NAN mwa out 1936, nan vilaj kote wa peyi Swazilann yo konn abite a, wa Sobhuza II te kontan anpil apre l te fin tande mizik ak diskou frè J. F. Rutherford, yon seri diskou ki te deja anrejistre, Robert ak George Nisbet te fèk fin pase grasa yon machin ki gen opalè sou tèt li. Men sa George te di: “Nou te santi nou jennen anpil lè wa a te mande nou achte fonograf la, anrejistreman yo ak opalè nou te itilize pou n preche mesaj Wayòm nan.”

Avèk respè, Robert te di wa a yo pa pou vann. Li te fè l konnen yo pou yon lòt moun. Donk, wa a te vle konnen ki moun sa a.

Men ki repons Robert te bay wa a: “Se pou yon lòt wa yo ye.” Wa Sobhuza te mande l kiyès wa sa a ye. Robert te di l: “Wa sa a rele Jezi Kris. Se li menm ki Wa nan Wayòm Bondye a.”

Lè sa a, avèk anpil respè, wa Sobhuza di: “O! Se yon gran Wa! Mwen pa vle pran anyen ki pou li.”

Men sa Robert te di: ‘Kalite wa Sobhuza, Gran chèf la, te gen lakay li te gen gwo efè sou mwen. Li te pale anglè byen e li pa t awogan. Li te toujou di sa l panse e l te fasil pou moun pale avè l. Pandan George t ap pase mizik deyò a, mwen menm ak wa a te pase anviwon 45 minit ap pale nan biwo l la.’

Men sa Robert te ajoute: ‘Pi ta nan menm jounen an, nou t al vizite Lekòl nasyonal la e se la nou te fè pi bèl eksperyans lan. Nou te preche direktè a e li te kontan koute nou. Lè nou te pale l de machin nan e nou te pwopoze l pou nou fè tout lekòl la koute anrejistreman yo, se pa ti kontan li te kontan. Li te rasanble prèske 100 elèv e li te fè yo chita sou gazon an pou yo te ka koute mesaj la. Yo te fè nou konnen se yon lekòl kote yo aprann jèn gason yo pale anglè, kòman pou yo fè kalkil, travay latè, fè jaden, vin bòs chapant, fè konstriksyon. Nan lekòl sa a tou, jèn fi yo yo menm, te aprann enfimyè, kòman pou yo fè travay nan kay ansanm ak kèk lòt bagay k ap itil yo. Se grann Gran chèf la ki te fonde lekòl sa a *.

Kèk etidyan nan Lekòl nasyonal peyi Swazilann nan k ap asiste yon diskou piblik nan ane 1936.

Nan kòmansman ane 1933, wa Sobhuza te konn pran plezi tande pyonye yo lè yo te konn vizite l nan vilaj li te abite a. Yon lè, li te menm rasanble 100 militè ki te fè pati gad pèsonèl li a pou yo te ka tande yon diskou sou Wayòm nan ki te tou  anrejistre. Wa a te mande yon abònman peryodik e l te aksepte piblikasyon frè yo te genyen yo. Sa pa t pran lontan pou wa a te vin gen yon bibliyotèk ki prèske chaje ak liv Temwen Jewova yo. Mete sou sa, aktout gouvènman Grann Bretay la, ki t ap dirije peyi a lè sa a, te entèdi piblikasyon nou yo pandan Dezyèm Gè mondyal la, wa a pa t retire okenn nan piblikasyon yo nan bibliyotèk li a.

Wa Sobhuza II te kontinye akeyi Temwen Jewova yo nan vilaj li a, nan Lobamba, e l te konn menm rele manm klèje yo pou yo vin tande diskou biblik nou yo. Pandan yon frè ki moun peyi a ki te rele Helvie Mashazi t ap pale sou Matye chapit 23, gen kèk manm klèje ki te vin fache anpil, yo te leve kanpe epi yo te eseye fòse frè a chita. Men, wa a te met bouch nan koze a e l te mande frè Mashazi pou l kontinye pale. Sa k pi rèd la, wa a te mande moun ki t ap koute yo pou yo ekri tout vèsè biblik frè a te site nan diskou a.

Yon fwa, apre kat manm klèje te fin tande yon diskou yon frè ki te pyonye te bay, yo te retire kolye yo nan kou yo epi yo di: “Nou pa manm klèje ankò, kounye a, nou se Temwen Jewova.” Apre sa, yo te mande pyonye a si yo ka jwenn nenpòt liv ki menm jan ak sa Gran chèf la genyen yo.

Depi ane 1930 pou rive ane 1982, ane Gran chèf la te mouri a, Gran chèf la te toujou demontre respè pou Temwen Jewova yo e li pa t janm kite moun pèsekite yo poutèt yo pa suiv seremoni yo konn pratike nan peyi a. Se sa k fè, Temwen yo te gen bonjan rezon pou yo montre yo gen rekonesans pou li, epi, avèk senserite, yo te kriye lè l mouri.

Nan kòmansman ane 2013 la, te gen 3 000 pwoklamatè Wayòm nan peyi Swazilann. Gen plis pase yon milyon moun nan peyi sa a, e chak pwoklamatè gen pou l preche 384 moun. Gen plis pase 260 pyonye k ap travay di nan 90 kongregasyon, e pou ane 2012 la, te gen 7 496 moun ki te asiste memoryal la. Vrèmanvre, gen posiblite pou gen plis pwoklamatè nan peyi sa a. Se sèten, te gen yon bon travay ki te fèt pandan premye vizit Temwen yo te fè nan peyi Swazilann nan ane 1930 yo. — Bagay ki nan achiv nou nan peyi Afrik disid.

^ § 8 L’age d’or 30 jen 1937, paj 629 (anglè).