Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Toudegad ki gen atik etid yo  |  Oktòb 2014

 BYOGRAFI

Bèl moman m te pase nan sèvis Wayòm nan

Bèl moman m te pase nan sèvis Wayòm nan

An 1947, gen kèk prèt katolik nan vil Santa Ana nan peyi Salvadò ki te eseye bay Temwen yo pwoblèm. Pandan frè yo t ap asiste etid Toudegad yo fè chak semèn nan kay misyonè yo, pòt kay la te ret ouvè e te gen kèk jèn gason ki t ap tire yon seri gwo wòch anndan kay la. Apre sa, gen yon gwoup moun prèt yo t ap dirije ki te vin parèt. Gen kèk moun nan gwoup la ki te gen tòch nan men yo e gen lòt ki te gen imaj. Yo te fè dezèdtan ap tire wòch sou kay nou te ye a toutpandan yo t ap di: “Viv Lavyèj! Se pou Jewova mouri!” Entansyon yo se te fè misyonè yo pè pou yo kite zòn nan. Mwen konn sa paske m te youn nan misyonè yo, e sa gen 67 an depi m te asiste reyinyon sa a *.

DEZAN anvan evènman sa a, mwen menm ak Evelyn Trabert ki se yon konpayon travay mwen te gradye nan katriyèm klas Lekòl Gileyad ki te fèt toupre Ithaca, nan Nouyòk. Nou te jwenn asiyasyon pou n al sèvi Santa Ana. Men, anvan m kontinye pale sou prèske 29 ane mwen pase nan sèvis misyonè a, kite m rakonte nou sa k te fè m deside antre nan sèvis sa a.

ERITAJ ESPIRITYÈL MWEN AN

Nan ane 1923, ane m te fèt la, John ak Eva Olson, paran m yo, t ap viv nan vil Spokane nan Wachintonn, Ozetazini. Yo te fè pati legliz literyen an, men, yo pa t dakò ak ansèyman lanfè dife a paske yo pa t ka wè rapò ki gen ant ansèyman sa a ak kwayans nan yon Bondye ki gen lanmou (1 Jan 4:8). Papa m t ap travay nan yon patisri, e yon jou swa, gen yon mesye nan travay li a ki te ba l asirans Bib la pa di lanfè se yon kote moun toumante nan dife. San pèdi tan paran m yo te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo e yo te vin aprann ki sa Labib anseye toutbonvre konsènan sa k rive apre yon moun fin mouri.

Mwen sonje m te konn tande paran m yo ki te konn chofe pou yo pale konsènan verite yo fèk aprann nan Bib la, lè sa a m te gen nevan sèlman. Yo te vin pi chofe toujou lè yo te vin konn non  Jewova, vrè Dye a, e yo te libere anba konfizyon doktrin Trinite a. Menm jan ak yon eponj, mwen te kòmanse absòbe bèl ansèyman ki nan Ekriti yo e m te aprann ‘laverite ki libere moun nan’. (Jan 8:32.) Kidonk, mwen pa t janm konsidere etidye Labib kòm yon bagay ki pa enteresan, men, mwen te toujou pran plezi pou m egzamine Pawòl Bondye a. Malgre m te timid, mwen te akonpaye paran m yo nan travay predikasyon an. Yo te batize an 1934. Nan ane 1939, mwen te batize pou m vin sèvi Jewova, lè sa a mwen te gen 16 an.

Mwen menm, papa m ak manman m nan asanble ki te fèt Senlwi, Misouri, nan ane 1941.

Nan sezon ete 1940, paran m yo te vann kay yo a, e nou toule twa te kòmanse sèvi aplentan antanke pyonye nan vil Coeur d’Alene ki nan Idaho. Nou t ap viv nan yon apatman nou te lwe ki te sou tèt yon garaj kote yo repare machin. Nou te konn fè reyinyon nan apatman nou an tou. Nan epòk sa a, se kèk kongregasyon ki te gen Sal Wayòm, donk, frè yo te konn reyini nan mezon prive oswa yo te konn lwe kay.

