Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Jewova konnen moun ki pou li yo”

“Jewova konnen moun ki pou li yo”

“Si yon moun renmen Bondye, Bondye konnen moun sa a.” — 1 KOR. 8:3.

1. Rakonte yon istwa nan Bib la ki montre ki kalite move panse kèk moun pami pèp Bondye a te vin genyen. (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

YON jou maten, Arawon, gran prèt la, te kanpe nan antre tabènak Jewova a, e l te kenbe yon veso ki te gen lansan ap boule ladan l. Kora ak 250 lòt gason t ap ofri Jewova lansan toupre Arawon an tou, e yo chak te gen pwòp veso pa yo (Nonb 16:16-18). Yon moun te ka panse tout mesye sa yo t ap sèvi Jewova fidèlman. Sepandan, kontrèman ak Arawon, mesye sa yo se te yon seri moun rebèl, ki awogan e ki t ap chèche fè dappiyanp sou plas Arawon an (Nonb 16:1-11). Yo te met nan tèt yo Bondye t ap aksepte adorasyon yo t ap ba li a. Men, fason yo te panse a te fè Jewova, Sila a ki konn li kè a, fache, e Jewova te ka wè jan yo te ipokrit. — Jer. 17:10.

2. Ki sa Moyiz te di, e èske sa l te di a te fèt vre?

2 Nan lavèy, se avèk rezon Moyiz te di pawòl sa yo: “[Demen] maten Jewova pral fè konnen kiyès ki pou li.” (Nonb 16:5, NW). Vrèmanvre, Jewova te montre ki moun ki t ap sèvi l toutbonvre ak ki moun ki pa t ap sèvi l toutbonvre lè l te fè ‘yon sèl dife boule Kora ak tout 250 moun ki t’ap ofri lansan yo’. (Nonb 16:35; 26:10.) Anmenmtan tou, Jewova te epaye lavi Arawon,  e konsa, li te montre li apwouve Arawon antanke prèt k ap sèvi l toutbonvre e antanke vrè adoratè. — Li 1 Korentyen 8:3.

3. a) Ki sitiyasyon ki te vin egziste nan epòk apot Pòl la? b) Ki sa nou aprann sou Jewova nan fason l te boule ak kèk rebèl plizyè syèk anvan sa?

3 Anviwon 1 500 an annapre, gen yon sitiyasyon konsa ki te vin egziste nan epòk apot Pòl la. Gen kèk moun ki di yo se kretyen ki te vin kwè nan fo ansèyman, toutpandan yo te kontinye fè pati kongregasyon an. Li te gendwa vrèman difisil pou yon moun rive wè diferans ki genyen ant aposta sa yo ak lòt moun nan kongregasyon an. Poutan, aposta sa yo te reprezante yon danje pou kretyen fidèl yo. Lou sa yo, ki te abiye ak po mouton, te kòmanse “kraze lafwa kèk moun”. (2 Tim. 2:16-18.) Sepandan, Jewova pa yon senp obsèvatè, e Pòl te aprann sa nan fason Bondye te boule ak Kora ansanm ak lòt rebèl ki te avè l yo plizyè syèk anvan sa. Nan sans sa a, ann egzamine yon bèl pasaj nan Ekriti yo, epi ann wè ki leson pratik nou ka aprann ladan l.

“MWEN SE JEWOVA, MWEN PA CHANJE”

4. Ki konviksyon Pòl te genyen, e ki jan l te fè Timote konn sa?

4 Pòl te gen asirans Jewova te ka rekonèt moun ki te ipokrit yo, e l te gen konviksyon Jewova te ka idantifye moun ki t ap sèvi l fidèlman yo. Pòl te montre bonjan konviksyon sa a nan pawòl Jewova te pouse l chwazi pou l ekri Timote yo. Apre Pòl te fin montre jan aposta yo te gentan gen enfliyans sou kèk moun nan kongregasyon an, li te di: “Epoutan, Bondye poze yon fondasyon solid ki ret kanpe, e men pawòl li gen sou li tankou yon so: ‘Jewova konnen moun ki pou li yo’, e: ‘Se pou tout moun k ap nonmen non Jewova sispann fè sa ki mal.’”— 2 Tim. 2:18, 19.

