“Nou menm tou n ap gen pou nou fè sèt bèje, wi, uit dik leve kont li pami lèzòm.” — MIKA 5:5, NW.

1. Ki sa k fè konplo wa Izrayèl la ak wa peyi Siri a t ap echwe kanmenm?

YON lè, ant ane 762 anvan epòk nou an ak ane 759 anvan epòk nou an, wa Izrayèl la ak wa peyi Siri a te deklare wayòm Jida a lagè. Ki objektif yo te genyen? Objektif yo se te anvayi Jerizalèm, retire wa Ahaz sou twòn nan epi met yon lòt moun nan plas li, petèt yon moun ki pa t soti nan fanmi wa David (Iza. 7:5, 6). Wa Izrayèl la te dwe byen konnen sa Jewova te di. Jewova te fè konnen se yon moun ki sot nan fanmi David ki t ap gen pou ret sou twòn Li an pou toutan, e pawòl Jewova toujou reyalize. — Joz. 23:14; 2 Sam. 7:16.

2-4. Esplike ki fason Izayi 7:14, 16 te akonpli: a) nan uityèm syèk anvan epòk nou an, b) nan premye syèk epòk nou an.

2 Okòmansman, sanble alyans peyi Siri te fè ak Izrayèl la te ka reyisi. Nan yon sèl batay, wa Ahaz te pèdi 120 000 gason vanyan ki te konn fè lagè! Yo te touye Maaseya, “pitit wa a”. (2 Kwo. 28:6, 7.) Sepandan, Jewova t ap gade. Li pa t bliye pwomès li te fè David la, se sa k fè, li te voye pwofèt Izayi al bay wa a yon mesaj ki ankourajan anpil.

3 Men sa Izayi te di: “Men li: Jenn tifi ki ansent lan pral fè yon pitit gason, l’a rele l Emannwèl [...]. Anvan menm ti gason an rive konnen sa ki byen ak sa ki mal, peyi de wa sa yo [Siri ak Izrayèl] k’ap fè ou pè a ap rete konsa san pyès moun ladan yo.” (Eza. 7:14, 16). Byen souvan, yo aplike premye pati pwofesi a ak lè Mesi a te fèt la, e li toutafè nòmal (Mat. 1:23). Sepandan, piske “de wa sa yo”, anpalan de wa peyi Siri a ak wa Izrayèl la, pa t kontinye reprezante yon menas pou Jida nan premye syèk epòk nou an, nou kapab di pwofesi konsènan Emànyèl la dwe te gen yon premye akonplisman nan epòk Izayi a.

4 Yon ti tan apre Izayi te fin bay kokennchenn mesaj sa a, madanm li te vin ansent epi l te fè yon ti gason  yo te rele Maher-shalal-hash-baz. Li posib pou se ti gason sa a ki te “Emannwèl” Izayi te pale de li a *. Nan tan biblik yo, lè yon timoun fèk fèt yo te gendwa ba l yon non, petèt pou komemore yon evènman espesyal, epi apre sa, paran l ak lòt moun nan fanmi l ba l yon lòt non (2 Sam. 12:24, 25). Nou gen bonjan prèv ki montre yo pa t janm konn rele Jezi Emànyèl. — Li Izayi 7:14; 8:3, 4.

5. Ki desizyon ensanse wa Ahaz te pran?

5 Pandan Izrayèl ak Siri te gen je yo fikse sou Jida, gen yon lòt nasyon ki te gen yon gwo lame sòlda ki te gen anbisyon pou l atake zòn nan. Nasyon sa a se te Asiri, yon nasyon ki te kòmanse parèt kòm yon pisans mondyal. Selon sa nou li nan Izayi 8:3, 4, anvan Asiri t al atake wayòm Jida a ki te nan sid, li te piye “richès moun lavil Damas yo” ansanm ak tout sa “moun Samari yo pran nan piyay”. Olye pou Ahaz te met konfyans li nan pawòl Bondye te di pa mwayen Izayi a, li te pèdi lafwa e l t al fè yon vye alyans ak Asiryen yo. Finalman, alyans sa a te fè Asiryen yo maltrete moun Jida yo (2 Wa 16:7-10). Antanke yon bèje nan peyi Jida, se pa ti wont Ahaz te fè pèp la wont! Nou gendwa mande tèt nou: ‘Lè m gen desizyon enpòtan pou m pran, èske m met konfyans mwen nan Bondye oswa se nan lèzòm mwen met konfyans mwen?’ — Pwo. 3:5, 6.