An 1941 mwen menm ak paran m yo te asiste yon asanble ki te fèt nan vil Senlwi nan Misouri. Jou dimanch lan se te “Jou pou timoun yo”, e jèn ki te gen ant 5 a 18 an yo te chita devan estrad la. Men sa frè Joseph F. Rutherford te di jèn yo lè l te rive nan pati ki pi enteresan nan diskou l la: “Tout [...] timoun [...] ki dakò pou yo obeyi Bondye ak Wayòm li an, tanpri leve kanpe!” Nou tout te leve kanpe. Epi frè Rutherford te di byen fò: “Men plis pase 15 000 nouvo Temwen Wayòm nan!” Moman sa a te fè desizyon m te pran pou m fè karyè nan sèvis pyonye a vin pi djanm.

ASIYASYON FANMI NOU TE JWENN

Kèk mwa apre n te fin asiste asanble ki te fèt Senlwi a, fanmi nou te deplase al viv nan sid Kalifòni. Nou te gen asiyasyon pou n kòmanse yon nouvo kongregasyon nan vil Oxnard. Nou t ap viv nan yon ti kay machin konn rale yo ki te gen yon sèl kabann. Chak swa, mwen te konn ranje kabann mwen sou tab salamanje a. Sitiyasyon sa a te diferan lontan parapò ak lè m te gen pwòp chanm pa m.

Yon ti tan anvan nou te rive Kalifòni, peyi Japon te atake Pearl Harbor ki nan Awayi, nan dat 7 desanm 1941. Nan jou apre a, Etazini te antre nan Dezyèm Gè mondyal la. Otorite yo te bay lòd pou okenn moun pa limen limyè, kidonk, nou te oblije etenn tout limyè chak swa. Etandone soumaren japonè yo t ap fè patwouy toupre lanmè Kalifòni an, fènwa a t ap anpeche japonè yo atake kèk kote nan peyi a yo te pran kòm sib.

Kèk mwa annapre, an septanm 1942, nou te asiste Asanble teyokratik monn nouvo a ki te fèt nan vil Cleveland, Owayo. Nan asanble sa a, nou te koute yon diskou frè Nathan H. Knorr te bay ki te gen tit “Èske lapè a ap dire?” Li te pale sou Revelasyon chapit 17, ki dekri yon “bèt sovaj” ki “te la, men li pa la ankò, epoutan li pa lwen monte sot nan twou san fon an”. (Rev. 17:8, 11.) Frè Knorr te fè konnen “bèt sovaj” la se te Sosyete Nasyon yo ki te sispann aktivite l yo an 1939. Bib la te fè konnen alavans gen yon lòt bagay ki t ap ranplase Sosyete a, e bagay sa a t ap pèmèt gen lapè pou yon ti tan. Vrèmanvre, se sa k te rive an 1945 lè Dezyèm Gè mondyal la te fini. Apre sa, “bèt” la te reparèt sou non Nasyonzini. Temwen Jewova yo te preche plis kote sou tè a, e se pa ti akwasman ki genyen depi lè sa a!

Diplòm Gileyad Mildred Olson nan.

Pwofesi sa a te ede m wè sa k t ap tann nou. Lè yo te anonse Lekòl Gileyad t apral kòmanse nan  ane ki vin apre a, mwen te gen plis anvi toujou pou m vin misyonè. An 1943, mwen te jwenn asiyasyon pou m al sèvi nan vil Portland, Oregon. Nan epòk sa a, nou te konn sèvi ak yon fonograf pou n pase diskou yo pou moun yo nan papòt kay yo, e apre sa, nou te konn ofri yo piblikasyon ki baze sou Bib la ki pale konsènan Wayòm Bondye a. Pandan tout ane a, mwen te kontinye ap panse ak sèvis misyonè.

An 1944, mwen te kontan anpil lè mwen menm ak Evelyn Trabert, bon zanmi m, te resevwa envitasyon pou n al Gileyad. Pandan senk mwa, enstriktè nou yo te toujou montre n fason n kapab jwenn kè kontan nan etid Labib nou. Imilite yo te genyen te enpresyone nou anpil. Pafwa, se frè sa yo ki te konn sèvi nou lè n ap manje. Nou te gradye nan dat 22 Janvye 1945.

