“Bondye te dirije atansyon l sou nasyon yo pou l retire yon pèp pou non l nan mitan yo.” — TRA. 15:14.

1, 2. a) Ki sa ‘kay David la’ te ye, e kòman l te fè rebati? b) Jodi a, ki moun k ap sèvi ansanm antanke sèvitè Jewova?

MEN sa disip Jak te di pandan yon gwo reyinyon Kolèj santral premye syèk la te fè nan Jerizalèm, nan ane 49 epòk nou an: “Simeyòn [Pyè] rakonte an detay kòman, pou premye fwa, Bondye te dirije atansyon l sou nasyon yo pou l retire yon pèp pou non l nan mitan yo. E sa ann amoni ak pawòl pwofèt yo, tankou sa ekri: ‘Apre bagay sa yo, m ap retounen e m ap rebati kay David la ki tonbe. Wi, m ap rebati mazi a, m ap mete l kanpe ankò, dekwa pou moun ki rete yo ka chèche Jewova ak tout kè yo, ansanm ak moun nan tout nasyon yo, moun ki pote non m yo, se sa Jewova di, li menm k ap fè bagay sa yo moun konnen depi lontan an.’” — Tra. 15:13-18.

2 ‘Kay [oswa palè] David la’ te tonbe lè yo te retire wa Sidkiya sou twòn nan (Amòs 9:11). Sepandan, “kay” sa a t ap gen pou l rebati grasa Jezi, desandan David la, ki t ap gen pou reye pou toutan (Eze. 21:27; Tra. 2:29-36). Jan disip Jak te fè konn sa nan reyinyon enpòtan sa a, pwofesi Amòs la te jwenn akonplisman l nan rasanbleman moun ki t apral eritye Wayòm nan, kit yo te Juif, kit yo te moun lòt nasyon. Jodi a, rès kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo ansanm ak plizyè milyon moun ki fè pati “lòt mouton” Jezi yo vin fè yon sèl pou yo pwoklame verite ki nan Bib la. — Jan 10:16.

PÈP JEWOVA A TE JWENN YON DEFI

3, 4. Kòman pèp Jewova a te fè kenbe relasyon yo te gen avè l la nan peyi Babilòn?

3 Sa klè, “kay David la” te kraze lè Babilonyen yo te mennen Juif yo kòm esklav nan peyi Babilòn. Etandone fo relijyon te fin gaye nèt nan peyi Babilòn, ki jan pèp Bondye a t apral fè kenbe relasyon yo te gen avè l la pandan 70 an yo t apral pase ann egzil la, yon peryòd ki te kòmanse nan ane 607 anvan epòk nou an pou fini nan ane 537 anvan epòk nou an? Yo t ap rive fè sa menm fason nou menm, antanke pèp Jewova, nou rive kenbe nan  monn sa a Satan ap dirije a (1 Jan 5:19). Yo te rive kenbe relasyon yo te gen ak Bondye a grasa yon eritaj espirityèl ki gen anpil valè yo te genyen.

4 Pawòl Bondye te fè ekri a fè pati eritaj espirityèl nou an. Juif ki te ann egzil nan peyi Babilòn nan pa t gen tout Ekriti sakre yo nan men yo, men, yo te konnen Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la ansanm ak Dis Kòmandman ki te gen nan Lwa sa a. Yo te konnen, “chante peyi Siyon” yo te ka fè yo sonje anpil pwovèb, e yo te aprann anpil bagay sèvitè Jewova nan tan lontan yo te fè. Vrèmanvre, moun sa yo ki te ann egzil te konn kriye lè yo te sonje Siyon, e yo pa t bliye Jewova. (Li Sòm 137:1-6.) Sa te pèmèt yo kenbe yon bon relasyon ak Jewova menm lè yo te nan peyi Babilòn, yon kote ki te chaje ak fo doktrin ansanm ak pratik ki pa bon.

