BIB la di byen klè: Yon mari dwe ‘renmen madanm li menm jan l renmen tèt li’. Menm jan an tou, yon madanm dwe “gen yon gwo respè pou mari l”. Toule de dwe jwe wòl pa yo antanke “yon sèl chè”. (Efe. 5:33; Jen. 2:23, 24, NW.) Rive yon lè, atachman de moun ki marye ansanm gen youn pou lòt la vin pi solid, e lanmou youn gen pou lòt la vin pi fò. Nou gendwa konpare atachman sa a ak rasin de pyebwa k ap grandi kòtakòt. Santiman yon mari ak yon madanm ki gen kè kontan nan maryaj yo gen youn pou lòt la vin pi pwofon, e santiman youn mele ak santiman lòt menm jan ak rasin pyebwa sa yo.

Men, ki sa k ap pase si mari a oswa madanm nan ta mouri? Lè sa a, kòd solid ki te mare yo pou lavi a vin kase. Byen souvan, sitiyasyon sa a konn kite konjwen ki vivan an ak anpil chagren, li konn santi l poukont li, e l ka menm santi l an kòlè oswa l koupab. Pandan 58 ane Daniella te pase ak mari l la, li te konn anpil moun ki te pèdi konjwen yo *. Sepandan, men sa l te di apre mari l te mouri: “Mwen pa t janm konprann eksperyans sa a anvan sa. Pa gen okenn fason pou yon moun konprann eksperyans sa a toutotan l poko fè l.”

YON DOULÈ KI SANBLE PAP JANM FINI

Gen kèk moun k ap fè rechèch ki fè konnen pa gen soufrans ki pi di pase soufrans yon moun sibi lè l pèdi konjwen l. Gen anpil moun ki pèdi konjwen yo ki dakò ak pawòl sa yo. Plizyè ane gentan pase depi Millie te pèdi mari l. Men sa l di konsènan lavi l ap mennen antanke vèv la: “Mwen santi m tankou yon moun ki enfim.” Li t ap pale konsènan sa l  santi apre l fin pèdi mari l, yon moun li te fè 25 an ap viv avè l.

Susan te konn panse vèv ki pase anpil ane ap kriye akoz mari yo ki mouri se egzajere y ap egzajere tristès yo santi a. Annapre, mari l te mouri apre 38 an maryaj. Kounye a, gen plis pase 20 an depi mari a mouri. Aktout sa, men sa l di: “Mwen panse avè l chak jou.” Byen souvan, li konn kriye anpil tèlman l sonje mari l.

Bib la montre doulè yon moun santi akoz konjwen l ki mouri nonsèlman fè moun sa a mal anpil, men, li pran anpil tan pou l pase tou. Lè Sara te mouri, Abraram, mari l, “te antre pou l al plenyen sou sò Sara e li te kriye pou li”. (Jen. 23:1, 2, NW.) Byenke Abraram te gen lafwa nan rezirèksyon an, li te santi yon gwo lapenn lè moun li renmen an te mouri (Ebre 11:17-19). Apre lanmò Rachèl, madanm Jakòb te renmen anpil la, Jakòb pa t janm bliye l. Li te pale de Rachèl avèk tandrès lè l t ap pale ak pitit gason l yo. — Jen. 44:27; 48:7.

Ki leson nou ka aprann nan egzanp sa yo ki soti nan Bib la? Byen souvan, konjwen ki vivan an konn santi lapenn lanmò lòt konjwen an pote a pandan plizyè ane. Nou pa ta dwe panse se fèb yo fèb paske dlo ap koule nan je yo epi yo toujou tris apre plizyè ane. Men, nou ta dwe konprann se paske yo pèdi yon moun yo te renmen ki fè yo santi yo konsa. Yo kapab bezwen pou nou demontre konpasyon pou yo, e yo kapab bezwen èd nou pandan plizyè ane.

JOU APRE JOU

Lè yon moun pèdi konjwen l se pa kòmsi l annik retounen vin selibatè ankò. Apre plizyè ane maryaj, yon mari konn kòman pou l rekonfòte madanm li ak kòman pou l remonte moral madanm li lè madanm li santi l tris oswa l strese. Si mari a mouri, madanm nan ap pèdi lanmou ak rekonfò li te konn jwenn nan men mari a tou. Menm jan an tou, apre plizyè ane, yon madanm konn kòman pou l fè mari l santi l an sekirite ak kòman pou l fè kè mari a kontan. Pa gen anyen ki ka ranplase fason madanm nan te konn touche mari a avèk dousè, ti pawòl rekonfòtan li konn di l, atansyon madanm nan konn bay sa k enterese l ak sa l bezwen. Si madanm nan mouri, mari a ka santi l gen yon gwo vid nan lavi l. Pou rezon sa yo, lè kèk moun ki pèdi konjwen yo ap panse ak lavni, yo konn santi yo pa gen okenn asirans e yo konn santi yo pè. Ki prensip biblik ki ka ede yo santi yo an sekirite e anpè?

