“Moun ki renmen lalwa ou la ap viv ak kè poze. Pa gen anyen ki pou fè yo bite.” — SÒM 119:165.

1. Kòman atitid yon atlèt kapab esplike detèminasyon nou pran pou nou pa abandone a?

DEPI lè Mary Decker te adolesan, yo te rekonèt li kòm yon atlèt ki gen anpil talan. An 1984, se li menm yo te panse ki t ap genyen meday lò nan final 3 000 mèt Je olenmpik ki fèt ann ete yo. Sepandan, li pa t menm fini kous la paske pye l te frape ak pye yon lòt atlèt, li bite epi l tonbe. Yo te oblije mete l deyò pis la etandone l te blese epi l t ap kriye. Sepandan, Mary pa t abandone. Nan mwens pase ennan, li te gentan anfòm pou l retounen kouri, e an 1985, li te etabli yon nouvo rekò mondyal nan kous pou medam yo.

2. Nan ki sans vrè kretyen yo ap kouri nan yon kous, e ki detèminasyon nou dwe genyen?

2 Kretyen yo gen yon kous y ap patisipe ladan l. Nan yon sans, se kòmsi y ap kouri nan yon kous apye. Nou dwe detèmine pou nou genyen kous la. Kous nou ladan l lan se pa yon kous kote se vitès ki pi enpòtan pou yon moun pote laviktwa. E se sèten, li pa yon senp kous kote nou ka menm chwazi pran kèk ti moman detant. Okontrè, li kapab sanble ak yon maraton kote andirans nesesè anpil pou yon moun pote laviktwa. Apot Pòl te sèvi ak egzanp yon atlèt k ap kouri nan yon kous nan lèt li te ekri kretyen ki t ap viv nan vil Korent yo, yon vil ki te fè non l nan konpetisyon spò. Men sa l te ekri: “Èske nou pa konnen, nan yon kous, tout moun kouri, men se yon sèl ki resevwa pri a? Kouri yon fason pou nou ka genyen l.” — 1 Kor. 9:24.

3. Ki sa k fè tout atlèt yo kapab genyen kous pou lavi etènèl la?

3 Bib la ankouraje nou pou nou kouri nan kous senbolik sa a. (Li 1 Korentyen 9:25-27.) Pri a se lavi etènèl, swa nan syèl la pou kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la, swa sou tè a pou rès moun k ap patisipe yo.  Kontrèman ak pifò konpetisyon spò, tout moun k ap patisipe nan kous sa a e ki andire jiskaske l fini ap genyen pri a (Mat. 24:13). Se sèlman si moun k ap patisipe yo pa kouri selon règ kous la oswa si yo pa fini l, y ap pèdi kous la. Dayè, kous sa a se sèl kous kote pri a se lavi etènèl.

4. Ki sa k fè kous n ap kouri pou lavi etènèl la difisil?

4 Fini kous la pa fasil ditou. Sa mande disiplin ak yon objektif byen presi. Se sèl Jezi Kris ki te rive fini kous la san l pa bite menm yon fwa. Sepandan, Jak, youn nan disip Jezi yo, te fè konnen tout moun k ap suiv Kris yo “bite tanzantan”. (Jak 3:2.) Se pa ti verite sa ye! Nou tout ap goumen ak pwòp enpèfeksyon pa nou ansanm ak enpèfeksyon lòt moun. Kidonk, pafwa nou kapab bite, apre sa nou ralanti epi nou pèdi elan. Nou ka menm rive tonbe, men, nou leve epi nou kontinye kouri. Gen kèk moun ki te tèlman tonbe fò, yo te oblije jwenn moun ede yo leve pou yo kontinye kouri jiskaske yo fini kous la. Donk, li posib pou nou bite oswa tonbe pandan yon ti moman, e sa ka menm rive plizyè fwa. — 1 Wa 8:46.

Si w tonbe, aksepte yo ede w epi leve!

MENMSI NOU BITE, RET NAN KOUS LA

5, 6. a) Nan ki sans “pa gen anyen” ki ka fè yon kretyen “bite”, e ki sa k ap ede l “leve”? b) Ki sa k fè gen kèk moun ki pa leve apre yo fin tonbe?

5 Petèt nou konn sèvi ak mo “bite” a oswa ak mo “tonbe” a pou n pale konsènan kondisyon espirityèl yon moun. Sepandan, nan Bib la, de mo sa yo kapab pa toujou gen menm sans. Pa egzanp, gade ki sa yo di nan Pwovèb 24:16 (NW): “Moun ki jis la kapab tonbe menm sèt fwa, men l ap leve kanmenm. Men kanta pou mechan yo, yo gen pou yo bite akoz kalamite.”

