“Senyè a pral [...] goumen ak nasyon yo, jan li te konn goumen nan tan lontan an.” — ZAK. 14:3.

1, 2. Ki gè toutbon k ap vini tout dwat devan nou, e ki sa sèvitè Bondye yo pap bezwen fè nan gè sa a?

NAN dat ki te 30 oktòb 1938 la, te gen plizyè milyon moun nan peyi Etazini ki t ap koute yon emisyon radyo ki te popilè anpil, ki te konn bay pyès teyat. Jou swa sa a, pyès yo t ap pase a te soti nan yon woman ki baze sou lejann ki rele Lagè monn yo (anglè). Aktè yo te jwe wòl yon seri moun k ap bay nouvèl nan jounal konsènan yon atak k ap soti nan planèt Mas e k ap lakòz gwo destriksyon sou Tè a. Aktout yo te fè moun yo konnen se te yon pyès teyat radyo a t ap pase, anpil moun ki t ap koute emisyon an te panse atak la t ap fèt toutbon e yo te vin pè. Gen lòt menm ki te pran kèk dispozisyon pou yo te ka pwoteje tèt yo kont yon seri ekstraterès ki pa reyèl.

2 Jodi a, gen yon gè toutbon k ap vini tou dwat devan nou. Sepandan, pèsonn pa reyaji devan gè sa a. Se pa nan yon woman ki baze sou lejann yo pale konsènan gè sa a, men se nan Labib, Pawòl Bondye te fè ekri a. Gè sa a se lagè Amagedòn, gè Bondye pral fè kont sistèm mechan ki la kounye a (Rev. 16:14-16). Nan gè sa a, sèvitè Bondye yo ki sou tè a pap bezwen defann tèt yo kont ekstraterès ki soti nan yon lòt planèt. Aktout sa, yo pral enpresyone anpil devan yon seri bèl evènman ki gen pou rive ansanm ak fason Bondye pral fè fòs li parèt aklè.

3. Ki pwofesi nou pral egzamine, e poukisa sa dwe enterese nou?

3 Gen yon pwofesi nou jwenn nan chapit 14 liv Zekarya a ki montre byen klè sa k pral pase pandan gè Amagedòn nan. Byenke pwofesi sa a gen anviwon 2 500 ane depi yo te ekri l, li gen enfliyans sou lavi nou (Wom. 15:4). Pifò nan bagay nou jwenn nan pwofesi sa a gen rapò ni ak sitiyasyon pèp Bondye a ap fè  fas depi lè Wayòm Mesi a te etabli nan syèl la an 1914, ni ak yon seri bèl evènman ki gen pou rive nan yon tan ki pa twò lwen. Pami bagay ki pi enpòtan nou jwenn nan pwofesi sa a, gen yon “yon kokennchenn vale” ansanm ak “dlo lavi a”. (Zek. 14:4, 8, NW.) Vale sa a jwe yon wòl enpòtan nan pwoteksyon adoratè Jewova yo jwenn nan. E lè nou rive konprann sa dlo lavi a kapab vle di pou nou, non sèlman n ap wè li nesesè pou nou bwè l, men, n ap vle bwè l tou. Kidonk, se nan enterè nou sa ye, pou nou bay pwofesi sa a bonjan atansyon. — 2 Pyè 1:19, 20.

“JOU JEWOVA A” RIVE

4. a) Ki lè “jou Jewova a” te kòmanse? b) Ki sa adoratè Jewova yo te fè konnen plizyè dizèn ane anvan 1914, e kòman dirijan yo nan monn nan te reyaji?

4 Kòmansman chapit 14 liv Zekarya a pale konsènan “jou Jewova a” (NW). (Li Zekarya 14:1, 2.) Ki jou sa a? Se “jou seyè a”, jou ki te kòmanse lè “wayòm monn nan” te vin tounen “wayòm Seyè nou an ak Kris li a”. (Rev. 1:10; 11:15.) Jou sa a te kòmanse an 1914, lè Wayòm Mesi a te pran nesans nan syèl la. Plizyè dizèn ane anvan 1914, adoratè Jewova yo te fè nasyon yo konnen “tan ki fikse pou nasyon yo” t ap rive nan bout li nan ane sa a, e monn nan t ap antre nan yon peryòd kote t apral gen pwoblèm moun potko janm wè anvan sa (Lik 21:24). Ki jan moun nan nasyon yo te reyaji? Olye dirijan politik yo ak chèf relijye yo te prete atansyon ak avètisman sa a yo t ap bay nan bon moman, yo te pito meprize kretyen zele sa yo ki gen esperans pou y al nan syèl e yo te pèsekite yo. Konsa, dirijan monn nan te montre yo pa gen okenn respè ni pou Bondye Toupisan an, ni pou anbasadè Wayòm nan, sa vle di moun ki reprezante “Jerizalèm selès la”, Wayòm Mesi a, e ki fè pati Wayòm sa a. — Ebre 12:22, 28.