ASIYASYON M KÒM MISYONÈ

Mwen menm, Evelyn, Leo ak Esther Mahan te rive nan asiyasyon nou nan peyi Salvadò an jen 1946. Nou te wè jaden an “pare pou rekòt la”. (Jan 4:35.) Evènman mwen te pale de li nan kòmansman istwa sa a montre jan klèje a te fache kont nou. Yon semèn sèlman anvan sa, nou te fè premye asanble sikonskripsyon nou nan vil Santa Ana. Nou te fè yon gwo envitasyon pou diskou piblik la e nou te kontan anpil lefètke te gen prèske 500 moun ki te vin asiste. Olye pou n te kite vil la, nou te vin gen plis detèminasyon pou n ret ladan l e pou n ede moun ki gen kè sensè yo. Malgre klèje a te entèdi moun yo li Labib epi se kèk moun ki te gen yon Bib, anpil moun te swaf laverite. Yo te apresye efò nou t ap fè pou n aprann espayòl yon fason pou n te ka pale avèk yo de Jewova, vrè Dye a, epi pale avèk yo sou bèl pwomès li fè konsènan Paradi ki pral gen sou tè a.

Senk nan nou ki soti Gileyad t al sèvi Salvadò. Soti sou bò goch al sou bò dwat: Evelyn Trabert, Millie Brashier, Esther Mahan, mwen menm epi Leo Mahan.

Rosa Ascencio te youn nan premye etidyan m yo. Apre l te kòmanse etidye Bib la, li te vin separe ak mesye li t ap viv avè l la. Apre sa, mesye sa a te kòmanse etidye Labib tou. Yo te marye, annapre yo te batize, e yo te vin zele antanke Temwen Jewova. Rosa se premye moun ki te vin pyonye nan vil Santa Ana *.

Rosa te vin gen yon ti boutik. Li te konn fèmen boutik la lè l te konn al preche e l te gen konfyans Jewova t ap ba l sa l bezwen. Apre kèk èdtan, lè l ouvri boutik la ankò kliyan yo te konn parèt an foul pou yo vin achte. Li te viv verite ki nan Matye 6:33 a pèsonèlman e li te rete fidèl jiskaske l mouri.

Yon lè, prèt ki abite nan zòn nan te vin vizite mesye ki te lwe nou kay kote nou sis misyonè te abite a. Li te fè mesye a konnen si l kontinye lwe nou kay la l ap mete l deyò nan legliz la ansanm ak tout madanm li. Pwopriyetè a ki se yon biznismann anpil moun konnen, te deja pa t vle wè fason klèje a te konn aji, li pa t pran nan presyon. Li te menm fè prèt la konnen sa pap fè l anyen si yo mete l deyò nan legliz la. Li te asire nou nou mèt santi n alèz pou n ret nan kay la toutotan nou vle.

 YON SITWAYEN TOUT MOUN RESPEKTE VIN YON TEMWEN

Yo te konstwi biwo filyal la an 1955.

Nan San Salvador, kapital peyi a, gen yon lòt misyonè ki t ap etidye Labib ak madanm yon enjenyè ki rele Baltasar Perla. Mesye sa a, ki te gen kè sensè, te pèdi lafwa nan Bondye lè l te remake jan moun ki pran latèt nan relijyon yo ipokrit. Malgre Baltasar potko nan laverite, lè lè a te rive pou yo konstwi yon biwo filyal, li te ofri tèt li pou l trase plan an epi pou l konstwi l san yo pa peye l.

Apre Baltasar te fin kòmanse travay ak pèp Jewova a nan pwojè konstriksyon an, li te vin kwè toutbonvre li jwenn vrè relijyon an. Li te batize nan dat 22 jiyè 1955, e Paulina, madanm li, te batize yon ti tan annapre. Toule de pitit yo genyen yo kontinye ap sèvi Jewova fidèlman. Baltasar, Jr., pitit gason l lan, te fè 49 an ap sèvi nan Betèl Bwouklin kote li t ap soutni pi gwo travay predikasyon k ap fèt nan monn nan, e kounye a l ap sèvi kòm manm komite filyal peyi Etazini *.

Lè n te kòmanse fè asanble nan vil San Salvador, frè Perla te ede n jwenn yon gwo jimnazyòm. Okòmansman, se sèlman yon ti pati nan jimnazyòm nan nou itilize, men, tank Jewova t ap beni nou ane apre ane se tank nou t ap vin anpil jiskaske nou te plen jimnazyòm nan, e jimnazyòm nan te menm vin twò piti! Nan evènman ki bay kè kontan sa yo mwen te konn wè moun mwen te etidye Labib avèk yo. Imajine jan m te santi m lè ansyen etidyan Labib mwen yo te konn prezante m “pitit pitit” mwen, anpalan de moun yo t ap etidye avèk yo e ki te fèk batize.

