Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pinga nou janm “fache kont Jewova”

Pinga nou janm “fache kont Jewova”

“Se sotiz ki nan kè yon nonm ki sot nan pousyè tè ki fè l pran move direksyon, apre sa, li konprann pou l fache kont Jewova.” — PWO. 19:3, NW.

1, 2. Poukisa nou pa dwe akize Jewova pou pwoblèm limanite ap rankontre yo? Bay yon egzanp.

IMAJINE ou se yon mesye marye ki gen anpil ane depi w ap viv ak kè kontan nan maryaj ou. Men yon jou, lè w rantre lakay ou, ou jwenn tout bagay tèt anba. Mèb yo kraze, asyèt yo fè miyèt moso, epi kapèt la chire nèt. Kay ou renmen anpil la tounen yon zòn sinistre. Èske w t ap kouri di: “Poukisa madanm mwen fè sa?” Oswa, èske w pa t ap di pito: “Ki moun ki fè sa?” Pa gen dout nan sa, se dezyèm kesyon an ki t ap vin byen vit nan lespri w. Pou ki rezon? Se paske w konnen madanm ou renmen anpil la pa t ap fè kalite aksyon sa a.

2 Jodi a, nou rann nou kont jan polisyon, vyolans ak imoralite ap depafini kay lèzòm abite a. Antanke etidyan Labib, nou konnen se pa Jewova ki lakòz tout pwoblèm sa yo. Li te kreye tè a pou l te vin yon bèl paradi (Jen. 2:8, 15). Jewova se lanmou (1 Jan 4:8). Lè n etidye Ekriti yo, sa ede n idantifye vrè koz anpil pwoblèm ki gen nan monn nan. Se Satan Ledyab, “chèf monn nan”, ki responsab pwoblèm sa yo, se pa lòt moun. — Jan 14:30; 2 Kor. 4:4.

3. Ki jan fason nou panse ka fè nou vin mal wè bagay yo?

3 Sepandan, nou pa ka akize Satan pou tout malè ki rive nou. Sa k fè sa? Se paske pwòp erè nou fè konn lakòz kèk pwoblèm rive nou. (Li Detewonòm 32:4-6.) Se vre nou gendwa dakò ak sa, sepandan, enpèfeksyon nou gen lakay nou ka fè nou mal konprann bagay yo, e l ka menm fè nou pran yon chemen k ap mennen nou nan malè (Pwo. 14:12). Nan ki sans? Olye n aksepte se nou menm oswa Satan ki lakòz pwoblèm yo, nou ka kòmanse blame Jewova. Nou ka menm vin “fache kont Jewova”. — Pwo. 19:3, NW.

4, 5. Ki jan yon kretyen gendwa vin “fache kont Jewova”?

4 Èske l posib pou n ta vin “fache kont Jewova” toutbonvre?  Se sèten, sa pa t ap itil anyen pou n ta aji konsa (Iza. 41:11). Epitou, ak ki sa sa t ap sèvi menm? Men sa yon powèt te di yon lè: “Bra w twò kout pou w goumen ak Bondye.” Nou gendwa pa janm rive nan pwen pou n ap plenyen kont Jewova. Sepandan, Pwovèb 19:3 fè konnen se sotiz ki nan “kè yon nonm [...] ki fè l pran move direksyon, apre sa, li konprann pou l fache kont Jewova”. (NW.) Vrèmanvre, yon moun ka fache kont Bondye nan kè l. Atitid sa a ka parèt anba anba. Nan yon sans, se kòmsi moun sa a kenbe Jewova nan kè l. Kòm rezilta, moun sa a gendwa kite kongregasyon an oswa li pa soutni dispozisyon Jewova pran pou moun adore l ak tout kè yo.

5 Ki sa k ka fè n “fache kont Jewova”? Ki jan n ka evite pyèj sa a? Li enpòtan anpil pou n konnen repons kesyon sa yo paske sa gen rapò ak relasyon nou ak Jewova!

KI SA K KA FÈ N “FACHE KONT JEWOVA”?

6, 7. Ki sa k fè Izrayelit nan epòk Moyiz la te kòmanse plenyen kont Jewova?

6 Ki sa k ka fè yon sèvitè Jewova ki fidèl kòmanse plenyen kont Bondye l la nan kè l? Ann konsidere senk pwen ansanm ak kèk egzanp Bib la bay konsènan kèk moun ki t ap viv nan tan lontan ki te rive tonbe nan pyèj sa a. — 1 Kor. 10:11, 12.

Lè n koute move pawòl lòt moun di sa ka gen move efè sou nou. (Gade paragraf 7.)