5, 6. a) Ki sa Zekarya te anonse nasyon yo pral fè kont “lavil la” ansanm ak ‘sitwayen yo’? b) Ki moun ki fè pati “rès pèp la”?

5 Zekarya te pwofetize konsènan sa nasyon yo t apral fè lè l te di: “Y’ap pran lavil [Jerizalèm].” Yon fason senbolik, “Lavil” la reprezante Wayòm Bondye ap dirije pa mwayen Mesi a. Se ‘sitwayen’ Wayòm nan, sa vle di rès kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la, ki reprezante lavil la sou tè a (Fil. 3:20). Pandan Premye Gè mondyal la, yo te “pran” oswa arete moun ki te alatèt nan pati terès òganizasyon Jewova a e yo te mete yo nan prizon nan vil Atlanta, Jòji, Ozetazini. ‘Yo te piye tout kay yo’ nan sans yo te fè moun fidèl e ki inosan sa yo ansanm ak lòt moun parèy yo, sibi enjistis e yo te maltrete yo. Asayan sa yo te piye bèl enfliyans rès moun Bondye chwazi yo t ap egzèse a lè yo te entèdi piblikasyon yo ak lè yo te eseye kanpe travay predikasyon Wayòm nan.

6 Byenke pèp Bondye a pa t anpil, li te mal reprezante e li te jwenn opozisyon ak pèsekisyon nan men asayan yo, vrè adorasyon an pa t sispann egziste. Te gen kèk moun ki fè pati “rès pèp la”, sa vle di moun Bondye chwazi pou al nan syèl la, ki te montre yo fidèl lè yo te refize ‘kite lavil la’.

7. Ki egzanp Temwen Bondye chwazi pou al nan syèl yo kite pou tout vrè adoratè k ap viv jodi a?

7 Èske pwofesi sa a te jwenn tout akonplisman l nan fen Premye Gè mondyal la? Non. Nasyon yo t apral fè plis atak toujou kont rès kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo ansanm ak konpayon fidèl yo ki gen esperans pou yo viv sou tè a (Rev. 12:17). Dezyèm Gè mondyal la te pwouve sa. Entegrite Temwen fidèl Bondye chwazi pou al nan  syèl yo te demontre a pouse sèvitè Bondye k ap viv jodi a pou yo andire kèlkeswa eprèv yo ka rankontre, sa ki gen ladan l opozisyon yo jwenn nan men moun nan fanmi yo ki pa kwayan, kòlèg travay yo oswa kamarad lekòl yo k ap pase yo nan rizib akoz lafwa yo (1 Pyè 1:6, 7). Kèlkeswa kote y ap viv la, vrè adoratè yo pran detèminasyon plis toujou pou yo kontinye “kenbe fèm nan yon sèl espri” e pou yo ‘pa kite advèsè yo kraponnen yo ditou’. (Fil. 1:27, 28.) Men, ki kote moun ki fè pati pèp Jewova a t apral jwenn sekirite nan yon monn ki rayi yo? — Jan 15:17-19.

JEWOVA MET “YON KOKENNCHENN VALE” SOU PYE

8. a) Nan Bib la, ki sa mòn yo kapab reprezante? b) Ki sa “mòn pye oliv yo” reprezante?

8 Etandone Jerizalèm, sa vle di “lavil la”, reprezante Jerizalèm selès la yon fason senbolik, nou dwe konsidere “mòn pye oliv yo ki anfas Jerizalèm” nan yon fason senbolik tou. Ki sa mòn sa a reprezante? Ki fason li pral “fann de bò” epi pou l vin tounen de mòn? Poukisa Jewova rele mòn sa yo, “mòn mwen yo”? (Li Zekarya 14:3-5, NW.) Nan Bib la, mòn kapab reprezante wayòm oswa gouvènman. Anplis de sa, benediksyon ak pwoteksyon gen rapò ak mòn Bondye a (Sòm 72:3; Iza. 25:6, 7). Kidonk, mòn pye oliv yo kote Bondye kanpe alès Jerizalèm terès la reprezante pozisyon Jewova antanke Souvren linivè, sa vle di dominasyon san parèy li a.

