“ERÈKA!” Mo sa a poukont li vle di: “Mwen jwenn li!” Pandan 19yèm syèk la, nan epòk kote anpil moun t ap vin chèche lò nan eta Kalifòni, Ozetazini, lè yon moun k ap travay nan min yo te jwenn lò, li te konn di mo sa a. Sepandan, Charles Taze Russell ansanm ak Etidyan Labib parèy li yo te jwenn yon bagay ki gen plis valè lontan, anpalan de verite ki nan Bib la. E yo te detèmine pou yo pataje l ak lòt moun.

Rive nan sezon ete ane 1914, gen plizyè milyon moun nan gwo vil yo ki te vin an foul pou yo te ka wè “Fotodram kreyasyon an”, yon fim ki dire uit èdtan Sosyete entènasyonal Etidyan Labib yo te fè. Grasa yon seri imaj an koulè, yon seri bèl pawòl ansanm ak bonjan mizik klasik, prezantasyon sa a ki baze sou Bib la te pèmèt moun yo wè istwa limanite soti depi nan kreyasyon an pou rive nan fen rèy mil an Jezi Kris la. — Rev. 20:4 *.

Men, e moun ki t ap viv nan ti vil yo ak nan zòn andeyò yo? Pou Etidyan Labib yo pa t bliye moun sa yo ki te swaf verite a, nan mwa out 1914, yo te vin ak “Erèka dram” nan ki se yon vèsyon pòtatif “Fotodram” nan e ki pa t gen anpil bout fim. Te gen twa kalite chwa, e yo chak te disponib nan yon kantite lang. Te gen “Erèka X” la ki te gen ladan l tout pawòl anrejistre yo ak tout mizik yo. Te gen “Erèka Y” la ki te gen ladan l tout anrejistreman yo ak tout bèl imaj an koulè yo. Epi, te gen “Erèka pou fanmi” an, ki te fèt espesyalman pou itilize nan kay. Li te gen ladan l kèk pawòl ansanm ak kèk chante yo chwazi. Mete sou sa, moun yo te ka jwenn kèk fonograf ak kèk pwojektè ki pa chè.

Yo te konn itilize yon pwojektè pou montre imaj an koulè yo.

Etidyan Labib yo te ka prezante fim nan gratis nan zòn andeyò yo san yo pa t bezwen gen yon pwojektè oswa yon gwo ekran. Konsa, yo te ka fè anpil nouvo tèritwa tande mesaj Wayòm nan. Yo te ka pase “Erèka X” la, ki te gen son sèlman ladan l, lajounen kou lannuit. Aparèy pou pase “Erèka Y” la te ka mache san kouran, yo te ka sèvi ak yon lanp espesyal pou sa. Men sa yo te di nan yon rapò ki te parèt nan Toudegad lang finwa a: “Nou kapab fè moun yo wè imaj sa yo prèske tout kote.” Se pa ti verite sa te ye!

Byen souvan, gen kèk Etidyan Labib ki te konn fè tèt yo travay olye pou yo te lwe kèk gwo kay kote yo jwe teyat. Konsa, yo te konn jwenn kèk kote gratis tankou sal klas, tribinal, estasyon tren e menm salon ki nan gwo kay yo kote vizitè yo pran detant. Gen anpil moun  ki te konn pase fim nan deyò grasa yon “ekran” ki fèt ak yon gwo dra blan yo te mare sou fasad yon gwo depo. Men sa yon frè ki rele Anthony Hambuch te ekri: “Kiltivatè yo te fè yon ti stad, nan jaden yo, ki gen plizyè ban ki fèt ak planch kote moun yo te ka chita pou yo pwofite pwogram nan.” Ekip “Erèka” sa a te sèvi ak yon charyo yo te rele “charyo dram” pou yo te pote ekipman yo, zafè yo, bagay pou yo monte tant yo ak veso pou yo fè manje.

Kantite moun ki te konn asiste “Erèka” a te varye, li te konn soti yon ti ponyen pou rive plizyè santèn. Ozetazini, gen 400 moun ki te asiste l pandan yo t ap pase l nan yon sal klas nan yon ti vil ki gen 150 abitan. Nan kèk lòt kote, pou kèk moun te ka wè “Erèka dram” nan, yo te konn fè 8 kilomèt ale, 8 kilomèt tounen. Nan peyi Lasyèd, vwazen sè Charlotte Ahlberg yo, ki te rasanble nan ti kay sè a, te “santi yo touche anpil” lè yo te tande anrejistreman yo. Gen anviwon 1 500 moun ki te vin nan yon sèl prezantasyon ki t ap fèt nan yon ti vil ki gen min ki andeyò peyi Ostrali. Toudegad te fè konnen nan lekòl segondè yo ak inivèsite yo, “pwofesè yo ak etidyan yo te kontan wè foto ansanm ak bèl anrejistreman fonograf nou yo”. “Erèka dram” nan te popilè menm nan zòn ki te gen sal sinema yo.

KILTIVE SEMANS VERITE A

“Erèka dram” nan te vin tounen yon zouti yo te konn itilize anpil nan aktivite ki te rele “travay fòmasyon nouvo klas” la paske Etidyan Labib yo te konn pase l nan opalè pou kòmanse nouvo klas etid yo. Li difisil pou n rive konnen ki kantite moun ki te wè “Erèka dram” nan. Yo te kontinye itilize anpil ekipman “Dram” regilyèman. Sepandan, nan ane 1915, se sèlman 14 nan 86 ekip “Dram” yo ki te kontinye bay yon rapò regilyèman. Malgre chif yo pa t konplè, bilan yo te bay nan fen ane a te montre gen plis pase yon milyon moun ki te wè “Dram” nan. Gen anviwon 30 000 moun ki te mande yon piblikasyon biblik.

Se vre “Erèka dram” nan gendwa pa kite yon gwo tras nan listwa, men, soti Ostrali pou rive Ajantin, Afrik disid pou rive nan zile Britanik yo, ann End ak nan Karayib la, sanble gen plizyè milyon moun ki te wè prezantasyon espesyal sa a. Anpil nan moun sa yo te jwenn verite ki nan Bib la, yon verite ki gen plis valè pase lò, e konsa, yo te kapab di: “Erèka!”

^ § 4 Gade atik ki gen tit “Bagay ki nan achiv nou — Li gen 100 an, e l te fòtifye lafwa” a ki te parèt nan Toudegad 15 fevriye 2014, paj 30-32.