YON LÒT BÈJE TE VIN AK YON METÒD KI DIFERAN

6. Fè yon konparezon ant rèy Ahaz la ak rèy Izkiya a.

6 Ahaz te mouri nan ane 746 anvan epòk nou an, e Izkiya, yon pitit gason l, te vin eritye wayòm Jida a, yon wayòm ki te pòv nan domèn materyèl e ki pa t bon menm nan domèn espirityèl. Etandone Izkiya te jèn lè l te monte sou twòn nan, ki sa l t apral bay priyorite? Èske se te bay ekonomi wayòm Jida a jarèt? Non. Izkiya te yon moun ki espirityèl, li te yon bèje ki diy pou l pran swen nasyon l lan. Premye aksyon l te fè se te retabli vrè adorasyon an epi ranfòse relasyon nasyon kou rèd sa a te gen ak Jewova a, yon relasyon ki te prèske kraze. Lè Izkiya te vin konprann ki sa Bondye te vle l fè, li te aji ann amoni ak volonte sa a. Ala yon bèl egzanp li kite pou nou! — 2 Kwo. 29:1-19.

7. Ki sa k fè l te enpòtan pou Levit yo te gen asirans yo t ap jwenn èd nan men nouvo wa a?

7 Levit yo te gen pou yo jwe yon wòl enpòtan nan kokennchenn travay ki t apral fèt pou retabli vrè adorasyon an. Pou rezon sa a, Izkiya te reyini avèk yo pou l te ba yo asirans li t ap ede yo. Eseye imajine jan dlo t ap koule nan je Levit sa yo, ki te fidèl, tèlman yo te kontan pandan yo t ap koute wa a k ap di yo: “Se nou menm Senyè a te chwazi pou toujou kanpe devan l, pou sèvi l.” (2 Kwo. 29:11). Vrèmanvre, Levit yo te resevwa lòd pou yo soutni vrè adorasyon an!

8. Ki sa Izkiya te fè pou ede nasyon an retounen vin gen bon relasyon ak Bondye, e ki rezilta sa te bay?

8 Izkiya te envite pèp Jida a ak pèp Izrayèl la pou yo selebre yon gwo fèt Pak, e tousuit apre, yo t ap selebre fèt Gato san ledven an pandan sèt jou. Pèp la te tèlman pran plezi nan fèt la, yo te oblije pwolonje l pou sèt jou ankò. Bib la fè konnen: “Se te gwo fèt nan lavil Jerizalèm, paske depi sou rèy Salomon, pitit David, wa pèp Izrayèl la, pa t janm gen bagay konsa lavil Jerizalèm.” (2 Kwo. 30:25, 26). Se pa ti ankouraje fèt espirityèl sa a dwe te ankouraje pèp la! Men sa nou li nan 2 Kwonik 31:1: “Lè fèt la fini [...]. Yo kraze  moniman wòch yo, yo jete estati zidòl Achera yo, yo demoli dènye tanp ak lotèl kote yo fè sèvis pou zidòl yo.” Konsa, pèp Jida a te kòmanse retounen vin jwenn Jewova avèk fòs. Netwayaj sa a pèp la te fè nan domèn espirityèl la t apral jwe yon wòl enpòtan nan sa k t ap gen pou vin annapre.

WA A TE PREPARE L POU L FÈ FAS AK PWOBLÈM YO

9. a) Ki jan plan wa Izrayèl la te echwe? b) Ki premye viktwa Senakerib te ranpòte nan Jida?