F. W. Franz k ap pale ak misyonè yo nan yon kongrè.

Nan yon asanble, gen yon frè ki te vin kote m e l te di m li vle di m yon bagay. Mwen pa t konn kiyès li ye, men, mwen te chofe pou m konnen. Men sa l te di m: “Mwen se youn nan jèn gason ki t ap voye wòch sou ou nan vil Santa Ana a.” Kounye a, li se yon sèvitè Jewova menm jan avè m! Kè m te kontan anpil. Konvèsasyon sa a te ban m prèv, sèvis aplentan se pi bon karyè yon moun te ka chwazi.

Premye asanble sikonskripsyon nou te asiste nan peyi Salvadò.

CHWA KI BAY SATISFAKSYON

Mwen te kontinye sèvi kòm misyonè nan peyi Salvadò pandan prèske 29 an. Pou kòmanse, mwen te sèvi nan vil Santa Ana, apre sa  Sonsonate, Santa Tecla, e finalman mwen te sèvi nan San Salvador. An 1975, apre m te fin reflechi anpil nan lapriyè, mwen te deside kite sèvis misyonè a pou m retounen nan vil Spokane. Paran m yo, ki te granmoun e ki te fidèl, te bezwen èd mwen.

Apre papa m te fin mouri an 1979, mwen te kòmanse pran swen manman m. Tikras pa tikras, li te vin frajil anpil e li pa t ka itil tèt li anyen ankò. Li te viv uit an ankò, e l te mouri a 94 an. Pandan peryòd difisil sa a, mwen te santi m kraze ni fizikman ni mantalman. Strès mwen te genyen an te lakòz m vin gen zona. Men, grasa lapriyè ansanm ak lanmou Jewova gen pou mwen, mwen te kapab andire eprèv sa a. Se kòmsi Jewova te di m: ‘Jiskaske cheve w vin blan, m ap soutni w e m ap delivre w.’ — Iza. 46:4, NW.

An 1990, mwen t al viv nan vil Omak ki nan Wachintonn. Nan vil sa a, mwen te santi m itil anpil nan tèritwa kote moun yo pale espayòl, e anpil nan etidyan m yo te batize. Apati novanm 2007, mwen pa t ka kontinye pran swen kay mwen t ap viv ladan l nan vil Omak la, konsa, mwen t al viv nan yon apatman ki nan yon ti vil toupre a ki rele Chelan, nan Wachintonn. Mwen gen anpil rekonesans anvè kongregasyon espayòl la ki byen pran swen m depi lè sa a. Lefètke m se sèl Temwen aje ki nan kongregasyon sa a, frè ak sè yo adopte m kòm granmè yo.

Menm lè m chwazi pa marye e m chwazi pa fè timoun yon fason pou m ka sèvi plis nan ministè a “san distraksyon”, mwen gen anpil pitit nan domèn espirityèl (1 Kor. 7:34, 35). Mwen toujou di tèt mwen mwen pap ka gen tout bagay nan vi sa a. Se sa k fè m met ve m te fè Jewova pou m sèvi l ak tout kè m nan anvan tout bagay. Nan monn nouvo a, pral gen anpil tan pou n jwi tout lòt bagay ki pral genyen yo. Vèsè m pi renmen se Sòm 145:16, NW, ki ban nou asirans Jewova pral “satisfè dezi tout kreyati vivan”.

Sèvis pyonye a fè m santi m jèn.

Kounye a mwen gen 91 an e m toujou an bòn sante, donk, mwen ka kontinye sèvis pyonye a. Sèvis pyonye a fè m santi m jèn, e li fè m gen yon objektif nan lavi a. Lè m te fèk rive nan peyi Salvadò, travay predikasyon an te fèk kòmanse nan peyi a. Malgre Satan pa t janm sispann met opozisyon, kounye a gen plis pase 39 000 pwoklamatè nan peyi a. Sa vrèman fè lafwa m vin solid. Pa gen dout nan sa, lespri sen Jewova ap soutni efò pèp li a ap fè!

^ § 4 Gade Annuaire des Témoins de Jéhovah 1981, paj 44-46.

^ § 19 Annuaire 1981, paj 41-42.

^ § 24 Annuaire 1981, paj 65-67, 73-75.