“Se moun lòt nasyon [...] ki va travay jaden nou yo, ki va okipe jaden rezen nou yo. Men nou menm, y’a rele nou prèt Senyè a.” — EZA. 61:5, 6.

1. Ki jan kèk moun konsidere moun lòt nasyon yo, men, ki sa k fè sa pa nòmal?

JAN nou te wè sa nan atik anvan an, gen moun ki sèvi ak ekspresyon “moun lòt nasyon” an pou denigre moun, pou montre yo pa anyen, oswa menm pou meprize yo. Nou t ap montre nou manke respè si nou ta konsidere moun lòt nasyon yo kòm moun ki pi ba pase moun nan peyi nou. Mete sou sa, yon atitid konsa t ap montre nou pa konn reyalite a. Gen yon liv ki fè konnen: “Lèzòm se frè, jan Labib montre sa.” ​(The Races of Mankind). Byen souvan, de frè konn gen anpil bagay ki fè yo diferan youn ak lòt, men, yo se frè kanmenm.

2, 3. Ki jan Jewova konsidere moun lòt nasyon yo?

2 Nòmalman, kèlkeswa kote n ap viv la, n ap gen moun lòt nasyon nan mitan nou. Se nan sitiyasyon sa a Izrayelit nan tan lontan yo te ye, yo menm ki te vin gen yon relasyon espesyal ak Jewova Dye pa mwayen alyans Lalwa a. Dwa moun ki pa t Izrayelit yo te genyen yo te yon ti jan limite, sepandan, Izrayelit yo te dwe montre yo gen respè pou yo e yo te dwe byen boule ak yo. Ala yon bèl egzanp nou ta dwe suiv! Pa gen plas pou patipri ak prejije nan mitan vrè kretyen yo. Sa k fè sa? Se paske apot Pye te di: “Vrèmanvre, mwen rann mwen kont Bondye pa gen patipri. Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi.” — Tra. 10:34, 35.

3 Moun lòt nasyon ki te abite nan Izrayèl tan lontan an te jwenn byenfè grasa bonjan relasyon yo te gen ak Izrayelit natif natal yo. Sa te montre fason Jewova konsidere moun sa yo. Se sa k fè, kèk ane annapre, pandan Pòl t ap pale konsènan Jewova, li te di: “Èske Bondye se Bondye Juif yo sèlman l ye? Èske l pa Bondye moun ki nan nasyon yo tou? Wi, li se Bondye moun ki nan nasyon yo tou.” — Wom. 3:29; Yow. 2:32.

4. Sa k fè nou kapab di pa gen moun lòt nasyon nan “Izrayèl Bondye a”?

 4 Grasa nouvo alyans lan, moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo te vin ranplase Izrayèl selon lachè a. Antanke nasyon, moun sa yo te vin gen yon relasyon espesyal ak Bondye. Se sa k fè, yo te vin rele yo “Izrayèl Bondye a”. (Gal. 6:16.) E jan Pòl te fè konn sa, nan nouvo nasyon sa a “pa gen ni Grèk ni Juif, ni moun ki sikonsi ni moun ki pa sikonsi, ni etranje, ni Sit, ni esklav, ni moun ki lib, men, Kris se tout bagay e li nan [yo] tout”. (Kol. 3:11.) Donk, nan ka sa a, pa gen okenn moun lòt nasyon nan kongregasyon kretyen an.

5, 6. a) Ki kesyon yon moun ta gendwa poze konsènan Izayi 61:5, 6? b) “Prèt Senyè” yo ak “moun lòt nasyon” Izayi pale de yo a, kiyès yo ye? c) Ki travay de gwoup moun sa yo ap fè ansanm?

5 Yon lòt bò, yon moun kapab fè referans ak pwofesi nou jwenn nan Izayi chapit 61 an, yon pwofesi ki jwenn akonplisman l nan kongregasyon kretyen an. Nan vèsè 6 la, yo pale konsènan moun ki pral sèvi antanke “prèt Senyè a”. Sepandan, vèsè 5 lan pale konsènan “moun lòt nasyon” yo ki t ap gen pou yo kolabore epi travay ansanm ak “prèt” sa yo. Ki sa nou konprann konsènan vèsè sa yo?