Si w gen yon moun pa w ki mouri, Bondye ka ede w andire tristès la jou apre jou.

Men sa Bib la di: “Pa janm bay tèt nou pwoblèm pou demen, paske demen ap gen pwòp pwoblèm pa l. Chak jou gen kont traka pa l.” (Mat. 6:34). Se vre, pawòl sa yo Jezi te di a gen rapò sitou ak bezwen materyèl nan lavi a, men, yo kapab ede anpil moun andire eprèv yo jwenn lè yo pèdi yon moun yo renmen. Men sa yon mari ki rele Charles te di kèk mwa apre madanm li fin mouri: “Chagren m santi lefètke Monique pa la a toujou fò lakay mwen, e pafwa, sanble l vin pi mal. Sepandan, mwen rann mwen kont li nòmal pou m konsa, e rive yon lè, kèk nan soufrans mwen yo ap disparèt.”

Vrèmanvre, Charles te andire toutpandan tan t ap pase. Ki jan l te rive fè sa? Men sa l di: “Grasa èd Jewova, mwen rive fè sa jou apre jou.” Charles pa t kite tristès li yo pran pye sou li. Tristès li a pa t annik disparèt yon sèl kou, men, li pa t fini avè l tou. Si w pèdi  konjwen w, fè efò pou w fè fas ak lanmò a jou apre jou. Ou pa konn ki byenfè oswa ki ankourajman yon lòt jou ap pote.

Lanmò pa t fè pati objektif Jewova te genyen okòmansman an. Okontrè, li fè pati “travay Dyab la”. (1 Jan 3:8; Wom. 6:23.) Satan sèvi ak lanmò ansanm ak laperèz lanmò kapab pote pou l fè anpil moun vin esklav li e pou l fè yo pa gen esperans (Ebre 2:14, 15). Satan kontan lè yon moun pèdi tout espwa pou l gen kè kontan ak satisfaksyon, menmsi se ta nan monn nouvo Bondye a. Kidonk, se peche Adan an ansanm ak taktik Satan yo ki lakòz yon konjwen santi tout tristès li santi lefètke l pèdi patnè l te gen pou lavi a (Wom. 5:12). Jewova pral efase tout domaj Satan lakòz yo nèt, epi l ap detwi zam Satan itilize a, anpalan de lanmò. Pami moun ki pral libere anba laperèz Satan lakòz yo, ap gen anpil moun ki te pèdi yon konjwen, menm jan se kapab ka pa w.

Nòmalman, pral gen kèk chanjman nan fason moun k ap resisite sou tè a pral viv. Pral gen chanjman nan relasyon moun gen ak moun. Fè yon ti reflechi ak kantite paran, granparan ak lòt zansèt ki pral retounen viv ankò e ki pral vin pafè tikras pa tikras ansanm ak pitit yo ak pitit pitit yo. Pèsonn pap vin granmoun ankò. Èske jèn k ap la lè sa yo pa pral aprann wè zansèt yo yon fason ki diferan lontan parapò ak fason yo wè yo jodi a? Èske n pa panse chanjman sa yo pral kontribye pou pèmèt lèzòm amelyore?

Gen anpil kesyon nou ta gendwa poze konsènan moun ki pral resisite yo, pa egzanp, konsènan moun ki te pèdi de oswa plizyè konjwen. Sadiseyen yo te  poze yon kesyon konsènan yon dam ki te gen premye mari l mouri, apre sa, dezyèm mari l la te mouri tou, e konsa, li te pase plizyè mari ki te mouri youn dèyè lòt (Lik 20:27-33). Ki relasyon moun sa yo pral genyen apre rezirèksyon an? Nou pa konnen, e pa gen okenn rezon pou n ap devine yon bagay Bib la pa pale de li oswa pou n kite yon bagay nou pa konnen twouble nou. Nou dwe fè Bondye konfyans anrapò ak kesyon sa a. Yon bagay nou sèten, sèke, kèlkeswa sa Jewova pral fè alavni an ap bon, se bagay nou kapab ret tann e yo pap pot laperèz.