6 Jewova pap kite moun ki met konfyans nan li yo bite oswa tonbe akoz yon difikilte oswa yon obstak ki anpeche yo pwogrese nan adorasyon yo a e pou yo pa kapab leve. Nou gen asirans Jewova ap ede n “leve” yon fason pou nou ka kontinye demontre gwo atachman nou gen pou li a. Se pa ti rekonfòtan sa rekonfòtan pou tout moun ki renmen Jewova ak tout kè yo! Mechan yo pa gen okenn anvi pou yo leve. Yo pa chèche jwenn èd lespri sen Bondye ansanm ak pèp li a ap bay la oswa yo refize èd sa a lè yo  ofri yo li. Yon lòt bò, pa gen anyen ki ka fè ‘moun ki renmen lwa Jewova yo’ bite yon fason pou yo tonbe nèt e pou yo sispann kouri nan kous pou lavi a. — Li Sòm 119:165.

7, 8. Nan ki sans yon moun kapab toujou gen favè Bondye malgre l “tonbe”?

7 Akoz kèk feblès kèk moun gen lakay yo, yo tonbe nan ti peche e yo menm fè sa plizyè fwa. Men, si yo kontinye “leve”, sa vle di, si yo repanti toutbonvre epi yo fè tout sa yo kapab pou yo fè sa ki dwat, Jewova ap toujou konsidere yo kòm moun ki jis. Nou kapab wè sa nan fason Bondye te aji ak pèp Izrayèl tan lontan an (Iza. 41:9, 10). Olye pou Pwovèb 24:16, nou te site pi wo a, met aksan sou aspè negatif la, sa vle di “tonbe” nou tonbe a, li met aksan pito sou aspè pozitif la, sa vle di “leve” n ap leve grasa èd Bondye nou an ki gen mizèrikòd ban nou. (Li Izayi 55:7.) Pou Jewova Dye ak Jezi Kris montre jan yo gen konfyans nan nou, avèk jantiyès, yo ankouraje nou pou nou “leve”. — Sòm 86:5; Jan 5:19.

8 Menmsi yon atlèt k ap kouri nan yon maraton ta bite oswa l ta tonbe, li kapab jwenn tan pou l leve epi pou l fini kous la si l aji san pèdi tan. Nan kous n ap kouri pou lavi etènèl la, nou pa konnen ‘ni ki jou, ni ki lè’ kous la ap rive nan bout li (Mat. 24:36). Se sa k fè, mwens nou bite se plis n ap gen chans pou n kenbe yon bon elan, pou n rete nan kous la epi pou n byen fini l. Nan ka sa a, ki sa k ka ede n pou n pa bite?

KÈK OBSTAK KI KA FÈ N BITE POU N PA PWOGRESE

9. Ki obstak ki ka fè n bite nou pral konsidere?

9 Ann konsidere senk obstak ki ka fè n bite: Feblès nou gen lakay nou, dezi lachè, enjistis nou sibi akoz kwayan parèy nou, tribilasyon oswa pèsekisyon ansanm ak enpèfeksyon lòt moun. Sepandan, nou bezwen sonje, si nou bite, Jewova gen anpil pasyans. Li pap kouri met yon etikèt sou do nou pou fè konnen nou pa fidèl.

10, 11. Kont ki feblès David t ap goumen?

10 Feblès nou gen lakay nou kapab sanble ak yon pakèt ti wòch ki sou yon pis kote moun ap kouri. Lè n analize kèk evènman ki te rive nan lavi wa David ansanm ak apot Pyè, n ap kapab rive idantifye de nan feblès sa yo anpalan de manke metriz ansanm ak lakrentif pou lòm.

11 Wa David te montre l gen feblès lakay li olye l te demontre metriz, jan sa parèt nan sa l te fè ki gen rapò ak Batcheba a. Lè Nabal te reponn David mal, li te pare pou l reyaji san reflechi. Vrèmanvre, David te montre l manke metriz, men, li pa t janm sispann eseye fè Jewova plezi. Grasa èd lòt moun te ba l, li te retounen vin gen bon relasyon ak Jewova. — 1 Sam. 25:5-13, 32, 33; 2 Sam. 12:1-13.

12. Ki jan Pyè te ret nan kous la malgre l te bite?

12 Pyè te montre l gen lakrentif pou lòm, sa ki te konn fè l bite mal pafwa. Sepandan, li te rete fidèl anvè Jezi ak Jewova. Pa egzanp, se pa sèlman yon fwa li te nye Mèt li devan tout moun, men, li te fè sa twa fwa (Lik 22:54-62). Annapre, Pyè pa t montre l gen atitid yon kretyen dwe genyen lè l te trete moun lòt nasyon ki te vin kretyen yo kòmsi yo pa t nan menm nivo ak Juif ki te sikonsi yo. Sepandan, apot Pòl te wè pwoblèm nan byen klè, li te konprann pa t gen plas pou patipri nan kongregasyon an. Fason Pyè te aji a pa t bon. Anvan atitid Pyè a te kòwonp lòt frè yo, Pòl te konseye Pyè dirèkteman, fasafas (Gal. 2:11-14). Èske ògèy Pyè te fè l kite kous pou lavi a paske l te santi l vekse? Non. Li te reflechi seryezman sou konsèy Pòl te ba l la, li te aplike l epi l te rete nan kous la.