9. Nan ki sans ‘mòn oliv yo’ fann de bò?

9 Ki sa divize mòn pye oliv yo divize a vle di? Mòn ki twouve l alès Jerizalèm nan fann de bò nan sans Jewova etabli yon lòt gouvènman ki se yon dezyèm gouvènman. Dezyèm gouvènman sa a se Wayòm Mesi a ki gen Jezi Kris kòm Wa ladan l. Se sa k fè Jewova pale konsènan de mòn ki soti nan divizyon ‘mòn oliv yo’ antanke ‘mòn li’. (Zek. 14:4.) Toule de se pou li yo ye.

10. Ki sa “kokennchenn vale” ki nan mitan de mòn yo reprezante?

10 Nan moman mòn senbolik la fann de bò a, kote mwatye nan mòn nan fè nan nò e lòt mwatye a fè nan sid, pye Jewova kontinye kanpe sou toule de mòn yo anmenmtan. Gen “yon kokennchenn vale” ki vin fòme nan mitan de pye Jewova. Vale senbolik sa a reprezante pwoteksyon Jewova bay sèvitè l yo pa mwayen souverènte inivèsèl li a ansanm ak Wayòm Mesi a, Pitit li a ap dirije a. Jewova ban nou asirans vrè adorasyon an pap janm sispann. Ki lè mòn pye oliv yo te fann de bò a? Sa te fèt an 1914, lè Wayòm Mesi a te etabli nan fen tan janti yo. Ki lè vrè adoratè yo te kòmanse ale nan vale senbolik la?

PÈP BONDYE A KÒMANSE AL NAN VALE A!

11, 12. a) Ki lè pèp Jewova a te kòmanse ale nan vale senbolik la? b) Ki sa k montre Jewova ap toujou aji an favè pèp li a?

11 Men ki avètisman Jezi te bay disip li yo: “Tout nasyon ap rayi nou poutèt non mwen.” (Mat. 24:9). Depi 1914, pandan dènye jou sistèm ki la kounye a, rayisman sa a vin pi mal. Malgre tout atak vyolan ènmi yo te fè kont rès kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo pandan Premye Gè mondyal la, yo pa t rive detwi gwoup moun fidèl sa yo. An 1919, yo te libere anba enfliyans Gran Babilòn nan ki reprezante tout fo relijyon ki gen nan monn nan (Rev. 11:11, 12) *. Se lè sa a, pèp la te kòmanse al nan vale ki nan mòn Jewova yo.

12 Depi 1919, vale pwoteksyon Jewova a kontinye pwoteje vrè adoratè yo  toupatou sou tè a. Pandan plizyè dizèn ane, nan anpil kote nan monn nan, yo te mete entèdiksyon ak restriksyon sou travay predikasyon an ansanm ak piblikasyon Temwen Jewova yo ki baze sou Bib la. Restriksyon sa yo egziste toujou nan kèk peyi. Sepandan, kèlkeswa sa nasyon yo eseye fè, yo pap janm rive kraze vrè adorasyon an! Jewova ap toujou aji an favè pèp li a. — Det. 11:2.

13. Ki fason nou rete nan vale pwoteksyon Jewova a, e poukisa se depi kounye a li pi enpòtan pou nou fè sa?

13 Si nou ret atache ak Jewova e nou kontinye kenbe fèm nan laverite, Jewova ak Pitit gason l lan, Jezi Kris, ap jwe wòl pa yo a e Jewova pap kite okenn moun oswa okenn bagay ‘rache nou nan men l’. (Jan 10:28, 29.) Jewova toujou pare pou l fè nou jwenn kèlkeswa èd nou bezwen, yon fason pou nou ka obeyi l antanke Souvren linivè a e pou nou ka rete fidèl anvè Wayòm Mesi a. Li enpòtan anpil pou nou kontinye ret nan vale pwoteksyon an etandone vale sa a pral gen yon pi gwo siyifikasyon pou vrè adoratè yo toutpandan gwo tribilasyon an ap avanse a tout vitès.

‘JOU LAGÈ A’ RIVE

14, 15. Nan ki sitiyasyon moun ki deyò vale a ap ye nan ‘jou lagè Bondye’ pral fè kont ènmi l yo?

14 Etandone fen sistèm ki la kounye a ap pwoche nan bout li, Satan pral lanse plis atak kont sèvitè Jewova yo. Apre sa, ‘jou lagè Bondye’ pral fè kont ènmi l yo pral rive. Jewova pral veye pou youn nan atak sa yo se dènye atak Satan. Nan jou sa a, Souvren linivè a pral aji antanke yon Gèrye ki gen plis pouvwa pase nenpòt lòt lè li te aji antanke Gèrye “pou l al batay”. — Zek. 14:3, NW.