DOKTRIN TRINITE A EGZISTE DEPI LONTAN

5. Ki prèv ki montre yo te kwè nan trinite nan relijyon Babilòn ak Ejip tan lontan an?

5 Doktrin trinite a te jwe yon wòl enpòtan nan adorasyon Babilonyen yo. Youn nan gwoup ki gen twa dye Babilonyen yo te konsidere ki fè yon sèl, te gen ladan l Sin (yon dye lalin), Chamach (yon dye solèy) ak Ichta (yon deyès fètilite ak lagè). Nan Ejip tan lontan an, byen souvan, yo te konsidere yon dye tankou l te marye ak yon deyès ki te fè yon pitit pou li, konsa yo vin “fòme yon trinite kote, byen souvan, se pa papa a ki toujou chèf paske, nan kèk okazyon, li kontante l pou l sèvi antanke prens lè prensipal dye nan zòn nan se yon deyès”. (New Larousse Encyclopedia of Mythology.) Youn nan gwoup ki gen twa dye Ejipsyen yo te konsidere ki fè yon sèl, te gen ladan l dye Osiris, deyès Isis ansanm ak pitit yo Oris.

6. Ki jan nou t ap defini Trinite, e ki fason nou jwenn pwoteksyon kont move kwayans sa a?

6 Lakretyente gen gwoup ki gen twa dye pa l, yon gwoup li konsidere ki fè yon sèl, anpalan de Trinite. Klèje lakretyente a fè konnen Papa a, Pitit la ak lespri sen an se yon sèl Dye. Men, sa se yon atak kont souvrènte Jewova paske yo fè Jewova parèt tankou yon Dye ki fè pati yon gwoup ki gen twa dye e twa dye sa yo fè yon sèl, sa vle di Jewova se yon tyè nan divinite yo vle pale a. Pèp Jewova a jwenn pwoteksyon kont move kwayans sa a paske yo bay pawòl enspire ki vin apre yo anpil valè: “Tande, o Izrayèl: Jewova Bondye nou an se yon sèl Jewova.” (Det. 6:4, NW). Jezi te site pawòl sa yo pandan l te sou tè a. Èske gen yon vrè kretyen ki pap dakò ak pawòl sa yo? — Mak 12:29.

7. Ki sa k fè li enposib pou yon moun ki kwè nan Trinite batize pou l montre li vwe vi l toutbon bay Bondye?

7 Doktrin Trinite a pa ale nan menm sans ak misyon Jezi te bay disip li yo, lè l te di yo: “Fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an.” (Mat. 28:19). Pou yon moun batize antanke vrè kretyen epi pou l vin yon Temwen Jewova, li dwe rekonèt Jewova, Papa a, antanke Dye siprèm e li dwe rekonèt pozisyon ak otorite Jezi, Pitit Bondye a. Kandida batèm nan dwe konnen tou, lespri sen an pa fè pati yon Trinite, men li se fòs aktif Bondye (Jen. 1:2). Yon moun ki kontinye kwè nan Trinite pa kapab batize pou l montre li vwe vi l toutbon bay Jewova Dye. Se pa ti rekonesan nou rekonesan dèske eritaj espirityèl nou an pwoteje nou kont ansèyman sa a ki dezonore Bondye!

ESPIRITIS GAYE PASIPALA!

8. Ki pwennvi Babilonyen yo te genyen konsènan dye yo ak demon yo?

8 Te gen anpil plas pou fo doktrin, divinite, demon ak espiritis nan ansèyman relijyon Babilòn nan. Gen yon ansiklopedi ki fè konnen: “Nan relijyon Babilòn nan, apre dye yo, se demon yo ki te pi enpòtan. Demon sa yo te gen pouvwa pou yo fè lèzòm soufri ak tout kalite maladi fizik oswa maladi  mantal. Yon bon pati nan relijyon sa a sanble te yon gwo konba moun t ap mennen kont demon sa yo, e se toupatou moun te konn sipliye dye yo nan lapriyè pou ede lèzòm reziste kont demon sa yo.” — The International Standard Bible Encyclopaedia.

9. a) Ki fason anpil Juif te enfliyanse ak ide fo relijyon yo apre yo te sot ann egzil nan peyi Babilòn? b) Ki fason nou jwenn pwoteksyon kont danje ki genyen lè yon moun chwazi pran kontak ak demon?