9 Jan Izayi te predi sa, Asiryen yo te anvayi wayòm ki te nan nò a, anpalan de wayòm Izrayèl la, epi yo te mennen moun ki te abite nan peyi a ann egzil. Konsa, yo te kraze plan wa Izrayèl la te genyen pou l met yon moun ki pa t sot nan fanmi David sou twòn David la. Men, ki plan Asiryen yo te genyen? Kounye a, Asiryen yo te fikse objektif pou y al atake wayòm Jida a. Men sa Bib la di: “Wa [Izkiya] t’ap mache sou katòzan depi li t’ap gouvènen peyi Jida lè Senakerib, wa peyi Lasiri, vin atake tout lavil ak gwo ranpa peyi Jida yo. Li pran yo.” Selon sa kèk moun fè konnen, Senakerib te pran 46 vil nan peyi Jida antou. Imajine ki jan w te gendwa santi w si w t ap viv Jerizalèm nan epòk sa a. Youn apre lòt, vil Jida yo t ap tonbe devan lame Asiryen an ki t ap avanse byen vit! — 2 Wa 18:13.

10. Ki sa k fè pawòl nou jwenn nan Mika 5:5, 6 la dwe te ankouraje Izkiya?

10 Nòmalman, Izkiya te konsyan de danje ki t ap vin sou pèp la. Men, olye pou Izkiya t al chèche èd nan men yon nasyon payen menm jan ak Ahaz, papa l, ki te aposta, li te met konfyans li nan Jewova pito (2 Kwo. 28:20, 21). Petèt li te konnen pawòl pwofèt Mika, yon moun ki t ap viv nan menm epòk ak Izkiya, te di konsènan peyi Asiri: “Kanta [pou] Asiryen an, [...] nou menm tou n ap gen pou nou fè sèt bèje, wi, uit dik leve kont li pami lèzòm. E yo pral dirije peyi Lasiri [...] avèk epe.” (Mika 5:5, 6, NW). Se sèten, pawòl enspire sa yo te ankouraje Izkiya paske yo montre t ap gen yon lame ki pa tankou tout lame ki t ap leve kont Asiryen yo e ki t ap bat lame sa a.

11. Ki lè pwofesi konsènan sèt bèje ak uit dik la t ap jwenn akonplisman ki pi enpòtan an?

11 Pwofesi konsènan sèt bèje ak uit dik la (“prens”, The New English Bible) t ap gen pou l jwenn akonplisman ki pi  enpòtan an plizyè ane apre nesans Jezi, li menm ki se ‘chèf ann Izrayèl, e ki se sila ki gen orijin li depi ansyen tan yo’. (Li Mika 5:1, 2.) Sa t ap fèt nan yon moman kote yon “Asiryen” modèn t ap gen pou menase sèvitè Jewova yo. Ki lame Jewova pral voye, pa mwayen Pitit li a k ap reye kounye a, pou fè fas ak ènmi sa a ki bay laperèz? N ap jwenn repons lan pi devan. Men, toudabò, ann wè ki leson nou ka aprann nan sa Izkiya te fè devan menas lame Asiryen an.

IZKIYA TE AJI YON FASON KI PRATIK

12. Ki sa Izkiya ansanm ak moun ki te avè l yo te fè pou yo te ka pwoteje pèp Bondye a?

12 Jewova toujou dispoze fè pou nou tout sa n pa ka fè pou tèt nou, men, li vle pou n fè sa n kapab. Izkiya t al pale ak ‘tout moun ki gen otorite yo ansanm ak chèf lame l yo’, epi, yo te deside “bouche tout sous dlo ki andeyò lavil la [...]. [Anplis de sa, Izkiya] mete gason sou li. Li fè repare tout miray lavil la, li bati fò won sou li ak yon lòt miray sou deyò [...]. Li fè fè anpil frenn ak manch long ak anpil plak pwotèj”. (2 Kwo. 32:3-5.) Pou Jewova te pwoteje pèp li a epi pou l te dirije l nan epòk sa a, li te sèvi ak plizyè gason vanyan tankou Izkiya, prens Izkiya yo ansanm ak kèk pwofèt ki te djanm nan domèn espirityèl.