7 Move pawòl moun di kapab enfliyanse nou. (Li Detewonòm 1:26-28.) Jewova te fèk fin libere Izrayelit yo nan esklavaj ann Ejip. Pa mwayen kèk mirak, Jewova te lage dis flewo sou nasyon sa a ki t ap toupizi Izrayelit yo, epi, annapre, li te detwi Farawon ak tout lame l la nan lanmè Wouj (Egz. 12:29-32, 51; 14:29-31; Sòm 136:15). Pèp Bondye a te pare pou l antre nan Latè pwomiz. Sepandan, nan yon moman enpòtan konsa, Izrayelit yo te kòmanse plenyen kont Jewova. Ki sa k te lakòz yo te manke lafwa konsa? Se paske yo te vin dekouraje akoz move rapò kèk nan moun yo te voye espyone peyi a te ba yo (Nonb 14:1-4). Ki konsekans sa te genyen? Jewova pa t kite jenerasyon sa a antre nan “bon peyi” a (Det. 1:34, 35). Èske pafwa nou konn kite move pawòl lòt moun di fè nou pèdi lafwa epi fè nou pran plenyen kont fason Jewova ap boule ak nou?

8. Nan epòk Izayi a, ki sa k te lakòz pèp Bondye a kòmanse blame Bondye pou sa k te rive yo a?

8 Eprèv ak difikilte kapab dekouraje nou. (Li Izayi 8:21, 22.) Nan epòk Izayi a, nasyon Jida a te nan yon sitiyasyon ki te rèd anpil. Te gen ènmi ki te antoure yo, te gen rate manje e anpil moun t ap soufri grangou. Men, sa k te pi mal la, te gen yon gwo grangou nan domèn espirityèl (Amòs 8:11). Sepandan, olye yo te chèche èd nan men Jewova pou yo te ka fè fas ak eprèv sa yo, yo te kòmanse ap bay ni wa yo a ni Bondye yo a “madichon”. Vrèmanvre, yo te blame Jewova pou pwoblèm yo. Si yon malè oswa yon pwoblèm ta rive nou, èske menm jan ak moun sa yo nou t ap di nan kè nou: ‘Kot Jewova te ye lè m te bezwen l?’

9. Ki sa k fè Izrayelit nan epòk Ezekyèl la te vin gen yon move pwennvi?

9 Nou pa gen tout enfòmasyon yo. Piske Izrayelit nan epòk Ezekyèl la pa t gen tout enfòmasyon yo, yo te panse fason Jewova regle bagay yo “pa bon”. (Eze. 18:29.) Yo te aji kòmsi yo te gen dwa pou yo jije Bondye, yo te mete prensip jistis pa yo pi wo pase pa Jewova yo epi yo te jije Jewova sou baz konesans limite yo te gen sou evènman yo. Pafwa, si nou pa fin byen konprann yon istwa nan Bib la oswa yon evènman ki rive nan lavi nou, èske n gen dwa pou n ta panse nan kè nou fason Jewova regle bagay yo pa jis oswa yo “pa bon”? — Jòb 35:2.

10. Ki jan yon moun ka suiv move egzanp Adan an?

 10 Lè nou bay Jewova responsab peche ak erè nou yo. Byen bonè nan kòmansman listwa lèzòm, Adan te blame Bondye pou pwòp peche li te fè (Jen. 3:12). Byenke Adan te fè espre lè l te dezobeyi lwa Bondye a e l te byen konnen konsekans sa t ap genyen, se Jewova li te akize. Anfèt, li te di Jewova ba l yon move madanm. Depi lè sa a, lòt moun vin suiv egzanp Adan an lè yo bay Bondye responsab erè yo fè yo. L ap bon pou n mande tèt nou: ‘Èske desepsyon ak pwoblèm mwen jwenn akoz erè m yo fè m panse prensip Jewova yo twò strik?’

11. Ki leson nou aprann nan egzanp Yona a?

11 Lè nou wè tèt nou sèlman. Pwofèt Yona te fache lè Jewova te pran desizyon pou l te fè moun Niniv yo mizèrikòd (Yona 4:1-3). Pou ki rezon? Sanble li te vin enkyete l twòp pou l pa t wont lè moun yo ta vin wè destriksyon li te anonse a pa t rive vre. Yona te plis enkyete l pou repitasyon l pase pou l te gen konpasyon pou moun Niniv yo ki te repanti. Èske sa ka rive nou tèlman vin wè tèt nou sèlman sa vin fè, menm jan ak Yona, nou “fache kont Jewova” paske l pa fè lafen an rive pi bonè pase sa? Si nou gen plizyè dizèn ane depi n ap fè konnen jou Jewova a ap pwoche, èske sa ta ka rive nou kòmanse vin pa ka tann Jewova ankò lè lòt moun ap kritike nou paske n ap preche sa Bib la di? — 2 Pyè 3:3, 4, 9.