9 Apre Juif yo te sot ann egzil nan peyi Babilòn, anpil nan yo te enfliyanse ak yon seri ide ki pa biblik. Lefètke ansèyman Grèk yo te vin gaye, gen anpil Juif ki te fasil pou tonbe anba kontwòl demon yo paske yo te dakò ak pwennvi ki fè konprann gen demon ki bon oswa gen demon ki mechan. Eritaj espirityèl nou an pwoteje nou kont danje ki genyen lè yon moun chwazi pran kontak ak demon, paske nou konnen Bondye kondane pratik ki gen rapò ak movèzespri Babilòn yo (Iza. 47:1, 12-15). Anplis de sa, nou aji selon fason Bondye konsidere espiritis. — Li Detewonòm 18:10-12; Revelasyon 21:8.

10. Ki sa nou ka di konsènan kwayans ak pratik gran Babilòn nan?

10 Se pa sèlman Babilonyen yo ki te gen pratik ki gen rapò ak movèzespri, men, se tout moun k ap sipòte gran Babilòn nan, sa vle di tout fo relijyon ki gen nan monn nan (Rev. 18:21-24). Gen yon diksyonè ki fè konnen: “[Gran] Babilòn nan gen plis pase yon sèl anpi oswa yon sèl kilti ladan l. Non sèlman li chaje ak anpil idolatri, men tou, li depase anpil fwontyè jeyografik.” (The Interpreter’s Dictionary of the Bible, volim 1, paj 338). Byenke gran Babilòn nan, yon kote ki chaje ak pratik ki gen rapò ak movèzespri, idolatri ansanm ak lòt peche ankò, egziste toujou, men, li pap ret pou lontan. — Li Revelasyon 18:1-5.

11. Ki avètisman yo te bay konsènan espiritis?

11 Men sa Jewova deklare: “Mwen pa ka sipòte lefètke n ap fè maji.” (Iza. 1:13, NW). Byen souvan, yo rele pratik ki gen rapò ak movèzespri a espiritis, e pratik sa a te jwe yon gwo wòl nan fason moun te konn panse pandan 19yèm syèk la. Sepandan, men ki sa Le Phare de la Tour de Sion ki te parèt nan mwa me 1885 lan te di: “Kwayans ki fè konnen moun ki mouri yo al viv yon lòt kote oswa nan yon lòt kondisyon an, se pa yon kwayans ki tounèf. Kwayans sa a te fè pati relijyon nan tan lontan yo, e se ladan l vrè rasin tout fòm lejann soti.” Atik la te di tou, ide ki pa biblik ki fè konnen moun ki mouri yo kapab kominike ak moun ki vivan yo “te soutni teknik ‘demon’ yo itilize pou twonpe moun, lè yo fè tèt yo pase pou espri moun ki mouri. Yo te konn prese itilize kalite teknik sa a yon fason pou yo te ka kache idantite yo, e konsa, yo te kontinye egzèse enfliyans yo sou lespri ak lavi anpil moun”. Premye bwochi ki te gen tit Ki sa Ekriti yo di sou espiritis? la, te bay menm avètisman sa yo e dènye piblikasyon nou yo bay avètisman sa yo tou.

ÈSKE NANM YO AP SOUFRI NAN YON MONN ANBA TÈ A?

12. Ki sa Bondye te pouse Salomon ekri konsènan kondisyon mò yo?

12 “Tout moun ki vin konnen laverite” ap kapab reponn kesyon sa a (2 Jan 1). Se sèten nou dakò ak pawòl Salomon te di ki vin apre yo: “Yon chen vivan miyò pase yon lyon mouri. Wi. Moun vivan yo konnen yo gen pou yo mouri. Men moun mouri yo pa konn anyen [...] Tou sa ou jwenn pou ou fè, fè l ak tout fòs ou. Paske, kote ou prale a, nan peyi kote mò yo ye a, nanpwen travay pou ou fè, pa gen lide ki pou mache nan tèt ou, pa gen konesans, pa gen bon konprann.” — Ekl. 9:4, 5, 10.

