vrèmanvre, li te fikse lespri l sou bagay ki anwo yo nan sans li te konsantre l sou pwomès Bondye yo. Kòm rezilta, Abraram te jwenn rekonpans pou lafwa l te demontre a lè Bondye Toupisan an te parèt devan l epi l te di l: “‘Tanpri, leve je w gade syèl la, epi konte zetwal yo si w kapab.’ Apre sa, li di l: ‘Se konsa desandan w yo pral ye.’” (Jen. 15:5, NW). Se pa ti asirans pawòl sa yo dwe te ba li! Chak fwa Abraram te leve je l gade zetwal yo ki nan syèl la, li t ap sonje pwomès Jewova te fè l pou desandan l yo vin anpil la. Epi, jan Bondye te pwomèt li sa a, Abraram te vin gen yon eritye nan moman Bondye te fikse pou sa. — Jen. 21:1, 2.

9. Nan ki sans lè n suiv egzanp Abraram sa ap ankouraje n pou n kontinye ret okipe nan sèvis Bondye a?

9 Menm jan ak Abraram, nou menm tou n ap tann pwomès Bondye yo reyalize (2 Pyè 3:13). Si n pa kontinye fikse lespri n sou bagay ki anwo yo, nou ka wè sa pran tan pou pwomès sa yo reyalize e konsa, nou gendwa vin ralanti sou aktivite espirityèl yo. Pa egzanp, nan ane ki pase yo, èske w te fè sakrifis yon fason pou w te ka pran sèvis pyonye oswa pou w te ka antre nan kèk lòt fòm sèvis? Si w te fè sa, ou merite felisitasyon. E kounye a? Pa bliye sa, Abraram te fikse lespri l sou “vil ki gen vrè fondasyon an”. (Ebre 11:10.) Li te “demontre li gen lafwa nan Jewova, e sa te fè yo konsidere l kòm yon moun ki jis”. — Wom. 4:3.

MOYIZ “TE WÈ SILA A KI ENVIZIB LA”

10. Ki fòmasyon Moyiz te resevwa lè l te jèn?

10 Moyiz se yon lòt moun ki te kontinye fikse lespri l sou bagay ki anwo yo. Lè Moyiz te jèn gason, li te “jwenn fòmasyon nan men Ejipsyen yo nan tout domèn”. Fòmasyon sa a pa t yon senp fòmasyon. Nonsèlman se Ejip ki te pi gwo pisans nan epòk la, men tou, Moyiz t ap viv nan palè Farawon an. Nou pa sezi dèske gwo fòmasyon sa a Moyiz te jwenn nan te pèmèt li vin yon moun ki “pisan ni nan pawòl li ni nan aksyon l”. (Tra. 7:22.) Imajine tout opòtinite sa te ka fè l jwenn! Sepandan, Moyiz te fikse lespri l sou yon bagay ki pi enpòtan, anpalan de fè volonte Bondye.

11, 12. Ki fòmasyon Moyiz te bay plis valè, e ki jan n fè konn sa?

11 Sandout, depi lè Moyiz te toupiti, Yokebèd, manman l, te konn pale l de Bondye Ebre yo. Moyiz te vrèman apresye konesans li te gen sou Jewova a e l te konsidere l kòm yon bagay ki gen plis valè lontan pase kèlkeswa lòt richès la. Konsa, li te vire do bay privilèj ak opòtinite  petèt li te ka jwenn paske l t ap viv nan palè Farawon an. (Li Ebre 11:24-27.) Kidonk, fòmasyon Moyiz te jwenn nan domèn espirityèl la ansanm ak lafwa l te gen nan Jewova a te pouse l fikse lespri l sou bagay ki anwo yo.

12 Se vre Moyiz te jwenn pi bon fòmasyon ki te ka genyen nan epòk li a, men, èske l te sèvi avè l pou l te fè karyè nan peyi Ejip, pou l te fè moun konnen l oswa pou l te vin rich? Non. Si l te fè sa, li pa t ap “refize [pou] yo rele l pitit gason pitit fi Farawon an lè l te vin gran. [Ni li pa t ap] pito yo maltrete l ansanm ak pèp Bondye a, olye pou l te pran plezi pou yon ti tan nan peche”. Sa klè, Moyiz te sèvi ak fòmasyon l te jwenn nan domèn espirityèl la pou l te soutni objektif Jewova.

13, 14. a) Ki sa k te ede Moyiz vin kalifye pou asiyasyon Jewova t apral ba li a? b) Menm jan ak Moyiz, ki sa n gendwa bezwen fè?

13 Moyiz te vrèman enterese nan Jewova ansanm ak pèp Jewova a. Lè Moyiz te vin gen 40 an, li te panse l te pare pou l libere pèp Bondye a anba esklavaj ann Ejip (Tra. 7:23-25). Sepandan, Moyiz te bezwen kèk lòt bagay ankò anvan Jewova te ba l asiyasyon sa a. Li te bezwen chèche gen kèk kalite tankou imilite, pasyans, dousè ak metriz (Pwo. 15:33). Moyiz te bezwen yon fòmasyon ki t apral prepare l pou l andire anba eprèv ak difikilte ki t ap tann li. Kèk dizèn ane antanke bèje t apral ba l fòmasyon l te bezwen pou l te ka vin gen kalite sa yo ki soti nan Bondye.