FASON NOU KA EVITE VIN “FACHE KONT JEWOVA”

12, 13. Ki sa nou pa dwe neglije si nou kòmanse gen dout nan kè nou sou kèk nan bagay Jewova fè oswa li kite rive?

12 Ki sa n ka fè si kè nou ki anba enfliyans peche kòmanse fè n gen dout sou kèk nan bagay Jewova fè oswa li kite rive? Sonje li pa saj pou n panse konsa. Gen yon lòt tradiksyon Labib ki tradui Pwovèb 19:3 konsa: “Se tèt cho yon nonm ki fè l pran move chemen. Apre sa, kè l fache sou Jewova.” (Crampon 1905). Toutpandan n ap kenbe  sa nan lespri n, kounye a, ann konsidere senk pwen ki pral ede n pou n pa janm kite tètchaje lavi a fè nou fache kont Jewova.

13 Pa neglije relasyon nou genyen ak Jewova a. Nou kapab evite tandans nou gen lakay nou pou n fache kont Bondye a lè nou kenbe yon relasyon sere avè l. (Li Pwovèb 3:5, 6.) Nou bezwen fè Jewova konfyans. Mete sou sa, nou bezwen evite pou n pa vin saj nan je pa nou oswa pou n vin ap panse ak tèt nou sèlman (Pwo. 3:7; Ekl. 7:16). Konsa, nou pap kouri akize Jewova lè move bagay rive nou.

14, 15. Ki sa k ap ede n pou n pa kite move pawòl lòt moun di gen efè sou nou?

14 Pa kite move pawòl moun di gen efè sou nou. Izrayelit ki t ap viv nan epòk Moyiz la te gen bonjan rezon pou yo kwè Jewova t ap fè yo antre nan Latè pwomiz (Sòm 78:43-53). Men, lè dis espyon ki pa t fidèl yo te bay yon move rapò, Izrayelit yo te ‘bliye jan Jewova gen pouvwa’. (Sòm 78:42.) Si nou medite sou sa Jewova fè oswa li kite rive, si nou sonje tout bon bagay li fè pou nou, relasyon nou gen avè l la ap vin pi solid. Konsa, nou pap kite move pawòl lòt moun di mete nou dozado ak Jewova. — Sòm 77:11, 12.

15 Ki sa k t ap rive si nou ta mal aji anvè moun k ap sèvi Jewova ansanm avèk nou yo? Si sa ta rive, sa t ap gen efè sou relasyon nou gen ak Jewova a (1 Jan 4:20). Lè Izrayelit yo t ap plenyen dèske yo te nome Arawon gran prèt, Jewova te konsidere aksyon sa a tankou se kont li menm menm yo t ap plenyen (Nonb 17:10). Menm jan an tou, si nou kòmanse ap bougonnen oswa n ap plenyen kont moun Jewova ap itilize pou dirije pati nan òganizasyon l lan ki sou tè a, se kòmsi se kont Jewova nou t ap plenyen. — Ebre 13:7, 17.

16, 17. Ki sa nou bezwen sonje lè n ap fè fas ak pwoblèm?

16 Sonje se pa Jewova ki lakòz pwoblèm nou yo. Menm lè Izrayelit nan epòk Izayi a te vire do bay Jewova, Jewova te toujou vle ede yo (Iza. 1:16-19). Kèlkeswa pwoblèm nou gendwa ap rankontre, nou ka jwenn rekonfò lè n konnen Jewova gen sousi pou nou e li vle ede nou (1 Pyè 5:7). An reyalite, li pwomèt l ap ban nou fòs nou bezwen an pou n kontinye andire. — 1 Kor. 10:13.

17 Si n ap soufri akoz yo fè n enjistis, menm jan sa te rive Jòb, yon moun ki te fidèl, nou bezwen sonje se pa Jewova ki lakòz sa. Jewova rayi enjistis, li renmen sa ki dwat (Sòm 33:5). Menm jan ak Eliyou, zanmi Jòb la, nou bezwen rekonèt: “Sa lwen vrè Dye a pou l aji avèk mechanste, e sa lwen Toupisan an pou l aji yon fason ki enjis.” (Jòb 34:10, NW). Se pa Jewova ki lakòz pwoblèm nou yo, okontrè, li ban nou “tout bèl don ak tout kado pafè” ki te ka genyen. — Jak 1:13, 17.

18, 19. Poukisa nou pa dwe janm gen dout sou Jewova? Bay yon egzanp.