13. Ki fason pwoblèm sante kapab fè n bite?

13 Pafwa, pwoblèm sante kapab tounen yon feblès pou nou. Li menm tou kapab tounen yon obstak ki pou fè n bite. Li gendwa vin pran pye sou fason n ap kouri nan domèn espirityèl, li gendwa menm fè n ralanti epi fè n fatige. Pa egzanp, gen yon sè  nan peyi Japon ki te vin gen yon maladi kriz 17 an apre l te fin batize. Li te tèlman konsantre l sou maladi l la, sa te fè l vin febli nan domèn espirityèl. Rive yon lè, li te vin inaktif. Gen de ansyen ki t al vizite l. Bon pawòl yo te di l yo te ankouraje l, e l te rekòmanse asiste reyinyon yo. Men ki sa l di: “Mwen te kriye anpil paske frè yo te tèlman byen akeyi m.” Kounye a, sè nou an retounen nan kous la.

14, 15. Ki bonjan desizyon nou dwe pran lè n gen move dezi? Bay yon egzanp.

14 Dezi lachè lakòz anpil moun bite. Lè nou jwenn tantasyon nan sans sa a, nou bezwen pran bonjan desizyon k ap pèmèt nou kenbe panse nou pwòp e k ap pèmèt nou rete pwòp ni nan domèn moral ni nan domèn espirityèl. Sonje konsèy Jezi te ban nou lè l te di, nan yon sans senbolik, pou n voye nenpòt bagay ki gendwa fè n bite “jete byen lwen”, li te mèt je nou oswa men nou. Èske bagay sa yo pa gen ladan l panse imoral ansanm ak aksyon ki lakòz kèk moun kite kous la? — Li Matye 5:29, 30.

15 Gen yon frè ki te grandi nan yon fanmi kretyen ki te di, depi l konnen l gen konesans, l ap goumen ak tandans li genyen pou l fè sèks ak gason. Men sa l fè konnen: “Mwen te toujou santi m jennen e sanble mwen pa t santi m alèz pyès kote.” Lè l te vin gen 20 an, li te nome pyonye pèmanan e l t ap sèvi kòm asistan ministeryèl nan kongregasyon an. Annapre, li te bite mal, li te jwenn disiplin ki soti nan Ekriti yo epi l te resevwa èd nan men ansyen yo. Grasa lapriyè, etid li fè nan Pawòl Bondye a ansanm ak objektif li fikse pou l ede lòt moun, li te leve epi l rekòmanse kouri nan domèn espirityèl. Men sa l fè konnen kèk ane annapre: “Pafwa, mwen konn santi menm anvi yo, men, mwen pa kite yo pran pye sou mwen. Mwen te aprann Jewova pap kite yon moun tante depase sa l ka sipòte. Se sa k fè, mwen gen konfyans Bondye panse mwen ka reyisi.” Men ki sa frè sa a te di pou l fini: “Tout pwoblèm m ap andire yo ap fini nan monn nouvo a. Mwen vle yo fini! Men, annatandan, m ap kontinye goumen.” Li te pran detèminasyon pou l rete nan kous la.

16, 17. a) Ki sa k te ede yon frè ki te ret kwè l sibi yon enjistis? b) Sou kiyès nou dwe fikse je nou pou n pa bite?

16 Enjistis nou sibi akoz kwayan parèy nou kapab tounen obstak ki pou fè n bite. Gen yon frè ki t ap sèvi kòm ansyen nan peyi Lafrans ki te ret kwè li te viktim yon enjistis, e sa te fè l vin an kòlè. Kòm rezilta, li te sispann asiste reyinyon kongregasyon an epi l te vin inaktif. Gen de ansyen ki t al vizite l. Yo te koute l avèk anpil atansyon e yo pa t entèwonp li toutpandan li t ap rakonte istwa l la jan li menm li konprann li an. Yo te ankouraje l pou l lage pwoblèm nan sou Jewova e yo te fè l konnen sa ki pi enpòtan an se fè Jewova plezi. Li te byen reyaji, e l pa t pran tan pou l retounen nan kous la paske l te vin aktif nan kongregasyon an ankò.