13. Ki bagay ki pi enpòtan Izkiya te fè pou l te prepare pèp la pou atak ki t apral vini an? Esplike.

13 Sa Izkiya te fè annapre a te gen plis valè lontan pase bouche sous dlo yo oswa repare miray vil la. Antanke yon bèje ki te gen sousi pou pèp li, Izkiya te rasanble pèp la epi l te fòtifye yo nan domèn espirityèl pa mwayen pawòl sa yo: “Pa kite anyen fè nou pè, ni devan wa peyi Lasiri a [...] paske nou gen plis fòs avèk nou pase li menm li gen avè l. Li menm, li konte sou fòs sòlda li yo. Nou menm, nou gen Senyè a, Bondye sèl Mèt la, pou ede nou, pou goumen pou nou.” Jewova t apral goumen pou pèp li a! Se pa ti fòtifye pawòl sa yo te fòtifye lafwa yo! Bib la fè konnen, lè Juif yo “tande pawòl sa yo sòti nan bouch [Izkiya], wa peyi Jida a, yo tout pran kouray”. N ap remake se ‘pawòl Izkiya’ yo ki te ankouraje pèp la. Ni Izkiya, ni prens li yo ak tout gason vanyan nan lame l yo, san wete pwofèt Mika ak pwofèt Izayi, yo tout te pwouve yo se bon bèje egzakteman jan Jewova te predi sa pa mwayen pwofèt li a. — 2 Kwo. 32:7, 8; li Mika 5:5, 6.

Pawòl Izkiya yo te bay pèp la kouraj. (Gade paragraf 12, 13.)

14. Ki sa Rabchake te di, e ki jan pèp la te reyaji?

14 Wa peyi Asiri a te etabli kan l nan Lakich, yon vil ki te nan sidwès Jerizalèm. Depi kote l te ye a, li te voye twa moun al di moun nan vil la pou yo soumèt yo. Pòtpawòl wa a ki te gen tit ofisyèl li ki se Rabchake, te sèvi ak plizyè taktik. Toutpandan l ap pale ebre, li te ankouraje pèp la pou yo trayi wa a epi pou yo soumèt yo devan Asiryen yo, li te bay pèp la manti lè l te pwomèt yo li t ap mennen yo nan yon peyi kote yo t ap ka viv byen. (Li 2 Wa 18:31, 32.) Apre sa, Rabchake te fè konnen menm jan dye lòt nasyon yo pa t ka pwoteje moun ki t ap adore yo a, se konsa tou, Jewova pap ka delivre Juif yo anba grif Asiryen yo. Avèk sajès, pèp la pa t eseye reyaji devan manti kri sa yo. Jodi a, byen souvan, sèvitè Jewova yo suiv egzanp sa a. — Li 2 Wa 18:35, 36.

15. Ki sa pèp Jerizalèm nan te bezwen fè, e ki jan Jewova te sove vil la?

15 Pa gen dout nan sa, pawòl sa yo te boulvèse Izkiya anpil. Men, olye pou l t al chèche èd nan men yon lòt nasyon ki pisan, li te voye yon delegasyon al kot pwofèt Izayi pito. Men ki sa Izayi te di Izkiya: “[Senakerib] p’ap mete pye l nan lavil sa a. Li p’ap gentan voye yon sèl grenn flèch sou li.” (2 Wa 19:32). Sèl  bagay pèp Jerizalèm nan te bezwen fè se te rete djanm paske Jewova t apral goumen pou Jida. E li te fè sa vre! Bib la di: “Twouve, nan nuit sa a, zanj Jewova a soti e li touye san katreven senk mil òm nan kan Asiryen yo.” (2 Wa 19:35, NW). Se pa paske Izkiya te bouche sous dlo vil la oswa paske l te fè repare miray vil la ki fè Jida te delivre, men, se grasa pisans Jewova.