15 Nan ki sitiyasyon moun ki deyò “kokennchenn vale” pwoteksyon an ap ye nan jou lagè Bondye a? Yo “p’ap gen limyè” favè Bondye a klere sou yo. Jou lagè sa a ki gen pou vini an pral gen efè sou ‘chwal, milèt, chamo, bourik ansanm ak tout kalite bèt’ ki senbolize ekipman nasyon yo itilize pou fè lagè. Ekipman sa yo pral “fè glas”, yo pap ka sèvi ankò kòmsi yo vin friz tèlman yo jele. Jewova pral sèvi ak lapès ansanm ak “maladi” tou. Kit nou dwe pran maladi sa a yon fason literal oswa senbolik, maladi a pral tounen yon gwo menas k ap wonje ènmi yo an silans. Nan jou sa a, ‘grenn je yo ak lang yo ap pouri’, sa vle di se sèlman tankou avèg asayan sa yo pral atake epi yo pap kapab fè vye diskou yo ankò paske bouch yo ap fèmen (Zek. 14:6, 7, 12, 15). Pa gen okenn kote sou tè a k ap chape anba destriksyon sa a. Pral gen anpil moun ki pral pran pozisyon pou Satan nan batay la (Rev. 19:19-21). Se sa k fè, Bib la di: “Vrèmanvre, nan jou sa a, moun Jewova touye yo ap soti depi yon bout tè a jis rive nan lòt bout la.” — Jer. 25:32, 33, NW.

16. Etandone jou lagè Bondye a ap pwoche, ki kesyon nou dwe konsidere, e ki sa nou pral bezwen fè?

16 Lagè toujou pote soufrans menm pami moun ki pote laviktwa yo. Kapab vin gen rate manje. Gen moun ki kapab pèdi byen yo te genyen. Nivo lavi a ka vin bese. Libète yon moun te genyen kapab vin limite. Si pwoblèm sa yo ta rive nou, ki jan nou t ap reyaji? Èske nou t ap panike? Èske nou t ap kite presyon lavi a fè n pèdi lafwa? Èske nou t ap pèdi espwa epi nou vin dekouraje? Pandan gwo tribilasyon an, se pa ti enpòtan l ap enpòtan pou nou kontinye met lafwa nou nan pouvwa Jewova genyen pou l sove moun nan e pou nou kontinye rete nan vale pwoteksyon Jewova a! — Li Abakouk 3:17, 18.

 “DLO LAVI A PRAL KOULE”

17, 18. a) Ki sa “dlo lavi a” ye? b) Ki sa “lanmè oryantal” la ak “lanmè oksidantal” la reprezante? c) Ki detèminasyon w pran toutpandan w ap tann sa k gen pou rive yo?

17 Apre Amagedòn, “dlo lavi” ki sot anba twòn Wayòm Mesi a pral kontinye koule. “Dlo lavi” sa a se dispozisyon Jewova pran pou ban nou lavi. “Lanmè oryantal” la fè referans ak lanmè Mòt, e “lanmè oksidantal” la fè referans ak lanmè Meditèrane a. Toule de lanmè sa yo fè referans ak moun. Lanmè Mòt la byen reprezante moun ki nan tonm kote tout moun ki mouri ale a. Etandone lanmè Meditèrane a chaje ak bèt k ap viv ladan l, li byen reprezante “gwo foul” moun ki pral chape vivan nan Amagedòn yo. (Li Zekarya 14:8, 9, NW; Rev. 7:9-15.) Kidonk, toule de gwoup moun sa yo pral libere anba kondanasyon lanmò nou eritye nan men Adan an lè yo kontinye pase swaf yo nan dlo lavi senbolik la oswa “rivyè dlo lavi” a. — Rev. 22:1, 2.

Annou pran detèminasyon pou nou rete nan vale pwoteksyon Jewova a.

18 Grasa pwoteksyon Jewova bay la, nou pral chape vivan nan fen sistèm mechan ki la kounye a epi nou pral antre nan monn nouvo Bondye a, kote lajistis pral blayi. Byenke tout nasyon ki sou tè a rayi nou, annou pran detèminasyon pou nou kontinye rete fidèl anvè Wayòm Bondye a e pou nou kontinye rete nan vale pwoteksyon Jewova a!

^ § 11 Gade liv La Révélation: le grand dénouement est proche! la, paj 169-170.