5, 6. Ki sa k enpòtan konsènan mo Pòl te itilize nan ekspresyon “fondasyon solid” Bondye a, e ki efè ekspresyon sa a dwe te genyen sou Timote?

5 Ki sa k enpòtan konsènan mo Pòl te chwazi itilize nan vèsè sa a? Se sèlman nan vèsè sa a nou jwenn ekspresyon “fondasyon solid” Bondye a nan Bib la. Bib la konn itilize mo “fondasyon” an kòm yon metafò pou pale konsènan plizyè bagay, tankou Jerizalèm ki te kapital Izrayèl tan lontan an (Sòm 87:1, 2). Yo konpare wòl Jezi jwe nan objektif Jewova a ak yon fondasyon tou (1 Kor. 3:11; 1 Pyè 2:6). Ki sa Pòl te gen nan lespri l lè l te itilize ekspresyon “fondasyon solid” Bondye a?

6 Pòl te itilize ekspresyon “fondasyon solid” Bondye a nan menm kontèks li te site pawòl Moyiz te di nan nou jwenn Nonb 16:5 lan konsènan Kora ak moun ki te avè l yo. Sa klè, Pòl te fè referans ak evènman ki te rive nan epòk Moyiz la, pou l te ka ankouraje Timote, e pou l te fè Timote sonje Jewova gen kapasite pou l rive wè aksyon rebèl yo epi pou l kontrekare aksyon sa yo. Menm jan Kora pa t rive kontrekare objektif Jewova plizyè syèk anvan sa, se konsa tou aposta yo pa t ap ka kontrekare objektif Jewova nan kongregasyon an. Pòl pa t bay detay sou sa ekspresyon “fondasyon solid” Bondye a reprezante. Sepandan, sa klè, mo li te itilize yo te fè Timote gen plis konfyans nan fason Jewova regle bagay yo.

7. Poukisa n ka gen asirans Jewova pral aji ak jistis ak fidelite?

7 Prensip wo nivo Jewova yo pa janm chanje. Men sa n li nan Sòm 33:11 (NW): “Desizyon Jewova yo ap dire pou toutan, panse ki nan kè l yo ap la jenerasyon apre jenerasyon.” Gen lòt vèsè ki pale sou dwa Jewova genyen pou l dirije, sou lanmou fidèl li, jistis li ansanm ak fidelite l ki la pou toutan. (Egz. 15:18; Sòm 106:1; 111:3; 117:2). Men sa Malaki 3:6 (NW) di:  “Mwen se Jewova, mwen pa chanje.” Nan menm sans lan, Jak 1:17 fè konnen Jewova “pa chanje, kontrèman ak lonbray k ap chanje pozisyon”.

YON “SO” KI FÈ MOUN GEN LAFWA NAN JEWOVA

8, 9. Ki leson nou ka aprann konsènan “so” ki nan egzanp Pòl la?

8 Pawòl Pòl te di nou jwenn nan 2 Timote 2:19 la pale de yon fondasyon ki gen yon mesaj ekri sou li tankou yon so. Nan tan lontan, moun yo te gen abitid ekri sou fondasyon konstriksyon yo yon fason, petèt, pou yo te montre kiyès ki te bati konstriksyon an oswa kiyès ki te mèt li. Apot Pòl se premye moun ki te sèvi ak egzanp sa a nan Bib la *. So ki sou “fondasyon solid” Bondye a gen de pawòl ekri ladan l. Premyèman, “Jewova konnen moun ki pou li yo” e dezyèmman “se pou tout moun k ap nonmen non Jewova sispann fè sa ki mal”. Pawòl sa yo fè n sonje pawòl nou jwenn nan Nonb 16:5 lan. — Li vèsè a.