13. Ki fason relijyon ak kilti grèk la te enfliyanse Juif yo?

13 Juif yo te nan pozisyon pou yo konnen laverite sou lanmò. Sepandan, lè kat nan jeneral Aleksann Legran yo te vin divize wayòm Grès la, yo te fè efò pou yo fè Jida ak Lasiri vin fè yon sèl pa mwayen relijyon grèk la ak kilti grèk la. Konsa, Juif yo  te vin aksepte fo ansèyman ki fè konnen moun gen yon nanm imòtèl epi gen yon monn anba tè a kote moun al soufri lè yo mouri. Men, se pa Grèk yo ki te vin ak ide ki fè konnen gen yon monn anba tè ki chaje ak nanm moun k ap soufri, paske Babilonyen yo te kwè nan “yon monn anba tè, [...] ki tankou yon kote ki chaje ak vye bagay, [...] kote gen dye ak demon ki chaje ak fòs e ki mechan anpil k ap domine”. (The Religion of Babylonia and Assyria.) Sa klè, Babilonyen yo te kwè moun gen yon nanm imòtèl.

14. Ki sa Jòb ak Abraram te konnen sou lanmò ak rezirèksyon?

14 Jòb, yon moun ki te fidèl, te konnen laverite sou lanmò byenke Ekriti yo pa t disponib nan epòk li a. Li te rann li kont tou, Jewova se yon Bondye ki gen lanmou ki pa t ap ka tann pou l wè moman pou l resisite l la rive (Jòb 14:13-15). Abraram tou te kwè nan rezirèksyon an. (Li Ebre 11:17-19.) Mesye sa yo ki te gen lakrentif pou Bondye pa t kwè moun gen yon nanm imòtèl, etandone li pa posib pou yo resisite yon moun ki pa ka mouri. Pa gen dout nan sa, lespri sen Bondye te ede Jòb ak Abraram konnen nan ki kondisyon moun ki mouri yo ye, epi l te ede yo egzèse lafwa nan rezirèksyon an. Verite sa yo fè pati eritaj nou an tou.

NOU BEZWEN “LIBERASYON KI FÈT SOU BAZ RANSON” AN

15, 16. Ki jan nou fè libere anba peche ak lanmò?

15 Se pa ti kontan nou kontan dèske Bondye fè nou konnen laverite tou konsènan dispozisyon li pran pou l delivre nou anba peche ak lanmò nou eritye nan men Adan an (Wom. 5:12)! Nou vin konnen Jezi “pa t vini pou moun sèvi l, men li te vini pou l sèvi moun e pou l bay nanm li kòm ranson pou anpil moun”. (Mak 10:45.) Ala sa bon pou nou konnen laverite konsènan “liberasyon ki fèt sou baz ranson Kris Jezi te peye a”! — Wom. 3:22-24.

16 Juif ak moun lòt nasyon ki t ap viv nan premye syèk la te bezwen repanti pou peche yo epi montre yo gen lafwa nan sakrifis ranson Jezi a. Si yo pa t fè sa, yo pa t ap ka jwenn padon pou peche yo. Se  menm bagay la tou jodi a (Jan 3:16, 36). Si yon moun kontinye kwè nan fo doktrin tankou Trinite ak nanm imòtèl, li pap ka jwenn byenfè ranson an ap pote yo. Men, nou menm, nou kapab jwenn byenfè sa yo paske nou konnen laverite konsènan “Pitit Gason [Bondye] renmen an, e grasa Pitit sa a, nou jwenn liberasyon nou grasa ranson an, wi, nou jwenn padon pou peche nou”. — Kol. 1:13, 14.

ANN KONTINYE AJI ANTANKE PÈP POU NON JEWOVA

17, 18. Ki kote nou ka jwenn bonjan enfòmasyon sou istwa nou, e kòman nou ka jwenn byenfè nan sa n aprann ladan l yo?