17 Tout moun ki kretyen dwe fikse je yo sou Jezi Kris, li menm ki se Chèf Bondye nome alatèt kongregasyon an, men, yo pa dwe ret konsantre sou enpèfeksyon lèzòm. Jezi, moun ki gen je l “tankou yon flanm dife” a, wè tout bagay egzakteman jan yo ye a, e konsa, li konprann bagay yo pi byen lontan pase sa n te ka imajine (Rev. 1:13-16). Pa egzanp, li konnen sa k ka parèt tankou yon enjistis pou nou kapab se yon move entèpretasyon oswa yon move fason nou konprann yo. Jezi ap rezoud pwoblèm ki gen nan kongregasyon an yon fason ki pafè, e l ap fè sa nan bon moman. Kidonk, nou pa dwe kite reyaksyon oswa desizyon kèlkeswa kretyen parèy nou an tounen yon obstak pou fè n bite.

18. Ki sa k ka ede n andire anba eprèv oswa move sitiyasyon?

18 De lòt obstak ki ka fè n bite yo se tribilasyon oswa pèsekisyon ansanm ak enpèfeksyon lòt moun nan kongregasyon an. Nan  parabòl semans Jezi te bay la, li te di “tribilasyon oswa pèsekisyon” ki t ap genyen akoz pawòl la t ap fè kèk moun bite. Kèlkeswa kote pèsekisyon an soti a, kit se nan fanmi nou, nan vwazinaj nou oswa akoz otorite ki nan gouvènman yo, li kapab gen efè an patikilye sou moun verite a “pa pran rasin nan yo” e ki manke fòs nan domèn espirityèl (Mat. 13:21). Sepandan, si nou kenbe yon bon kondisyon kè, semans Wayòm nan ap ede nou vin gen rasin ki byen fon k ap pèmèt lafwa nou rete djanm. Lè n ap fè fas ak eprèv, nan priyè n ap fè, chèche medite sou bagay ki merite louwanj yo. (Li Filipyen 4:6-9.) Grasa fòs Jewova, n ap andire anba eprèv yo, e nou pap kite okenn move sitiyasyon tounen yon obstak ki pou fè n bite.

Pa kite anyen anpeche w fini kous la!

19. Ki jan n ka anpeche sa yon moun fè ki fè n fache tounen yon obstak ki pou fè n bite?

19 Malerezman, pandan ane ki pase yo, gen kèk moun ki te kite enpèfeksyon lòt moun fè yo kite kous la. Pwennvi diferan konsènan bagay ki gen rapò ak konsyans te tounen obstak ki fè yo bite (1 Kor. 8:12, 13). Si yon moun fè n yon bagay ki fè n fache, èske n ap kite sa tounen yon gwo pwoblèm? Labib ankouraje kretyen yo pou yo sispann jije, pou yo padone lòt moun, e pou yo evite ensiste sou dwa yo genyen (Lik 6:37). Lè w ap fè fas ak yon obstak ki ka fè w bite, mande tèt ou: ‘Èske m ap jije lòt moun dapre sa mwen menm mwen panse ki pi bon? Etandone m konnen frè m yo enpafè, èske m ap kite enpèfeksyon yon moun fè m kite kous pou lavi a?’ Lanmou nou gen pou Jewova kapab ede n pran detèminasyon pou n pa kite okenn bagay lòt moun fè nou anpeche n fini kous la.

KOURI AVÈK ANDIRANS EPI EVITE TREBICHE

20, 21. Ki sa w detèmine pou w fè nan kous pou lavi a?

20 Èske w detèmine pou w “fini kous la”? (2 Tim. 4:7, 8.) Kidonk, li enpòtan pou w fè etid pèsonèl. Sèvi ak Bib la ansanm ak piblikasyon nou yo pou w fè rechèch, medite epi idantifye obstak ki ka lakòz ou bite yo. Sipliye Jewova pou lespri sen l ba w fòs ou bezwen nan domèn espirityèl. Pa bliye, pa gen yon atlèt ki deja echwe nan kous pou lavi a senpleman paske l te bite oswa paske l te tonbe yon lè. Li kapab leve epi l retounen nan kous la. Li kapab menm sèvi ak wòch ki fè l bite yo tankou wòch ki aliyen youn dèyè lòt pou l met pye l pou l kouri, e l kapab aprann anpil bon bagay nan kèlkeswa pwoblèm lafwa l te rankontre.

21 Labib pale konsènan patisipasyon nou nan kous pou lavi etènèl la antanke yon bagay ki aktif. Se pa kòmsi nou te monte nan yon bis k ap mennen nou kote kous la fini an. Se nou menm ki dwe kouri nan kous pou lavi a. Toutpandan n ap fè sa, “lapè ann abondans” Jewova bay la ap tankou van k ap frape nou nan do (Sòm 119:165NW). Nou kapab gen konfyans Jewova ap kontinye vide benediksyon l sou nou depi kounye a, e tout moun ki fini kous la pral jwenn benediksyon pou tout tan gen tan. — Jak 1:12.