6 Nou konprann, “prèt Senyè” yo se moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ki benefisye “premye rezirèksyon an”, yo “pral sèvi kòm prèt pou Bondye e pou Kris, e yo pral dirije antanke wa avèk Kris pandan 1 000 an”. (Rev. 20:6.) Anplis de sa, gen anpil kretyen fidèl ki gen esperans pou yo viv sou tè a. Nan yon sans, moun sa yo k ap travay kòtakòt ak moun ki gen pou al nan syèl yo, se moun lòt nasyon yo ye. Yo kontan soutni “prèt Senyè” yo epi travay bò kote yo. Se kòmsi y ap sèvi antanke moun k ap “travay jaden” pou yo e k ap “okipe jaden rezen” pou yo. Vrèmanvre, yo bay èd yo nan travay rekòt la ki se pran swen moun epi chèche moun pou glwa Bondye. Konsa, avèk amou, ni kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo, ni moun ki fè pati “lòt mouton” yo pran plezi chèche moun ki gen kè sensè e ki vle sèvi Bondye pou toutan yo epi pran swen yo. — Jan 10:16.

“YO SE MOUN KI DEPASAJ” MENM JAN AK ABRARAM

7. Nan ki sans kretyen k ap viv jodi a sanble ak Abraram e ak moun fidèl ki t ap viv nan tan lontan yo?

7 Jan nou te aprann sa nan atik ki vin anvan an, vrè kretyen yo tankou etranje oswa  moun ki depasaj nan monn mechan Satan an. Nan monn sa a, yo sanble ak moun fidèl ki t ap viv nan tan lontan menm jan ak Abraram yo, ki te di yo “se etranje e yo se moun ki depasaj nan peyi a”. (Ebre 11:13.) Kèlkeswa esperans nou genyen an, nou gen privilèj pou nou gen menm kalite relasyon Abraram te gen ak Jewova a. Jak te fè konnen: “Abraram te mete lafwa l nan Jewova, e [...] pou rezon sa a Bondye te konsidere l kòm yon moun ki jis [...] e yo te vin rele l ‘zanmi Jewova’ .” — Jak 2:23.

8. Ki pwomès Bondye te fè Abraram, e ki jan l te konsidere pwomès sa a?

8 Bondye te fè konnen tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon pa mwayen Abraram ansanm ak desandans li a. Li pa t di se sèlman yon nasyon ki pral jwenn benediksyon. (Li Jenèz 22:15-18.) Byenke pwomès Bondye te fè Abraram nan gen pou l akonpli alavni, Abraram te gen konfyans pwomès sa a t ap reyalize. Pandan plis pase mwatye nan vi l, li menm ak fanmi l te vwayaje pasipala. Pandan tout tan sa a, Abraram te toujou rete zanmi Jewova.

9, 10. a) Ki jan nou kapab suiv egzanp Abraram? b) Ki envitasyon nou kapab fè lòt moun?

9 Byenke Abraram pa t konnen konbyen tan li t ap gen pou l ret tann anvan esperans li a vin yon reyalite, lanmou l ansanm ak atachman l te gen pou Jewova pa t janm brannen. Li te rete konsantre sou pwomès Jewova te fè l la, li pa t chèche vin yon sitwayen legal nan kèk peyi (Ebre 11:14, 15). Se pa ti saj n ap montre nou saj pou nou suiv egzanp Abraram, lè nou mennen yon vi senp ak lè nou pa enkyete nou twòp pou byen materyèl, gwo pozisyon oswa chèche fè karyè nan monn nan! Poukisa pou n ap chèche mennen yon swadizan vi ki nòmal nan sistèm sa a ki pral rive nan bout li talè konsa? Poukisa pou n ta vin gen gwo atachman pou yon seri bagay ki la sèlman pou yon ti tan? Nou gen je nou fikse sou yon bagay ki pi bon lontan e nou dispoze montre nou gen pasyans, pou nou tann jiskaske esperans nou an reyalize. — Li Women 8:25.

Èske w kite je w fikse sou akonplisman pwomès Bondye yo menm jan Abraram te fè sa?

10 Jiska prezan, Jewova ap envite moun tout nasyon pou yo jwenn benediksyon grasa semans Abraram nan. Antanke “prèt Senyè a”, moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ansanm ak lòt mouton yo, ki se “moun lòt nasyon”, ap fè envitasyon sa a nan lemonnantye nan plis pase 600 lang.