17 Nou ta kapab di plis bagay toujou konsènan bonjan ansèyman nou jwenn, eksperyans nou fè antanke sèvitè Bondye ansanm ak kantite benediksyon nou jwenn nan domèn espirityèl ak materyèl. Sa gen plizyè dizèn ane depi n ap li yon pakèt bèl istwa konsènan travay n ap fè nan plizyè peyi sou tè a nan Annuaire nou yo. Yo rakonte istwa nou, antanke Temwen Jewova, nan videyo La foi en action an, premye ak dezyèm pati, ak nan kèk liv tankou Les Témoins de Jéhovah: Prédicateurs du Royaume de Dieu. Byen souvan, peryodik nou yo rakonte kèk eksperyans ankourajan frè ak sè nou renmen anpil yo te fè.

18 Menm jan pèp Izrayèl la te konn jwenn byenfè lè yo te reflechi sou fason Jewova te delivre yo anba esklavaj ann Ejip, nou menm tou nou jwenn byenfè lè nou egzamine istwa òganizasyon Jewova a (Egz. 12:26, 27). Etandone Moyiz te viv pandan lontan, li te ka bay temwayaj sou mirak Bondye te fè yo. Se sa k fè l te di Izrayelit yo: “Chonje tan lontan! Repase tèt nou sou tan lontan! Mande papa nou pou li di nou sa k te pase. Mande granmoun lontan yo rakonte nou istwa tan lontan.” (Det. 32:7). Antanke moun ki fè pati ‘pèp Jewova epi mouton ki nan savann li’, nou tout pran plezi nan fè louwanj pou li, e nou vle fè lòt moun konnen travay Jewova fè ki montre jan li pisan (Sòm 79:13). Anplis de sa, l ap bon pou nou egzamine istwa nou, pou nou aprann ladan l epi pou nou fikse objektif pou lavni.

19. Etandone nou benefisye limyè espirityèl la, ki sa nou dwe fè?

19 Nou kontan anpil dèske nou pap mache nan tenèb ki nan monn nan, men, nou benefisye limyè espirityèl ki soti nan Bondye a (Pwo. 4:18, 19). Donk, annou etidye Pawòl Bondye a avèk dilijans epi annou montre nou zele nan fason n ap pataje verite a ak lòt moun toutpandan n ap montre nou gen menm etadespri ak salmis la ki te fè louwanj pou Jewova, Souvren Seyè a, nan yon priyè l te fè. Men sa l te di: “M’a fè chonje jan ou fè lèzòm gras. Se ou menm sèlman ki ka fè bagay konsa. Bondye, depi lè m te jenn gason w’ap aprann mwen anpil bagay. Jouk kounyeya m’ap rakonte bèl bagay ou fè yo. Kounyeya mwen fin vye granmoun, tout cheve nan tèt mwen fin blan. Tanpri, Bondye, pa lage m. Kanpe la avè m pou m ka fè moun k’ap viv kounyeya konnen jan ou gen fòs, pou m ka fè tout moun ki gen pou vin apre yo konnen jan ou vanyan.” — Sòm 71:16-18.

20. Ki kesyon enpòtan ki te soulve, e ki jan nou santi nou konsènan kesyon sa yo?

20 Antanke sèvitè Jewova ki vwe lavi nou ba li, nou konnen kesyon ki gen rapò ak souverènte Bondye ak entegrite lèzòm nan. Se sa k fè, n ap pwoklame ak tout kè nou, verite byen klè sa a ki fè konnen se Jewova ki Souvren linivè a (Rev. 4:11). Grasa lespri sen Bondye, n ap anonse moun ki enb yo bon nouvèl la, n ap panse moun kè yo ap fann, e n ap konsole moun ki andèy yo (Iza. 61:1, 2). Byenke se anven Satan ap fè efò pou l met pèp Bondye a ansanm ak tout limanite anba pyè l, nou menm, nou apresye eritaj espirityèl nou an anpil, e nou detèmine pou nou kontinye kenbe entegrite nou, pou nou fè louwanj pou Jewova, Souvren Seyè nou an, depi kounye a e pou toutan! — Li Sòm 26:11; 86:12.