PANDAN yon dam t ap soti byen bonè nan maten, li te wè yon pake nan papòt kay li. Li bese pran pake a epi li voye je l gade lari a, men, lari a te blanch. Yon moun dwe te depoze pake a pandan nuit lan. Li fè yon ti gade sa k nan pake a, apre sa, li kouri antre lakay li epi li fèmen pòt la byen vit. Pake a te gen piblikasyon ki baze sou Bib la otorite yo te entèdi. Dam nan kenbe pake a, li fè yon priyè nan kè l pou l di Jewova mèsi pou manje espirityèl sa a ki gen anpil valè.

Pandan ane 1930 yo, te gen anpil ka konsa nan peyi Almay. Apre Nazi yo te fin pran pouvwa a nan ane 1933, yo te entèdi aktivite Temwen Jewova yo nan plizyè peyi. Men sa Richard Rudolph, yon frè ki gen plis pase 100 an kounye a, fè konnen: “Nou te gen konviksyon dekrè sa a lèzòm te pase a pa t ap ka anpeche n pale de Jewova epi fè konnen non l *.” Men sa Richard fè konnen ankò: “Piblikasyon ki baze sou Bib la te vrèman itil nou lè n ap fè etid ak lè nou nan ministè a. Sepandan, li pa t fasil pou n jwenn yo ankò akoz entèdiksyon an. Nou t ap mande tèt nou ki jan nou t apral kontinye fè travay la.” Sa pa t pran tan pou Richard te vin aprann li kapab kontinye fè travay la yon fason yo potko janm fè sa anvan: Yo t ap rive fè sa nan lonbray mòn yo. — Jij 9:36.

SOU TRAS MOUN KI TE KONN FÈ KONTREBANN YO

Si w t ap vwayaje soti bò rivyè Elbe la, ou t ap jwenn yon seri mòn yo rele monts des Géants (Krkonoše). Jodi a, mòn sa yo twouve yo sou fwontyè Repiblik tchèk ak Polòy. Byenke mòn sa yo mezire 1 600 mèt wotè sèlman, yo rele yo zile atik ki nan mitan Ewòp. Pandan sis mwa nan ane a, gen nèj ki rive twa mèt wotè ki kouvri mòn yo. Etandone tanperati a konn varye, gwo bwouya ka kouvri mòn yo sanzatann, e bwouya sa yo konn bare moun ki pa fè atansyon yo.

Pandan syèk ki pase yo, mòn sa yo te sèvi kòm fwontyè ant pwovens yo, wayòm yo ak eta yo.  Lontan, anpil moun ki te abite nan zòn nan te konn fè kontrebann nan mòn sa yo etandone li te difisil pou otorite yo gen kontwòl zòn sa a. Lè monts des Géants yo te separe Tchekoslovaki ak Almay nan ane 1930 yo, anpil Temwen ki te gen bonjan detèminasyon te kòmanse suiv tras moun ki te konn fè kontrebann yo. Pou ki rezon? Se paske yo te konn al chèche piblikasyon ki gen anpil valè ki baze sou Bib la kote ki te pi fasil pou yo jwenn yo. Richard, ki te yon jèn gason alepòk, te pami Temwen sa yo.

Frè ak sè ki abiye tankou moun k ap flannen k ap pot piblikasyon sou monts des Géants yo nan peyi Almay.

YON SERI PWOMNAD KI TE DANJERE

Men sa Richard fè konnen: “Nan wikenn, nou te konn fòme plizyè gwoup ki te gen pou pi piti sèt jèn frè ladan yo pou n pran mòn yo. Frè sa yo te konn abiye tankou moun ki pral flannen. Nou te konn pran twazèdtan pou n travèse mòn yo, soti peyi Almay pou n rive Špindlerův Mlýn, yon vil ki a anviwon 16,5 kilomèt parapò ak Repiblik tchèk. Nan epòk sa a, te gen anpil Alman ki te abite nan zòn sa a. Gen youn nan yo ki te kiltivatè ki te aksepte kowopere ak frè yo. Li te sèvi ak yon charyo li te konn itilize pou l transpòte moun ki te vin an vakans pou l pran plizyè bwat piblikasyon nan yon vil ki te toupre. Piblikasyon sa yo te soti nan vil Prag pa mwayen tren. Kiltivatè a te konn sere bwat yo nan yon galata, annatandan frè yo te vin pran yo pou yo pote yo nan peyi Almay.”