LESON POU NOU JODI A

16. Jodi a, ki moun ki reprezante: a) pèp Jerizalèm nan, b) “Asiryen an”, c) sèt bèje ak uit dik yo?

16 Se nan epòk nou an pwofesi konsènan sèt bèje, uit dik la ap jwenn pi gwo akonplisman l. Asiryen yo te atake pèp Jerizalèm tan lontan an. Nan yon tan ki pa twò lwen, “Asiryen” modèn nan pral atake pèp Jewova a, yon pèp ki pral sanble san defans, nan entansyon pou l detwi pèp la. Ekriti yo pale de atak sa a, e li pale tou de atak “Gòg [ki sot nan] peyi Magòg” la, atak “wa Nò a” ak atak “wa latè yo”. (Eze. 38:2, 10-13, NW; Dàn. 11:40, 44, 45, NW; Rev. 17:14; 19:19.) Èske chak atak sa yo se yon atak apa yo ye? Pa fòseman. Bib la ka sèvi ak plizyè non pou l pale de menm atak la. Ki lame pwofesi Mika a montre Jewova pral itilize pou l fè fas ak ènmi sa a ki mechan anpil, anpalan de “Asiryen an”? Li pral sèvi ak yon lame ki pa tankou tout lame, anpalan de “sèt bèje, [...] uit dik”! (Mika 5:5, NW.) Bèje ak dik (oswa “prens” NEB) ki nan lame sa a, se ansyen nan kongregasyon yo (1 Pyè 5:2). Sa klè, jodi a, Jewova ap sèvi ak anpil gason espirityèl pou l pran swen mouton l yo ki gen anpil valè, e pou l fòtifye pèp li a kont atak “Asiryen” modèn nan pral fè kont yo a *. Pwofesi Mika a te fè konnen bèje sa yo t ap gen pou yo “dirije peyi Lasiri [...] avèk epe”. (Mika 5:6NW.) Vrèmanvre, pami ‘zam bèje sa yo pral sèvi pou fè lagè’, n ap jwenn Pawòl Bondye a ki se “epe lespri a”. — 2 Kor. 10:4; Efe. 6:17.

17. Bay kat bagay ansyen yo kapab aprann nan istwa nou sot egzamine la a.

17 Ansyen k ap li atik sa a ka aprann anpil bagay k ap itil yo nan istwa nou fèk sot egzamine la a tankou: 1) Sa k pi pratik nou kapab fè pou n prepare n pou atak “Asiryen an” pral fè sou nou an se chèche vin gen plis lafwa nan Bondye epi ede frè nou yo fè menm jan an. 2) Lè “Asiryen an” atake nou, ansyen yo dwe gen bonjan konviksyon Jewova ap delivre nou. 3) Nan moman sa a, direksyon òganizasyon Jewova a pral ban nou pou pèmèt nou sove lavi nou an gendwa pa parèt pratik selon pwennvi lèzòm. Nou tout dwe pare pou nou obeyi kèlkeswa enstriksyon nou gendwa resevwa a, kit enstriksyon sa yo fè sans pou nou, kit yo pa fè sans. 4) Kounye a, se moman pou kèlkeswa moun ki petèt te met konfyans yo nan etid pwofàn, byen materyèl oswa enstitisyon lèzòm yo, chèche panse yon lòt jan. Ansyen yo dwe toujou pare pou yo ede kèlkeswa moun lafwa yo kapab ap febli jodi a.

18. Lè n reflechi ak istwa sa a, ki byenfè sa ka fè n jwenn alavni?

18 Lè a pral rive kote sèvitè Bondye k ap viv nan epòk nou an pral sanble ak yon pèp ki san defans menm jan sa te ye pou Juif ki t ap viv Jerizalèm nan epòk Izkiya a. Lè moman sa a rive, se pou nou tout chèche jwenn kouraj nan pawòl Izkiya te di yo. Nou pa dwe janm bliye toutpandan ènmi nou an pral ‘konte sou fòs sòlda li yo, nou menm, n ap gen Senyè a, Bondye sèl Mèt la, pou ede nou, pou goumen pou nou’! — 2 Kwo. 32:8.

^ § 4 Mo ebre lè yo tradui l yo mete “jenn tifi” pou li nan Izayi 7:14 la kapab vle di madan marye oswa vyèj. Se sa k fè, yo kapab sèvi ak menm mo a pou pale de madanm Izayi a oswa Mari, fi Juif ki te vyèj la.

^ § 16 Byen souvan, Ekriti yo sèvi ak chif sèt la pou pale de yon bagay ki konplè. Pafwa, chif uit la (youn anplis sèt) konn reprezante sa ki anpil.