YO RENMEN MOUN KI SOTI NAN TOUT NASYON

11. Ki sa Salomon te mande ki pa t konsène Izrayelit yo sèlman?

11 Pandan Salomon t ap inogire tanp lan nan ane 1026 anvan epòk nou an, ann amoni ak pwomès Jewova te fè Abraram nan, li te konnen moun ki soti tout nasyon t ap gen pou vin louwe Jewova ansanm ak pèp Izrayèl la. Men sa l te di nan yon priyè li te fè ak tout kè l: “Menm lè yon moun lòt nasyon ki pa fè pati pèp ou a soti byen lwen vini isit la poutèt ou, paske li tande jan y’ap nonmen non ou, li tande pale tout bèl bagay w’ap fè avèk fòs kouray ou, si li vin lapriyè nan Tanp sa a, tanpri, nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè li. W’a fè pou li tou sa li mande ou. Konsa tout pèp sou latè va konnen ou. Y’a gen krentif pou ou tankou pèp Izrayèl ou a gen krentif pou ou.” — 1 Wa 8:41-43.

12. Ki sa k fè kèk moun gendwa wè Temwen Jewova yo yon fason etranj oswa tankou “moun lòt nasyon”?

12 Yon moun lòt nasyon se yon moun k ap viv nan yon peyi oswa ki depasaj nan yon peyi ki pa peyi l, se yon moun ki vin nan yon kominote oswa yon gwoup moun ki pa menm ras avè l. Definisyon sa a tonbe daplon ak Temwen Jewova yo. Yo soumèt yo, toudabò, anba dominasyon Wayòm Bondye a ki se gouvènman Kris ap dirije nan syèl la. Konsa, yo pa mele nan zafè politik menmsi gen kèk moun ki wè yo tankou moun ki pa gen plas yo nan sosyete n ap viv jodi a.

Nan je Jewova, youn nan moun sa yo pa etranje.

13. a) Nan ki sans, byen souvan, ekspresyon “moun lòt nasyon” an se senpleman fason kèk moun panse? b) Èske objektif Jewova te gen okòmansman an gen zafè moun lòt nasyon ladan l? Esplike.

 13 Byen souvan, yo ka rekonèt ti gwoup moun ki fè pati lòt nasyon yo grasa kèk karakteristik yo gen lakay yo. Se gendwa lang yo pale a, koutim yo, aparans yo, stil yo oswa menm fason yo abiye. Poutan, kèlkeswa nasyonalite yo, bagay yo gen lakay yo ki sanble ak sa tout lòt moun genyen, gen plis enpòtans pase nenpòt nan karakteristik nou sot site la yo. Donk, yon moun lòt nasyon se senpleman yon moun lòt moun konsidere tankou yon etranje, paske li diferan ak yo nan kèk domèn. Si nou aprann gade pi lwen pase diferans ki genyen yo oswa diferans nou imajine yo, ekspresyon “moun lòt nasyon” an ap pèdi pifò nan sans yo ba li a. Si tout moun k ap viv sou tè a t ap soutni menm pati politik oswa menm gouvènman, pèsonn pa t ap yon moun lòt nasyon. An reyalite, se sa ki te objektif Jewova lè l te kòmanse kreye. Li te vle pou tout moun viv nan inite tankou yon sèl fanmi anba yon sèl dominasyon ki se dominasyon l lan. Èske yon bagay konsa ka rive jodi a pami tout nasyon ki sou tè a?

14, 15. Antanke gwoup, ki bagay Temwen Jewova yo vin apresye?

14 Nan monn sa a n ap viv la kote moun yo wè tèt yo ak peyi yo sèlman, sa soulaje nou anpil lè nou jwenn moun ki kapab e ki wè pi lwen pase fwontyè yo. Vrèmanvre, li kapab difisil anpil pou yon moun pa gen prejije lakay li. Men ki kòmantè Ted Turner, moun ki te fonde chèn televizyon ki rele CNN nan, te fè konsènan eksperyans li fè pandan l ap travay ak yon pakèt moun ki gen talan ki soti nan plizyè nasyon: “Travay ansanm ak moun sa yo, se yon eksperyans mwen pap janm bliye. Mwen te vin aprann pou m pa konsidere moun ki soti nan lòt nasyon yo tankou ‘etranje’, men, tankou yon sitwayen ki nan monn nan menm jan avè m. Mwen te vin konsidere mo ‘etranje’ a tankou yon mo ki gen move sans e mwen te bay lòd pou moun k ap travay nan CNN yo pa sèvi ak mo sa a lè yo an dirèk sou CNN oswa lè y ap pale youn ak lòt nan biwo yo. Se sa k fè, nou te sèvi ak mo ‘entènasyonal’ la pito.”

15 Nan tout peyi ki nan monn nan, se sèl Temwen Jewova yo, antanke gwoup, ki dakò ak fason Jewova wè bagay yo. Lefètke yo aprann wè bagay yo menm jan ak Jewova, yo montre yo dispoze kraze fwontyè ki egziste yo nan fason yo panse ak fason yo konpòte yo. Olye pou yo konsidere moun ki sot nan lòt peyi yo kòm moun yo pa fè konfyans, pou yo akize yo oswa pou yo menm rayi yo, yo aprann apresye karakteristik ak kapasite moun sa yo gen lakay yo e yo aprann konsidere bagay sa yo tankou bagay ki bèl anpil. Èske se konsa w  aji tou? E ki jan sa itil ou nan fason w boule ak lòt moun?