Men sa Richard fè konnen ankò: “Lè nou rive kay kiltivatè a, nou te konn plen valiz nou [ak piblikasyon]. Valiz sa yo te fèt yon fason pou pote chay. Nou chak te pote anviwon 50 kilo piblikasyon.” Frè yo te konn mache lè l te fè nuit yon fason pou moun pa t wè yo. Yo te konn kòmanse lè solèy kouche e anvan solèy la leve yo te konn gentan rive lakay yo. Men sa Ernst Wiesner, yon frè ki te siveyan sikonskripsyon nan peyi Almay alepòk, di anrapò ak kèk prekosyon yo te konn pran pou asire sekirite yo: “De nan frè yo te pran devan, e nenpòt moun yo te rankontre, yo te fè siy ak flach yo te gen nan men yo a. Se te yon siy ki te pèmèt lòt frè yo, ki te nan yon distans 100 mèt e ki te gen valiz an kui ki te byen lou sou do yo, kouri kache nan touf raje ki te sou wout la jiskaske de frè ki te devan yo tounen vin jwenn yo epi ba yo yon modpas. Yo te konn chanje modpas sa a chak semèn.” Sepandan,  se pa t polisye alman ki gen inifòm ble yo ki te reprezante yon danje pou yo sèlman.

Men sa Richard fè konnen: “Yon jou swa, mwen te oblije travay pi lontan. Donk, mwen te kite fwontyè Repiblik tchèk la pi ta pase frè m yo. Li te fènwa, te gen bwouya, e m t ap tranble pandan m t ap mache anba yon lapli ki te glase anpil. Pandan plizyè èdtan, mwen pa t ka jwenn wout mwen paske m te pèdi nan pil pye sapen yo. Anpil moun te konn mouri fason sa a. Se jis lè frè m yo t ap tounen byen bonè nan demen maten mwen te rankontre yo.”

Ti gwoup frè sa yo ki te gen anpil kouraj te fè anviwon twazan ap mache nan mòn sa yo chak semèn. Nan sezon ivè, yo te konn monte sou ski pou yo pote piblikasyon yo. Pafwa, gen gwoup ki konn gen 20 frè ki te konn travèse fwontyè a pandan l fè jou e yo te konn make kote yo pase yo. Pou yo te ka bay enpresyon se flannen y ap flannen, yo te konn mennen kèk sè avèk yo. Kèk nan sè yo te konn pran devan, e lè yo te sispèk gen yon danje yo te voye chapo yo anlè.

Nèj yo te fè l difisil anpil pou moun travèse monts des Géants yo.

Ki sa k te konn pase lè frè yo te tounen ak piblikasyon yo? Yo te pran dispozisyon pou yo distribye piblikasyon yo san pèdi tan. Ki jan yo te rive fè sa? Yo te mete yo nan bwat yon fason pou yo te parèt tankou pake savon e yo te pote yo nan estasyon tren Hirschberg la. Yo te voye pake yo plizyè kote nan peyi Almay. E, jan nou te montre sa nan kòmansman atik la, frè ak sè yo te konn pote piblikasyon yo bay lòt frè ak sè yo san yo pa atire atansyon lòt moun. Frè ak sè yo te tèlman byen òganize distribisyon an, nenpòt ti fay te ka bay gwo pwoblèm. E se sa menm ki te rive yon jou!

Nan ane 1936, lapolis te dekouvri yon depo ki te chaje ak piblikasyon toupre vil Bèlen. Pami tout bagay yo te jwenn yo, te gen twa pake ki pa t gen okenn non ekri sou yo ki te soti Hirschberg. Polisye yo te itilize yon teknik pou yo analize ekriti ki te sou pake yo, e konsa, yo te rive idantifye youn nan frè ki te alatèt gwoup la e yo te arete l. Yon ti tan apre sa, yo te arete de lòt frè yo te sispèk ki te nan mouvman an tou. Richard Rudolph te youn nan frè sa yo. Etandone frè sa yo te aksepte tout responsablite a, pandan kèk tan, sa te bay lòt frè yo opòtinite pou yo kontinye fè vwayaj sa a ki te vin pi danjere chak jou.

LESON NOU APRANN

Piblikasyon yo te konn pote pou Temwen ann Almay yo te vin yon bon valè. Men, se pa t sou monts des Géants yo frè yo te konn pase sèlman. Jiska ane 1939, lè Alman yo te vin okipe Tchekoslovaki, fwontyè ki te vin genyen an te pèmèt gen lòt wout. Temwen ki te nan peyi tankou Lafrans, Peyiba ak Laswis, yon seri peyi ki te gen fwontyè ak Almay, ansanm ak Temwen nan peyi Almay yo te riske lavi yo anpil pou yo te pèmèt kwayan parèy yo ki t ap fè fas ak pèsekisyon jwenn manje nan domèn espirityèl.

Jodi a, pifò nan nou kapab jwenn kantite piblikasyon nou vle e yo parèt sou divès fòm. Fè yon ti reflechi sou tout travay ki te fèt pou w te rive jwenn yon nouvo piblikasyon, kit se nan Sal Wayòm nan, kit se telechaje ou te telechaje l sou sit wèb jw.org la. Petèt frè ak sè yo pa t oblije deplase a minui pou yo travèse yon bann tèt mòn ki kouvri ak nèj pou yo te fè w jwenn li, men, se sèten anpil nan yo te travay di ak tout kè yo pou sa.

^ § 3 Richard Rudolph te sèvi nan kongregasyon Hirschberg ki nan zòn Silesia. Vil Hirschberg twouve l nan sidwès peyi Polòy. Kounye a, yo rele vil sa a Jelenia Góra.