ESPERANS REZIRÈKSYON AN BAY BONJAN REKONFÒ

Youn nan ansèyman ki pi klè ki gen nan Pawòl Bondye a se ansèyman ki montre moun nou renmen ki mouri yo pral retounen viv ankò. Istwa Bib la rakonte konsènan rezirèksyon ki te fèt deja yo ban nou garanti “tout moun ki nan tonm yo pral tande vwa [Jezi], e y ap soti”. (Jan 5:28, 29.) Moun k ap vivan lè sa yo pral gen anpil kè kontan lè yo pral rankontre moun ki libere anba grif lanmò yo. Yon lòt bò, nou pa ka menm imajine kantite jwa moun ki resisite yo pral genyen.

Lè moun ki te mouri yo resisite, pral gen lajwa toupatou sou tè a yon fason sa potko janm fèt anvan sa. Plizyè milya moun ki te mouri pral rejwenn plas yo pami moun ki vivan yo ankò (Mak 5:39-42; Rev. 20:13). Tout moun ki te pèdi yon moun yo renmen akoz lanmò, ta dwe jwenn rekonfò lè yo medite sou mirak sa a ki pral fèt.

Èske yon moun ap gen yon rezon valab pou l vin tris lè tout moun sa yo pral retounen viv ankò? Repons Bib la bay se non. Selon sa nou li nan Ezayi 25:8, Jewova “pral fè pa janm gen lanmò ankò”. Sa gen ladan l tout move konsekans lanmò pote paske pwofesi a kontinye pou l di Jewova Souvren Seyè a “pral siye dlo nan je tout moun”. Jodi a, si w santi w tris anpil akoz konjwen w ki mouri, ou mèt gen asirans rezirèksyon an pral ba w rezon pou w gen kè kontan.

Pa gen okenn moun k ap fin byen konprann tout sa Bondye pral akonpli nan monn nouvo a. Men sa Jewova di: “Menm jan syèl la byen lwen anwo latè, se konsa lide pa m byen lwen anwo lide pa nou, chemen pa m byen lwen chemen pa nou.” (Eza. 55:9). Pwomès Jezi te fè konsènan rezirèksyon ki gen pou  vini an ban nou opòtinite pou n fè Jewova konfyans menm jan ak Abraram. Kounye a, sa k dwe pi enpòtan pou chak kretyen se fè sa Bondye mande nou fè, e konsa, n ap montre nou ‘diy pou n gen lavi nan lòt sistèm nan’ ansanm ak moun ki pral resisite yo. — Lik 20:35.

YON REZON POU W GEN ESPWA

Olye pou n ap plede bay tèt nou pwoblèm, chèche gen espwa pito. Selon pwennvi lèzòm, lavni parèt tris. Men, Jewova pwomèt nou yon bagay ki pi bon lontan. Nou pa ka konnen egzakteman ki jan Jewova pral fè n jwenn tout sa n bezwen ni ki jan li pral satisfè tout dezi nou yo, sepandan, nou pa dwe gen okenn dout l ap fè sa. Men sa apot Pòl te ekri: “Lè w wè yon bagay ou te espere, ou pa espere l ankò, paske, lè yon moun wè yon bagay li te espere, èske li espere l toujou? Men si nou espere sa nou pa wè, nou kontinye tann li avèk enpasyans e avèk andirans.” (Wom. 8:24, 25). Lè n gen yon esperans solid nan pwomès Bondye yo, sa ap ede nou andire. Grasa andirans, n ap ka wè kokennchenn avni sa a kote Jewova ‘pral ban nou tout sa kè n mande’. Lè sa a, li pral “satisfè dezi tout kreyati vivan”. — Sòm 37:4NW; 145:16, NW; Lik 21:19.

Mete konfyans ou nan pwomès Jewova fè konsènan yon avni ki chaje ak lajwa.

Lè lanmò Jezi te prèske rive, apot li yo te vin tris anpil. Men, Jezi te konsole yo ak pawòl sa yo: “Pa kite anyen boulvèse kè nou. Demontre nou gen lafwa nan Bondye, demontre nou gen lafwa nan mwen tou.” Li te di yo tou: “Mwen pap kite nou poukont nou. M ap vin jwenn nou.” (Jan 14:1-4, 18, 27). Pandan plizyè syèk, pawòl sa yo t apral bay disip li yo Bondye chwazi pou al nan syèl la yon baz pou yo gen esperans e pou yo andire. Menm jan an tou, moun ki swaf pou yo wè rezirèksyon moun yo renmen yo pa gen okenn rezon pou yo dezespere. Jewova ak Pitit gason l lan, Jezi, pap janm kite moun sa yo ret andèy nètale. Nou kapab gen konfyans nan sa!

^ § 3 Yo chanje non moun yo.