YON MONN KI PAP GEN ETRANJE

16, 17. Ki sa akonplisman pwofesi ki nan Revelasyon 16:16 ak Dànyèl 2:44 la kapab vle di pou ou pèsonèlman?

16 Talè konsa, tout nasyon ki la kounye yo pral kanpe pou yo goumen ak Jezi Kris ansanm ak lame zanj li yo ki nan syèl la nan dènye batay yo pral fè kont Wayòm Bondye a. Nan lang “ebre” a, yo rele batay sa a “Amagedòn”. (Rev. 16:14, 16; 19:11-16.) Sa gen plis pase 2 500 an, Bondye te enspire pwofèt Dànyèl pou l te pwofetize konsènan fason gouvènman lèzòm yo, ki opoze ak objektif Bondye a, t ap gen pou yo detwi. Men sa l te ekri: “Nan jou wa sa yo, Bondye nan syèl la ap tabli yon wayòm ki pap janm kraze. E yo pap pase wayòm nan bay okenn lòt pèp. Li pral kraze tout wayòm sa yo, e l ap mete yon fen nan yo, epi li menm l ap la pou tan endefini.” — Dàn. 2:44, NW.

17 Èske w ka imajine ki sa akonplisman pwofesi sa a pral vle di pou ou pèsonèlman? Fwontyè ki la jodi yo e ki, nan yon sans, fè tout moun parèt tankou etranje pap egziste ankò. Tout sa k fè moun parèt diferan, kit se aparans yo oswa lòt karakteristik fizik, bagay sa yo pral senpleman la pou montre kantite bèl bagay ki gen nan kreyasyon Bondye a. Kokennchenn esperans sa a nou genyen an dwe motive nou tout pou nou kontinye fè tout sa nou kapab pou nou louwe epi onore Kreyatè nou an, Jewova Dye.

Èske w ap tann moman kote pap gen okenn fwontyè ki separe moun ankò, moman kote tout moun pral bliye ekspresyon “moun lòt nasyon” an?

18. Ki bagay ki pa gen lontan depi l fèt ki montre nou kapab voye ekspresyon “moun lòt nasyon” an jete?

18 Èske l nòmal pou nou kwè li pa posib pou gen yon kalite chanjman konsa ki pral fèt sou tout tè a? Non, nou pa dwe panse konsa. Okontrè, li toutafè nòmal pou nou kwè sa pral fèt. Vrè sans ekspresyon “moun lòt nasyon” an te deja pèdi pifò siyifikasyon l pami Temwen Jewova yo, piske yo pa bay nasyonalite moun ki nan mitan yo twòp enpòtans. Pa egzanp, sa pa gen twò lontan depi plizyè biwo filyal ki piti te vin fè yon sèl yon fason pou senplifye travay filyal yo epi amelyore kalite travay k ap fèt nan predikasyon bon nouvèl la nan peyi sa yo (Mat. 24:14). Selon sa lwa peyi yo pèmèt, lè yon melanj konsa fèt, frè ak sè yo bliye fwontyè ki egziste yo. Konsa, sa bay yon lòt prèv ki montre byen klè, Jezi Kris, Moun Jewova chwazi pou dirije a, ap kraze baryè ki separe nasyon yo e talè konsa li pral “fin ranpòte laviktwa sou yo”! — Rev. 6:2.

19. Ki bagay lang pwòp la ki se laverite fè vin posib?

19 Byenke Temwen Jewova yo soti nan plizyè nasyon e yo pale plizyè lang diferan, yo fè efò pou yo respekte lang pwòp la, ki se laverite. Sa kreye yon chenn inyon nan mitan yo ki pa ka kase. (Li Sefànya 3:9.) Yo fòme yon fanmi entènasyonal nan mitan monn mechan ki la kounye a, men, yo pa fè pati monn sa a. Fanmi entènasyonal ki la kounye a se yon avangou konsènan monn ki gen pou vini an, sa vle di yon monn ki pap gen okenn etranje. Tout moun ki pral viv nan monn sa a, san okenn eksepsyon, pral rekonèt verite ki gen nan pawòl nou te site pi wo a ki di: “Lèzòm se frè, jan Labib montre sa.” — The Races of Mankind.