18 Pa janm gen dout sou Jewova. Bondye pafè, e panse l yo pi wo pase pa nou yo (Iza. 55:8, 9). Kidonk, imilite ak modesti ap ede n aksepte nou pa fin konprann tout bagay (Wom. 9:20). Se yon lè konsa nou gen tout enfòmasyon sou yon sitiyasyon. Pa gen dout nan sa, nou viv verite ki nan pwovèb ki di: “Moun ki pale anvan nan tribinal toujou sanble li gen rezon. Lè lòt moun lan parèt, kat je kontre, manti kaba.” — Pwo. 18:17.

19 Si nou gen yon zanmi nou fè konfyans ki fè yon bagay nou pa fin konprann, oswa nou santi sa li fè a pa nan abitid li, èske nou t ap kouri akize l kòmkwa li fè yon move bagay? Oswa, èske nou t ap kontinye fè zanmi sa a konfyans, sitou si nou konnen l depi plizyè ane? Si nou montre  nou gen lanmou nan fason nou boule ak zanmi nou yo ki enpafè, alewè pou Papa nou ki nan syèl la! Èske nou pa ta dwe fè l plis konfyans toujou, li menm chemen l yo ak panse l yo pi wo lontan pase pa nou yo?

20, 21. Ki sa k fè li enpòtan pou nou pa bliye vrè koz pwoblèm yo?

20 Pa janm bliye vrè koz pwoblèm yo. Sa k fè sa? Se paske nou gendwa responsab kèk nan pwoblèm ki rive nou yo. Si sa rive n, nou bezwen rekonèt tò nou (Gal. 6:7). Pa eseye blame Jewova lè nou jwenn pwoblèm. Poukisa yon atitid konsa pa t ap rezonab? Ann pran yon egzanp. Yon machin gendwa gen kapasite pou l kouri vit anpil. Imajine yon chofè k ap kondui machin sa a ak yon vitès ki egzajere, li depase vitès li te dwe respekte a epi pandan l ap pran yon koub ki difisil, li fè aksidan. Èske nou ta dwe akize moun ki fè machin nan kòmkwa se li ki responsab aksidan an? Non! Menm jan an tou, Jewova kreye nou ak libète pou n deside. Men, li ban nou konsèy tou sou fason pou nou pran desizyon ki saj. Kidonk, poukisa pou n ta blame Kreyatè nou an pou erè nou yo?

21 Nòmalman, se pa sèlman erè ak move aksyon nou yo ki lakòz tout pwoblèm nou yo. Gen kèk ‘evènman moun pa prevwa ki rive nan moman moun pa atann’. (Ekl. 9:11, NW.) Mete sou sa, pinga nou janm bliye se Satan Ledyab ki prensipal responsab tout mechanste ki genyen (1 Jan 5:19; Rev. 12:9). Se li menm ki ènmi an, se pa Jewova! — 1 Pyè 5:8.

ANCHERI BÈL RELASYON NOU GENYEN AK JEWOVA A

Jozye ak Kalèb te jwenn benediksyon paske yo te fè Jewova konfyans. (Gade paragraf 22.)

22, 23. Ki sa nou pa dwe bliye si n ta vin dekouraje akoz pwoblèm nou yo?

22 Lè n ap fè fas ak eprèv oswa ak difikilte, sonje egzanp Jozye ak Kalèb. Kontrèman ak dis lòt espyon yo, de mesye fidèl sa yo te bay yon bon rapò (Nonb 14:6-9). Yo te montre yo gen lafwa nan Jewova. Malgre sa, yo te oblije ap monte desann nan dezè a pandan 40 an menm jan ak rès Izrayelit yo. Èske Jozye ak Kalèb te plenyen oswa yo te vin egri paske yo panse sa k te rive yo a te enjis? Non. Yo te fè Jewova konfyans. Èske yo te jwenn benediksyon pou sa? Pa gen okenn dout nan sa! Byenke pifò Izrayelit yo te mouri nan dezè a, finalman, de mesye sa yo te antre nan Latè pwomiz (Nonb 14:30). Menm jan an tou, n ap jwenn benediksyon Jewova si nou pa kite “fatig” pote n ale toutpandan n ap fè volonte l. — Gal. 6:9; Ebre 6:10.

23 Ki sa n ta dwe fè si n ta vin dekouraje akoz pwoblèm, enpèfeksyon lòt moun, oswa akoz pwòp enpèfeksyon nou? Konsantre n sou bèl kalite Jewova genyen yo. Reflechi sou bèl esperans Jewova ban nou an epi mande tèt nou: ‘Ki kote m t ap ye si m pa t gen Jewova?’ Kidonk, ann kontinye rete pwòch ak Jewova, e pinga nou janm fache kont li!