14 Èske Moyiz te aprann nan fòmasyon pratik li te resevwa antanke bèje a? Wi, li te aprann! Pawòl Bondye a di nou Moyiz te vin tounen “moun ki te gen plis imilite pase tout moun ki te sou tè a”. (Nonb 12:3, NW.) Li te vin gen imilite, yon kalite ki te ede l demontre pasyans nan fason l te aji ak tout kalite moun ansanm ak pwoblèm difisil moun sa yo te genyen (Egz. 18:26). Menm jan an tou, nou bezwen chèche gen yon seri kalite espirityèl ki pral ede n travèse “gwo tribilasyon an” pou n antre nan monn nouvo Bondye a ki jis (Rev. 7:14). Èske n rive antann nou ak lòt moun san wete moun ki renmen fè kòlè oswa ki sansib anpil yo? L ap bon pou n koute pawòl apot Pyè te di kwayan parèy li yo. Men sa l te di: “Onore tout kalite moun, renmen tout frè nou yo.” — 1 Pyè 2:17.

KONTINYE FIKSE LESPRI NOU SOU BAGAY KI ANWO YO

15, 16. a) Ki sa k fè l enpòtan pou n kontinye fikse lespri n sou fè sa ki dwat? b) Poukisa l enpòtan pou kretyen yo kontinye gen bon konduit?

15 N ap viv nan yon ‘tan ki di e ki difisil pou moun sipòte’. (2 Tim. 3:1.) Donk, pou n ka ret vijilan nan domèn espirityèl, nou dwe kontinye fikse lespri n sou fè sa ki dwat (1 Tes. 5:6-9). Ann wè ki jan n ka fè sa nan twa domèn.

16 Konduit nou: Pyè te konnen l jan enpòtan pou yon moun gen bon konduit. Men sa l te di: “Se pou nou toujou gen bon konduit pami nasyon yo. Konsa [...], y ap wè bèl aksyon nou fè ak je yo, e konsa, y ap ka bay Bondye glwa.” (1 Pyè 2:12). Kit nou lakay nou, kit nou nan travay, nan lekòl, kit n ap jwe oswa n ap preche, nou fè tout sa n kapab pou n bay Bondye glwa grasa bon konduit nou genyen. Se vre antanke moun enpafè nou tout konn fè erè (Wom. 3:23). Men, lè n kontinye goumen “nan bèl konba lafwa a”, nou kapab ranpòte laviktwa nan lit n ap mennen kont enpèfeksyon nou gen lakay nou. — 1 Tim. 6:12.

17. Ki jan n ka imite mantalite Kris Jezi te genyen an? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

17 Mantalite nou: Kenbe yon bon konduit gen yon rapò sere sere ak kenbe yon bèl mantalite. Men sa apot Pòl te di: “Kenbe menm mantalite Kris Jezi te  genyen an nan nou.” (Fil. 2:5). Ki kalite mantalite Jezi te genyen? Li te gen imilite. Imilite Jezi te genyen an te pouse l bay tout li menm nan travay predikasyon an. Sa k te plis okipe lespri l se te preche lòt moun bon nouvèl Wayòm Bondye a (Mak 1:38; 13:10). Jezi te konsidere Pawòl Bondye a kòm pi gwo otorite (Jan 7:16; 8:28). Li te konn byen pran san l pou l etidye Ekriti sakre yo yon fason pou l te ka site yo, defann yo epi esplike yo. Si n gen imilite, nou zele nan travay predikasyon an epi n etidye Bib la pèsonèlman, n ap montre nou gen menm mantalite ak Kris.

Sa k te plis okipe lespri Jezi se te preche bon nouvèl Wayòm Bondye a. (Gade paragraf 17.)

18. Ki fason enpòtan nou ka soutni travay Jewova a?

18 Èd nou bay: Objektif Jewova se pou “tout jenou pliye nan non Jezi, kit se nan syèl la, kit se sou tè a”. (Fil. 2:9-11.) Menm lè Jezi nan gwo pozisyon sa a li pral soumèt li devan volonte Papa l avèk imilite e se sa nou dwe fè tou (1 Kor. 15:28). Ki jan n ka fè sa? Nou ka fè sa lè n bay èd nou ak tout kè n pou n soutni travay yo te ban nou lòd fè a ki se travay “fè disip pami moun tout nasyon” an (Mat. 28:19). Mete sou sa, nou vle “fè byen ak tout moun”, sa vle di nou vle aji byen ak pwochen nou ansanm ak frè nou yo. — Gal. 6:10.

19. Ki detèminasyon nou dwe pran?

19 Se pa ti rekonesan nou rekonesan anvè Jewova dèske l fè n sonje pou n kontinye fikse lespri n sou bagay ki anwo yo! Pou n rive fè sa, nou bezwen “kouri nan kous nou gen pou nou kouri a avèk andirans”. (Ebre 12:1.) Kidonk, annou tout kontinye travay “ak tout nanm nou, tankou se pou Jewova”, e konsa, Papa nou ki nan syèl la ap rekonpanse nou pou bonjan efò nou fè yo! — Kol. 3:23, 24.