9 Ki leson nou ka aprann konsènan “so” ki nan egzanp Pòl la? Egzanp sa a aprann nou, pou moun ki pou Bondye yo, prensip Jewova yo ak sa l konsidere kòm sa ki bon yo chita sou de verite fondamantal: 1) Jewova renmen moun ki fidèl anvè l yo, e 2) Jewova rayi sa ki mal. Ki rapò leson sa a genyen ak kesyon apostazi a nan kongregasyon an?

10. Ki efè sa aposta yo te konn fè yo te genyen sou moun ki te fidèl nan epòk Pòl la?

10 Sandout, sa aposta yo te konn fè yo te konn bay Timote ansanm ak lòt kretyen fidèl yo pwoblèm. Petèt, gen kèk kretyen ki te konn ap mande tèt yo poukisa Jewova kontinye tolere moun sa yo nan kongregasyon an. Mete sou sa, moun ki te fidèl yo te ka ap mande tèt yo, si Jewova te fè diferans toutbonvre ant yo menm, ki te detèmine pou yo rete fidèl, ak aposta ipokrit sa yo. — Tra. 20:29, 30.

Timote pa t kite aposta yo enfliyanse l. (Gade paragraf 10-12.)

11, 12. Ki jan lèt Pòl te ekri Timote a te fè lafwa Timote vin pi solid?

11 Pa gen dout nan sa, lèt Pòl te ekri Timote a te fè lafwa Timote vin pi solid paske lèt sa a te fè l sonje sa k te pase lè Jewova te montre se Arawon, yon moun ki te fidèl, li te chwazi ak jan Jewova te montre devan tout moun kiyès Kora ak lòt ipokrit ki te avè l yo te ye lè l te rejte yo e finalman li te detwi yo. Anfèt, Pòl te vle fè Timote konnen, menmsi te gen fo kretyen nan mitan yo, Jewova t ap rekonèt  moun ki pou li toutbonvre yo, menm jan l te fè sa nan epòk Moyiz la.

12 Jewova pa janm chanje, kidonk, nou ka konte sou li. Li rayi sa ki mal, e lè moman an rive, l ap pini moun k ap fè sa k mal e ki pa repanti yo. Etandone Timote te pami moun k ap “nonmen non Jewova” yo, sa te fè l sonje tou responsablite l te genyen pou l pa t kite bagay mal fo kretyen yo t ap fè yo enfliyanse l *.

VRÈ ADORATÈ YO PAP TRAVAY POU GRANMESI

13. Ki asirans nou kapab genyen?

13 Menm jan an tou, nou kapab jwenn fòs nan domèn espirityèl nan pawòl Pòl te ekri yo. Toudabò, sa ankourajan pou n konnen, lefètke n fidèl, Jewova byen konnen nou. Jewova pa annik konnen moun ki pou li yo konsa konsa, men, li vrèman enterese nan yo. Bib la fè konnen: “Je Jewova ap pwonmennen sou tout tè a, L ap chèche moun k ap sèvi l ak tout kè yo pou l ka itilize fòs li an favè yo.” (2 Kwo. 16:9, NW). Kidonk, nou kapab gen asirans, lè n fè yon bagay pou Jewova ki “soti nan yon kè ki pwòp”, se pa pou granmesi nou fè sa. — 1 Tim. 1:5; 1 Kor. 15:58.

14. Ki kalite adorasyon Jewova pa tolere?

14 Li enpòtan tou pou n konnen Jewova pa tolere moun k ap sèvi l yon fason ki ipokrit. Etandone “je Jewova ap pwonmennen sou tout tè a”, li ka wè ki moun ki pap “sèvi l ak tout kè yo”. Bib la fè konnen “Jewova pa vle wè moun k ap fè sa k pa sa”, tankou moun k ap pran pòz y ap obeyi l yo toutpandan y ap pratike peche an kachèt (Pwovèb 3:32, NW). Se vre, yon moun k ap fè sa ki mal gendwa rive twonpe lòt moun pandan yon tan, men, Jewova, Sila ki toupisan an e ki renmen sa ki jis la, ban nou garanti “moun ki kouvri peche l pap reyisi”. — Pwo. 28:13, NW; li 1 Timote 5:24; Ebre 4:13.

15. Ki sa nou dwe evite, e poukisa?

15 An jeneral, moun ki fè pati pèp Jewova a se moun k ap adore l ak tout kè yo. Li vrèman difisil pou yon moun nan kongregasyon an ta chwazi sèvi Jewova yon fason ki ipokrit. Sepandan, si sa te rive nan epòk Moyiz la ak nan premye syèk la, sa ka rive jodi a tou (2 Tim. 3:1, 5). Men, èske sa vle di nou ta dwe gen dout sou frè ak sè nou yo, epi pou n ap chèche konnen si yo fidèl anvè Jewova toutbon? Non, nou pa dwe fè sa! Li t ap mal pou n ta gen dout sou frè ak sè nou yo san n pa gen okenn prèv. (Li Women 14:10-12; 1 Korentyen 13:7.) Anplis de sa, si n gen tandans gen dout sou fidelite lòt moun nan kongregasyon an, sa ka gen efè sou relasyon nou ak Jewova.

16. a) Ki sa nou chak ka fè pou n anpeche ipokrizi pran rasin nan kè nou? b) Ki leson nou ka aprann nan kare ki gen tit “ Kontinye verifye... kontinye teste...” a?

16 Se chak kretyen ki dwe “egzamine sa l fè”. (Gal. 6:4.) Etandone nou gen tandans pou n peche, sa fè l toujou posib pou n vin gen yon seri vye tandans lakay nou san n pa menm rann nou kont (Ebre 3:12, 13). Se sa k fè, nou bezwen egzamine rezon ki fè n ap sèvi Jewova yo detanzantan. Nou gendwa mande tèt nou: ‘Èske m ap sèvi Jewova paske m renmen l e paske m rekonèt se li ki gen dwa pou l dirije m? Oubyen, èske m plis konsantre m sou byenfè m gen espwa jwenn nan domèn fizik nan Paradi a?’ (Rev. 4:11). Se sèten, nou tout ka jwenn byenfè lè n egzamine sa n fè ak lè n retire tout tras ipokrizi nan kè nou.

FIDELITE KI FÈ MOUN GEN KÈ KONTAN

17, 18. Ki sa k fè n dwe adore Jewova ak yon kè sensè?

17 Toutpandan n ap fè anpil efò pou n adore Jewova ak yon kè sensè, nou jwenn  anpil byenfè. Men sa yon salmis fè konnen: “Byennere moun Jewova pa mete erè li sou yon kont, moun ki pa gen twonpri nan lespri l.” (Sòm 32:2, NW). Vrèmanvre, moun ki retire tout tras ipokrizi nan kè yo gen plis kè kontan, e yo met tèt yo nan kondisyon pou yo jwenn plis jwa toujou alavni.

18 Lè lè a rive, Jewova pral montre kiyès moun k ap fè sa k mal e k ap mennen yon vi doub yo ye toutbon. Konsa, li pral montre aklè “diferans ki genyen ant yon jis ak yon mechan, ant yon moun k ap sèvi Bondye ak yon moun ki [pap] sèvi l.” (Mal. 3:18, NW). Annatandan, sa ankourajan lefètke n konnen “je Jewova sou moun ki jis yo, e zòrèy li ap koute siplikasyon yo fè”! — 1 Pyè 3:12.

^ § 8 Nan Revelasyon 21:14, yon vèsè yo te ekri plizyè dizèn ane apre lèt Pòl te ekri Timote yo, yo pale de 12 ‘wòch fondasyon’ ki gen non 12 apot yo ekri sou yo.

^ § 12 Nan atik ki vin apre a nou pral wè ki jan nou ka imite Jewova lè n sispann fè sa ki mal.